SOCIÉTÉ

Maladi poul fè peyizan pèdi anpil milyon dola ameriken chak ane

0

Prèske chak lane yon pakèt poul mouri ak lafyèv nan peyi Dayiti. Se yon gwo pèt nan ekonomi peyizan yo. Kisa maladi sa a ye?

Mirline Dolne fè pati machann ki ap vann bèt volay sou wout Tijo. Jou ki te vandredi 7 fevriye 2020 an, li chita sou twotwa lari a avèk yon bann poul devan li, byen bonè nan maten. Tèt li mare ak yon gwo mouchwa, li ap lage grenn pitimi devan bèt yo. Se ak biznis sa a li okipe pitit li depi lane 2014.

Madanm sa a konn achte poul an gwo nan men moun an pwovens, epi li vin vann yo nan kapital la. «Genyen m achte depi lè yo jèn, sa vle di apèn yon mwa. Epi mwen pran swen yo pou yo grandi lakay mwen. Pi souvan, m kite yo fè pitit. Aprè sa m vann manman an, pandan pitit yo ap grandi », se sa li esplike.

Nan lane 2016, Dolne te pèdi plis pase yon douzèn poul nan maladi lafyèv yo rele New Castle la. «Se yon gwo kou mwen te pran lè sa. M te achte sis poul nan men yon madanm Tigwav. Tout poul sa yo te malad epi yo mouri nan menm. Yo pote maladi a bay lòt sa m te genyen deja lakay mwen. Sa vin rann gen nan sa ki lakay mwen tou ki vin mouri ak maladi lafyèv la», se konsa Mirline Dolne ap rakonte sa ki te pase a.

Poul kreyòl se yon gwo pati nan ekonomi peyizan yo ki ap pèdi

Nan peyi Dayiti aktivite elvaj tradisyonèl poul peyi, sa anpil moun rele poul kreyòl yo, se yon gwo moso nan ekonomi fanmi peyizan yo, selon Michel Chancy ki se ansyen Sekretè Deta pou Pwodiksyon Animal la. «Peyi a genyen plis pase 7 milyon poul peyi epi se menm kantite sa ki ale sou mache a; ki reprezante anviron 50 milyon dola vèt».

Pwodiksyon ze peyi pa piti nonplis. Daprè Michel Chancy, Ayiti pwodwi anviwon 2 milyon ze peyi pa mwa, ki reprezante sou mache lokal la 6.3 milyon dola. Mesye a kontinye esplike : «Nan lari kou nan makèt yon ze poul peyi vann prèske twa fwa pri ze poul blanch lan, paske li pi gou».

Sèlman, chak lane, poul peyi yo tonbe mouri. Yo viktim maladi “lafyèv poul” la. Lè maladi sa a pase 30 a 40 pou san poul yo konn mouri.

« New Castle » se yon maladi atrapan ki fè anpil ravaj nan peyi a, epi ki rann anpil lajan pèdi sitou nan milye riral yo. «Tout moun ap gade sou Leta pandan byen yo ap gaspiye. Yon byen yo ka jere si yo te jis konnen pou yo annik vaksinen poul yo avan maladi poul la rive sou yo», dapre Michel Chancy.

Se yon gwo menas pou poul kreyòl yo

Maladi lafyèv poul fè anpil ravaj deja nan peyi a, dapre Michel Chancy. «Se yon maladi kontajye anpil, ki pase nan peyi a aprè chak sezon sèch epi ki ka detwi pifò poul peyizan yo».

Se yon mikwòb ki bay poul yo maladi sa a. Mikwòb sa a se yon viris yo rele Nyoukastèl. Nan lang anglè ‘’Newcastle’’.

Lè yon poul malad, nan krache li oubyen lè l ap estènen oubyen nan poupou li, li lage viris la atè ak nan lè a. Konsa, yon lòt poul kapab pran viris la byen fasil. Selon Michel Chancy, yon moun kapab pote viris la anba soulye li, si li te fin pile poupou yon bèt ki te malad.

Konsa tou, van ak lapli kapab pote viris sa a ale byen lwen bay lòt poul nan lòt zòn. «Poul la gen dwa pran l nan manje ak nan dlo. Menmsi ou fèmen poul la nan kalòj, li ka pran maladi a

Kijan nou kapab konnen si yon poul gen maladi sa a ?

Lè maladi a parèt nan yon zòn, se prèske tout poul ki tonbe malad. Yo gen lafyèv, yo kagou, zèl yo ouvè, yo pa kapab deplase, anpil lòt poul malad menm jan an.

James St-Cyr se yon veterinè ki ap travay Tigwav. Li fè konnen, si viris la atake pati respirasyon poul la, li ba li grip, larim. Depi li gentan atake sèvèl poul la, li fè li fou, li ba li tèt vire. Maladi sa konn atake pati dijesyon poul la tou, lè sa li ba li dyare. Men atansyon, gen anpil lòt maladi ki kapab bay poul la dyare.

Selon sa doktè Chancy di, gen plizyè lòt mikwòb ki kapab atake poul yo.  Pafwa li difisil pou konnen kilès nan yo k ap frape. Sèlman nan ka maladi Nyoukastèl, se anpil anpil poul k ap mouri menm moman.

Kijan nou ka trete yon bèt ki gen maladi saa?

«Pa gen trètman pou viris Nyoukastèl, men gen moun ki konn fè kèk ti remèd pou poul yo. Yo konn ba yo anpisilin oubyen tetrasiklin. Yo konn melanje yo ak sitwon. Gen moun ki konn ba yo kafe anmè oubyen ma kafe a.  Tout trètman sa yo konn bay ti rezilta pafwa, men pi souvan poul yo mouri kanmenm», se sa ansyen Sekretè Deta pou Pwodiksyon Animal la fè konnen.

Sèl sa yon moun ka fè, se pran prekosyon ki ka anpeche poul yo trape maladi Nyoukastèl la. Pou sa, genyen prevansyon ki ekziste pou poul yo pa trape l. Prevansyon sa a yo vini sou fòm vaksen.

Ou ka li tou: Haïti : la production d’œufs est passée de 1 à 7 millions par mois

Gen vaksen pou mete nan dlo. James St-Cyr eksplike vaksen sa a bay poul yo pwoteksyon pou kèk semèn sèlman.  Sa vle di si maladi a konn pase 3 fwa nan ane a, mèt poul yo dwe vaksinen yo 3 fwa nan yon lane si se li l ap itilize.

Genyen tou vaksen piki. Vaksen sa a bay poul la yon pwoteksyon kont maladi a pou 6 mwa rive yon lane. Men nenpòt moun pa ka bay li, fòk moun nan aprann pike poul yo. Li pran 15 a 22 jou anvan li kòmanse pwoteje poul la.

Daprè Michel Chancy, vaksen sa yo vann nan tout famasi veterinè. Li disponib tou nan men tout ajan veterinè ministè lagrikilti rekonèt. San nou pa bliye, nan asosiyasyon veterinè yo.  «Si moun ki bezwen an moute sou sit Veterimed la, lap jwenn lis ajan veterinè yo ak kontak yo».

Poutan nou fokis sou poul dominiken yo ki anpil fwa pa bon

Li difisil nan mache pou yon moun tonbe sou vyann poul kreyòl ki ap vann sou tab machann. Poutan, anpil vyann ki sot Repiblik Dominikèn layite nan tout kwen. Se li menm anpil moun manje.

Pandan plizyè fwa, otorite nan peyi Dayiti pran mezi ki entèdi poul nan peyi Sen Domeng rantre sou teritwa ayisyen an. Rezolisyon sa konn pran akoz poul yo konn gen grip avyè, pa egzanp.

Nan mwa janvye 2020 an, otorite dominiken yo dekouvri plis pase yon dizèn sitwayen dominiken ak ayisyen ki enplike nan trafik vyann poul kontamine sou fwontyè a.

Poul sa yo enfekte ak yon epidemi ki te frape Repiblik Dominikèn pandan plizyè jou. Gen medya ki di se grip avyè, gen lòt ki mansyone se lafyèv Nyoukastèl la.

Sa ou dwe konnen

Fòk moun nan pa vaksinen poul nan yon zòn kote maladi a kòmanse frape. Lèfini, li pa dwe vaksinen poul ki deja malad.

Vaksen an ap bay pwoteksyon sèlman pou maladi Nyoukastèl, alòske gen lòt maladi ki kapab touye poul yo kanmenm.

Si poul la deja ap kouve jèm mikwòb la, sa kapab lakoz bèt la mouri menm lè li pa t sanble malad. Poutèt sa poul yo dwe pran vaksen chak sezon, anvan maladi a parèt.

Commentaires

Snayder Pierre Louis
Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

    Des paris à 100 000 gourdes, Dezafi et autres petits secrets de la culture des combats de coq

    Previous article

    La petite industrie du Fresco résiste malgré la situation d’Haïti

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost