SOCIÉTÉ

Ki kote nan Pòtoprens ki pi an danje si ta gen yon lòt tranblemanntè ?

0

Depi lane 2017, Laboratwa Nasyonal Batiman ak Travo Piblik (LNBTP), Biwo Min ak Enèji (BME) ak anpil enstitisyon prezante yon etid sou mikwozonaj sismik rejyon metwopolitèn nan. Yo te reyalize etid sa ant lane 2011 ak 2013 nan lide pou te ranfòse peyi a kont nenpòt lòt tranblemanntè ki ta gen pou rive nan ane k ap vini la yo.

Mikwozonaj sismik la se yon zouti ki pèmèt ou konnen tèren yon komin oubyen yon pati nan yon vil. Daprè sa ki di nan dokiman an « li se yon zouti prevansyon ki montre kòman n dwe konstwi, se yon zouti ki montre aklè zòn ki pi danje yo fas a yon tranblemanntè epi ki ka ede fè sansibilizasyon nan mitan popilasyon an ». Dokiman sa ki prezante sou 10 fich egzije yon lòt modèl ibanizasyon nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan pou evite yon lòt katastwòf tankou sa 12 janvye 2010 la.

Direktè Biwo Min ak Enèji a, Claude Prepetit, rakonte « Avan tout bagay, dokiman sou mikwozonaj sismik la se pou moun k ap pran desizyon yo tankou enjenyè lameri yo, pwofesyonèl nan amenajman teritwa yo, achitèk yo ak piblik la ». Lè yo t ap prezante dokiman sa nan lokal Bank Santral la se te devan anpil otorite, sitou majistra komin yo. Anpil ladan yo te deklare yo pral fè anpil efò pou aplike konsèy dokiman mikwozonaj la bay yo.

Mouvman tèren kèk zòn metwopolitèn Pòtoprens lan

« Etid mikwozonaj zòn metwopolitèn Pòtoprens nan fèt sou 80 km2 ki kouvri 5 komin ki pran yon pati nan komin Pòtoprens rive Matisan epi komin Petyonvil yo, Dèlma, Taba ak Site Solèy » toujou daprè deklarasyon Claude Prepetit. Menm jan ak tout lòt etid mikwozonaj, pa zòn metwopolitèn Pòtoprens nan montre fòmasyon sipèfisyèl tèren yo ak fay ki aktif yo epi yo pousuiv klasifikasyon tèren sa yo selon jan International Building Code (IBC) mande l la.

Etid ki fèt nan Pòtoprens lan montre zòn sa se yon plèn ki chaje ravin. Gen 2 mouvman tèren ki ka fèt nan zòn sa selon obsèvasyon pwofesyonèl etid sa yo ki se glisman tèren ak gwo deboulònman wòch san previzyon. Kèk zòn tankou Matisan, « Déprez » rive Mòn Kalvè parèt ekspoze anpil a glisman tèren yo.

Yon lòt danje mikwozonaj la montre, se sa yo rele likefaksyon an. Likefaksyon se lè karakteristik tèren an chanje, li pèdi rezistans li epi rive fè fon aprè yon fòs fèt sou li. Sa rive jeneralman lè yon tranblemanntè magnitid li depase nivo 6 echèl Richter vibre tè a e fè l vale tout sa k sou li tankou yon mas labou.

Nan moman tranblemanntè 12 janvye a, zòn ki te ranbleye aprè 1967 nan Pòtoprens yo pou te pouse lanmè a te parèt pi touche pa fenomèn likefaksyon, selon dokiman mikwozonaj la. Zòn Bisantnè ak komin Site Solèy klase nan zòn wouj ki ekspoze a fenomèn likefaksyon yo.

Etap

Prèske 2 lane aprè Laboratwa Nasyonal Batiman ak Travo Piblik (LNBTP), Biwo Min ak Enèji (BME) epi lòt patnè yo soti dokiman sou mikwozonaj sismik nan, otorite yo pa fè anyen pou mete l an aplikasyon. Poutan, selon Claude Prepetit etap ki te dwe suiv yo se ta « chache sansibilize tout pwofesyonèl ak tout sektè k konsène yo sou dokiman an, fè fòmasyon ak yo sou sa. Lè fini yo ta remèt yo dokiman sa yo epi MTPTC, responsab amenajman tèritwa yo ansanm ak tout meri yo ta dwe fè aplike konsèy mikwozonaj sismik yo sou konstriksyon ».

Zòn ki plis konstwi yo chita kote ki gen plis risk tranblemanntè yo.

Yon rapò Bank mondyal soti an 2018 fè konnen Ayiti se twazyèm peyi kote vil yo pi abite nan rejyon Amerik latin nan. « Plis pase 133 000 moun kite bouk yo pou al rete lavil », daprè sa rapò a di. « Prèske tout teritwa peyi Dayiti (97%) ekspoze danje tranblemanntè ki kalifye nan nivo mwayen a elve. Zòn ki plis konstwi yo chita kote ki gen plis risk tranblemanntè yo ».

Aprè depatman Lwès la, Nòdès, Nò se kote ki pi an danje, selon Bank mondyal ki site vil tankou Okap, Wanament, Mibalè, Fò Libète ak Leogàn pami vil ki pi ekspoze yo. Youn nan koz malè pandye sa, se konstriksyon san kontwòl Leta k ap fèt kote ki sot site la yo. Poutan gen yon dokiman mikwozonaj sismik tou menm enstitisyon yo prepare pou zòn Gran Nò a.

Enjenyè-Jeològ, Claude Prepetit, fè konnen « pi gwo obstak la kounya se aplikasyon dokiman mikwozonaj sismik nan ak tout lòt dokiman yo. Pa egzanp, depi 2012 gen yon Kòd sou kòman pou kay konstwi nan peyi a selon règ parasimik yo ki baze sou etid mikwozonaj la tou. Malerezman, pa gen okenn Lwa ki ekri sou sa pou fè moun itilize l. Ant 2010 a 2019, gen 4 prezidan ki pase nan tèt peyi Dayiti youn pa fè suit a dosye k te gen tan la deja yo.

Pou kounya Ayiti ap viv san okenn Plan prevansyon nasyonal sou tranblemanntè. Pa gen okenn pwogram ki disponib pou pèmèt yo abòde kesyon sa ak konsekans li ka poze. « Bagay yo bay kè sote, selon sa Prepetit fè konnen. Dayè, sekous ki te pase nan Nòdwès 5 oktòb 2018 la vle di anpil bagay ».

Commentaires

Hadson Archange ALBERT
Communicateur, Journaliste.

    GOLD CUP 2019: Les Grenadiers peuvent remporter la compétition !

    Article précédent

    Les 5 meilleurs lyrics de Youssoupha sur Haïti

    Article suivant

    Commentaires

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost