ÉCONOMIEPODCASTSOCIÉTÉ

Kijan w Jere l #1: Kijan Farmatrix fè pat kraze lè leta te entèdi pwodiksyon siwo an 1996 ?

0

Men premye epizòd Kijan w Jere l. Byenvini!

Jean Paul Benoit, biznisman, ak Jameson Francisque, jounalis, mete konpetans yo ansanm pou yo pale de yon sijè enpòtan: kijan antrepriz yo batay pou viv, pwospere… e kijan yo disparèt pafwa.

N ap rankontre moun k ap fè biznis an Ayiti pou yo rakonte nou istwa yo, epi esplike ki estrateji yo itilize, pou yo evolye nan yon anviwònman difisil.

Nan epizòd sa a, nou chita pale ak Ralph Edmond, PDG laboratwa Farmatrix.

Antrepriz sa a kreye kèk pwodui tankou Dolex, yon pomad pou pase sou po, ki lite kont doulè. Se yon medikaman tout moun konnen. Ralph Edmond abòde ansanm ak nou tout defi konpayi li an rive leve, pou li tounen yon lidè nan fabrikasyon medikaman nan peyi a.

Pa egzanp, nan lane 1996, Leta ayisyen entèdi pwodiksyon siwo nan peyi a akoz yon siwo ki te touye plizyè timoun. Desizyon sa te afekte laboratwa medikaman yo, sitou FARMATRIX ki te depann a 90 pousan de pwodiksyon siwo. Konpayi an te pran yon gwo kou.

Mèsi paske w ap tande Podcast la! Kite kòmantè, pou ede nou amelyore l..

Pa bliye pataje l sou tout rezo sosyal ou yo.

La rédaction de Ayibopost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *