SOCIÉTÉ

Men poukisa chat bò lakay ou ap disparèt chak desanm !

0

Nan anpil katye Ayiti, gen yon koutim manje chat, sitou pou reveyon 24 oubyen 31 desanm. Anpil nan chat sa yo, se vòlè yo vòlè yo

Molière Jean Baptiste se yon sitwayen ki ap viv Fontamara, yon zòn ki nan twazyèm sikonskripsyon komin Pòtoprens.

23 desanm, byen bonè, mesye sa ki gen plis pase 30 lane vini lakay li avèk yon sak blan. Anndan sak la gen yon chat. «Mesye ! Nou gen yon mwayen wi la pou fèt 24 nou pase lwil. Sa fè nou de wi ! Degaje nou chache lam ak bannann », se sa li di patnè li yo pandan l ap parèt.

Selon sa Molière Jean Baptiste eksplike, soti premye rive 23 desanm, li manje katòz chat. 24 desanm, li deside manje twa avèk baz li nan aswè.

Ki kote moun sa yo jwenn chat y ap manje yo ?

Pou fè atik sa a, Ayibopost pale ak senk moun ki konfime yo konn pran chat ki pa pou yo pou yo manje.

Cyprien, 27 lane, ap viv nan katye Jalouzi. Anpil moun konnen l kòm vòlè chat. Sa vle di, si yon moun pèdi yon chat, premye moun yo ap panse ki pran li se Cyprien. Li menm tou, li konfime li konn pran chat moun pou li manje.

«Mwen menm, se difisil pou m achte yon chat. Si yon moun tande m achte yon chat, ou mèt konnen chat sa gra anpil epi fòk li pa ret nan zòn nan. Mwen p ap bay piyay, depi li nan zòn nan epi m anvi manje li, m ap kenbe li pou m manje l.» Se sa Cyprien avwe.

Anpil moun nan Jalouzi konfime pa gen moun ki pran plis chat pase Jenn gason sa a.

Judith se yon madanm ki di li manke pèdi yon chat nan fen mwa novanm nan. Li pa deside bay bon non l pou evite Cyprien konn kilès. Li fè konnen : «M pa rete pre misye. M gen yon chat anndan lakay mwen. Misye vin ak vyann pou li rale chat la epi li kenbe li epi ale avèk li. Malchans pou misye, lè l mete men sou chat la m parèt. Misye lage li tou wont.»

2 moun ap retire yon chat nan yon sak | © Johnson Sabin

Chat yo pase mizè avan yo mouri

Senk nèg ki patisipe nan travay sa montre gen de fason pou yo touye yon chat yo pral manje. Pandan chat la nan sak la, yo konn frape li nan tout mi yo jwenn, oubyen yo pran yon gwo bwa ki gen pwa, frape sou sak la jiskaske mimi an mouri. Sa se premye posibilite a.

«Gen chat ki malen epi brital, si se pa konsa nou fè sa pou nou touye yo, yo ka sove nan men nou wi. Yo sove nan men m deja. Premye fwa sa fèt m pa rive jwenn li ankò. Kounya m pa bay piyay.» Se sa Stanley ki rete Fontamara 27, nan ri Mapou temwaye.

Dezyèm fason an, moun yo konn mare chat la, yo pann li epi pran yon bwa pou bat li nan tèt sèlman, jiskaske li mouri. Se konsa Molière Jean Baptiste touye 2 chat li yo jou ki 24 desanm lan.

Yo pa tou kòche li pou vyann nan pa gaspiye

Watson ki rete nan zòn Lali rekonèt kòm yon moun ki manje anpil chat. Li montre li toujou prè pou li depanse pou li achte chat pou li manje.

Selon sa li di, lontan yo te konn fin touye chat la epi yo kòche l. Kounya, sa pa fèt ankò. «Depi chat la fin mouri, nou grate li tankou kabrit. Aprè nou fè yon twou nan yon pye li pou nou ba li van, konsa pou po a leve pou kont li.»

Yon chat ki fin grate | © Johnson Sabin

Molière Jean Baptiste li menm di yo pa tou kòche vyann chat la pou evite gaspiye nan po a. «Vyann chat twò gou pou nou kite l ap gaspiye. Se pou sa anpil nèg ki pwofesyonèl nan touye chat konnen se van pou yo bay chat la pou yo leve po a.»

Gen chat ki konn ranje pou yo pa ka manje yo

Gen anpil kwayans k ap sikile sou koze manje chat la. Gen kèk kote, moun yo di yo konn « ranje » chat yo, yon mwayen pou nèg ki ap vòlò chat gen pwoblèm aprè yo fin manje li. Selon nèg nou pale ak yo pou atik sa a, se tankou yon pwazon yo mete nan yon manje.

Nou pa rive jwenn moun ki eksplike kijan yo ranje chat la. jèn gason ki ret Lali a fè konnen, se yon bagay sekrè li ye. «Pa gen moun k ap devwale verite sa fasil. Yo p ap kite moun konnen pou yo pa defèt yo».

Yon madanm ki Bisantnè nan premye riyèl plis gen yon chat anndan lakay li. L ap fè djòlè. Selon li menm, tout moun ki vle mèt vin pran chat li an.

«Mwen paka gen chat pou m ap fè gra pou moun vin banboche. Kote sa sòti ?» se konsa li ap pale. Li te gen yon premye chat, yo pran li nan kòmansman lane 2019 la. « Pou ti grenn sa, yon zanmi mwen annik fè sa li gen pou li fè epi mwen poze m. M kè kal avèk li paske si yon moun touye li pou li manje li, nenpòt sa ki rive li se zafè pa li. »

Molière Jean Baptiste konfime reyèlman gen chat li konn fin touye epi li paka manje li. Se paske chat la ranje. Li kontinye eksplike : « M sonje yon jou m pran yon chat. M touye li menm jou a avèk baz mwen. M met chat la bouyi ak yon grenn patat epi yon grenn klou beton. Rapidman patat la vin tou nwa. Si nou te manje chat sa a, gen posibilite pou li te touye nou paske li pa ka koulè sa. Kèk jou apre, m aprann nan bouch yon zanmi mèt chat la, li te ranje li depi piti.»

Sipèstisyon nan koze vòlè chat

Gen moun ki pèdi yon chat. Avèk rès kòd ki te mare chat la, li ka fè anpil dega, se sa yon mesye ki rele Manno fè konnen. Mesye sa ki ret Fontamara di li renmen vyann chat anpil men li pa janm vòlè chat moun pou li manje.

Jèn gason ki ret Lali a konkli : «Se sa ki fè si yon moun m pa konnen byen ap manje chat m pap manje ladann. Kòd chat la, si mèt li vle li ka touye tout moun ki goute dlo chat la, alevwa manje ladann».

Foto kouvèti a : yon mimi ki kache | © Rodrigo Souza/pexels

Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

Comments