POLITIQUESOCIÉTÉ

Men poukisa chèf isit refize fè deklarasyon patrimwàn yo

0

Depi yon eleksyon fini, toujou gen yon dosye deklarasyon patrimwàn k ap pale. Kisa bagay sa ye ?

Nan dat 10 janvye 2020, Claudy Gassant antanke Direktè Jeneral Inite k ap Lite kont  Koripsyon (ULCC) te fè konnen, biwo l ap dirije a resevwa jouk Desanm 2019, 80 moun ki fè deklarasyon patrimwàn yo. Men, se plis pase 300 ki te vin mande fòmilè pou yo fè deklarasyon byen yo.

Se poutèt sa, Claudy Gassant te fikse 31 janvye 2020 kòm dat limit pou palmantè, minis, premye minis, jij, komisyonè gouvènman an, kontab piblik, prezidan an, majistra yo ak ajan lapolis yo fè deklarasyon byen yo. Li avèti,  «apre tan sa a, lwa 20 fevriye 2008 la bay mezi kont delenkan.» 

Kisa lwa sa di sou deklarasyon patrimwàn ?

Deklarasyon patrimwàn nan se yon envantè notè siyen pou tout byen transpòtab ak byen fiks, sa vle di byen ki pa ka deplase tankou tè, yon moun genyen. Nan dat 20 fevriye 2008, jounal ofisyèl peyi a, Le Moniteur, pibliye yon lwa sou sa ki sible kèk kategori responsab nan Leta a. Lwa sa a vize pèsonalite politik yo, fonksyonè Leta yo ak ajan piblik yo.

Se yon zouti ki la pou ede lajistis konbat moun k ap vin rich nan move kondisyon.

Se yon zouti ki ta dwe la pou ede lajistis konbat moun k ap vin rich nan move kondisyon. Leta adopte lwa sa a epi li pibliye li, nan objektif pou li pèmèt lavi piblik anndan peyi a chita sou prensip moralite.

Gen sèt kategori moun ki dwe fè deklarasyon patrimwàn yo

Marie Yolène Gilles se responsab Fondasyon « Je Klere ». Li ap mennen yon lit ak òganizayon sa pou rann pèsonalite ki dwe deklare patrimwàn yo, fè sa selon jan lalwa mande sa. Li fè konnen, atik 7 lwa sou deklarasyon patrimwàn nan, idantifye sèt kategori pèsonalite, fonksyonè ak lòt ajan piblik ki tonbe anba obligasyon pou yo fè deklarasyon patrimwàn. 

Nan sèt kategori moun sa yo, gen manm pouvwa Egzekitif la, manm kò Lejislatif la ak manm pouvwa Jidisyè a.

Genyen tou, lòt pèsonalite politik : anbasadè ak reprezantan pèmanan Ayiti nan òganizasyon entènasyonal yo, konsil jeneral yo, sekretè jeneral Laprezidans, sekretè jeneral primati ak sekretè jeneral konsèy minis, manm kabinè prezidan Repiblik la, manm kabinè premye minis la, manm kabinè minis yo, manm kabinè sekretè Leta yo, delege ak vis delege yo.

San nou pa bliye tou, manm enstitisyon endepandan yo, reprezantan kolektivite teritoryal yo epi fonksyonè ak lòt ajan nan administrasyon piblik la.

Ki byen pou yo deklare?

Émilien Jean Pierre se avoka nan Bawo Pòtoprens. Li presize, deklarasyon moun ki konsène yo fèt pou li genyen ni aktif ni pasif. Pou aktif yo, yo dwe deklare 2 kategori byen.

Selon li menm, premye kategori a se byen transpòtab ki se : kont kouran yo ak kont epay yo genyen labank, plasman yo fè nan mache bousye yo, aksyon yo genyen nan sosyete komèsyal yo, kontra asirans lavi, nenpòt lajan yo fè pou lane a ki gen rapò ak pòs yo okipe a oswa ki sòti nan nenpòt lòt sous, mèb pou sèvis ak mèb dekoratif, koleksyon objè ki gen valè, zèv atis, bijou, pyè ki presye, elatriye.

Li tou: Voilà comment les médias haïtiens peuvent contribuer dans la lutte contre la corruption

Dezyèm kategori a li menm gen byen fiks oswa byen imobil, tankou : pwopriyete ak tout konstriksyon ki nan peyi Dayiti ak aletranje, avèk tout detay deskripsyon yo nan anèks. Genyen tou, pwopriyete vid oswa san konstriksyon nan peyi Dayiti ak lòt bò dlo. San nou pa bliye byen fiks daprè itilizasyon l, ki mande pou yo demonte oswa pou yo defèt, nan peyi a oubyen aletranje.

«Moun k ap deklare a dwe deklare tout pasif ki sou tèt pwatrimwàn li, tankou : ipotèk pou dèt yo, dèt pèsonèl li ak tout lòt angajman li jije ki nesesè pou lajistis konnen», se sa avoka a kontinye eksplike. 

Nan ki delè pou sa fèt?

Moun lwa sou deklarasyon patrimwàn nan sible yo genyen yon delè trant jou pou yo fè sa, selon sa Marie Yolène Gilles eksplike. Y ap kòmanse kontwole delè a depi nan dat yo pran fonksyon yo oswa nan dat yo enstale nan pòs yo.

Pou prezidan repiblik la, li diferan. «Li genyen pou li fè deklarasyon li sou trant jou aprè li fin pase nan eleksyon. Sa vle di, depi avan li rantre an fonksyon », se sa militan k ap goumen pou dwa moun respekte a di. 

Nan trant jou aprè manda yo bout oswa aprè yo kite fonksyon yo, yo genyen pou yo fè deklarasyon patrimwàn yo nan grèf tribinal premye enstans kote yo gen domisil yo.

Kisa k ap rive si yon moun pa bay tout enfòmasyon oubyen si deklarasyon an pa egzat?

Jan lalwa di sa nan Kòd penal la, lajistis kapab pouswiv nenpòt moun nan pou yon deklarasyon li fè ki pa konplè, pou deklarasyon ki pa egzat, pou fo deklarasyon oswa pou itilizasyon fo dokiman, depi yo konstate li prezante sitiyasyon an yon fason pou li twonpe moun.

Selon atik 109 nan Kòd Penal la, daprè Émilien Jean Pierre, se travay fòse moun nan ap jwenn pou pinisyon pandan yon tan, depi yo jwenn li koupab nan bay fo dokiman legal. Kantite tan prizon an se twa lane pou pi piti ak kenz lane pou pi plis.

Kisa ki ap rive si yon moun pa fè deklarasyon avan li rantre an fonksyon?

Si moun nan pa fè deklarasyon patrimwàn li, aprè trant jou li rantre an fonksyon an, yo ka koupe yon ka nan lajan l.

 Kisa ki ap rive si yon moun pa fè deklarasyon aprè li rantre an fonksyon?

Lè yon moun ta dwe fè deklarasyon patrimwàn li lè li kite yon fonksyon oubyen lè kontra li bout, depi li toujou pa ranpli fòmalite a aprè delè trant jou lalwa prevwa a, li ap resevwa pinisyon ki nan dispozisyon atik 28 Kòd Penal la selon sa lwa sou deklarasyon patrimwàn nan di nan atik 18 la.

Atik 28 Kòd penal la pale sou kesyon entèdiksyon pou moun egzèse dwa politik, dwa sivil ak dwa familyal. Men ki sa li egzije : «Lè tribinal yo ap jije nan zafè koreksyonèl, nan sèten ka, yo kapab entèdi yon moun egzèse tout dwa li yo osnon mòso nan dwa politik li yo, nan dwa sivil li, ak nan dwa sou fanmi li.»

E si gen yon soupson sou fòtin ki ta fèt nan kondisyon lalwa kondane ?

Anplis yon kondanasyon ki ap tann konsène a poutèt li pa fè deklarasyon patrimwàn li lè li kite yon pòs, li mete tèt li nan sitiyasyon pou yo sispèk li fè fòtin nan kondisyon lalwa kondane.

Danje ki genyen nan neglije fè deklarasyon patrimwàn nan, se soupson moun lan fè fòtin nan kondisyon lalwa kondane. Fòtin dèyè do lalwa se yon enfraksyon lalwa pini avèk travay fòse pou yon tan ki sòti twa pou rive kenz lane.

Mete sou sa, responsabilite pote prèv la chanje kan. Konsa, konsène a pa ka benefisye prensip prezonpsyon inosans la. Se enterese a, li menm, ki pou pwouve li fè fòtin li nan kondisyon lalwa rekonèt, pou li pa kite okenn dout.

«Ministè piblik (komisè gouvènman an) pa genyen pou li pwouve si enterese a koupab. Si enterese a pa ka pwouve li pa fè anyen ki ilegal, lajistis ap kondanel », se konsa Émilien Jean Pierre konkli

Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *