EN UNESOCIÉTÉ

Kijan Malere fè viv?

0

Sa pa yon sekrè pou pèsonn, Ayiti se peyi ki pi pòv nan zòn kote li ye a, ki se kontinan meriken an. N’ap dakò avè m si mwen di peyi Dayiti se yon peyi kote lamizè ap vale teren pi plis, chak jou Bondye mete; kote yon bon valè moun ap viv nan gwo laperèz pou yo pa tonbe nan malsite oubyen pi ba pase sa toujou. Se yon peyi ki chaje ak moun ki sou lagraba, nan sitiyasyon bout di. Dayè, selon «Transparency International », 59% Ayisyen ap viv avèk mwens pase 2.44 dola meriken pa jou, met sou sa gen 24% Ayisyen kap viv avèk pi piti pase 1.24 dola meriken : sa vle di, yon bann Ayisyen ap viv nan sitiyasyon kote menm lamanjay, se nan goumen pou yo sa rive fè sa yon fwa pa jou.

Avèk 1.24 dola meriken pa jou, li pa fasil ditou ditou pou yon moun rive viv nan sans pou li ta ka repwodwi kondisyon materyèl k’ap pèmèt li kontinye viv tankou : peye lekòl pitit li, achte rad met sou po kò’l, achte lamanjay met nan kay, e latriye, alewè pou li ta ede lòt moun nan jiwon li. Preske tout moun nan peyi a ap mande :kijan Malere fè viv ? Kòmkwa ou ta di yo tout se grannèg, yo tout se boujwa,  kòmsi  nan peyi a malere yo reprezante yon ti minorite touzwit. Li t’ap enpòtan pou nou ta poze kesyon sou sans “kijan malere fè viv la” genyen lè se nan bouch malere a menm li soti ? Eske se yon fason pou yo di yo gran nèg osinon pou montre yo se bon jan malere?

Lè n’ap fè analiz sou kesyon  « kijan malere fè viv ? » la,nou ta ka kouri lonje dwèt sou kategori moun ki kapab poze kesyon sila. Sitou, jounen jodi a, avèk mòd pawòl tankou « lèw nan plas mwen wa konprann », li vin parèt klè moun kap poze kesyon an, pa nan sitiyasyon malere a alewè pou’l ta nan plas li. Si nou ale pi lwen, pi fon nan analiz la n’ap wè bagay la vire, lojik nou tap fè pi wo a pa gen sans ankò kòm se sèl malere nan peyi Dayiti k’ap mande kijan malere fè viv. Analiz sila fè mwen tonbe dakò avèk Christophe Wargny, lè li montre « Ayiti pa egziste » nan liv li ekri ki pote menm non an. Ayiti a fann  de bout, youn mwen rele « L’Haïti d’en haut ou des jouisseurs », lòt la mwen rele « l‘Haiti d’en bas ou des malheureux ».

Se yon fason pou moun nan montre senpati li gen pou moun parèy li

Gen yon bon valè moun ki konn tande kesyon  « Kijan Malere fè viv ? » la. Sak pi bèl la, pafwa se nan bouch moun kap viv nan lakras reyèlman yo konn tande  « Kijan malere fè viv ? ». W’a di se pou fè djòlè, pou rizibe kalte mòd lavi moun ki nan mizè yo ap mennen. Men si ou rantre nan nannan kesyon an, w’ap wè se pa yon kesyon pou fè djòlè alèvwa pou ta rizibe lòt la. Se pito yon kesyon ki montre yon fòm solidarite, senpati osinon kè sansib moun ki di’l la genyen pou malere a. Se pa nenpòt moun kap pran tan li pou l reflechi sou kijan malere fè viv.

Mande kijan malere fè viv, se di’w tou d’i mòd vi malere a pa twò depaman ak mòd vi pa’w la. Pou’m pi klè, se di’w di ou se malere e ou santi kisa sila ki pi malere pasew yo ap viv. Si moun nan pa konn fè kenn fas kare ak lamizè, li pa fouti mande kijan malere fè viv. Se sa kifè sou ti bout tè peyi Dayiti a kifann an de, gen yon ti minorite touzwit ki pa janm tande kesyon an, ki pa janm pozel, pa menm mande poze pwòp tèt pa yo s, poutèt anviwònman kote y’ap viv la ak kote y’ap travay la. Se pa tout moun k’ap mande kijan malere fè viv alèvwa pou ta konnen pou tout bon kijan yo rive fè pou yo viv, dayè distans sosyal ki egziste ant jwisè yo ak malere yo twò long.

Jan mwen sot devlope li talè a, yon moun ki poze kesyon an sèlman, alewè poul ta chache konn repons la, se yon bon jan malere ki pa pè di kibò li soti epitou montre kè l sansib pou kategori moun sa yo li atache avè yo anpil la. Se sa ki fè mwen panse li pa fasil ditou ditou pou yon moun nan lòt Ayiti a. Sa mwen rele « l’Haiti d’en haut ou des jouisseurs » a pap pèdi tan’l poze kesyon sa ki gen arevwa avèk « l’Haïti d’en bas ou des malheureux ».

Lè yon moun parèy nou mande nou kijan malere fè viv, nou dwe konprann avan tout bagay se paske li vle montrew ou se menm moun avèl, li pataje menm  santiman ak pa’ w yo. Menm si se pou pase sa nan tenten osinon fè djolè li di li, santiman solidarite a ak kè sansib la toujou la.

Ann goumen pou kondisyon malere yo chanje ak kesyon an

Se vre, « kijan malere fè viv ? »lan montre yon fòm solidarite ki egziste nan mitan nou, men kisa li charye lè se nan bouch kèk malere primè li soti? Anyen serye. Si nou pran egzanp de twa malere ki chita ansanm, youn ap mande lòt kijan malere fè viv, ou tou wè se plis pou djòlè, dan griyen y’ap itilize kesyon sa. Se sa powèt fransè a Molière eksplike nan ti bout pawòl sa : “Castigare ridendo mores” pou li montre moun nan, menm si li tris, li ka konbat pwoblèm lamizè a chak jou ak yon souri, pafwa menm, nan fè gwo djòlè.

 M panse li grav anpil lè yon ekip moun pran plezi yo nan rizibe sitiyasyon yo ladanl lan, yon fason pou montre yo rive nan yon nivo kote yo aksepte l nèt. Yo pa gen lòt bagay yo ka fè pase griyan dan yo sou vye sitiyasyon yo ye a. Reziyasyon, solidarite san okenn jefò pou amelyore sitiyasyon lavi yo mande pou nou ta poze kesyon sou mòd reyaksyon sa.  Fòk solidarite sa fè tande vwa li, wete kò li nan fènwè li ye a. Pou sa rive fèt , fòk moun save/plim ak lank yo montre senpati yo pou kòz malere primè yo ki malad nan lespri ak kò yo.

Sila an Ayiti yo ki rive mete kòz malere yo nan wonn sant refleksyon yo pa anpil pase sa, nou kapab site: Remy Montas, Michel Hector, Fritz Dorvilier, Joachim Benoit, Jean Casimir eksetera era. Men, mwen plis vle ret sou yon moun save ki goumen pou pèmèt moun pòv yo soti nan fènwè: m vle pale de gwo potorik gason yo rele Amartya Kumar Sen. Dayè, lè ekonomis peyi Lend lan, nan lane 1998 te fin resevwa pri nobèl ekonomi, moun te di pri nobèl sila a, se pri nobè l moun pòv yo. Nan pifò travay ekonomis la te fè, ou te ka wè  yo  konsantre  sou  zafè moun yo di ki pòv yo. Se li menm ki vini avè teyori yo rele « théorie des capabilités » yo. Yon teyori lèw fin li l, ou tou anvi di se kesyon « kijan malere fè viv » la ki lakòz Sen vini avè li.

Poum fini, mwen panse Ayiti kapab vin egziste antan ke sosyete si nou rive wè mo sosyete a nan sans sosyolog fransè Emile Durkheim te wè l la, ki se yon reyalite moral avan tout bagay. Nou pa kabap bay jwisè parèy nou 500 000 goud pou periòd fèt Pak la san nou pa poze tèt nou kesyon kijan malere fè viv. Annou koumanse fè li egziste depi nan kesyon“kijan malere fè viv?” la. Sa vle di, an nou pa rizibe kalte mòd vi nap mennen an, annou koumanse sansibilize moun sou kòz malere pou nou al mande Palè Nasyonal, ONG ki anvayi peyi a, anbasad yo, moun nan lachanm yo, sa nou rele boujwa yo, tout jwisè sa yo  “Kijan malere fè viv?”.

 

Ernso Mervil,

Imèl : ernsomervil209@gmail.com

Commentaires

Enquête : Le civisme est-il enseigné aux futures élites haïtiennes?

Previous article

Oui, un musicien pourrait le faire

Next article