Feminis, poukisa?
Kesyon an bèl. Depi kèk jou tèm sa lanse pou festival feminis « Nègès Mawon ».
Yap debat de sa anpil sou tout rezo sosyo yo. Sa te pousem mande tèt mwen poukisa mwen feminis ? Eske gen yon rapò kwense ant paskem se fanm e enterè m pote pou mouvman feminis lan ? Premye repons m te rive jwenn se ke mwen feminis paskem se moun. Lòt repons la, se kem pataje valè ekite, parite, egalite nan dwa, egalite chans pou kèlkeswa moun nan sosyete a. Se pou sa tou mwen toujou refize ke sèks mwen defini kisa m ye, konpetans mwen ak opòtinite m dwe genyen nan lavim pa rapò ak lòt moun nan sosyete a. Nan sans sa a, mwen toujou pote kore tout mouvman kap reklame rekonesans kategori fanm pa rapò ak tout kalite enjistis nap sibi sou baz ke nou se fanm e diskou ki vle esansyalize koze ki gen rapò ak idantite w.
Men tou, m panse nan lit feminis la, nou sipoze pridan nan fason n ap pwoblematize sityasyon fanm yo anndan sosyete matchis sa. Fòk nou fè atansyon tou pou nou pa viktim pwòp tèt nou e ranfòse prejije ki deja konstwi sou fanm tankou yo se tchoul, yo fèb, yo se pwoteje gason.
Mach ki fèt nan kad festival “Nègès Mawon” an kitem ak anpil kesyon. Pouki se ak gason nou vle reponn ? Èske lit la se yon lit fanm kont gason? Ki avantaj e ki difkilte ki genyen lè nou chwazi bay vizibilite sou kesyon tizonnay, vyòl ak vyolans vèbal fanm ap sibi anba bouch gason e anpil fwa tou anba bouch fi parèy yo? Poukisa nou chwazi fòm sa pou bay repons a problem sa yo ? Eske kalite repons sa yo rantre nan nannan mouvman feminis lan ?
Mwen kwè lit sa a ap pi efikas si se sistem patriakal la nou kesyone, si se enstitisyon yo nou chèche responsabilize nan kesyon distribisyon ak repatisyon wòl anndan sosyete a.
Repons medam yo a travè pankat yo dapre mwen pa denonse anyen. Mwen panse ke san rann nou kont, yo rete yon seri repons pou mwen ki ranfòse konsepsyon ki te deja la tankou fanm nan se kò li, se bote ak atirans fizik li, se yon bèl flè e ke li la pou admirasyon gason jan levanjil yo a ap veyikile li a travè la relijyon nan tout sosyete nou an. Ni fanm, ni gason ap enteryorize sa jis li vin òdinè e nòmal pou yo. Tout mas fanm nou genyen ki pa ka al lekòl, ki san travay, ki pa gen okenn ti limyè ak opòtinite pou pèmèt li emansipe, epanwi e sezi dimansyon vyolans senbolik nan diskou kap fèt sou fanm chak jou, yo gobe reprezantasyon ke nan sosyalizasyon yo, yo preskri yo de fanm ak gason e se sa yo aprann yo repwodui.
Mwen rete konprann ke yon lit feminis pa ta dwe vize reklamasyon idantite fanm. Men sa ta dwe fèt nan objektif pou reklame estati fanm antan ke yon manm nan sosyete a nan entèraksyon sosyal la jan Nancy Frazer konn di nou li a. Mouvman an pa dwe rete nan valorize fanm. Mwen toujou di ke deklarasyon inivèsèl dwa moun bay tout moun valè depi yo fenk fèt san eksepsyon ki baze sou koulè, ras, nasyonalite ak sèks. Kounya nan kesyon batay kont inegalite nan mitan fanm ak gason sou baz sèks la anndan sosyete a, se ta mete politik, estrateji ak desizyon an plas pou nou ka »desinstitutionaliser les modèles androcentriques d’appréciation culturelle qui font obstacle à la parité entre les sexes »
Antouka mwen poko fin jwenn tout repons ak kesyon sou poukisa m feminis lan. Men o mwen, mwen konnenm pa feminis poum ka bay fòm repons sa yo fas ak tizonnay seksyèl, vyolans vèbal ak vyòl.
Maitre Vita Pierre
Crédit photo : View Entertainment
Comments