POLITIQUESOCIÉTÉ

Kèk jèn san travay mete barikad nan lari pou fè lajan

0

Chak fwa peyi a lòk, pwotestatè yo itilize barikad pou anpeche moun ak veyikil sikile. Pou fè lajan, genyen nan moun ki ap bloke lari yo ki egzije chofè yo ba yo lajan pou yo jwenn otorizasyon travèse yon barikad

Nan peyi Dayiti, depi plizyè jou tout bagay lòk. Anpil kote bloke. Pa gen enstitisyon ki rive fonksyone tout bon vre. Lekòl te la pou louvri 9 septanm, men jiskaprezan pòt yo ret fèmen.  Barikad se youn nan zouti pwotestatè yo itilize.

Pa gen yon eleman byen espesifik pou fè yon barikad. An Ayiti, manifestan yo itilize tout sa yo jwenn sou wout yo. Li kapab yon pyebwa. Yo konn boule kawotchou.

Gen yon zouti pwotestatè vin itilize ki se baryè. Yo pran plizyè gran baryè kay moun. Yo soude yo youn kole ak lòt oubyen mare yo byen sere epi yo mete yo nan wout la. Konsa ni moto, ni machin pa gen mwayen pou yo travèse.

 

Barikad tounen biznis

Depi 9 septanm, gen zòn ki vin bloke bridsoukou alòske anvan sa, pa te janm gen barikad e sikilasyon an pa t difisil. Prèske nan tout barikad yo, gen yon tikwen ki la pou veyikil laprès ak anbilans k ap pase, pou fasilite yo fè travay yo.

Chofè moto ki nan lari yo, konn ap chache espas sa yo tou pou yo pase. Pou sa, moun ki met barikad yo vin ak yon lòt bagay ki se : peye pou w janbe. Ou bay kantite w genyen. Men pipiti a pa depase 25 goud nan anpil zòn ki defavorize yo. Lòt zòn yo, pou pipiti se 100 pyas li ye.

Li tou: OPINION: Comment prêcher la civilisation à des gens n’ayant récolté que de la barbarie?

Pou yon moun sòti Kafou Ayopò jou ki te 20 oktòb la, pou li rive Bon Repo toupre radyo Zenith ye a sou moto, fòk li janbe plis pase 10 barikad. Nan kantite sa, gen 7 ladan yo kote gen jèn gason ki kanpe ap mande kòb. Sinon, moun nan ap oblije kase tèt tounen. Se sèl anbilans ak laprès ki pap peye.

Lari bloke

« Mesye pa gen wout la. Lari a bloke. Pou w pase wap jere nou nòmalman. Depi w pa deside w ap oblije tounen paske ou konnen byen pwòp pa gen lari jodi a », se sa yon jèn gason di yon mesye k ap tante rantre lakay li sou yon ti moto.

Junior se konsa nou deside rele jèn gason sa paske li pa deside bay non li. Li gen 27 lanne. Men, difikilte lap jwenn pou li pran swen tèt li fè li sanble ak yon moun pou pipiti ki nan 45 lanne.

Nèg sa se papa 3 pitit : 2 tifi ak yon ti gason. Li gen yon mayo ble sou li, men solèy tèlman blaze mayo a, koulè li chanje nèt. Li kanpe Bon Repo bò kote yon gwo pyebwa li menm ak baz li rive mete nan wout la, apèn kèk mèt ak Radyo Zenith.

Si yon moun pral rive sou nèg sa yo, byen vit wap wè la se pa bloke yo bloke pou fè pase revandikasyon yo. Se pito yon biznis ki la. Depi lòt bò, yo fè w siy pou chofè moto a vini. Paske si yon moun gad gwosè pyebwa a, klèman li ap wè li paka pase. Poutan gen yon tikwen espesyal yo prevwa pou moun ki chwazi mete kòb deyò.

Junior di li p ap travay. Li te konn vann dlo lontan. Sa gen 5 mwa depi tikomès sa kraze

Junior di li p ap travay. Li te konn vann dlo lontan. Sa gen 5 mwa depi tikomès sa kraze nan men li akoz youn nan timoun li yo te tonbe malad. Depi lè sa, li sanse viv sou ti djòb zanmi. Li pote chay pou moun dèfwa. Depi fen septanm, lari a se sanse travay li ak lòt nèg ki nan menm sitiyasyon ak li nan zòn nan. Se yon mwayen pou li rive fè yon ti kòb, konsa pou li manje yon pen.

« M konnen sa map fè a ka degrade mouvman an, kontrèman ak lòt nèg yo. Men, m oblije fè sa paske veyikil ki sòti a se lavi li ale chache. Chofè a oblije pataje tikal nan lavi sa ak nou pou nou viv tou », se konsa li reyaji. Li ajoute pandan semenn pase a li rantre preske 5 000 goud pou kont li. San konte lòt nèg yo ki fè kòb pa yo.

 

Se paske Leta febli

Enomy Germain se yon ekonomis. Li fè konprann sa vin parèt yon sistèm peyaj enfòmèl. Pou li menm, premye kle pou konprann fenomèn lan se enkapasite Leta a pou òganize lavi nan peyi a. Ekonomis lan eksplike «Se yon ekonomi paralèl ki vin devlope. Poutan, ekonomi fòmèl la pa rive fonksyone. Se konsekans absans enstitisyon Leta. Afòs yo pèdi tout kapasite yo pou yo gouvène, sa rann chak moun ap jere mwayen pou yo fè ekonomi pa yo.» 

Pou ekonomis, Enomy Germain, yon premye kle pou konprann fenomèn lan se enkapasite Leta a pou òganize lavi nan peyi a.

Pou li menm, lè otorite nan Leta a pèdi monopòl angajman kolektif peyi a, sa kreye plizyè sektè nan nivo òganizasyon de baz yo. Sa rann sektè sa yo kreye mwayen pou yo òganize lavi yo. «Men otorite yo konnen sistèm sa la. Se akoz yo enpuisan, sa rann moun sa yo pran plas yo epi yo kreye mwayen pou yo fè kòb pa yo. Se yon bagay ki grav.»

Pri kous la vin oblije moute

Akoz chofè moto a konnen li pral peye nèg ki devan barikad yo, li vin oblije fè pasaje a bay kòb la plis pou li pa pèdi sou pa li a. Oubyen, li bay pri nòmal la, epil di kliyan an chache pou pipiti 100 goud monnen mete nan pòch li. Chofè a dwe bay kòb sou chak pase li pase pou yo louvri tikwen an ba li.

Ronald Azor se yon chofè ki sòti pòtay pou li rive Kafou Ayopò ak yon kliyan. Li pran 200 goud nan men kliyan pou kous la. Poutan li ap plenyen paske li depanse 75 goud ladan li. Poutan li fè yon detou pou li rive kote kliyan an te mande a.

Li tou: Les extracteurs tuent l’économie haïtienne. Il faut une nouvelle politique de la valeur.

Ak lapenn, li eksplike « Tout wout yo bloke. Yo met anpil obstak. M chache mwayen. M chankre nan ti koulwa pou m tante rive la. Koulwa m te fè a sòti nan ri Batravil ki anndan Delma 30 lan. Se la, nan rantre a yo mete plizyè tab. Yo fèm bay 50 goud nan kòb la. Sa ki dwòl, nan pwent ki sòti nan 30 lan, yo mete yon gwo pyebwa. Pou m janbe, m oblije bay 25 goud atout m di m sot peye pou m rantre. »

Anpil chofè moto fè konprann, pou sa pa rive yo, pou pipiti y ap mete 100 pyas sou kòb kous moun nan ta dwe peye a. Yon lòt chofè moto ki t ap koute sa, di « Si mwen sòti epi se pèdi m ap pèdi, pito m rantre. Gaz pa fasil, fòk m ka rantre yon monnen tou depi m sòti nan lari a. »

Eske sa ka deranje mouvman an?

Nou pale ak 10 moun ki pa nan met barikad. Ladan yo gen chofè moto, senp sitwayen k ap pase ak ti machann. Yo menm tou ap poze kesyon sou zak sa, yo jije ki malonèt. Men se prèske plizyè lide diferan ki degaje nan sa yo di.

Pou yon ti machann k ap vann kadna, kle, alimèt ak kèk lòt bagay nan Kafou Ayopò jou kite jedi 31 oktòb la, sa pa ka fè mouvman manifestasyon an anyen. « Yo te di tout moun ret lakay yo, Si yon moun sòti, se paske lakay yo nwi yo. Poukisa yo pa fè sa yo di toutan nan radyo a ? Poukisa yo ap fè lwen pou yo nan pran moto ? » se konsa li reyaji.

Li tou: OPINION: Et si on décidait tous d’ignorer la loi en Haïti ?

Frederick ki pa deside bay siyati li se yon kontab. Li ap travay labank. Pou li menm, bagay fè moun peye a ka bay mouvman pwotestasyon an pwoblèm, « paske si plizyè moun ap kritike sa nan radyo, lòt moun k ap koute ka di moun ki ap pwoteste yo, tout moun ki bloke zòn yo se zafè pòch yo y ap regle. Poutan se pa tout kote nèt sa fèt. »

Pa gen moun ki konn pou konbyen jou peyi a bloke. Travay ap fèmen pòt, oubyen retire nan kantite moun yo te genyen k ap travay. San konte sa ki chanje kontra travay yo. Tout moun nan grangou. Pa gen kòb, men depi yon moun mete tèt li deyò, pou sikile li oblije peye pou l pase osinon retounen rantre lakay li.

Steven Aristil te kontribye nan repòtaj sa.

Foto: Johnson Sabin

Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *