Opinions

Pèspektiv | Konivans komèsyal: yon pratik ki kont konkirans, nou ka jwenn an Ayiti

0

Nan yon atik ki te pibliye sou AyiboPost, nou te prezante plizyè fòm abi sou pozisyon dominan yon biznis ka genyen. Nan nouvo atik sa, n ap chita sou pratik konivans komèsyal yo, katèl ak tout lòt fòm antant ki te ka ilegal yo. Pratik sa yo limite, dekouraje oubyen detwi konkirans sou mache yo : swa yo fèt pou eskplwate konsomatè yo, swa yo fèt pou retire lòt konkiran sou mache yo nan yon fason ki pa lwayal. Nou di yo te ka ilegal, men an reyalite, pa ko genyen okenn lwa, ni otorite an Ayiti, ki pou regile konkirans epi pini pratik sa yo.

Tip antant ilegal yo

Yon antant ki sou fòm konivans komèsyal ant de (2) oubyen plizyè biznis, se yon akò anba tab biznis sa yo pase ant yo, pou yo ka tòdje jwèt konkirans lan. Sa vle di, biznis sa yo ka antann yo, swa pou fikse pri byen ak sèvis y ap vann yo, pou limite kantite pwodui y ap vann yo, oubyen pou yo pataje yon mache ant yo (chak biznis aksepte pou li pa fè konkirans ak biznis ki nan lòt segman mache sa). An jeneral, yon lwa sou konkirans konsidere antant sou fòm konivans komèsyal sa yo kòm pratik ki kont konkirans, paske yo fèt pou eksplwate konsomatè yo, pou jete deyò lòt biznis ki konkiran yo (pou fè yo fè fayit), oubyen pou anpeche lòt biznis antre sou yon mache.

Lire aussi: Radiographie de l’économie haïtienne terrassée par le Coronavirus

Menm jan ak fòm abi sou pozisyon dominan yo, pou yo ka sanksyone biznis ki nan konivans komèsyal yo, se yon lwa ki dwe detèmine fòm ak modalite sanksyon sa. Men yon lòt kote, antant anba tab yo konn pi difisil pou detekte pase abi sou pozisyon dominan yo. Menm si analiz teknik yo konn pèmèt enstitisyon oubyen moun ki ap fè evaliyasyon konkirans yo genyen soupson sou de oubyen plizyè biznis, pafwa se gwo envestigasyon ak pwosè ki pou fèt, pou jwenn prèv klè epi montre biznis sa yo te antann yo tout bon, nan yon manyè lalwa ta entèdi.

Anverite, an jeneral, antant sou fòm konivans komèsyal yo fèt nan gwo sekrè. Nou jwenn yo sitou sou mache kote pwodui yo omojèn (sa vle di yo sanble nan fòm, nati ak itilite…) oubyen sou mache kote genyen entegrasyon orizontal oubyen vètikal: sa vle di, kote yon biznis ka opere sou plizyè segman nan menm mache a (yon biznis k ap pwodui lèt konsantre pou granmoun epi k ap vann lèt an poud pou ti bebe tou), oubyen kote nan yon chèn pwodiksyon, yon biznis ka ap opere sou de oubyen plizyè mache (pa egzanp, yon biznis k ap fè elvaj bèf pou vann, ki vann vyann bèf, vann lèt bèf, epi vann fwomaj ki fèt ak lèt sa).

Antant sa yo fasil pou fèt nan anviwònman kote moun ki pwopriyetè biznis yo (sitou sa ki nan konkirans yo) ka rankontre fasil: anndan yon asosyasyon biznis pa egzanp. Pafwa, paske asosyasyon patwonal la se yon enstitisyon ki legal, sa ka sèvi kòm kouvèti pou pwopriyetè sa yo jwenn ansanm, epi pran dezisyon ansanm sou pri, kantite, estrateji pwomosyon ak lòt bagay. Toutfwa, sa pa vle di yon Asosiyasyon patwonal se yon espas konivans komèsyal. Se pa wòl li sa. Se sèvi biznis k ap antann yo a ka sèvi ak li, pou kouvri move pratik komèsyal sa yo.

Yon lòt bò, nou jwenn fòm antant sa yo nan mache ki konsantre anpil yo (sa vle di mache kote pa gen anpil biznis, oubyen kote yon grenn oubyen yon ti gwoup biznis genyen gwo pouvwa sou mache sa). Sa rive pi souvan ankò si pwopreyitè yon biznis ap evolye nan plizyè lòt biznis ki nan chèn pwodiksyon an (swa kòm moun ki achte aksyon, swa kòm manm Konsèy Administrasyon), oubyen lè genyen anpil lyen familyal ant pwopriyetè biznis yo, menm jan sa fèt souvan an Ayiti.

Pou pi souvan, n ap jwenn de (2) tip antant. Anvan, n ap jwenn antant orizontal yo, kote biznis yo ap opere sou menm mache a. Yo konn rele fòm antant sa yo : katèl. Aprè sa, n ap jwenn antant vètikal yo, kote biznis k ap antann yo a, ap opere sou mache ki pa menm, men an jeneral ki konplemantè. Sa yo rele entegrasyon orizontal (lè yon biznis deside etann aktivite li yo sou lòt segman yon mache, oubyen achte biznis ki sou menm mache ak li) ak entegrasyon vètikal la (lè w genyen yon biznis ki sou 2 oubyen plizyè mache diferan, pafwa ki konplemantè) pa yon pratik anti konkirans an swa. Se antant konivans orizontal ak vètikal la ki se yon pratik anti konkirans.

Antouka, selon tip nou konsidere a, antant yo ka pran plizyè fòm.

Fòm antant orizontal yo (katèl)

Nan ka kote ki gen katèl yo, biznis yo toujou fikse mekanis ak kondisyon pou antant lan. Selon kondisyon sa yo, nou ka jwenn plizyè fòm konivans komèsyal :

Antant ki fèt sou pri

Se antant sou pri yo nou jwenn pi fasil kòm konivans komèsyal. Se yo ki pi difisil pou idantifye tou. Lè konsa, biznis yo antann yo, pou yo pa fè konkirans youn ak lòt nan kesyon pri. Yo tou mete restriksyon epi deside, swa pou:

  • Enpoze menm pri bay konsomatè a, sa ki limite chwa li yo. Sa vle di, si l ta pase nan nenpòt biznis ki nan antant lan, l ap toujou jwenn pwodui a, a menm pri a. Men atansyon, se pa paske 2 biznis afiche menm pri, ki fè nou ka di yo nan konivans komèsyal otomatikman.
  • Ogmante pri yo ansanm, paske yo konnen konsomatè yo p ap gen altènativ (lòt pwodui li ta ka achte, nan plas sa pri l ogmante a) ;
  • Elimine ou redui nan kantite rabè y ap bay yo ;
  • Fikse yon pri minimòm yo pa dwe depase. Sa vle di, yo pa dwe vann pwodui a nan yon pri ki pi ba ke pri minimòm sa ;
  • Pwopoze pri ki ba, lè y ap achte nan menm founisè yo genyen yo.

Jis gade kijan pri chak biznis yo evolye sou mache a pa sifi tou pou w deklare de (2) oubyen plizyè biznis nan konivans.

Jan nou di sa nan kòmansman an, antant sou fòm konivans yo difisil pou detekte. Konpare estrateji pri de (2) biznis pa sifi sèlman, pou di biznis sa yo nan konivans komèsyal (pa egzanp, boutèy dlo ki vann menm pri a, kèlkeswa mak la). Jis gade kijan pri chak biznis yo evolye sou mache a pa sifi tou pou w deklare de (2) oubyen plizyè biznis nan konivans.

Poutan, an Ayiti, nou jwenn kèk ka konivans komèsyal ki vizib epi evidan. An 2016, kat (4) antrepriz ki nan vann dlo trete (Frechè Lokal, YOYO, Eau Miracle et Super Eau), nan yon nòt yo fè sòti, enfòme kliyan yo, yo chita ansanm epi deside ansanm, pou yo ogmante pri y ap vann ti galon dlo a, pou fè l sòti nan 2.5 goud pou rive nan 3.50 goud. An plis, yo deside ansanm tou, pou sant distribisyon yo (baz yo) revann galon sa a 8 goud. Nòt sa, se Léopold Sabbat, Olivier Dupoux, Harry Zehnder ak Joël Ambroise ki te siyen li. Kòm pa gen kad konkirans an Ayiti, pa genyen lwa ki pou pini pratik sa yo, desizyon sa pase san pwoblèm, san antrepriz sa yo pa jwenn sanksyon.

Antant ki fèt pou manipile òf nan kad mache piblik yo (sa yo rele « bid rigging » an angle)

Biznis k ap manipile, tòdje òf, se yon bagay ki fèt souvan nan kad pwosesis pasasyon mache yo. Pou yo ka genyen oubyen benefisye yon mache piblik nan yon fason ki endirèk, biznis k ap soumèt òf yo ka antann yo, pou yo soumèt òf sa yo selon kèk kondisyon ki fikse ant yo. Se swa pou yo mete lòt konkiran deyò, swa pou fè kontraktan peye plis. Nan ka sa yo, kontraktan pa jwenn pi bon òf li te ka jwenn nan, paske an jeneral òf yo pi wo ke sa yo te ka ye. Manipilasyon òf yo genyen gwo konsekans sou kesyon optimizasyon depans piblik pa egzanp, sitou lè mache piblik la konsène gwo travay enfrastrikti, oubyen acha an gwo kantite. Leta vin peye plis ke sa l ta dwe peye. Sa vle di, endirèkteman, kontribyab yo sibi sa tou.

Pafwa, dispozisyon nan lwa sou pasasyon mache piblik yo ka rann li pi fasil pou biznis yo antann yo pou manipile òf yo. Sa fèt sitou nan ka kote lalwa pèmèt biznis yo asosye yo (apati gwoupman pa egzanp) oubyen li ankouraje epi pa byen regile kesyon soutretans nan kad kontra ki pral bay yo (soutretans se lè yon biznis fin genyen yon kontra, epi l angaje yon lòt pou fè yon pati nan travay la oubyen tout travay la).

Youn nan lòt faktè ki ka ankouraje antant pou manipilasyon òf tou, se lè genyen yon Asosyasyon ki regwoupe biznis ki nan menm pwofesyon/domèn lan (yon Asosyasyon antrepriz konstriksyon pa egzanp). Pou fini, li fasil pou gen antant pou manipile òf tou, lè pa genyen yon sistèm pri referans ki byen tabli. Lè konsa, biznis yo ka plis anvi antann yo, pou yo bay òf ki wo, paske yo gen espwa y ap genyen yon pati ladan l kan menm, aprè kontra fin bay epi l ap egzekite. Se sa k fè nou ka jwenn plizyè fòm antant pou manipilasyon òf (« bid rigging ») :

  • Biznis yo ka antann yo pou bay òf ki p ap ale pi ba pase yon limit yo enpoze. Lè konsa, menm si yon biznis te ka bay yon òf ki pi ba, li p ap fè l, sou baz yon kondisyon lòt konkiran yo fikse ak li ;
  • Biznis yo ka antann pou yo pa soumèt òf, pou youn nan konpanyi ki nan akò a ka genyen mache a. Tout sa yo fèt nan kad kondisyon ki fikse ant yo ;
  • Biznis yo ka antann yo tou pou yo tout soumèt òf, men yo antann yo depi anlè sou kiyès ki dwe genyen òf la. Nan ka sa yo, òf lòt konpayi yo toujou pi wo, oubyen ofri mwens kalite. Pafwa, yo konn rele òf sa yo òf konplemantè. Lòt biznis yo ki soumèt òf yo konnen kontraktan p ap janm aksepte ;
  • Biznis yo ka antann yo tou pou yo konn kiyès k ap genyen mache a, a chak fwa. Chak fwa òf la lanse, se yon biznis diferan ki genyen, jouk yo rekòmanse sik la. Sa sitou fèt nan ka kote mache piblik sa toujou repete (mache piblik pou achte liv oubyen founiti lekòl pa egzanp) ;
  • Biznis yo ka antann yo tou pou konpanyi ki genyen an ka ba yo yon pati nan kòb kontra a, lè l fin jwenn li, oubyen pase kontra soutretans ak yo. Se kòmsi konpanyi sa t ap ranbouse yo kòb yo pa t gen chans genyen. Nan ka sa, an jeneral, tout òf yo toujou wo. Se yon fason pou konpanyi ki genyen an ka jwenn kòb pou l egzekite kontra a, fè maj pwofi pa l epi peye lòt biznis li te fè akò konivans lan ak yo a ;
  • elatriye

Antant ki fèt pou ka pataje mache a oubyen segman mache sa

Pataj mache se yon fòm konivans komèsyal, kote biznis ki ap fè l yo aksepte pou yo pa fè konkirans youn ak lòt sou mache sa, oubyen pou yo chak ofri sèvis yo sou yon segman mache sèlman. Nan sitiyasyon sa yo, biznis ki antann yo a, yo deside nan ki segman chak biznis ap rete, kondisyon sou konkirans sou segman sa, pa mache yo (okenn nan biznis yo p ap chache pran kliyan lòt la), elatriye. Pou n ka bay yon egzanp, twa (3) antrepriz, A, B ak CH, ka antann yo pou A bay sèvis li sèlman nan zòn Nò a, pou B bay li sèlman nan Sid epi pou CH rete nan Sant sèlman. Lè sa, ni A, ni B, ni CH antann yo pou yo pa fè konkirans youn ak lòt, menm lè sa te ka posib, menm lè sa te ka benefik pou konsomatè a. Pafwa, se yon regilasyon menm ki konn pèmèt pataj mache sa tou fèt.

An Ayiti, youn nan egzanp ki pi klè, kote te gen antant pou limite òf, se nan lane 80 yo, kote manm Asoyyasyon Ekspòtatè Kafe yo (ASDEC) te konn fikse ant yo kota ekspòtasyon,

An 2005, an Frans, operatè pou telefòn mobil, Orange, SFR ak Bouygues Télécom, te oblije peye yon amann yo chak la, paske yo te antann yo pou yo te fè echanj enfòmasyon sou abònman yo bay yo, pou yo te ka estabilize pa mache yo chak te genyen yo. Orange te oblije peye 250 milyon ewo. SFR te peye 220 milyon epi Bouygues Télécom te peye 58 milyon. An Ayiti, kòm pa gen Otorite sou konkirans, epi kòm antant sa yo toujou fèt nan sekrè, li difisil pou w konnen si biznis yo antann yo pou yo pataje mache a, oubyen si se politik maketin yo ki fè yo fonksyone konsa, oubyen si se mwayen konpanyi yo pa genyen, swa pou etann aktivite l yo, swa pou atire kliyan lòt konpanyi konkiran yo.

Jan nou te di sa nan seksyon anlè yo, genyen regilasyon ki tou segmante mache a, pou swadizan rezon « estratejik ». Regilasyon sa yo konn tou limite konkirans sou yon segman nan mache sa. Pa egzanp, dekrè 4 avril 1983 ki chita sou reyòganizasyon Près Nasyonal Ayiti, deklare si Leta bezwen fè travay enpresyon sou papye, se sèl sèvis Près Nasyonal li ka angaje. Sa vle di, menm si yon konpanyi prive t ap ofri Leta sèvis sa pou 3 fwa, 4 fwa mwens kòb, Leta pa ka pase kontra ak li. Kidonk, depi anlè, regilasyon an tou bay Près Nasyonal segman mache sa.

Antant ki limite kantite pwodui biznis yo ap ofri

Biznis konkiran ki rantre nan konivans komèsyal yo ka deside limite kantite total pwodui y ap mete sou mache a, oubyen deside yon limit sou kantite chak biznis ki nan akò a ka mete pou chak peryòd. Biznis yo konn fè antant sa yo, swa pou pwodui yon sèl konpanyi pa anvayi tout mache a epi pran tout kliyan yo, oubyen pou yo ka fè pwodui sa vin ra. Tout sa yo fèt sitou nan objektif pou pri pwodui sa ka vin pi wo, nan yon tan ki plizoumwen long.

Se sa k fè, an jeneral, biznis ki deside antann yo pou limite òf yo konn gen antant sou pri yo tou. Men, yon lòt fwa ankò, pou nou ka detèmine si yon biznis limite òf li paske l fè antant ak konkiran li yo, fòk nou gen garanti estrateji sa pa fèt yon mannyè ki endepandan ak lòt biznis yo.

Youn nan mache moun plis konnen pou pratik limitasyon òf, se mache petwòl. Se menm jan tou, ou ka tande peyi ki manm Òganizasyon Peyi Ekspòtatè Petwòl yo (OPEP) yo aksepte pou yo limite òf petwòl la, yon fason pou pri barik la ka monte. An Ayiti, youn nan egzanp ki pi klè, kote te gen antant pou limite òf, se nan lane 80 yo, kote manm Asoyyasyon Ekspòtatè Kafe yo (ASDEC) te konn fikse ant yo kota ekspòtasyon, selon jan kantite ekspòtasyon chak biznis te ye sou twa dènye lane ki pase yo. Yo te menm tabli yon sanksyon pou manm ki te deside depase kota sa.

Pou nou fini, li enpòtan pou n presize pwen sa yo. Pi souvan, akò konivans komèsyal yo, katèl yo, se yon seri akò ki enstab. A nenpòt ki moman, si youn nan biznis ki nan konivans lan deside devye oubyen pa respekte kondisyon, sa ka sifi pou akò a kraze. Se sa k fè, pou katèl yo ka kenbe epi dire plis tan, biznis ki antann yo a konn prevwa gwo sanksyon pou yon manm ki ta deside devye.

Se sa k fè tou, Otorite sou konkirans yo, pou yo ka kenbe biznis ki nan katèl yo, konn sèvi ak enstabilite katèl yo tou. Se nan kad sa Otorite sou konkirans yo tabli Pwogram Klemans, kote yo bay yon biznis ki te nan konivans komèsyal chans pou l diminye nivo sanksyon an oubyen elimine sanksyon an nèt, si se li ki denonse katèl la li menm epi bay prèv ak eleman pou kenbe biznis ki nan antant lan.

Fòm antant vètikal yo

Antant vètikal yo fèt sitou lè biznis ki nan konivans yo ap opere swa sou mache ki diferan, men ki konplemantè, swa sou segman nan yon chèn valè. Estrikti mache ki pi fasil pou antant vètikal yo fèt, se mache kote antrepriz yo nan yon pwosesis entegrasyon vètikal. Genyen plizyè fòm.

Antant ki enpoze pri lòt biznis ap revann pwodui yo

Nan kesyon konivans komèsyal, youn oubyen plizyè founisè k ap vann an gwo, ka antann yo pafwa ak distribitè/revandè/detayan yo, pou yo revann pwodui sa yo pou yon pri yo fikse yo menm, ant yo. Lè sa, sa fèt an akò ak tout founisè yo oubyen an akò ak tout distribitè. Fòk nou konprann, se pa menm bagay ak lè yon founisè ki gen pouvwa sou yon chèn pwodiksyon, enpoze detayan yo yon pri pou yo revann pwodui l ap founi yo. Sa sitou rantre nan kad abi sou pozisyon dominan. Men nan ka antant yo pou enpoze pri yo, sa ka fèt de (2) fason :

  • Founisè yo ka antann yo pou yo fikse yon pri distribitè yo oblije aplike, lè y ap revann pwodui a. Nan ka mache dlo trete nou te prezante anlè a, lè nou t ap pale sou kesyon antant sou pri a, Frechè Lokal, YOYO, Eau Miracle et Super Eau te deside antann yo tou sou ki pri sant distribisyon yo dwe revann galon dlo a. Nan adopte pratik sa, kat antrepriz yo limite konkirans ant sant distribisyon yo epi anpeche konsomatè yo benefisye pri ki te ka pi ba, si te gen konkirans.
  • Yon founisè ki gen yon gwo pouvwa sou mache a, ka chita ansanm ak distribitè yo tou, pou yo antann yo sou ki pri y ap fiske pou revann pwodui sa. An jeneral, pri sa konn yon ti jan pi chè pase pri konsomatè a te ka jwenn pwodui a, epi founisè a konn tou benefisye an plis tou.

Akò esklizif pou achte, vann oubyen fè distribisyon yon pwodui

Akò esklizif yo fèt souvan ant biznis k ap opere sou menm chèn valè :

  • Yon akò esklizif pou acha, se lè yon konpanyi founisè (sa vle di, ki ap opere nan yon mache ki nan anlè nan chèn pwodiksyon an), antann li ak youn oubyen plizyè biznis kliyan/distribitè/detayan (sa vle di, ki ap opere nan yon mache ki anba nan chèn lan), pou se sèl nan men l distribitè/detayan sa yo achte youn oubyen plizyè pwodui espesifik. Lè sa, lòt konkiran founisè sa pa ka vann pwodui li yo bay distribitè/detayan sa yo. Nou jwenn fòm antant sa yo nan kad relasyon antrepriz agwo transfòmasyon yo ka genyen ak yon antrepriz agrikòl, oubyen nan ka relasyon youn oubyen yon gwoup makèt genyen ak yon fabrikan lèt konsantre pa ezanp.
  • Yon akò esklizif pou vant, se sitiyasyon envès la. Lè sa, se konpanyi ki anba nan chèn pwodiksyon an, ki chache antann li ak youn oubyen plizyè founisè sou mache ki anlè nan chèn lan, pou se sèl ba li founisè sa yo vann youn oubyen plizyè pwodui. Nou ka jwenn akò sa yo sitou nan ka kote pwodui founisè yo ap vann lan, non sèlman li se yon pwodui esansyèl oubyen matyè premye pou biznis ki anba nan chèn yo, men pwodui sa fèt nan yon kantite ki limite tou, oubyen se yon kantite limite founisè ki ap vann li.
  • Yon akò pou distribisyon esklizif, se lè yon founisè antann li ak yon distribitè, pou se sèl distribitè sa ki ka vann pwodui founisè a, nan yon espas byen espesifik. Nou jwenn fòm akò sa yo an Ayiti, sitou sou mache machin yo, sou mache batri pou machin, sou mache kèk ekipman, ak lòt mache kote pwodui yo se pwodui enpòte.

Akò esklizif yo pa otomatikman pratik ki kont konkirans. Yo vin tounen pratik ki kont konkirans lè youn nan biznis yo gen gwo pouvwa sou mache yo, ak lè akò a fèt nan objektif pou anpeche lòt konkiran rantre oubyen pou anpeche konsomatè a ta ka jwenn pwodui sa yo, pou yon pri ki pi ba.

Trètman selektif

Youn nan dènye fòm antant vètikal n ap trete nan atik sa, se trètman espesyal sou baz akò biznis yo genyen ant yo. Menm jan ak akò esklizif yo, fòm konivans sa yo plis fèt sou mache ki nan yon menm chèn pwodiksyon. Nou di gen trètman selektif, se lè yon founisè antann li ak lòt biznis ki nan mache ki anba nan chèn pwodiksyon an, pou biznis sa yo ka jwenn trètman favè, epi pou lòt konkiran pa benefisye avantaj sa. Lè konsa, sa ka fè konkiran yo pèdi kliyan, fè mwens pwofi, oubyen menm fè fayit.

Lire également: L’année 2020 était une catastrophe pour l’économie haïtienne

Pami trètman sa yo, nou ka jwenn avantaj sou pri, oubyen kondisyon ki pi estrik pou lòt konkiran ka achte pwodui, oubyen founisè a ka refize distribye pwodui li bay lòt antrepriz ki pa nan akò a (se sa yo rele distribisyon selektif la). Pafwa, founisè a ka mande kondisyon ki difisil pou yon lòt biznis ka vin distribitè, alòs ke lè se yon biznis ki nan antant la, kondisyon sa yo ka byen fasil oubyen yo pa menm egziste.

An Ayiti, fòm konivans komèsyal sa yo ka fèt pi fasil, paske gen anpil relasyon fanmi ak fanmi ant pwopriyetè gwo biznis yo isit. Sa konn rive tou paske yon pwopriyetè oubyen yon manm konsèy administrasyon biznis ki nan tèt chèn lan, swa gen aksyon, swa li se pwopriyetè tou, swa li nan Konsèy Administrasyon biznis ki anba nan chèn lan. Nou jwenn tip relasyon sa yo souvan nan ekonomi ayisyen an.

Pa egzanp, Eddy Deeb, ki se Vis Prezidan Konsèy Administrasyon « Banque de l’Union Haïtienne (BUH) », se PDG Deka Group, ki genyen ladan l Apollo Motors, yon konsesyonè machin, ak Deka Tires ki se distribitè esklizif kawotchou Apollo, Bull ak Westlake. Yon lòt kote, n ap jwenn Victor Saliba III, ki se yon manm Konsèy Administrasyon BUH. N ap jwenn tou Victor Saliba ki se yon manm fondatè Automeca yon konsesyonè machin, epi prezidan Hinoto SA, yon konsesyonè machin, ki ta dwe nan konkirans ak Appolo Motors. Nou ka pran yon lòt egzanp. Robert Moscoso, ki se PDG Groupe Sogebank, se Vis Prezidan Automeca tou. Yon lòt bò, Raymond Jaar, ki se Premye Vis Prezidan Groupe Sogebank, se yon manm enpòtan nan Universal Motors, ki ta dwe yon konkiran Automeca.

Tout relasyon sa yo ka kreye posibilite pou genyen antant, pou genyen konivans komèsyal. Poutan, li enpòtan pou nou raple kèk pwen. Konivans komèsyal yo difisil pou detekte : sa mande bon jan prèv. An plis, si pa gen yon lwa sou konkirans an Ayiti, pratik sa yo pa ilegal. Genyen lòt pratik ki ka limite konkirans anndan yon ekonomi tou : tankou jan fizyon ak akizisyon biznis fèt oubyen jan regilasyon ki an plas ak entèvansyon Leta ka tou kraze konkirans sou yon mache. Pratik sa yo ka devlope nan yon lòt atik.

Foto kouvèti: Ministère Commerce et de l’Industrie

Économiste, Ralph Valéry VALIÈRE travaille sur les thèmes liés à la promotion économique, la concurrence et d'autres formes d’analyses microéconomiques (comportement, marché…). Amant fou d’Haïti, il recherche les solutions plutôt que de s’attarder sur les problèmes.

Comments