EN UNEHumourPOLITIQUESOCIÉTÉ

Jouk kibò sanwont ou ap rive ?

0

Lasosyete m’ap di ou yon kout lonè, san respè!

Se pou mwen yon kokenn chenn plezi poum chita sou ti chèz ba m jodia, non pa pou m di w de mo twa witièm, men pou m kase met nan men w; pou m di w mo ki pa ekri nan liv paske nan je pa m ou pa merite pou m nan tete lang avek ou.

Mwen pa nan mande w koman w ye ni sa k ap fèt non plis, paske m konnen déjà  ke se je chèch ou ye,  ou pa gen lòt repons k ap sot nan bèk ou ke « nou anfom » osinon « nap boule ». Bon, si m betize ou ka fout mwen on kout « m pa pi mal » kòmsi si nan eta w ye a ta ka gen pi mal toujou. Sa pwouve nan ki pwen ou se yon manfouben. Avèk ou se jan l ye li ye, paske pou ou,  pito w lèd men w la.  Ou sitèlman pa gen nen nan figi w chen k ap drive devan pòt kay gen plis valè pase w ; alè kile menm kasav li deklare li pap tranpe pou yon « mal pou wont » tankou w.

Koman w ta vle pou yo pa gade anba w pandan ou mal chita. Si devan pòt ou tounen deye kay jounen jodia pa vinn pran pòz sezi w, paske ou tap mache chache mande kichòy fòk ou te gentan konnen ou patap janm dòmi san soupe; li ta mèt se yon bout salami. Piti koul ye vwazen an pap kitew chèch, si ou vle  menm, lap baw on ti sitwon, wa simen sik sou li. Epi m tap bliye tou, ou gen zanmi ki pou tiye vè nan vant ou. Men ki zanmi atò ? Hmmmmmm tèt chaje ! Ou genlè kwè ke zanmi lwen se lajan sere vre. Kitem ri w ! Ou pran etranje sa yo pou zanmiw vre ? Site m yon fwa yo fè yon bagay pou ou san ke yo pa t wè pwòp enterè yo ? Dim non koukouy, ki byen ou te fè konsa pou frize . Kòm mwen konnen ou bliye vit m pral wè sim ka fè w sonje.

Ak ti visye ! An 95 yo te ba w chokola pa vre ? Men ou pa sonje minòt demokrasi an non ou di mwens diri chou te monte nan tèt ou jouk li te fè w bliye. Kounye a ou pral dim zanmiw ki la depi 2004 la pap janm fè w sa. Banm di w byen, yo chanje taktik. Alè kile, yo jwe l tout ti vis.  Yo deside yap baw pla a konplè fwa sa. Menm si ou manje fèy  ak karòt sèlman yap sevi w. Yap stabilize douvan kou dèyè. Pa vinn pran pòz estomake w: non, ou konnen trè byen ke kabrit gade je mèt kay avan l antre. Si moun lakay ou pa vann ou, moun deyò pap achte w. Se konsa sa ye, paske an jwèt konsa  Jwif la ap batize pou tout bon. Ou  rive vann ni pitit fi w ak pitit gason w, yo san papye. Ou pap vinn bay pèsonn anana pou zanmann paske le zak yo ap fèt ou di yo femen je, sere dan, lache kò w paske se pou la bòn kòz.

Ti tonton ak berè blan an te di on lè ke : «  il faut que quelque chose change ici» e kòm ou pa wè pi lwen ke pwent nen frèt ou a, ou te panse ke depi w te finn voye pitit Dòk la ale sa tap chanje. Men pou jis kounye a ou genlè anfouraye pi rèd nan chimen chanjman sa. E janm wè bagay sa prale la pa gen wout pa bwa se bouche nen bwè dlo santi a paske ou fè tout sa w konnen pou nou rete nan salmanaza sa.  Menm si mwen ta di map met espwa sou lajenès pou yon demen miyò. Hmmmmm Adye ! Se ki lajenès atò ? Se pa lajenès kap pandye a? Lajenès kap pete chawa a? Lajenès tèt anba bouda anlè a ? Se pa  menm lajenès wap mandeml eksperyans  travay avan ou bal yon dyòb alòske li fenk gen on vye diplòm inivesitè? Ki eksperyans ankò wi! Eksperyans janm louvri. Se pa lajenès  nèg ak palto blan an  ap fè al danse toutouni devan moun nan pandan ke ou rete poze, poze, poze nèt san w pa di yon mo. Genlè se de yon lòt lajenès wap pale a… M pa kwè nap pale de menm lajenès kap brase lari a san bese triye, sa l jwenn li pran. M pa kwè se jenès k ap di se rezilta ki konte sèlman an wap vinn dim la. Paske si se de li wap pale la map diw sa kasayòl te di bèf la.  e mwen garanti w ke ou pa tap gen repons pou mwen.  E m ta ka di w plis wi men mwen fini pa konprann ke ou pa konn wont paske map sonje zòt te joure maman w men sa pat ebranle w. Zòt genlè bliye ke ou pa konn enpòtans fanm, dayè menm valè ou pa ba yo.  Ou kite yo de bra pandye pou pita y al de janm anlè. Lè ou bezwen pase bè sou yo ou rele yo timaman cheri. Ou fè yo konprann ke bagay yo ka vinn wòz ak lespwa.  Map diw byen, sa fè lontan ke lavalas desann li bwote lespwa tout moun ale.  Li tèlman vin ak fòs ke nou toujou ap naje pou n sòti.

 Katchouboumbe nou yo pap rezoud ak zandolit veste kap vin chante kantamwa.  Dayè, eksperyans pwouve ke tout se menm.  Kit sete nèg ak vès ,nèg ak plòm , nèg ak bab, nèg ak soutan, nèg ak  jip, se menm kout ba a. Kounye an pa gen diferans ant pitit soyèt ak pitit gwo zouzoun  paske yo tout sou kou . Lè ou manke enspirasyon pou fè kout pa konprann ou yo, ou transfome tèt ou an, G8, G30…  Paske nan tèt pa w se yon pakèt je pete klere ou byen je drandran  kap swiv.  Paske pifò nan nou zonbi pete sou nou.  Mouche zonbi telman goute sèl li pa mande rete, li menm pran dwa nou nan men nou jouk li rive al vote nan plas nou. Sa pap etone m si msye Bawon Samdi chita nan palè a an Fevriye  2017.

Men nan tout sa map di la ou konn sak pi fè mwen mal lasosyete, se ke pandan wap li tèks sa, gen  bagay kap fè ou ri,  gen  lòt  kap fè ou fache tou.  Ou ka menm rive pa dakò avè m. Mwen atann mwen ak tout jan de reyaksyon sa yo. Paske mwen  konnen ke kritik pa zanmi w,

Men kesyon mwen gen pou ou jodia se : Jouk kibò  sanwont ou ap rive ?

Joanny Alexandre

Image: Dieu Nalio Chery/AP

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *