CULTURESOCIÉTÉ

Fèt Gede pase anba bal fann fwa nan Gonayiv

0

Sanzatann, yon nonm cheve trese debake ak yon zam fann fwa nan men li. L ap gade nou fiks. Pandan Guyvens mande nou avanse vin jwenn li aprè l te deplase, mouche a pa aksepte

Li te 11 zè 17 minit jou dimanch premye Novanm 2020 an lè nou te rive nan kafou Bigo, nan rantre vil Gonayiv lè w soti Pòtòprens. Se nan katye sa pèleren kon n vin fete Vyèj Altagras chak janvye.

Solèy la pat ko laji zèl li lè yon foul vodouyizan ki abiye an nwa e mov te fòme yon wonn pandan yo t ap chante. Yon jenn demwazèl ki kapab gen yon 30 lane konsa, pye atè, tchatcha ak yon chandèl limen nan men li, ap fredone yon kantik nou pa te ka konprann. Li nan mitan wonn nan. Akote li, gen yon laye kote mayi griye fè kenken, pafen florida, poud bebe, kola wouj, boutèy wonm Babankou mare plizyè ne ak yon mouchwa wouj, pistach griye, tabak, elatriye… Kòtakòt ak laye a, yon ti kivèt blan chaje piman. Yon pòtre Jhonny Deep alyas Jack Sparrow aktè prensipal fim « Pirat Karayib yo » nan yon twal blanch kole nan yon poto EDH sèvi dekorasyon nan selebrasyon Gede a.

Laye ranvwa nan kafou Bigo. Foto: Valerie Baeriswyl / Ayibopost

Yon jenn gason mens, bèl longè, min li byen mare, rale frèt kach li, li pase tè a yon sèl kout frèt. Seremoni an vin pi andyable. Gede men piman !

Plis tan ap pase, solèy la menm ap kale je l, pandansetan, Gede menm tèt glas anba chalè ragagann nan. Li pa prese. Sa l ap fè a, se li l ap fè.

Kwiy boutèy piman gede yon patisipan. Foto: Valerie Baeriswyl / Ayibopost

Yon tradisyon 8 lane  

Se yon platfòm òganizasyon vodouyizan ki rele Fanmi Òganizasyon Vodou pou Devlopman Latibonit (FOVDA) ki pran inisyativ pou fè defile Gede sa nan vil Gonayiv. Sa gen 8 lane depi vodouyizan sa yo te tanmen aktivite sa.

«  FOVDA kreye depi 2003. Se yon òganizasyon ki la pou fè sosyal ak devlopman. Nou gen yon kès pou ede ti machann ki nan vodou a, nou prete yo kòb pou fè komès » daprè sa kòdonatè estrikti a Jean-Claude Noël fè nou konnen. FOVDA gen lokal li nan katye Dekawo. Rèv regwoupman sa ki gen anviwon 23 òganizasyon vodouyizan, daprè sa sekretè jeneral la Charles Edouard Zéphirin fè nou konnen, se batay pou Leta ayisyen kreye yon chapèl pou voudouwizan yo fè seremoni, epi yon lekòl nasyonal pou sektè a.

Jean-Claude Noël, kòdonatè FOVDA. Foto: Valerie Baeriswyl / Ayibopost

12: 34, solèy la desann tansyon li. Gede yo kòmanse pèdi pasyans. Yon jenn gason, je li paka louvri nèt, tèt li sanble chaje kou legba ak tafya, di n konsa : « Nou paka pa ale nan simetyè a. Sa ki prale, an n ale ».

Jean-Jacques Alexandre, yon pèsonaj ak yon mayo nwa ki ekri dèyè do l « sécurité » di nou konsa : « Simityè a louvri, men bout nou se bout simetyè  a n ap rive, ane sa nou pa p ka pase Raboto. Teren an pyeje ak yon seri vakabon k ap fè dezòd. N ap rive bò Madan Kolo sèlman. »

Youn nan gwoup medam ki te nan defile gede a. Foto: Valerie Baeriswyl / Ayibopost

Simetyè Gonayiv sal kon peny ti dan

Anviwon yon dizèn gwoup vodouyizan, mete ak de kamyon k ap woule mizik epi youn kote gen miziyen k ap jwe tanbou ak banbou anndan l, ap mete anbyans nan kafou Bigo.

Chalè a kontinye monte disèt wotè. Aprè yon sèvitè fi n chante « Boukmann nan Bwakayiman, nou lonmen non w, nou pa detounen w … Papa Boukmann peyi nou divize, lafanmi dozado. Nou pa te fè Bwakayiman pou n sèvi letranje », delegasyon an pran wout nasyonal #1 an pou li. Yon blokis tèt chaje ; mizik nan opalè, melanje ak sa mizisyen ki sou plas ap jwe, fin awoyo. Yon kakofoni wòdpòt. Ou pa konn sa pou w tande. Pifò moun nan delegasyon an ki abiye an mov e nwa, k ap danse, se fanm. Moun yo chèlbè kon pan.

Youn nan patisipan yo sou wout nasyonal #1 an. Foto: Valerie Baeriswyl / Ayibopost

Foul la kòmanse grandi. Lè yo rive nan katye Dekawo, ki pa twò lwen Plasdam ak simityè vil Gonayiv la, nou pran yon moto pou n kouri al devan nèt pou tann delegasyon an ki ta dwe rive nan simityè prensipal Site Endepandans la nan yon bat je .

Simetyè principal vil Gonayiv. Foto: Valerie Baeriswyl

Se konsa nou ateri nan simityè prensipal vil Gonayiv. Se tankou yon espas ki abandone tèlman fatra anvayi li nan tout rakwen. Vye sèkèy, tonb kraze, matyè plastik fè de pou senk nan simityè a. 

Yon n nan gwoup medam yo ki te nan gede a. Foto: Valerie Baeriswyl / Ayibopost

Bal chante, Bawon pa met pwent pye l nan simetyè

Nou kwaze anviwon yon dizèn jenn melanje ak kèk granmoun vodouyizan ki vin pote ofrann pou mò. Epi se konsa nou tonbe bay lodyans pou fè lè pase annatandan delegasyon an rive. Youn nan jèn yo tonbe montre nou espas sakre yo nan simetyè a. Se konsa nou rive devan Bawon. Detwa jenn gason chita sou chèz ap bay lodyans. Otèl kote Bawon resevwa ofrann nan fèt an beton, li pentire an nwa e mov.

Youn nan tijèn yo di se yon atis ki rele Guyvens ki fè travay sa, se pa administrasyon simetyè a. Li rale telefòn li, li di atis la jounalis ap mande pou li. Se konsa, aprè yon tikadè, Guyvens debake sou moto epi l tonbe ban nou lodyans. Jenn gason sa soti nan katye Bigo ki tou pre Dekawo. « Pa t ap gen Gede ane a. Se depi bò 6, 7 tè yo konsa bal ap chante. Pòtay simityè a te kadnase. Mwen ale Raboto, mwen di mesye yo : si n bloke lwa yo, nou anpeche yo fete, y ap bloke nou tou. Se konsa mwen te rive louvri pòtay simityè a. Direktè a pè, li pa mete pye depi yè ».

Yon sitwayèn k ap fè demann devan Bawon nan simetyè Gonayiv. Foto: Valerie Baeriswyl / Ayibopost

Pandan Guyvens ki bay tèt li non Brav Gede ap pale ak nou, yon rafal bal otomatik pati. Tout moun panike. Kèk jèn ki soti nan katye Dekawo ki te prezan pandan kònvèsyon an move kon kong. Youn ladan yo di n : Simityè a se sou kontwòl Dekawo li dwe ye. Se teritwa nou ». N ap raple simityè a twouve l nan rantre katye Jibile ki se yon pwolonjman katye Raboto. Gen moun ki konsidere pa gen diferans ant Jibile ak Raboto, se menm katye a. Plizyè ri kòmanse Raboto, y al bout Jibile, bò simityè.

Guyvens ki akote zèv li mèt Agwe, bò lanmè anba Raboto. Foto: Valerie Baeriswyl

Defile Gede a pa pran chans rive nan Simityè a. Nou pase yon bon ti tan anndan. Se konsa, li te gentan 3 zè laprèmidi lè Guyvens Brav Gede soti ak nou deyò simityè a. Li pran direksyon Raboto. Nou te anvi konnen sa ki pase a, rezon ki fè tout tire sa.

Yon patisipan nan gede a sou wout nasyonal #1 an. Foto: Valerie Baeriswyl / Ayibopost

Manch long, foul otomatik

Guyvens rale telefòn li, li mande pasaj. Men entansyon li se ta mennen nou bò lanmè a pou n al gade yon estati li fè pou mèt Agwe.

Nou pase devan Lise Jean-Robert Cius ki preske fasafas lopital Raboto a. Pandan nou fi n travèse yon barikad an fè, nou al alteri sou yon jenn gason figi plen poud ki pote yon zam manch long nan men l. Figi mouche a pa di n byenvini ditou.

Sanzatann, yon nonm cheve trese debake ak yon zam fann fwa nan men li. L ap gade nou fiks. Pandan Guyvens mande nou avanse vin jwenn li aprè l te deplase, mouche a pa aksepte. Li di n rete kanpe kote n ye a. Nou fè tantativ al chita anba yon galri paske pye n te kòmanse fè n mal, nonm nan di negatif. « Pa chita la, fè bak ». Nou oblije kanpe sou 2 pye militè nou jiskaske nou jwenn otorizasyon pou n al gade estati mèt Agwe anba Raboto, akote twou sèl yo.

Kèk sitwayen ki pote ofrann pou mò nan simetyè Gonayiv. Foto: Valerie Baeriswyl / Ayibopost

Epi se konsa nou kwaze yon jenn gason ki te mete yon bout chòt ki gen yon mak ki sanble ak san. Li di nou se lopital li soti ak yon dam ki te tou pre simetyè a nan moman tire a, ki pran bal. Li fè nou konnen bal la rafle plizè moun.

Nou mache rive prèske nan dènye pwent Raboto, bò lanmè a, kote yo fabrike sèl kuizin. Se la Guyvens montre nou yon estati an beton li reyalize pou mèt Agwe, estati a te gen yon mouchwa wouj nan men dwat li.

« Retire mouchwa wouj la nan men Agwe. Si n kite l, twòp san ap koule », se konsa Guyvens te pale ak jèn ki te di nou li mennen dam ki te pran bal la lopital.

Youn nan moun ki te nan tèt defile a. Foto: Valerie Baeriswyl / Ayibopost

Li te katrè konsa lè nou kite Roboto. N ap raple katye sa se baz Amiot Metayer alyas Kiben, ansyen chèf lame Kanibal ki te konn nan lese frape ak Dekawo ki te gen nan tèt li Guy Poupoute nan lane 2002. Men aprè asasina Kiben an 2003 kote manm lame Kanibal yo te akize ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide, Raboto ak Dekawo ta pral rekonsilye pou yo te konbat ansanm gouvènman Lavalas la ki ta pral bat ba 29 fevriye 2004 aprè anpil presyon kominote entènasyonal la.

Feguenson Hermogène

Commentaires

Feguenson Hermogène
Feguenson Hermogène est journaliste et cinéaste. Il a intégré l’équipe d’Ayibopost en décembre 2018. Avant il était journaliste à la radio communautaire 4VPL (Radyo Vwa pèp la, 98.9 FM) de Plaisance du Nord.

    Comments

    Comments are closed.