Apati de jodi a, si w se yon moun ki renmen bwè ti alkòl ou, kit se byè, diven, chanpay, kleren oubyen nenpòt lòt bwason alkolize a, ou dwe fè anpil atansyon. M pral esplike w poukisa e kijan w ka met kontwòl sou konsomasyon alkòl ou !
Toulede likid sa yo w ap gade la a se alkòl yo ye. Se vre ou ka wè yo menm koulè, men yo pa menm pwodui : yo chak la se yon konpozisyon chimik diferan. Gen youn ou ka itilize nan bwason; alòske lòt la pa fèt pou moun konsome ditou !
─ Ann konsidere sa a : li rele alkòl izopwopilik, se tip alkòl ou ka remake nan lopital yo, kote medsen osnon lòt pèsonèl medikal itilize kòm antiseptik pou netwaye yon blesi oswa pou evite enfeksyon apre yo fin fè yon operasyon. Ou ka tou konprann, se yon alkòl ki pa fèt pou moun konsome, menmjan ak anpil lòt ki itilize pa egzanp nan endistri oswa pou fè netwayaj, elatriye.
─ Bon ! Sa a li menm, li rele Alkòl etilik oubyen Etanòl (C₂H₅OH), se li menm ou jwenn nan bwason alkolize tankou wonm, byè, diven, chanpay, vòdka, whisky, kleren sen-michèl, likè, elatriye. Li se sèl tip alkòl ki rekòmande pou moun itilize nan bwason. Sepandan, menmsi yo di moun ka konsome l nan bwason, se yon alkòl nou dwe met anpil kontwòl sou jan n ap konsome l, paske gen etid ki revele li ka lakòz gwo pwoblèm lasante e menm debouche sou lanmò.
Pa egzanp, nan lane 2016, OMS ki se Òganizayon mondyal Lasante pibliye rezilta yon rechèch ki revele anviwon 3 milyon moun mouri nan mond lan nan plede bwè alkòl.
Chèchè yo presize, etanòl la pa t etenn souf tout moun sa yo menmjan. Gen 29% nan yo se blese yo te blese an apre, 21% se maladi dijestiv yo te vin fè, 19% se maladi kadyo vaskilè, 13% se maladi enfeksye epi gen 12 % se kansè ki te jete yo.
Diferan ka sa yo tou pèmèt nou konprann, yon moun ki plede konsome alkòl san kontwòl ka fè fas ak aksidan grav si l ap kondui pa egzanp, li ka vin gen pwoblèm dijestif, maladi kadyo vaskilè, kansè, e moun sa a riske kwaze bab pou bab ak mouche lanmò anvan lè.
► Kounye a, ou siman ap mande tèt ou kisa k fè Etanòl la frajil konsa. Enben, pou m ede w konprann, li enpòtan pou m esplike w dabò kisa ki konpoze alkòl etilik la, kijan likid sa a sikile nan kò a e kisa li fè sou pasaj li lè l tonbe osnon absòbe nan san moun ki konsome l la. Tande byen !
Jan m t ap di n sa talè a, alkòl moun ka konsome a rele Etanòl (C₂H₅OH). Se yon likid ki fèt apati de fèmantasyon kèk fwi, grenn, oswa rasin tankou kann, rezen oubyen pòm. Fèmantasyon an se yon pwosesis chimik ki transfòme sik ki nan matyè sa yo pou fè l tounen yon likid, e se likid sa a nou rele etanòl la.
Lè yon moun bwè alkòl sa a, li pase nan tib dijestif li, kòmanse depi nan bouch li, pase nan farenks, ezofaj, estomak, epi entesten grèl.
Pandan l ap glise desann konsa nan tib dijestif la, espesyalis yo fè konnen, plis pase 20% ladan absòbe nan san konsomatè a nan moman l rive nan estoma a, epi rès la ki anviwon 80% absòbe nan entesten grèl moun nan.
Depi alkòl la jwenn mwayen li fin rive nan san an, li pa pran tan pou l gaye nan tout ògàn kò a, tankou sèvo, estoma ak fwa. E se la a li pral kòmanse fè efè a.
► Gen omwen 2 kategori efè osnon dega alkòl la ka fè, daprè sa doktè Faustin Woosbenley ede n konprann. Premye a se atake l ap atake òganism konsomatè a pou ba li maladi, e dezyèmman, li ka enpakte moun nan sosyalman, nan rapò l ak antouraj li.
Men atansyon, m vle pou nou konprann sa, se pa alkòl la an swa ki bay pwoblèm nan, men se pito si moun nan fè eksè nan konsomasyon an.
Pami tout dega alkòl la ka fè sou kò a, ann gade kisa li ka fè nan fwa bwesonyè a, paske, daprè sa Dr Marie Maude eksplike AyiboPost, ògan ki pi sansib alkòl vrèman detwi se fwa a. Poukisa se fwa a ?
Enben, doktè a fè n konnen, fwa a se ògàn ki libere sibstans ki pou pèmèt nou transfòme alkòl la. Nan langaj medikal la, yo rele sibstans sa a « alcool déshydrogénase » (ADH). Lè sibstans sa kwaze ak etanòl la nan fwa a, li fè l tounen yon lòt sibstans ki rele « acétaldéhyde », ki se yon sibstans toksik pou kò a. Se konsa, kò a oblije dekonpoze « acétaldéhyde » sa a, fè l tounen « acide acétique », ki finalman elimine l nan pipi. Se sa k fè ou ka remake, depi yon moun bwè anpil byè pa egzanp, li gen tandans pipi pi souvan.
Sa nou dwe toujou sonje: lè yon moun konsome bwason alkolize, etanòl ki nan bwason sa a tounen yon sibstans toksik lè l rive nan fwa konsomatè a, e sa vin danjere pou kò a. Se pou sa, lè yon moun konsome alkòl twòp, sibstans sa a vin tèlman anpil, li vin tounen yon pwazon pou fwa a. E se konsa, tank moun nan plede ap bwè alkòl, se tank fwa li ap detwi jou apre jou, jouk li vin malad grav.
Youn nan maladi moun nan ka vin genyen, se sa espesyalis medikal yo rele « stéatose hépatique ». Maladi sa fè fwa a vin pa ka dijere grès li akimile yo, e kòm konsekans, li pral ogmante nivo kolestewòl nan san malad la.
Lòt maladi moun k ap plede konsome alkòl san kontwòl ka vin devlope se « cirrhose du foie ».
Sa ki tèrib ak maladi sa a, Dr Faustin Woosbenley di nou li pa ka trete. Lè yon moun genyen l, se yon transplantasyon epatik ki pou ta fèt pou li, sa vle di, se yon lòt fwa pou doktè ta mete pou moun nan. E si sa pa posib, se nan etap kansè a toudwat moun nan prale.
Met sou sa, moun k ap konsome alkòl san kontwòl riske devlope sa espesyalis yo rele gastrit alkolik epi pankreyatit alkolik. Gastrit alkolik la se lè alkòl la vin lakòz « muqueuse » estoma a anfle. Muqueuse la se kouch ki pwoteje estoma a. Alkòl la degrade kouch sa epi fè l vin anfle. Se menm bagay la tou pou pankreyatit alkolik la. Konsomasyon alkòl la pral fè muqueuse pankreya a anfle tou. E se sa ki pral vini ak lòt konplikasyon ki ka debouche sou kansè si malad la pa trete bonè.
Men, se pa sèlman ògan dijestif yo ki kapab afekte; sèvo a ki se ògàn yo konsidere kòm chèf òkès lòt ògan yo konn afekte tou.
Pa egzanp, li ka gen yon efè anestezyan, kote alkòl la deregle fonksyònman sa espesyalis yo rele « sistèm nève santral » moun nan. Lè sa rive, ou ka remake moun nan chanje : li pa gen bon lè ak moun, li tankou yon moun k ap mache ak dòmi nan je l. Moun sa ka santi fatig, li pa ka konsantre, li pa ka sonje fasil, epi li konn vin lan nan reyaksyon l yo, akoz li sanse pèdi kontwòl tèt li.
Tout sa yo se kèk pami efè dirèk alkòl ka gen sou sèvo a. Fason yo manifeste ak entansite yo konn depann de divès kalte faktè tankou si w se yon gason oubyen yon fanm, laj ou, si w konsome toutan oubyen yon ti kras oubyen si w konsome anpil.
Kidonk, kit se sou sèvo osnon sou fwa a, ou dwe konnen risk yo plis pase sa n site la yo. Pa egzanp, espesyalis yo di n gen riks pou moun k ap bwè alkòl san kontwòl lan devlope kansè nan tout tib dijestif la nèt. Hmmm ! Teke fren nou mezanmi !
► Anpasan, ann tou poze yon kesyon enpòtan : Èske yon fanm ansent osnon yon manman k ap bay tete ka bwè alkòl ? Tande byen !
Menmjan ak lèt epi sik, alkòl la ka pase nan lèt ki nan tete manman an tou, se sa doktè Marie-Maude David fè n konnen. Sa ki lakòz, lè yon manman ap fè alètman epi l ap bwè alkòl, ti bebe a bwè ti alkòl pa li tou. E se menm bagay la ki rive tou pou fanm ansent k ap bwè alkòl, « fœtus » la konsome nan alkòl la tou. Se poutèt sa, lamedsin konseye fanm ansent yo pou yo evite bwè alkòl, paske gen anpil timoun ki fèt ak yon seri de dèfòmasyon ki lye dirèkteman ak konsomasyon alkòl manman an.
► Bon ! Ann gade kounye a enpak konsomasyon alkòl la ka genyen sou lavi sosyal konsomatè a.
Yon moun ki lage nan bwè alkòl san kontwòl jouk li rive nan faz alkolik, moun sa a ka devni yon touman pou antouraj li. Lè nou pale de bwè alkòl san kontwòl, nou vle pale de yon moun ki pa mezire kantite alkòl l ap bwè pa jou, yon moun ki pa kontwole nan ki kondisyon l ap bwè alkòl, èske se pou detann li pou yon moman, èske se nan moman fèt oubyen pwogram, èske lè l ap bwè li konsyan de tèt li ak antouraj li, elatriye.
Pa egzanp, si moun k ap bwè a gen pitit, akoz li pa met kontwòl, sa ka vin fè l neglijan anvè timoun nan; epi sa ka fè timoun nan sibi maltretans sikolojik ak fizik nan men paran an. Anplis, moun sa kapab vin vyolan anvè lòt moun k ap viv ak li osnon etranje.
Lòt bagay ! Ki tris, men nou oblije di l : nou okouran gen konsomatè ki konn menm rive nan estad grav kote yo franchi limit pou komèt zak agresyon seksyèl ak vyòl. Hmmm !
Kidonk mezanmi, nou dwe konprann, alkòl la kapab lakòz gwo chanjman sichik lakay konsomatè a, sa ki pral gen move enpak sou antouraj li.
► Se pou sa, avan m fini, m pral ede w konprann kijan ou ka ede yon moun nan antouraj ou ki alkolik osnon adikte ak bweson alkolize.
Anpasan, m sèten nou konnen omwen yon moun nan antouraj nou oubyen nan katye lakay nou ki souvan sou. Dayè, m ta byen renmen ou di m nan kòmantè ki non yo bay moun sa yo bò lakay ou. Pa fè kòmantè yo long
Bon ! Ann kontinye avèk yon kesyon enpòtan: èske lè yon moun sou se yon danje ?
Enben, daprè doktè Marie Maude David ki se yon entènis, lè yon moun sou, li nan yon eta espesyalis yo rele « état d’ébriété ». Li fè konprann se bagay ki pi senp alkòl ka fè nan kò moun nan e se pou sa li kwè se pa grav. Sepandan, li rekonèt sa ka gen konsekans sou kò a ak sou konpòtman moun nan. Se menm jan n te di l talè a, lè yon moun sou, sa ka lakòz dega sou plizyè nivo, tankou sosyal, pa egzanp li ka lakòz aksidan, espesyalman si moun nan deside kondui. Anplis, alkòl ka chanje imè moun nan, fè li aji nan fason ki pa nòmal oswa ki pa adapte avèk sitiyasyon an.
Lè yon moun rive nan estad kote li sou, sa depann de plizyè faktè, tankou kantite alkòl moun nan bwè a, tip alkòl la; e li varye tou de yon moun ak yon lòt.
Sa nou dwe konnen, pousantaj etanòl la pa menm nan tout bwason alkolize. Se pou sa, ou ka remake 2 byè ka pa fè yon moun sou, epoutan yon demi vè wonm gentan fè l sou. Menm jan an, yon vè alkòl ka fè yon moun sou, tandiske yon lòt bezwen 4 vè pou rive nan menm eta a.
Lòt bagay ! Sa ka rive tou, se premye fwa oubyen moun nan pa abitye konsome alkòl. Se pa paske kò l gentan gen yon nivo alkòl vre jouk li atenn sèvo a ki fè l gentan delala, men se pito paske kò l pa abitye.
Bon ! Rapidman, ann pale de yon lòt ka trè grav ki se sa espesyalis yo rele koma alkolik.
Koma alkolik se lè yon moun bwè twòp alkòl nan yon batje. Abitid sa a ka lakòz gwo domaj nan sèvo a. E lè konsa, lè moun sa rive nan ijans lopital, yo souvan jwenn to sik li nan yon nivo ki ba anpil. Gen pou moun to sik la konn desann jouk nan 10 alòske pou nivo sik la nòmal li dwe sitiye ant 60 a 120.
Nou dwe konnen tou, koma alkolik la se yon ijans medikal. Si yo pa mennen moun nan lopital vit, sa ka lakoz lanmò. Paske, kantite tan ki pran pou pote moun nan lopital la oswa tan li pran pou resevwa tretman medikal ap gen gwo enpak sou siksè tretman an.
► Parapò ak tout sa m di la yo, ou siman ap mande tèt ou, si yon moun deside bwè kanmenm, ki kantite alkòl ki nòmal li ta ka konsome pa jou ?
Toudabò, pou nou menm medam : li pa rekòmande pou nou bwè plis pase 2 vè standa alkòl pa jou. E pou mesye yo, nou pa dwe bwè plis pase 3 vè standa.
Lè nou di yon vè standa, se yon kantite fiks « alcool pur » ou ka jwenn nan bwason tankou byè, diven, wisky, wonm, elatriye. Nan anpil peyi, yon vè standa genyen ant 10 a 12 gram alkòl, men Ozetazini li ka rive jiska 14 gram.
Se pou sa, li enpòtan, avan yon moun konsome yon bweson, pou l verifye kantite gram alkòl li gen ladan. Jeneralman, enfòmasyon sa a konn nan etikèt ki sou anbalaj la. Yo konn mete l swa an degre oubyen an pousantaj. Ban m ede w konprann pi byen !
Tout bwason alkolize yo pa genyen menm kantite alkòl. Pa egzanp, nan etikèt ki sou boutèy prestij sa a, yo di l gen 5.6% alkòl. Li pa twò lwen boutèy Heineken ak benedicta ki genyen 5% alkòl. Tandiske boutèy diven yo genyen an mwayèn 11 a 14 % alkòl epi yon boutèy wonm pa egzanp konn gen jiska 50%.
Nou wè gwo diferans ki genyen ant yon boutèy byè, diven ak yon boutèy wonm ? Se pou sa l enpòtan pou n met kontwòl.
Men, kisa w ka fè pou w kontwole kantite alkòl w ap bwè ? Toudabò, se toujou verifye sou etikèt ki sou anbalaj boutèy la ki pousantaj oubyen degre alkòl ki ladann.
Lè se nan vè, fè yo sèvi w nan vè ki fèt pou chak bwason. Lè sa w ap ka kontwole mwayèn alkòl ou dwe bwè pa jou a pi byen. Pa egzanp, yon boutèy byè ak yon vè wisky epi yon vè diven, tout genyen 10 gram alkòl pur ki se sa yo rele verre standard la.
Chak vè ki fèt pou yon bwason espesifik genyen dozaj pa l. Lè nou di yon vè wisky se pa yon vè plen. Li gen dozaj li.
Banm montre w, sa w ap gade la se vè standa pou wisky, sa se vè standa pou wonm, sa li se vè standa pou diven, sa se vè standa pou byè.
Pa bliye nou te di talè a, yon fi pa dwe depase 2 vè standa an mwayèn pa jou e yon gason pa dwe depase 3 vè standa an mwayèn pa jou. Kidonk pe enpòt kalite alkòl w ap bwè a, ou pa dwe depase 2 vè standa. Pou m pi klè, nan ka byè, yon fi pa dwe bwè plis pase 2 boutèy prestij oubyen 2 boutèy benedikta oubyen 2 boutèy heineken pa jou paske yon boutèy byè gen 10 gram alkòl pur ladann, sa ki fè li egal ak yon vè standa. Menmjan yon gason pa dwe bwè plis pase 3 boutèy prestij oubyen heineken oubyen benedikta pa jou.
Gen yon bagay ki enpòtan pou m souliye, si li mande tout presizyon sa pou w bwè alkòl ki fèmante ak distiye, m pa bezwen di w li pa rekòmande pou w ap bwè kleren blan an. M vle pale de kleren yo konn ap vann nan galon nan lari a paske galon yo pa gen okenn etikèt sou yo ki di kantite etanòl li genyen ladann. Lagè avèti pa touye kokobe !
► Pou n fini, ann gade rapidman kisa espesyalis yo rekòmande pou n akonpànye yon moun ki alkolik.
Toudabò, nou dwe konprann, alkòl la bay bwesonyè a yon sansasyon byennèt pou yon ti bout tan.
Se sa k fè, sila yo k ap bwè pou chase pwoblèm yo, kou efè alkòl la pase, menm pwoblèm yo toujou la. Kidonk, li pa pote solisyon vre. Li pito mete bwesonyè a nan yon kondisyon kote l vin depann de alkòl la, pandan se detwi l ap detwi fwa l.
Yon moun ki nan eta sa a, youn nan bagay ki ka ede l se sansibilizasyon. Ede l konprann efè alkòl ka gen sou kò li, espesyalman sou fwa li. Si w pa ta gen ase mo pou w ede l konprann sa, ou ka pataje videyo sa avè l
Nan ka sansibilizasyon oubyen konsèy ou pa ta sifi pou ede moun sa a, ou ka ankouraje l wè yon espesyalis ki trete moun ki adikte nan alkòl. Nan mezi sa posib, ou ka fè demach pou w ede l jwenn sant oswa klinik ki la pou sa. Pa egzanp, an Ayiti, gen sant dezentoksikasyon ki ka ede tankou L’Association pour la Prévention de l’Alcoolisme et Autres Accoutumances Chimiques (A.P.A.A.C.)…
Si n ap byen swiv, n ap remake mwen plis pale de konsomasyon san kontwòl, paske se li ki pwoblèm. Pou sa ki konsène kategori bwesonyè ki rele « buveur social » la, Dr. Faustin di li pa pwoblèm, paske se moun ki jis bwè yon byè oubyen yon vè diven si l soti oubyen pandan l lakay li. Se vre li di se pa pwoblèm, men li kwè, pibon desizyon an, se ta evite konsome alkòl nèt.
Nan sans sa a tou, nou dwe souliye : gen maladi moun soufri ki pa danse kole ak alkòl ditou, tankou maladi dyabèt, epi ipètansyon, sa nou rele tanswyon wo a.
Lòt bagay ki enpòtan pou n evite se enfliyans. Si w rive nan yon espas oubyen nan yon gwoup zanmi ki toutan ap bwè alkòl, pa pran nan pwovokasyon. Desizyon pou w bwè a dwe pèsonèl, paske nou dwe sonje, kò tout moun pa reyaji menmjan ak etanòl la, e konsekans l ap gen sou sante w se ou sèl k ap sibi yo. Kidonk mezanmi, nou dwe fè jefò pou n konbat tout depandans ak alkòl oubyen evite tonbe nan depandans lan jan nou kapab.
La dépendance se soigne : Association pour la prévention pour la Prévention de l’Alcoolisme et autres Accoutumances Chimiques (A.P.A.A.C )
Numéro à contacter : 28131551 – 42444680 – 48523939 – 37937055
KREDI
► Kamera : Marc Elie Rosena
► Montaj : Sherlande Pierre
► Prezantasyon : Daphena Rémédor
► Redaksyon : Lucnise Duquereste
► Edisyon / Sipèvizyon : Jérôme Wendy Norestyl, Widlore Mérancourt, Philicien Casimir
Gardez contact avec AyiboPost via :
► Notre canal Telegram : cliquez ici
►Notre Channel WhatsApp : cliquez ici
►Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici






Comments