ÉCONOMIEFREE WRITINGLe BlogRECOMMENDED

Malgre anpil « pèt sèvo », Ayiti ka kreye richès ak enfrastrikti nan ekonomi enfòmèl lan

0

Èske w konnen, an 2017, imigran yo voye prèske 500 milya dola ameriken nan peyi yo? Sa ki enteresan an, tandans sa a sanble ap kontinye pou dis pwochen ane k ap vini yo. Fiti lidè biznis yo ak envestisè yo kapab pran nan pyèj rezime avni mond biznis lan ak sèlman de pwosesis global ki se Otomatizasyon ak Globalizasyon. Se vre yo toujou pale de imigrasyon tou, men li sanble pa pi enpòtan jodi a ke jan li te ye 10 ane anvan yo. Pou yo, imigrasyon jeneralman vle di gen anpil moun ki disponib pou travay nan antrepriz miltinasyonal yo pou yon ti kal kòb.

Pafwa antrepriz miltinasyonal yo konn fè erè nan evaliyasyon valè mache ki nan peyi kote imigran yo soti. Rezon ki fè sa, se paske nan majorite kòb imigran konn voye, se yon ti group konpayi transfè ki genyen kontwòl tranzaksyon sa yo gras ak kontra yo gen ak reprezantan gouvènman peyi sa yo. Nan menm moman an, entènèt ofri anpil nouvo posibilite pou ede moun fè transfè san èd konpayi sa yo. Se sa ki fè, moun ki enterese nan dosye transfè lajan ta dwe analize wòl imigran jwe e kijan yo ka pèmèt antrepriz miltinasyonal yo fè lajan nan peyi ki soufri pèt sèvo.

Si imigran yo te gen pi bon aksè ak teknoloji, sa t ap bese pri y ap peye pou fè transfè yo. Epi, sa t ap fè wout pou lòt antrepriz ki ap chèche satisfè konsomatè ki bezwen enfrastrikti.

An 2011, Bill Gates te montre, si yo redwi ant 10 a 5 % nan pri yo peye pou fè transfè yo, imigran yo t ap ekonomize 15 milya dola. Peyi ki ap devlope yo te ka itilize lajan sa a chak ane.

Nan atik sa, mwen vle fè konprann, si nou konsantre sou devlopman enfrastrikti nan peyi kote imigran yo soti, sa kapab ralanti kantite moun ki ap pati yo, epi tou kreye yon avni pou yo nan biznis.

Nou ka pran Ayiti kòm ekzanp. Tankou anpil lòt peyi kote anpil pwofesyonèl yo pati, Ayiti louvri pou biznis depi kèk tan.

Daprè yon atik Columbia University te pibliye an 2013, sou chak 5 Ayisyen ki gen diplòm inivèsite, 4 nan yo ap viv aletranje. Chif sa yo, se te avan anpil moun te pati kite peyi a pou yo ale Chili ak Brezil. An 2016, Ayisyen nan dyaspora a voye plis pase 2 milya dola ameriken ann Ayiti, yon lajan ki reprezante plis pase 30% richès peyi a pwodui pou ane a.  Men, ki opotinite sa ofri peyi a?

An jeneral, anpil nan peyi sa yo pa kapab kontwole tout lajan k ap antre yo. Se sa ki lakòz gen yon ekonomi enfòmèl ki vin devlope.

Èske w pa konn wè nan peyi ki pi pòv yo, gen moun ki gen telefòn chè tankou Iphone 8 ? Oubyen yo posede dènye bagay ki fèk alamòd yo? Yo pòv paske ajans lokal yo pa gen kapasite pou konte lajan yo fè, men moun sa yo gen ti mwayen pou yo pran swen tèt yo. Menmsi an menm tan yo ka manke yon bon sistèm pou detwi dechè elektwonik yo. Se poutèt sa opòtinite pou antrepriz miltinasyonal yo rete nan entegrasyon yo nan ekonomi enfòmèl la, yon fason pou sèvi pi byen moun k ap resevwa lajan ki soti nan peyi lòtbò dlo.

An reyalite, gen kèk biznis ki pran ide defen pwofesè C.K. Prahalad yo pou reponn ak bezwen patikilye kominote sa yo deja. Sa vle di, biznis ki fokis sou pwodwi ki pa koute chè men ki gen bon kalite tou pou moun ki pi pòv yo. Nan tan jodi a, ki se tan antreprenarya sosyal, antrepriz miltinasyonal yo te ka pran ide sa yo pou mete bon jan enfrastrikti pou ekonomi ki enfòmèl yo.

Kisa ki ta ka yon bon jan enfrastrikti?

Nou ka di se yon enfrastrikti ki angaje dyaspora yo eksplwate fòs lajan ke yo voye bay peyi lakay yo pou devlope li. Dilip Ratha, otè prensipal dènye rapò sou imigrasyon ak devlopman bank mondyal la, fè konnen, ta sanble ke plis yon peyi fè fas ak gwo risk anvirònman, se plis moun nan dyaspora yo ap voye lajan bay fanmi yo ki nan peyi sa a. Tankou ann Ayiti, sistèm irigasyon ki pa bon yo lakòz nou frajil anpil lè gen katastwòf natirèl. An menm tan, peyi a resewa plis pase 92 milyon dola nan lane 2017 nan men Ayisyen ki ale Chili yo.

Se poutèt sa, antrepriz miltinasyonal yo ka kreye kèk bon pwogram pou imigran yo ki ka bay bon jan enfòmasyon ak pi bon mwayen pou lanse pwojè enfrastrikti ki dirab. Pa egzanp, nan Amerikdinò, imigran k ap travay yo konn voye jouska 10 % nan kòb yo travay yo nan peyi lakay yo. Malgre kòb la ka parèt piti, kontribisyon yo bay la se mwayen ki pi fyab pou rive jwenn moun k ap viv nan pi ba nivo nan sosyete a, epi li ka reprezante 80 % kòb k ap antre anndan kay moun sa yo. Lè w konsidere tout bagay sa yo, sosyete miltinasyonal yo ka itilize rapò emosyonèl ki genyen ant imigran an ak peyi lakay yo, epi jwenn bon jan benefis si yo fokis sou envesti lajan dyaspora a nan pwojè enfrastrikti.

Se vre pandan danje klima a ap ogmante, sa ta vle di kantite kòb k ap antre yo ap ogmante tou, tandans sa ankouraje kèk moun swete ke gen plis danje klima pou plis kòb kapab rantre. Moun sa yo pa wè pi lwen ke nen yo e yo pa ta dwe ka anpeche devlopman dirab nan peyi kote imigran yo soti.

Anplis ka patikilye Ayiti a, mwen kwè jeneralman ke lavni biznis se nan desann kantite transfè lajan yo koute epi byen ankadre moun kap resevwa lajan nan men dyaspora a. Sa se rapò ki gen ant otomatizasyon (pa egzanp, blockchain) ak globalizasyon (antrepriz miltinasyonal yo) ak imigrasyon. Mwen swete lidè biznis yo travay ak sosyete miltinasyonal yo pou fè biznis nan ekonomi enfòmèl la, konsa y ap kapab kontribye nan koupe zafè pèt sèvo a epi ofri yon landemen miyò ak moun ki pi pòv yo.

 

Lovens Gjed

Lovens Gjed se yon antreprenè ki soti Gonayiv e yon etidyan nan devlopman dirab nan inivèsite Columbia nan New York. Fidline Sylvain se yon etidyan nan Inivèsite Rutgers nan New Jersey.

Vèsyon original tèks sa a disponib ann anglè ISIT la.

Se Fidline Sylvain ki tradui l an kreyòl

Comments