SOCIÉTÉ

«Gouvènman pa ba nou privilèj pou nou jwenn kò fanmi nou pou antere»

0

Anpil moun k ap viv nan katye popilè deklare prèske chak jou gen pou piti yon moun ki tonbe anba bal endividi ak zam. Lè jan de zak sa yo rive, anpil fwa kò yo konn rete sou plas paske laperèz konn lakòz jij de pè pa vle vin fè konsta

Bruno Jeanty se yon chofè moto nan yon 40 lane konsa. Li ap viv Matisan ak fanmi l. Malgre tout ensekirite ki genyen nan zòn nan, mesye a pa janm demenaje. 14 out 2019, Bruno Jeanty pa rantre lakay li. Maryse Jeanty ki se nyès Bruno deklare tonton li pa gen abitid dòmi deyò. Se nan demen maten vè midi kèk vwazinaj fè fanmi an konnen chofè moto a te mouri depi nan yè vè 4è.

« Daprè enfòmasyon nou jwenn nan men moun nan zòn nan ta sanble se yon polisye ki tire tonton m Matisan 15. Lè nou fouye plis, nou dekouvri se yon moun ki te gen pwoblèm ak viktim nan ki mete yon inifòm lapolis sou li, pou li tire l», Maryse Jeanty k ap pale.

Aprè sa a, Maryse Jeanty mansyone fanmi an te kouvri kò a atè a ak yon dra blan.

Matisan 15, daprè dam, nan se yon zòn fwontyè sa vle di si yon polisye pa moun zòn nan oubyen si l pa nan konivans ak bandi zòn lan, li pap ka rantre.

Kidonk, se fanmi Jeanty ki te fè demach bò kote pa l pou leve kò a. « Nou te gen kontak yon jij nan tribinal seksyon Sid la, se sa ki te sove nou. Si se pa t moun pa nou jij la te ye, li pa t ap deplase paske Matisan pa t bon ditou nan epòk la. Finalman, nou te rive fè antèman an. Si nou pa t fè demach sa yo, tonton m te ka fè yon pakèt tan atè a tankou sa konn fèt deja nan zòn nan. »

Elize Pierre, yon jèn gason ki ap viv Kafou Fèy di nou gen yon ravin ki separe zòn Fò mèkredi ak yon lòt kote ki rele Site 9. Se nan ravin sa a bandi souvan tire moun daprè jèn gason an. « Tout ravin nan konstwi, li gen wout ladann pou moun sikile. Gen 2 pon ki fèt pou moun ka travèse pase nan ravin nan. Se sou pon sa yo, bandi yo konn kanpe pou yo fè krim yo », toujou Elize Pierre.

« Pandan 2 fwa gen kò ki rete pouri nan ravin nan. Gen yon kò menm, kochon te kòmanse manje l. Lè moun nan zòn nan wè sa a, yo rele anbilans vin ranmase yo san prezans jij de pè. Pafwa se moun nan zòn nan ankò ki leve mò yo ak men yo al met nan machin anbilans lan paske anplwaye yo konn pè desann », daprè jèn gason k ap viv Kafou Fèy la a.

Jij Jean Frantz Ducas ki afekte nan tribinal de pè seksyon Ès di nou kèlkeswa moun nan pa sipoze leve yon kò san prezans jij de pè. Daprè majistra a, lè sa a rive fèt se yon enfraksyon ki komèt. Toutfwa, jij la mete yon bemòl. Li di : « lè gen yon sitiyasyon espesyal, fòk gen yon solisyon espesyal. Gen anpil fwa se nan mòg m al fè konsta yon lanmò anvan demach antèman yo fèt. »

Moun Bèlè pa jwenn kò fanmi yo pou yo antere

8 novanm ki sot pase a Rezo nasyonal dwa moun yo An Ayiti (RNDDH) sinyale gen yon masak ki te kòmanse 4 novanm nan zòn Bèlè. Selon rapò òganizasyon an gen pou piti 15 asasina ki fèt. RDNDDH endekse pouvwa an plas la nan masak sa a.

Daniel Jean, yon moun ki ap viv nan zòn nan fè konnen : « Gouvènman an pa ba nou gwosè privilèj sa a pou nou jwenn kò fanmi nou pou nou antere. » Li kontinye pou l di chak fwa gang yo fè yon atak yo pa kite viktim yo atè a. Si gen mò, se swa yo ale avèk kadav la pou yo boule l sou wout oubyen yo tou boule l sou plas. « Se sèlman twazyèm jou lòbèy gouvènmantal la nou te wè yon gwoup chen ki tap batay pou yon rès bra ki pat fin boule nèt nan Ri Monseyè Giyou tou pre Ri Timas. Menmsi paran viktim nan ta la, li ta p difisil pou l idantifye yon moso ponyèt tou flanbe », Daniel Jean ki t ap kontinye pale.

Abitan Bèlè a soulinye pa manke prezans lapolis nan zòn nan poutan otorite sa yo pa janm rantre ak jij de pè vin fè konsta. « Nan rantre ansyen aviyasyon an gen yon baz CIMO, anfas li gen enspeksyon jeneral. Gen yon sou komisarya Pòtay Sen Jozèf ki nan pwent Ri dèranpa. Sou Fò nasyonal gen yon baz BOID ki toujou la. Tout briganday sa yo ap pase anba je otorite polisyè yo. ankenn jij pa janm konstate zak kriminèl sa yo », toujou Daniel k ap pale.

« Jij de pè yo deja brave anpil danje, yo pa kapab ankò. » Pawòl Jean Frantz Ducas, jij de pè

Pou sa ki rive Bèlè a jij Jean Frantz Ducas fè konnen jij yo pa ka rive paske yo pa gen ankenn asistans. Majistra a souliye jij de pè yo gen pou devwa vin fè konsta tout kote ki gen yon kò san vi atè menmsi se pa nan zòn kote yo ap travay.

Sepandan, nan dènye tan sa yo, travay la sanble vin konplike daprè jij Ducas. « Pou jij de pè al fè konsta nan zòn danje sa yo, li oblije gen konkou la polis. Fòk sèn krim nan gentan sekirize deja. Jij k ap deplase a fòk lapolis akonpanye l. Polisye yo pou kont pa yo, yo pè. Si bakòp k ap akonpanye jij la aprann sou lye krim nan pa deja gen lòt polisye, li p ap deplase. Pou zafè anbilans la menm se pa pale. Anplwaye yo gen plis pase 2 mwa yo pa touche, yo pa pral met tèt yo an danje. Se pa movèz fwa nou genyen si nou pa al fè konsta jan sa ta dwe fèt. Jij de pè yo brave anpil danje deja, yo pa kapab ankò. »

Daprè majistra a, menm lè yon kò boule, jij de pè dwe pran konsta pou l bay rapò. « Lè nou fè konsta, nou idantifye tout eleman tankou grenn bal nou jwenn sou sèn krim nan. Nou kesyone temwen ki sou lye a. Lè nou fini, nou dwe redije yon pwosè vèbal bay pakè pou lajistis li menm ouvri yon ankèt sou sa ki pase a. »

Daprè jij la bandi yo ki konnen enfòmasyon sa a, lè yo fè yon zak asasinay yo tou disparèt kò a. « Lè yo sere kò a, yo met pinga pou jij de pè pa rantre.  Mwa oktòb ki sot pase a la, m t al fè konsta Matisan. Depi 1e rive 4e Avni se kadav. M fè konn nuit ap ranmase mò. Gen de lè m ap parèt lakay mwen epi telefòn mwen sone pou m al ranmase kò moun atè. Anpil fwa se anba bal m ap rantre. jij de pè yo ka pa toujou fè travay yo men yo p ap ka rive san sipò Leta. »

Jiskaprezan Daniel Jean di nou gen kò ki boule anndan Bèlè toujou.

*Aprè non jij la, tout lòt non nou itilize nan atik sa a pa vrè non moun yo.

Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Elle a remporté l'édition 2021 du Prix Philippe Chaffanjon. Actuellement, Laura Louis est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *