SOCIÉTÉ

Foto | Machann legim nan Tèt Dlo gen espwa, malgre anpil difikilte

0

Jou mèkredi ki te 17 mas la, AyiboPost te fè yon pase nan mache Tètdlo Petyonvil la pou pale ak kèk machann sou difikilte yo rankontre nan mache a. Nou te pwofite pale ak Dominique St-Roc ak Kesner Normil, ki se youn aprè lòt, ansyen majistra komin Petyonvil ak prezidan konsèy minisipal enterimè k ap jere komin nan

A 5è 37 nan maten, li pa t ko menm fin jou, poutan pa t gen kote pou pike zepeng nan mache Tètdlo, tèlman te gen aktivite. Motosiklèt k ap pote machann ak machandiz prèt pou pase sou machann yo ki layite kò yo atè a. Moun ki vin achte yo menm se sou kote yo oblije pase pou kite plas pou sikilasyon. Mache a cho ak bri. Radyo ap bay tout pwogram, nouvèl, mizik tout tandans, san konte vwa machann ak moun ki vin achte k ap fè regleman.

« Sitwon an pa vann menm jan anko, li monte », sa se vwa yon dam nan yon swasant lane konsa k ap pale ak yon kliyan. Li rele tèt li Bongrenn. Anplis de sitwon, Bongrenn ap vann legim, bannann ak kèk lòt pwodui ankò. Ak mouchwa nan tèt li, wòb li sou li, dam nan enstale li devan komès li. « Depi kat an m ap vann la. M se moun Kòtdefè, se la m te konn vann pwodui kosmetik, m te vin kite l paske m t ap chache plis avantaj. Men, bagay yo pa bon menm kounya. Peyi a vin kraze, pa gen lavant. »

Pou kounya Bongrenn tou vin abite anwo Tèt Dlo ak kat pitit li ki yo menm tou ap vann nan mache a. Malgre ensekirite ki anpeche moun sikile libelibè nan peyi a, Bongrenn fè konnen se pa atè isit l al fè mache. « Se jis Lestè, Latibonit, m al achte. Gendelè nou dòmi nan bwa. Souvan vòlè pran kòb sou machann yo men mwen menm sa poko rive m. Nou priye kanmèm. Bondye pa ka kite yo pran nou tout. »

Se pa tout machann ki fè menm trajè ak Bongrenn pou al achte. Genyen se Kenscoff nan jaden peyizan y al achte pwodui yo bezwen an. Konsa a tou gen de fwa se Jakmèl oubyen Malpas y ale. Se ka Fritznel, yon jenn gason k ap vann piman nan mache a depi plis pase dis lane.

Konsève pwodui yo

Menmjan ak Bongrenn, Fritznel pa pou kont li, madanm li ap vann kote l. Men pou kounya, dam nan nouris, se Fritznel ki rete nan lari a pou degaje l poukont li. Jèn gason sa a pa plenyen pou lavi chè. Li deklare, piman an gen benefis ladann. Pou konsève machanndiz sa a, Fritznel gen yon seri panye an plastik. « Depi ou mete yo nan panye sa yo, ou p ap pèdi piman an. Men fòk ou konnen kijan pou fè l », pawòl mesye a.

Li tou: Un incendie. 13 enfants morts. Et un déni de justice à Fermathe.

Tout machann pa rive sove machandiz yo menmjan ak Fritznel. Bongrenn pa egzanp esplike li pa konn ankenn teknik pou kenbe legim yo fre. Sonalie Germain, yon lòt machann ki vin achte kawòt an gwo pou al vann an detay t ap plenyen kijan kawòt yo konn ret pouri nan men l, lè pa gen afè. « Lè gen lavant ou ka vann tout kawòt la yon sèl jou men konsa tou, li konn rete kat a senk jou », madan Germain k ap pale.

Sonalie Germain se yon madanm ki parèt nan 40 lane. Li fè konnen, li t al lekòl, li marye, li fè pitit men l pa t janm jwenn travay. « Pa gen travay nan peyi a, nou oblije chache yon biznis pou moun pa konn afè nou. »

Lòt pwoblèm ankò 

Sonalie Germain ak kèk lòt machann ki te nan mache a soulve lòt pwoblèm machann yo rankontre anwo Tètdlo. Anndan mache a menm, medam yo fè konnen yo pa ansekirite. Se nan yon ravin mache a ye, lè lapli tonbe se gwo dega ki fèt. « Lè dlo a pase, li ale ak tout sa ki sou wout li, moun, machin, moto, kabrit bèt, kochon ak chay nou. Nou pèdi anpil machann konsa », youn nan machann yo ki t ap pale.

Gen kèk machann ki eseye evite ravin nan pou al pi ba mache a men se nan bouch louvri ak pwopriyetè kay ki nan zòn nan, yo vin tonbe. « Pa gen kote pou n chita. Pa gen kote pou n dòmi. Nou pa gen mache. Meri a pa jan m di nou anyen », yon lòt machann ki t ap plenyen.

Pwojè ki pran tan pou ateri

« Mache Tètdlo se yon mache enfòmèl ki nan mitan yon galèt. Se pa yon mache estriktire. Li pa menm gen yon depo ak twalèt ladann. Lè lapli tonbe se nan yon galimatya moun yo ye anlè a. » Sa se deklarasyon Dominique St-Roc ki se ansyen majistra komin Petyonvil. St-Roc fè konnen gen anpil moun ki ale nan mache la, tankou moun ki sot Tomasen ak Pèleren.

Pandan manda l la, Dominique St-Roc di li te gen plan pou konstui mache a. Sepandan, li te priyorize mache Kokoye a paske machann yo te twò gaye nan lari. « Sa a te koute nou 30 milyon goud. Nou te deja depanse 30% pou demaraj pwojè a. Lè nou te vle panche nou sou mache Tètdlo a, manda nou te deja fini. » Dominique St-Roc di l pa gen ankenn sètitid ekip ki la kounya  a ap kontinye pwojè ki te kòmanse yo.

Sou bò pa li, Kesner Normil, ki alatèt konsèy enterimè Meri Petyonvil la pou kounya fè konnen li deja tanmen yon pwojè pou konstui yon mache tounèf pou moun anwo Tètdlo yo. « Avèk anbasad peyi la Chine, nou prevwa fè yon mache tankou sa ki Akayè a, yon mache ak etaj. Se akoz Covid-19 la ki fè anbasadè a pa avanse ak nou sou pwojè a. »

Pou kounya, Kesner Normil poko konnen kibò li pral plase mache Tètdlo a ki jiskaprezan chita kò l nan yon ravin. Ajan egzekitif enterimè a deklare li difisil pou yo jwenn yon lòt kote nan komin Petyonvil la pou mete mache a. « M panse anbasad la Chine ap voye ekspè pou vin fè yon etadèlye. Konsa n ap konnen kibò n ap plase mache a », pawòl Normil ki ajoute li sou yon bon pant pou pwojè konstriksyon mache anwo Tètdlo a.

Laura Louis

Se Valérie Baeriswyl ki fè foto yo

Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Elle a remporté l'édition 2021 du Prix Philippe Chaffanjon. Actuellement, Laura Louis est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *