AYIBOFANMSOCIÉTÉ

Konpòtman sa yo, granmoun dwe evite yo ak timoun | Videyo

0

Toujou sonje sa : pitit ou, kit li se ti fi kit li se ti gason, pa ti mennaj pèsòn

Yon granmoun ki pran plezi ap rele yon timoun madanm mwen, nonm mwen, mennaj mwen, se yon konpòtman ki deplase menm si entansyon an ta inosan. Lè gen atouchman menm, sa kite grav dèyè.

AyiboPost pale ak espesyalis nan domèn sante mantal, ki revele nan ki pwen konpòtman ak apelasyon deplase pwòch fanmi oubyen senp konesans ka fè dega nan lavi timoun yo.

Gen timoun ki konn sibi atouchman nan men paran e menm granmoun sou katye lakay yo k ap mande wè pati entim yo pou verifye nan ki estad evolisyon yo ye. S on pye bwa w te plante ?

Daprè sa Sikològ-Klinisyèn Johanne Landrin eksplike AyiboPost, sitiyasyon sa yo kapab gen konsekans sikolojik grav sou timoun nan tankou : fèb estim pou tèt li, lide suisid, rejè, ak pwoblèm akseptasyon kò l.

Bon ! Gen yon fenomèn an Ayiti ki rele tate tifi. Pratik sa a menm se gwo pwoblèm. Paran yo pran abitid nan tate tifi yo, pou verifye si yo toujou vyèj. Ou tande de koze ?!

Ou ka li tou :  « Tate tifi », le test de virginité qui traumatise des femmes en Haïti

Daprè sikològ Vinson Bradley Noël, atouchman sou timoun nan (ba l dwèt pou gade si l vyèj) se yon fòm vyòl nan entimite l kèlkeswa rezon ki kache dèyè zak la. E sa gen gwo konsekans sou fizik ak mantal li.

Yon timoun s on moun, li gen entimite e li kòmanse pran konsyans de kò l menm si l poko devlope menm jan ak yon granmoun. Tout fòm entwizyon abisiv ap kite tras twomatis nan lespri l. E repèkisyon sa kapab chanje relasyon li pral genyen ak tèt li epi lòt moun sou plan: fizik, afektif, ak seksyèl.

Sikològ Noël kontinye pou l di sou 8/10 ka, lè gen atouchman seksyèl sou timoun osnon vyòl, se souvan moun nan antouraj li ki fè l: kouzen, kouzin, tonton, matant, zanmi, vwazen, pastè, prèt, pwofesè, elatriye.

Moun pwòch sa a, selon klinisyèn Landrin, se pwoksimite an ki ba li opòtinite pou li abize, vyole. E lè li fè l, anpil fwa viktim nan konn santi l koupab, paske li te janti ak moun sa, li te aksepte moun sa vin pwòch li, li gen santiman afeksyon pou moun sa oubyen moun sa te fè l anpil kado.

Sitiyasyon sa yo kapab gen konsekans sikolojik grav sou timoun nan tankou : fèb estim pou tèt li, lide suisid, rejè, ak pwoblèm akseptasyon kò l.

Lè gen atouchman sou tifi ak ti gason, espesyalis yo di, konn tou gen abi moral/sikolojik paske moun nan konn egzèse presyon ak menas nan entèraksyon l yo pou fè timoun nan rete nan silans.

Daprè sikològ Landrin, yon timoun ki viktim abi seksyèl oubyen atouchman e ki pa trete twoma sa nan moman menm sa rive an kapab devlope pwoblèm : sante mantal majè, depresyon egi, anksyete relasyonèl.

Ki fè, timoun sa pi devan kapab pè rantre nan relasyon, gen absans dezi seksyèl. Sa konn rann yo fè otomitilasyon sou pati entim yo, blese l ak jilèt oubyen boule l ak balèn.

Pi devan, lè timoun sa vin adolesan e rantre nan laj pou kòmanse viv vi seksyèl li, anpil fwa li kapab trè ranfème sou li menm, pè fè mennaj e menm rantre nan lojik pran anpil pwa pou evite atirans. Kon sa tou, gen ladan yo ki ale nan lòt ekstrèm nan ki vin devlope yon ipè-seksyalite.

Ki sa lalwa di sou pratik sa yo ?

Daprè atik 16.2 konstitisyon an, yon timoun atenn laj majorite l a 18 an. Pi ba laj sa a, timoun sa a konsidere kòm yon minè, e konsantman ki se yon desizyon pèsonèl, minè a pa genyen l. Ki fè, tout aksyon penetrasyon sou nenpòt ki fòm : vyolans, menas, kontrent, sipriz, se vyòl. E se yon deli majè ki pasib de 10 lane travay fòse, prizon, daprè atik 278 kòd penal/dekrè 6 Jiyè 2005 lan.

Lè gen atouchman sou tifi ak ti gason, espesyalis yo di, konn tou gen abi moral/sikolojik paske moun nan konn egzèse presyon ak menas nan entèraksyon l yo pou fè timoun nan rete nan silans.

Daprè ankèt enstitisyon sondaj IPSOS mennen an 2019 : majorite vyolans seksyèl yo fèt sou timoun mwens pase 10 lane, pi fò se ka ensès e 83% fèt sou tifi, 17% sou ti gason.

Selon ONU-femme, sou chak 3 fanm ak tifi nan mond lan, gen omwen youn ki sibi vyolans fizik ak seksyèl nan vi yo. E, an Ayiti, 30% fanm ant 15 a 30 lane viktim abi seksyèl.

Ki enstans ki la pou trete ka sa yo ?

An Ayiti, gen enstitisyon ki egziste pou denonse zak sa yo e ede pran an chaj viktim yo. Tankou : Bien-être social (IBESR) ki s on enstitisyon etatik, antouka ki ta dwe la pou resevwa jan de ka sa yo lè yo pwodui ni sou tifi ni sou ti gason.

Ou ka li tou : Dans la Grand’Anse, les violeurs d’enfants paient pour échapper à la prison

Gen òganizasyon k ap fè travay sa a tou nan peyi a. Pa egzanp Nègès Mawon, ki se yon òganizasyon feminis ki espesyalize l nan akonpanye fanm ak tifi ki viktim vyolans.  Nan yon rapò enstitisyon an pataje ak AyiboPost, pou peryòd me 2022 a desanm 2023 : yo fè konnen yo akonpànye 419 sivivant fanm ak tifi ant 10 a 85 lane. Akonpanyeman sa medikal, sikolojik epi jiridik nan objektif pou ede sivivant yo rekonstwi yo.

Kisa w ka fè pou ede yon timoun ki viktim jan de zak malonèt sa yo ?

Espesyalis nan sante mantal AyiboPost pale ak yo fè kèk rekòmandasyon:

Li enpòtan pou edikasyon seksyèl timoun yo fèt lakay, nan lekòl ak legliz, pou fè yo konnen moun pa gen dwa sou pati entim yo.

Sijè seksyalite pa dwe rete tabou, sitou jounen jodi a kote aksè ak enfòmasyon vin pi fasil sou entènèt. Kidonk, se paran ak edikatè yo ki pou filtre enfòmasyon sa yo epi kanalize timoun yo.

Fòk pawòl la pale pou timoun yo konnen gen rega ki pa nòmal, gen touche ki pa akseptab. Paske, seksyalite pa anglobe sèlman rapò seksyèl, ògàn jenital, oubyen konsepsyon pou fè timoun, men se tout fòm ewotism ak sediksyon.

Li enpòtan pou edikasyon seksyèl timoun yo fèt lakay, nan lekòl ak legliz, pou fè yo konnen moun pa gen dwa sou pati entim yo.

E lè jan de ka sa yo repwodui nan sosyete a, timoun yo dwe pale sa ak yon granmoun yo fè konfyans pou soti tèt yo nan silans lan e kwape tout fòm pedofili epi jwenn mwayen soti tèt yo nan detrès y ap viv atravè relasyon abi seksyèl lan.

Kominote sa yo gen devwa pou pwoteje timoun yo tifi kou ti gason. Suiv chanjman konpòtman timoun yo. Paske diferan manifestasyon konpòtmantal kapab yon siy pou fè santi g on bagay ki pa mache.

Pa bliye, yon timoun se yon moun, lè l viktim, se yon viktim. Menm enkonsyaman si w ta panse sa pa gen enpak sou li, l ap gen repèkisyon pi devan. Dayè, pwovèb la tou di l, timoun jodi, granmoun demen.

Epi, toujou sonje sa : Pitit ou, kit li se tifi oswa ti gason, pa ti mennaj pèsòn.

► Rechèch, tèks ak prezantasyon : Fabiola Laurent

Reyalizasyon : Wilson Saintelus

► Kamera ak Montaj : Wilson Saintelus

► Sipèvizyon : Chérubin Jérôme


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Jounalis, komedyèn epi imoris, Fabiola Laurent se yon pasyone kominikasyon.

    Comments