SOCIÉTÉ

Gwo defans moun Ayiti enstale nan machin yo ilegal nan plizyè peyi

0

An Ayiti, anpil chofè deside mete defans pou pwoteje machin yo nan lari a. Fenomèn sa k ap grandi pi plis chak jou reprezante gwo danje pou pyeton

An 2017, yon kamyonèt ak gwo defans kraze yon Nissan Xterra ble Jr. Detes Holmannes te genyen. Pou sitwayen sa a k ap viv Etazini jodiya, pratik mete defans nan machin lan se yon  gwo danje.

« Dèfwa yon moun mouri pandan yon aksidan se akoz gwo bout fè defans lan. Menm lè se 2 machin ki frape, gen anpil dega ki te ka evite lè pa gen defans. Onètman m pa wè poukisa yon moun mete bagay sa », daprè sa l kontinye eksplike.      

Holmannes di li remake li ka konte sou dwèt konbyen machin nan Miami, kote l ap viv, ki gen defans. « Epi lè konsa se pa mèt machin nan ki bay fè l. Se konsa li tou achte machin nan. »

Se nan lane 1904, yo kòmanse mete defans nan machin. Men yo reyalize plis defans lan pwoteje chofè a ak machin li an, se plis li mete pyeton yo an danje.

Selon yon rapò Òganizasyon mondyal sante, gen 270 000 pyeton ki pèdi lavi yo chak ane nan aksidan nan lari. Lè machin frape yon moun, jeneralman gen 2 chòk : premye a se kolizyon ak machin lan epi lòt la se frap pyeton an pran lè l tonbe. Gen anpil rechèch ki pwouve, pi fò blesi oubyen chòk fatal moun pran, se lè machin lan frape yo.

Anplis de sa, gwo defans yo enstale yo konn pafwa anpeche « airbag » machin lan deklanche lè gen yon aksidan.

Se pou sa, jounen jodi a, gen anpil egzijans ki fèt pou materyo ki nan defans yo pi mou, pou yo ka pwoteje ni chofè, ni pyeton. An End yo entèdi gwo defans an metal yo. Etazini ak pi fò peyi an Ewòp mete kondisyon pa yo sou koze sa a. Gen gwo defans ki entèdi pou woule kote k gen moun. Men nan peyi Dayiti, Kòd wout la pa di anyen sou sa. Poutan, pratik mete gwo defans lan ap vale teren chak jou pi plis.

Defans bay pwoteksyon

Wilner Joseph ap kondi kamyonèt depi omwen 8 lane. Pou kounya li fè trajè Bwamokèt pou Petyonvil. Chofè transpò a deklare li pa janm pa mete defans nan machin li aprè yon lòt machin te rantre sou li.

« Lè sa, devan machin mwen an te kraze nèt. Malgre se mwen ki te gen rezon, mwen fè yon bann monte desann nan asirans pou gran mèsi jiskaske se mwen k te ranje machin nan », daprè sa Joseph eksplike.

Selon sa l di, defans lan pwoteje machin nan kont lòt sa k ap vini anfas ou. « Lè sa lòt chofè fè atansyon avè w, yo pa monte sou ou nenpòt kòman. Lè w gen priyorite se ou k pou di yon machin pase pou l pase ».

Anplis de sa chofè a estime defans lan ap pwoteje l si ta fè yon aksidan. Men Wilner konsyan l ap fè plis dega si l ta rive frape yon moun. Li fini pou l di lapolis pa janm ba l pwoblèm poutèt li mete defans.

Tout moun met defans

Pratik mete defans lan vin yon mwayen pou yon chofè pwoteje machin li si l ta gen pou l frape ak yon lòt. Sa rive sitou ak nivo aksidan ki pa sispann ogmante nan lari a akoz feblès kontwòl Direksyon Sikilasyon an sou wout yo.

Konsa patikilye, enstitisyon prive, ONG e menm ofisyèl Leta mete gwo defans pou pwoteje machin yo san okenn pwoblèm. Pi souvan, yo mete l devan ak dèyè machin nan men depi kèk tan pratik mete defans sou kote yo tou ogmante.

Se pa machin sèlman ki mete defans alèkile. Chofè moto transpò piblik yo gen yon bout fè yo mete tou pou evite dega lè machin rantre sou yo.

Gigi, yon chofè moto, eksplike l pa wè rezon yon moun oblije mete bagay sa nan moto l. « Lè konsa, ou mete pasaje a an danje paske fè a ka chire rad li e menm blese l. Pa lontan, mwen temwen jan pye yon dam chire pandan l ap monte moto yon chofè ki travay menm kote avè m ».    

Gigi rakonte se Kafou Ayopò chofè yo al achte bout fè a. Lè fini se yo menm menm ki vise afè yo san yo pa bezwen bòs soudi.   

Mezi mwayen w, mezi defans ou

Depi 1997, Lubin Paul Maxime yo plis konnen sou non Marco M&S posede garaj ki rele M&S Auto Design nan. Pami sèvis li ofri yo, li mete defans etranje nan machin tankou sa ki soti Ostrali, Venezyela ak lòt peyi.

Marco revele li jwenn anpil demand pou defans sa yo. « Men pou kounya, demand lan yon ti jan redui akoz sitiyasyon sosyoekomik peyi a », daprè li. Mete yon defans koute ant 700 ak 2500 dola ameriken. Selon sa antreprenè a di, pri yo varye selon kalite pwodui a.

Daprè li, defans lan pwoteje chofè a kont aksidan epi gen aspè dekorasyon an tou. Men pou Marco, si machin ki gen defans sa yo frape yon moun se vitès chofè a t ap kondi a k ap detèmine dega k ka fèt yo.

Lè nou vizite sit entènèt «ARB» a, ki se youn nan mak defans nou wè anpil an Ayiti, enfòmasyon yo klèman di pwodui a esansyèl pou wout «andeyò e ki izole kote w ka kontre ak bèt.» Menm pou mak Dobinson nan, yon lòt mak defans, yo montre pwodui a fèt pou moun k ap pran wout ki kòryas. Donk, mitan vil pa ladan l.

N ap raple 2 konpayi sa yo yo menm chita kò yo nan peyi Ostrali, youn nan kote ki gen anpil bèt ki frekante wout yo. ARB pa neglije mansyone li met asye nan defans li fè yo.

Se pa tout moun ki rive mete yon defans etranje nan machin li akoz pri a. Chofè kamyonèt yo pa egzanp se yon bòs fewonri yo jeneralman bay fè l pou yo. Alain Moïse, yon bòs fewonri depi 22 zan konn fè oubyen mete defans pou chofè. Li rakonte li menm se fè tiyo pous ¼ medyòm li met ladan yo.

« Pou limyè dèyè machin nan, mwen mete pous ½ oubyen yon pilye 2/4 », selon bòs Alain. Anplis de sa, chofè yo konn mande pou yo mete yon seri de pik tou long arebò defans lan. « Lè sa, se pou anpeche moun apiye oubyen chita sou li », toujou daprè bòs la.

Bòs Alain rekonèt defans lan pwoteje machin nan ak chofè a nan ka aksidan. « Men si machin nan pèdi fren l al jwenn ak yon moun, l ap koupe tout zo dèyè l », daprè bòs Alain ki ri pandan l ap di sa.

Mete defans, yon mank koutwazi

Garnel Michel, konsiltan nasyonal pou STOP Accident, di l pa jwenn okenn rezon pou yon moun mete yon defans nan yon machin sinon yon mank koutwazi. « Se vre nou rele l defans, men pou anpil moun tankou ofisyèl nou yo li plis sanble yon atak paske l sèvi jeneralman pou atake lòt machin nan lari a », daprè konsiltan an.

Garnel Michel ki te travay pandan plizyè tan nan nivo egzekitif Leta a di li konn remake jan moun yo ap fè rekizisyon pou yo achte yon defans ki koute plis pase 100 000 goud alepòk.

Pou li, anpil dega te ka evite lè on aksidan fèt si pa t gen defans. Menm lè w al frape nan yon mi, fòs chòk la ka fè l tonbe sou ou, selon Garnel Michel.

« Nou gen anpil ka kote menm polisye k ap fè sikilasyon nan mitan lari a konn viktim machin ki gen defans. E nou pa konn okenn kote Leta bay règleman sou kesyon defans sa », selon Garnel Michel ki di Lwa yo ta dwe fèt pa rapò ak pratik yo.

Pi gwo espas viv ansanm, selon Garnel Michel, se lari a paske se la w jwenn moun tout ran sosyal. « Se la pou yon moun pratike koutwazi. Nan mond lan yo selebre semèn koutwazi sou volan chak 2 zan paske yo remake se mank koutwazi ki lakoz anpil nan aksidan ki fèt yo », daprè konsiltan an ki kwè se yon moman pou yo ta lanse refleksyon sou sa an Ayiti.   

Journaliste et communicateur

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *