SOCIÉTÉ

Gwo magouy nan biwo transfè an Ayiti

0

Èske w te konnen, gen kote an Ayiti si w al chèche yon transfè entènasyonal nan biwo ki afilye ak Unitransfer, Cam Transfer osnon Western Union, ajan yo ka egzije w peye yon frè anplis e si w pa dakò, yo p ap ba ou lajan an ?

Èske w te konnen tou, gen biwo transfè ki tou gen magazen pwovizyon alimantè ladan yo, kote yo fòse kliyan achte pwodui – menm lè yo pa nan bezwen yo – pou yo ka resevwa transfè a ? A wi ! AyiboPost jwenn plizyè temwànyaj sou dosye sa. Kite m eksplike w !

Ayiti se youn nan peyi ki depann anpil de transfè k ap soti aletranje. Daprè yon nòt politik monetè Bank Repiblik Dayiti (BRH) te pibliye pou ekzèsis fiskal 2023 – 2024 la, transfè lajan ki soti aletranje te atenn 3,63 milya dola ameriken an septanm 2024, sa ki ogmante parapò ak 2023, kote kominote dyaspora ayisyen am te voye 3,28 milya nan peyi a.

An jeneral, pou lajan dyaspora voye soti aletranje rive jwenn moun ki an Ayiti, li sibi omwen de (2) depans obligatwa. Yonn se frè sèvis konpayi transfè yo chaje pou chak tranzaksyon. Lòt la se yon taks Leta ayisyen enpoze depi 2011 sou chak transfè, ki se yon dola senkant ameriken. Taks sa a, ki te mete sou pye pou finansman edikasyon atravè Fon Nasyonal Edikasyon (FNE), kontinye egziste jiskaprezan, malgre gen anpil kontwovès sou jesyon ak itilite l.

Kounye a, ou ka tou ap mande tèt ou : E lajan anplis biwo transfè yo mande kliyan yo peye a, e pwodui y ap fòse yo achte a, kote yo kwaze ak mezi sa a menm ? Kisa mezon transfè tankou   Unitransfer, Cam Transfer osnon Western Union di sou pratik sa ?

Pou w ka byen konprann repons ki bay sou sitiyasyon an, ann dekouvri dabò kèk temwanyàj kliyan ki pale ak AyiboPost, ki eksprime mekontantman yo fas ak fason biwo sa yo ap fonksyone.

Temwànyaj kliyan ki fache/viktim

> Pa egzanp, Jérôme Givenchy se yon kliyan ki abite nan komin Ansdeno, depatman Grandans, ki oblije fè yon trajè anviwon 14 Km sou moto ale jouk nan komin Dammari, pou al pran yon transfè 50 dola yon pwòch li aletranje voye pou li nan mwa fevriye ki sot pase a. Lè l rive, li  sezi tande ajan ki sou kès la mande l pou li achte yon sak diri epi yon kès espageti si l vle resevwa tout transfè a.

Jèn gason an fè n konnen sa te choke l anpil paske li oblije achte yon kès espageti li pa menm gen bezwen pou 2200 goud pou l jwenn ti tchotcho a, sinon se wè li t ap wè li rantre lakay li san lajan transfè a.

Daprè plizyè sous AyiboPost konsilte nan komin Ansdeno, gen ladan yo ki fè konnen yo oblije al pran transfè jouk Dammari paske komin lakay yo pa gen biwo transfè k ap fonksyone ladan. Pou yo resevwa lajan dyaspora voye pou yo, yo oblije peye yon kous moto 500 goud pou yo desann Dàmmari.

Anpil lòt kliyan deside soti nan silans yo pou denonse pratik kote biwo transfè fè yo peye lajan anplis oswa achte pwovizyon yo pa t prevwa achte. 

Youn nan yo rakonte AyiboPost, menm biwo sa a ki tabli li nan komin Dàmmari a te mande l fòk li achte yon sak diri ak yon kès savon si l vle resevwa kòb yo voye pou li sot aletranje. Malgre li di l ap achte senpman kès savon an ki depase mil goud, ajan ki sou kès la te refize ba l kòb la si se pa direktè etablisman an ki deside fè yon menleve pou li e fè yo fè tranzaksyon an pou l ale.

Aprè zak sa a, jenòm nan ki te sipoze rantre lakay li avèk prèske 13 000 goud — si nou konsidere to BRH la ki pa t pi ba pase 130 goud pou yon dola ameriken nan moman an — enben, se gade l gade li wè yon bon pati nan lajan transfè a gentan boule, san konte kòb moto ale-retou li te oblije peye.

Van Vicker Vancol, ki se yon sitwayen ki souvan denonse movèz pratik sa yo, fè AyiboPost konnen, sitiyasyon sa a egziste depi yon bon ti tan nan komin Dàmmari.

Li eksplike, gen biwo ki menm egzije kliyan an pou l achte pou mwatye nan kòb yo voye pou li a, sinon se nan rèv l ap jwenn transfè a.

Bon ! Bagay la konn depase lè bòn nèt ! 2 sous AyiboPost pale avèk yo nan Grandans peyi a fè konnen gen biwo ki menm ofri sèvis MonCash. Lè yon kliyan vin chèche yon transfè, non sèlman yo fè l achte nan montan kòb li te dwe resevwa a, men tou yo konn deside bay rès la an 2 pati : yonn an likid e lòt la sou MonCash.

Lè nou konnen sèvis MonCash la deja kolekte frè pa l sou chak tranzaksyon, sa fè kliyan an sibi yon doub defisi. Yon bò, yo ekzije l achte yon bagay li pa t fòseman bezwen nan moman an; yon lòt bò, li pèdi kòb ankò lè yo voye yon pati nan transfè a atravè MonCash. Se jan nou tande l la !

Plizyè lòt sous ale pi lwen pou rakonte AyiboPost kijan kèk biwo transfè ki tou vann pwovizyon alimantè pran avantaj sou kliyan yo. Yo mete to jounen pa yo, ogmante pri pwodui nan magazen yo byen chè, paske yo konnen, koutkekout, y ap vann yo ak kliyan ki vin reklame ti tchotcho fanmi yo voye pou yo sòti lòtbò dlo.

E nan sans sa a, gen anpil pwodui mèt biwo transfè yo pa t konn achte pou vann nan magazen yo, yo ta vin mete sou etajè sèjousi, paske yo konnen y ap vann yo kanmenm — yo ap fòse kliyan yo achte yo. E pafwa, se biwo transfè yo menm ki di w klèman ki pwodui ou dwe achte pou w ka jwenn transfè a.

Men, èske se nan Grandans senpman mezon transfè ap aplike taks iregilyè sa yo sou kliyan ? Enben non ! Gen plizyè temwànyaj ki fè kwè se yon tandans k ap devlope alafwa nan kapital Pòtoprens ak nan plizyè vil pwovens.

Ann f on koutpye nan depatman Latibonit !

Nan komin Sen Michèl, sitiyasyon an pa chanje plimay, daprè temwànyaj AyiboPost rive kolekte sou teren an.

Pa egzanp, Ketlain Toussaint, ki di l ap viv Lafrans depi 2021, fè n konnen se yon veritab maswife l ap monte ak biwo transfè yo nan Komin Sen Michèl, depi lè li kòmanse voye lajan bay fanmi l.

Sa pa gen lontan, an mas 2025, li di l te voye anviwon 70 dola ameriken bay yon pwòch li nan komin nan atravè konpayi Western Union. Daprè sa li rakonte, ajan ki t ap sèvi nan biwo a retire 1 572 goud sou transfè a san mande, san bay esplikasyon.

Pratik sa ki gaye nan Sen Michèl tèlman estomake Toussaint, li deside pa voye transfè nan komin nan ankò.

Li pwofite denonse tou ajan sekirite ki nan biwo transfè yo nan Sen Michèl ki konn menm antre nan konfyolo ak moun ki sou kès yo pou toupizi ti kòb transfè dyaspora voye bay fanmi yo.

Pa egzanp, toujou nan mwa mas la, li fè konnen gen yon ajan sekirite ki retire, san okenn otorizasyon, 50 mil goud sou yon transfè 2 016 dola ameriken. Se aprè plizyè denonsyasyon sou rezo sosyal epi kèk alèt nan kominote a, ajan sekirite a ta finalman remèt kòb la.

Se pa nan komin Sen Michèl senpman kliyan ap denonse zak sa yo nan Latibonit. Ann f on koute pye Gonayiv !

Rémy Joseph, yon sitwayen ki soti Ènri fè yon trajè anviwon 41 Km pou rantre Gonayiv al chèche yon transfè 50 dola yo voye pou li. Lè l rive, li di n li te oblije bay moun ki sou kès la 1500 goud pou fasilite l jwenn transfè a. Se jan w tande l la !

AyiboPost mennen yon ankèt sou pratik sifaktirasyon sa a ki tabli li nan divès zòn nan peyi a. Aprè piblikasyon nan kòmansman mwa avril 2025 lan, plizyè dizèn moun te reyaji pou ranfòse sa jounalis Junior Legrand te revele nan atik la.

Pa egzanp :

3 avril, Nahama Dorie Joseph kòmante sou Facebook pou l di : « Nan zòn andeyò, se mizè moun yo ap pase […]. Sou chak transfè yo fè, moun yo peye mil goud. »

Ansy Saint-Louis ale nan menm sans lan pou l fè konnen, nan «Môle Saint-Nicolas, [biwo transfè] yo pran 1000 goud. E sa depan de kantite lajan ou vin chèche a, y ap pran plis. »

Laguerre Loukens sou bò pa l fè konnen, nan komin Plezans, depatman Nò, yon biwo transfè fè kliyan yo peye 100 goud enskripsyon avan yo rantre nan biwo a pou y al pran transfè.

Sou bò pa l, James Lesaj li menm souliye: «si w bezwen yon kòb rapid nan yon biwo transfè fòk ou bay 500 osnon 1000 goud sinon ou ka fè tout semenn nan ap mache dèyè l».

Ann fè yon ti tounen nan Dammari. Youn nan denonsyasyon ki fèt sou pratik sifaktirasyon mezon transfè yo nan komin sa a konsène antrepriz « 3C Depo », ki se pwopriyete ansyen depite komin nan, Curolo Loiseau. Daprè Van Vicker Vancol, yonn nan temwen ki pale ak AyiboPost, fè konnen, depo sa a — ki tou gen yon biwo transfè ladann — konn egzije kliyan yo achte pwovizyon alimantè pou omwen 50% nan kòb transfè yo vin pran an, sinon yo p ap resevwa lajan an.

Li ajoute, se anplwaye biwo transfè «3C Depo» yo menm ki di kliyan yo men pwodui yo dwe achte nan magazen an si yo vle rekipere transfè a.

Diferan ka nou sot rapòte la yo montre nan ki pwen pratik sa yo mete plis chay sou do moun ki deja ap lite chak jou pou viv, e yo soulve gwo kesyon tou sou kontwòl ak etik biwo transfè yo nan divès lokalite.

Men, ou siman ap mande tèt ou, ki eksplikasyon biwo transfè yo bay AyiboPost sou koze sa, ki rezon ki eksplike yo deside mete sistèm prelèvman sa an plas pou transfè ki soti lòtbò dlo oubyen deside fè kliyan yo achte you yo jwenn lajan yo a.

Enben, AyiboPost te rive pale avèk Mickson ki se yonn nan responsab «Depot pa Nou» ki ta enplike nan pratik sa a nan komin Dammari.

Mickson fè n konnen biwo transfè yo ap soufri anpil akoz sitiyasyon sekirite malouk peyi a k ap degrenngole chak jou pi plis epi wout ki bloke, sa ki vin fè manke likidite nan komin Dàmmari kote yo tabli yo.

Responsab la fè konnen akoz bank ki pa genyen nan komin nan, ekip li avèk li oblije pafwa depanse plizyè milye goud [nan yon trajè anviwon 48 Km] pou ale jis nan komin Jeremi pou pran kòb mete nan kès yo pou fè tranzaksyon pou kliyan yo.

Pafwa, li di yo konn fin pran kòb la Jeremi yo nan difikilte pou rive avèk li Dàmmari, paske youn nan wout prensipal yo itilize pou antre nan komin nan pase nan yon lokalite ki rele Désormaux, kote bandi pa sispann simen latèrè. Li fè konnen, bandi sa yo konn fè zak asasina, vòl ak ekstòsyon sou moun k ap itilize wout la, sa ki konn lakòz yo fè gwo defisi.

Pa egzanp, an 2016, responsab la di bandi yo te sezi plis pase 800 000 goud nan men yo sou wout sa; e an 2019 ankò, yo pèdi sou menm wout sa 1 250 0000 goud.

Fas ak pwoblèm sa yo, Mickson di AyiboPost li oblije kontwole kantite kòb l ap bay kliyan yo, sa vle di li mete sou pye yon montan plafon. Si sa ta rive yon kliyan bezwen tout kòb la, biwo a ba l opsyon pou l pran yon pati an likid epi pou l achte pou rès la.

Anpil lòt temwanyaj sous fè AyiboPost konnen, biwo transfè yo mete devan pwoblèm likidite ak sikilasyon kòb nan peyi a, pwoblèm entènèt, elatriye, kòm koz ki pouse yo nan pratik sa yo.

E responsab konpayi transfè yo menm, kisa yo di nan sitiyasyon sa a ?

AyiboPost te kontakte Cam Transfer avan piblikasyon ankèt la. Yon responsab estime se ilegal pou biwo transfè yo ap retire sou kòb moun yo konsa oubyen oblije yo achte si yo bezwen rekipere transfè yo.

Unitransfer li menm te rantre an kontak ak AyiboPost nan kòmansman mwa avril la pou fè konnen l te koupe tranzaksyon sou sistèm mezon transfè ki rele «Depot pa Nou» an ki nan komin  Dammari. Men aprè, konpayi a di li leve sanksyon an paske kliyan ki temwànye nan atik  la pa anrejistre sou sistèm nan, sa ki vle di pratik sa yo pa konsène konpayi Unitransfer.

Responsab la souliye tou, «Depot pa Nou» se yon senp souzajan ki gen otorizasyon peye pou konpayi a, e pratik sa pa konsène Unitransfer totalman.

Responsab Unitransfer a ale pi lwen pou l montre AyiboPost, konpayi a gen yon biwo ki pwòp ak li menm ak yon latriye ajan otorize ki yo menm se antrepriz endepandan, ki jwenn posiblite peye transfè pou Unitransfer ki egzèse yon dwa rega sou operasyon biwo a tankou transfè, ekspedisyon, elatriye.

Men pou responsab Unitransfer sa a, yo pa t janm resevwa ankenn plent pou «Depot Pa Nou» konsènan pratik yo repwoche l yo,  ni bò kote kliyan yo, ni bò kote korespondan oubyen ekspeditè yo.

Pou n fini, n ap souliye, se Bank Repiblik Dayiti (BRH) ki regile fonksyònman biwo transfè yo an Ayiti, jan sa presize nan dekrè jiyè 1989 la.

Men, nan dat 16 jen 2020, defen prezidan Jovenel ta pral pibliye yon lòt dekrè nan jounal ofisyèl peyi a, Le Moniteur, kote li fè kèk modifikasyon nan premye dekrè 1989 la.

Daprè atik 2 nouvo dekrè a, mezon transfè yo dwe bay kliyan yo transfè ki soti aletranje nan fòm, nan deviz epi nan to BRH fikse a. Sinon, mezon transfè sa yo ap sibi yon amand ki ka rive jiska 3% nan fon yo. Savledi, 3% sa a, BRH ap gen pou wete l dirèkteman sou kont mezon transfè a. E si mezon transfè an ta fè menm fot la ankò, BRH kapab ale pi lwen jouk li retire otorizasyon l te genyen pou fonksyone.

Bon ! E si mezon transfè santral yo pa okouran si sikisal oubyen souzajan yo genyen atravè peyi a ap fè prelèvman iregilyè sou kliyan ki vin chèche transfè lajan yo, kisa k ap rive ? Tande byen !

Atik 3 sikilè sa a presize, souzajan yo, ki se kontraktyèl mezon transfè yo, anba responsabilite total mezon transfè yo.  Sa vle di, si souzajan sa yo komèt yon zak ilegal, se mezon transfè santral la ki responsab, paske li gen obligasyon pou l kontwòle tout antite k ap opere anba li.

Atik 4 sikilè a ale pi lwen pou l di, mezon transfè yo pa dwe angaje yo nan okenn lòt aktivite andeyò sèvis transfè lajan. Sa vle di, yo ta dwe senpman resevwa epi peye transfè kliyan yo ki sòti aletranje.

Kidonk, ou ka tou konprann, ant sa ki di nan dekrè jen 2020 an ak sa k ap pase nan plizyè mezon transfè nan peyi a, se 2 reyalite diferan. E se yon sitiyasyon ki soulve gwo kesyon sou veritab wòl BRH nan sektè sa.

N ap pwofite souliye tou, nan yon atik AyiboPost te pibliye an 2020, Reginald Neptune ki se te yon responsab transfè nan BRH te fè n konnen, pami tout enstitisyon k ap ofri sèvis transfè nan peyi a, se sèlman 4 ki kreye an fonksyon dekrè jiyè 1989 la, ki se : Sogexpres, Unitransfer, Cam transfer ak Rapid-Transfer.

Responsab la te presize, 3 lòt prestatè transfè tankou Capital transfert, BUH-Money-Gram, Unibank-Money-Gram ki fonksyone tankou mezon transfè se an reyalite depatman bank komèsyal yo ye. E, responsab la te konkli pou l fè AyiboPost konnen, Western Union se yon korespondan k ap opere aletranje.


Kamera: Sherlande Pierre

Montaj: Riquemi Pérez

Rechèch ak Redaksyon : Junior Legrand

Edisyon ak Sipèvizyon : Chérubin Jérôme

Sipèvizyon: Widlore Mérancourt


Gardez contact avec AyiboPost via :

► Notre canal Telegram : cliquez ici

► Notre Channel WhatsApp : cliquez ici

► Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici

Originaire de Jacmel, étudiant, passionné de littérature, de musique et des arts visuels, curieux du monde contemporain, Riquemi Pérez est vidéographe à Ayibopost depuis 2020

Comments