Avèk sipò Polis Nasyonal la, responsab « Centre d’Art » yo rive sove pi gwo koleksyon zèv atistik peyi a genyen ki twouve l nan ri Wa a, nan Pòtoprens. AyiboPost ap ba w tout detay sou operasyon sa a, epi eksplike w kokennchenn enpòtans « Centre d’Art »ki fè pati pi ansyen enstitisyon atistik nan karayib la
Nan dat 9 pou rive 10 jiyè 2025 lan, kèk jou apre bandi kowalisyon « Viv Ansanm » te fin boule otèl Oloffson ki nan kapital la, responsab Centre d’Art yo avèk sipò Polis Nasyonal la te rive sove pi gwo koleksyon zèv atistik peyi a genyen, aprè anpil rimè ki t ap sikile te fè kwè kriminèl yo pa t lontan atake lokal enstitisyon kiltirèl la ki twouve l nan ri Wa a, nan Pòtoprens. Se yonn nan ra bon nouvèl nou resevwa pou ane a. Nan repòtaj sila a AyiboPost ap ba w tout detay sou operasyon sa a ki te pran 4 mwa pou prepare, epi eksplike w kokennchenn enpòtans Centre d’Art nan patrimwàn kiltirèl peyi a.
Aprè bandi yo fin boule otèl Oloffson, yon bijou achitektiral gingerbread ki charye plis pase yon santèn lane listwa ak memwa peyi a, nan avni Kristòf la, rimè ki t ap sikile te fè konnen pwochen espas ki sou lis kriminèl yo se t a lokal Centre d’Art ki nan ri Wa a, nan kapital Pòtoprens lan.
Nou pa bezwen di w ki chòk nouvèl sa a te bay, lè n konnen enstitisyon kiltirèl sa a te sitiye l nan yon katye bandi yo te sanse kontwole depi mwa mas 2025 lan, e ki pa t twò lwen ak otèl Oloffson lan.
Pandan peryòd sa a, bandi yo pa ezite piye kay ki nan zòn lan, epi vòlè kèk materyèl sant lan menm, tankou : jeneratè, odinatè ak invètè.
Yon sityasyon direktè jeneral sant lan, Allenby Augustin, di ki te kòmanse enkyete l parapò ak patrimwàn sa a ki fè pati pi ansyen enstitisyon atistik nan karayib la, e ki estoke anpil zèv enpòtan atizay ayisyen an, nan yon entèvyou li te bay jounal ameriken Washington Post.
Ebyen, responsab mete ak anplwaye sant lan rejwenn lapolis pou monte yon operayon ki pèmèt yo sove zèv ki te rete nan espas la.
Kite n rakonte w kijan sa te pase !
Kèk jou aprè rimè a te kòmanse sikile, yon swasantèn anplwaye mete ak plizyè inite polisye nan Polis Nasyonal la te òganize yon operasyon pou retire anviwon 6000 atizay, pami yo zev ki soti nan Musée d’Art haïtien, san konte 3 600 dokiman achiv ki retrase tout listwa atizay ayisyen an, depi fondasyon Centre d’Art nan lane 1944.
N ap fè w konnen, zèv sa yo te estoke nan yon seri konntenè nan espas la, depi apre batiman an te kraze nan tranblemanntè 12 janvye 2010 la.
Pou te fasilite operasyon an fèt, polisye yo te itilize veyikil blennde pou retire barikad bandi yo te kwaze nan wout ki mennen nan sant lan, epi tabli yon perimèt sekirite pou pwoteje espas la, anplwaye yo ak lot pèsonèl sant lan.
Yon polisye ki te patisipe nan operasyon sa a, li estime ki te gen anpil ris, te konstate : « gang yo tèlman alèz nan zòn nan, se kòmsi yo te toujou la epi yo trete l tankou se te byen prive yo ».
Malgre sa, li kwè « Centre d’Art se yon byen Kolektif, e Lapolis la pou pwoteje ak sèvi ».
E, inisyativ sa a fòs lòd yo te kontribye ladan l, ede « sove yon pati enpòtan nan idantite nasyonal nou », selon sa l te kontinye di.
Yon lòt ajan ki te prezan te siyale bay jounal ameriken an, diferan dega kriminèl yo te fè nan espas Centre d’Art la.
Selon li, bandi yo te sakaje lokal la, siye bawo fè fòje ki te la, vòlè lavabo, vit, andomaje sistèm vantilasyon yo, epi pèse mi yo pou fasilite yo sikile ale nan lòt kay ki nan zòn lan, san yo pa oblije pase nan lari a.
Polisye a ale pi lwen pou l esplike, bandi yo te menm tante ouvri konntenè ki te estoke atizay yo, men zèv yo sanble te rete entak.
Fò n souliye tou, bandi yo te tire ak anpil sou polisye yo pandan yo t al sekirize zon lan pou operasyon an ta ka fèt, kòmsi yo te pare ap tann polisye yo.
Men, sa pa t ebranle detèminsyon fòs lòd yo, malgre gen nan polisye ki te patisipe nan operasyon an sitiyasyon ensekirite a touche tou.
E, se ka polisye sa a nou te fenk site a, ki abandone kay li ak machin li nan lokalite Kafoufèy akòz vyolans gang yo. Li te deklare, « mwen toujou gen travay mwen, e m ap fè l ak tout kè m paske se yon devwa ».
Malgre polisye an eksplike li pa t konprann siyifikasyon tablo li te wè yo, sa pa t anpeche li te bay tout li menm pou sekirize epi evakye atizay yo.
Kounyeya, ann gade kisa responsab Centre d’Art yo te rive sove.
Ebyen, pami atizay sa yo lapolis rive sove epi al depoze nan yon lokal responsab yo kenbe sekrè, genyen plizyè kreyasyon atistik kèk gran mèt pent ayisyen an tankou : Hector Hyppolite, Philomé Obin, san n pa bliye travay lòt gran atis tankou, Luce Turnier, Jasmin Joseph ak Sénèque Obin.
Men, èske w te konnen gwosè valè zèv sila yo ki rive chape anba vyolans gang yo ? Kite m esplike w !
Nan yon entèvyou Allenby Augustin, direktè Centre d’Art la te bay jounal ameriken Washington Post aprè operasyon an, li te deklare, « zèv sa yo pa gen pri. Koleksyon konplè “Centre d’Art” la se yon patrimwàn kiltirèl san parèy, e k paka ranplase pou nasyon ayisyen an ».
Kidonk, prezèvasyon li enpòtan pou transmèt listwa ak idantite ayisyen an ak jenerasyon k ap vini yo, selon sa responsab la ajoute pou l di.
N ap souliye, koleksyan Centre d’Art la se yon temwanyaj vivan plis pase 80 lane evolisyon atizay vizyèl ayisyen an, e ki gen yon plas enpòtan nan atizay tout rejyon Karayib la.
Apre operasyon sa a, plizyè pèsonalite te bat bravo lakontantman pou reyisit inisyativ la.
Se ka ansyen minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, ki fè konnen li te rale twa kout soupi satisfaksyon lè li tande responsab sant lan ak Lapolis te rive sove zèv sa yo.
Ansyen kad nan domèn edikasyon peyi a tou pwofite bay yon mizangad, kote l di li pa swete « nou rive nan yon kafou kote patrimwàn peyi a pèdi tout valè l nan je jèn k ap vini yo, nan pwen pou n abandone tout richès kiltirèl Ayiti yo ».
Selon sa l kontinye pou l di, « patrimwàn kiltirèl ayisyen an se senbòl rezistans peyi a. Se anblèm oubyen drapo nou, yon ranpa, yon senbòl sa nou ye nan nannan nou. Malgre kalamite epi katastwòf politik, idantite nou se kilti nou. E, fòk nou pwoteje l ».
N ap pale de Centre d’Art lontan la, vini m plonje w nan listwa kokennchenn espas kiltirèl sila a.
Dabò, espas sa a, se klas entèlektyèl ayisyen an avèk yon akwarelis ameriken ki te vin anseye lang anglè an Ayiti, DeWitt Peters, ki te fonde li nan lane 1944.
Centre d’Art, ki te gen anpil atizay ayisyen, te benefisye soutyen finansye Depatman Deta ameriken epi gouvènman ayisyen an ki, li menm, te rekonèt li itilite piblik, nan lane 1947.
Nan kèk ti videyo achiv ane 90 yo, ou te ka konstate anpil atis ki t ap desinen, penn oubyen fè eskilti nan lakou Centre d’art lan ki te gen bèl solèy blayi sou li.
Centre d’Art pa t sèlman yon galri ekspozisyon atizay, li se tou yon sant fòmasyon anpil atis pent, atizan plastisyen ak eskiltè ayisyen.
Enstitisyon kiltirèl sa a jwe yon gwo wòl nan devlòpman atizay ayisyen an, epi pèmèt atis yo konekte avèk koleksyonè zèv ayisyen aletranje, ki yo menm pa janm kache lanmou yo pou chedèv sa yo.
Pami koleksyonè sa yo, nou jwenn pèsonalite ki selèb tankou : Jacqueline Kennedy Onassis, yon ansyen premye dam ameriken, epi reyalizatè sinema ki ranpòte pri Oska, Jonathan Demme.
Batiman «Centre d’Art» la te detui aprè pasaj gwo tranblemanntè 12 janvye 2010 la, ki te kraze vil Pòtoprens. Men, jan n te kòmanse di w, responsab yo te rive sove epi estoke plizyè milye zèv nan kèk konntenè.
Apre w fin konnen fason responsab yo rive sove zèv ki te toujou nan lokal Centre d’Art yo, ou sètènman ap mande tèt ou, ki avni «Centre d’Art» ? Kisa yo pral fè lè nou konnen yo pèdi lokal prensipal yo a ?
Ebyen, Michèle Duvivier Pierre-Louis, yon ansyen premye minis peyi Dayiti epi aktyèl prezidan konsèy administrasyon sant lan, fè konnen enstitisyon an ap rete djougan pou fòme pwochèn jenerasyon atis ayisyen yo, malgre tout pwoblèm ak katastwòf y ap konfwonte.
« Filozofi nou se pa janm pèdi espwa. Nou travèse anpil tanpèt politik, sosyal, natirèl, men nou toujou jwenn jèvrin pou nou kontinye wout la. Nou toujou remonte eprèv yo », selon sa responsab sant lan te deklare.
Aprè w fin gade repòtaj sila a, AyiboPost envite w gade yon videyo ki esplike tout istwa otèl Oloffson lan, youn nan patrimwàn peyi a bandi yo te deja boule.
► Kouvèti : Jean Feguens Regala
► Kamera : Jean Berson Appoleus
► Montaj : Marc Elie Rosena
► Prezantasyon : Lucnise Duquereste
► Redaksyon : Junior Legrand
► Edisyon / Sipèvizyon : Jérôme Wendy Norestyl,Widlore Mérancourt akPhilicien Casimir
Gardez contact avec AyiboPost via :
► Notre canal Telegram : cliquez ici
►Notre Channel WhatsApp : cliquez ici
►Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici
Comments