AYIBOSPORTCULTURE

Foutbòl fè lang kreyòl la vin pi rich

0

Pran gòl, vle di yon moun bon sou ou. Bay gòl; ou bon sou yon moun, oubyen bay gòl a men, ki vle di yo bon sou ou tankou ou te yon timoun

Foutbòl se espò ki pi popilè an Ayiti. Se tou yon aktivite ki pote anpil nouvo mo ak espresyon pou kreyòl ayisyen an.

Nan lang kreyòl la, yo rele foutbòl la boul. Anpil mo jounalis itilize lè y ap prezante match yo vin rantre nan lang nan. Pa egzanp genyen wonfle, ki vle di toupizi, toup pou yo, kite l mache, ki vle di  pa kanpe aksyon an, balon an nan pye w, elatriye.

Animatè foutbòl yo pran mo nan lang nan epi itilize yo lè y ap bay match boul. Men, gen mo ki te deja egziste andedan vokabilè foutbòl la, ki rantre andedan lang kreyòl ayisyen an, nou ap itilize. Nou ka pran egzanp gòl la, ki gen plizyè fason ou kapab itilize li: pran gòl, ki vle di yon moun bon sou ou, bay gòl; ou bon sou yon moun, oubyen bay gòl a men, ki vle di yo bon sou ou tankou ou te yon timoun.

Animatè foutbòl yo pran mo nan lang nan epi itilize yo lè y ap bay match boul.

« Espresyon ak mo sa yo, kwonikè yo jwenn yo nan lang kreyòl la pou yo kreye vokabilè foutbòl la, men yo pèmèt lang lan avanse tou, yo nan yon rapò ban m m a ba w » sosyològ Illeus Papillon fè konnen.

Patrice Dumont pami moun ki jwe ak lang lan pou kreye yon vokabilè nan anime match. Li se yon jounalis, pwofesè kominikasyon ki renmen foutbòl anpil. Li abitye prezante boul nan radio. Patrice Dumont gen yon esperyans nan palman peyi a antanke senatè tou.

Se depi l gen 4 an ansyen prezantatè a kòmanse enterese a boul. Menm ane Jean Claude Duvalier ale, li kòmanse retransmèt match foutbòl. Ti pas kout, mouri jwèt la, balwomanès, bon boul, ren teren, se kèk nan espresyon foutbòl li envante.

Li tou: On ne produit pas assez de livres en créole haïtien. C’est un problème.

Bleuette Dieudonné se yon gwo fanatik foutbòl. Li te kòmanse tande Patrice Dumont lè li t ap bay match boul nan radyo. Pou li menm, senatè a se papa nouvo animatè espòtif yo, nan mo ak espresyon y ap itilize yo, ak nan fason yo esplike match la.

« Patrice komik anpil, Dieudonné di. Pa egzanp, se li ki kòmanse ak espresyon Wi fout la. M sonje yon match l ap anime, olye li di jwè a fè yon drib, li pito di jwè a fè yon sentiwon, oubyen li fè yon bekàn. Se mòd bagay sa yo ki fè tout moun te renmen tande li. »

Dieudonné sonje animatè a byen paske li te yon antistrès pou li dapre sa l di. « Patrice te konn di bal womanès. Se gadyen an ki te rele womanès, men, jan misye te konn kenbe balon an lè l ap soti pa anlè, animatè a te konn annik di balwomanès pou li, sa vin fè, fason gadyen kenbe balon an ovòl, tou vin rele yon bal womanès kounya an kreyòl. »

Ou ka li tou : Timoun ki pale kreyòl kontinye ap pase move moman nan lekòl Ayiti

Cherlie Rivage ki se lengwis, epi ekriven, ki fenk pibliye Kadans, yon rekèy pwezi, fè konnen fenomèn sa gen pou wè ak sosyo lengwistik. Se yon branch andedan lengistik la ki voye je sou fason lang lan ajanse l andedan sosyete a, epi jan moun yo itilize l.

« Gen nouvo mo ki konn fòme a pati mo ki egziste deja, nou ka pran egzanp madan papa, ki konpoze ak de mo ki deja gen sans yo andedan lang lan. Lè yo pran yo mete yo ansanm, li vin bay yon nouvo mo ki gen yon nouvo sans. »

Lang nan depann de sosyete a. Se pou sa li pa rete rèd, li ap bouje. Sa vle di, tankou moun andedan sosyete a ap evolye, konsa tou lang lan ap evolye. Pafwa, se apati mo ki egziste deja andedan lang lan ou fòme nouvo mo oubyen espresyon nou yo.

Lang nan depann de sosyete a. Se pou sa li pa rete rèd, li ap bouje.

Senatè a esplike mo li konn itilize yo, se nan lang nan li jwenn yo deja. « Mwen pa konn kalkile alavans ki mo m pral itilize. Yo sòti yon ti kal nan kilti jeneral mwen, pi fò nan kilti espesifik foutbòl mwen ak kilti popilè ayisyen an. Se nan gagè, rara, ak sou teren foutbòl nan tout peyi a m konn tande yo. »

Pou ansyen animatè a, sa k fè pratik envante mo ak espresyon enpakte moun  se paske l al pran yo dirèkteman nan reyalite nou kòm pèp.

« Yon pèp, tankou yon moun, renmen miwa. Yon pawòl ki fè sans se miwa pou yon pèp.Yon travay kòmantè espektak espò gen aspè enfòmasyon an, men tou yon estil, plis toujou: yon espri. Ekspresyon ki vin ikonik yo se omaj pou lapawòl. Si m kontribiye nan sa, se yon satisfaksyon pou mwen. »

Li tou: Lang kreyòl la sibi anpil diskriminasyon nan medya an Ayiti

Kreyasyon sa yo enfliyanse kèk pwofesyonèl. Rudy Thomas Sanon ki konn bay match epi ki animatè nan AyiboSport ak radyo Ibo di ansyen senatè a patisipe omwen a 40% nan fè l vini yon prezantatè foutbòl. Li rakonte depi l gen lespri li renmen espò sa, e li te toujou apresye koute Patrice Dumont k ap prezante li. Se sa k ta pral fè depi l gen 24 an, li kòmanse li menm tou anime match boul nan televizyon ak nan radyo.

Se pa foutbòl sèlman ki pote richès sa yo nan lang kreyòl ayisyen an. Literati, sinema ak mizik fè sa tou. Dapre Cherlie Rivage, li enpòtan pou n analize ki kategori moun andedan sosyete a ki reprann nouvo mo ak espresyon sa yo e ki itilize yo. Paske, dapre li, gen yon relasyon ki egziste ak reyalite sosyal yon moun epi fason li pral esprime li nan lang lan.

Li raple tou, kreyasyon osnon itilizasyon nouvo mo yo fèt an reyaksyon a yon pratik sosyal, paske pratik yo egziste avan nou jwenn kijan pou nou rele yo. Nan sans sa, toutotan ap kontinye gen pratik moun ak moun andedan sosyete a, ap kontinye gen nouvo mo, ak espresyon.

Chawa pete, zizirit pi rèd, madan papa, elatriye, se kèk lòt espresyon nou itilize pafwa lè n ap  pale kreyòl ayisyen. Pou anpil ladan yo, se nan mizik yo soti. Dapre lengwis la, fòm kreyasyon sa yo andedan lang lan fèt yon fason analojik, e yo reponn a yon reyalite sosyal. Yo temwaye tou kijan lang lan ap evolye.

Foto kouvèti : Footeuse

Melissa Béralus est diplômée en beaux-arts de l’École Nationale des Arts d’Haïti, étudiante en Histoire de l’Art et Archéologie. Peintre et écrivain, elle enseigne actuellement le créole haïtien et le dessin à l’école secondaire.

    Comments