ART & LITERATURECULTURESOCIÉTÉ

Etant Dupain: « Madan Sara pote Ayiti sou do yo »

0

Diskisyon ak reyalizatè Etant Dupain sou fim Madan Sara

Madan Sara se tit yon dokimantè jounalis epi reyalizatè Etant Dupain fè. Dimanch 25 oktòb 2020 an, li te prezante travay sa a bay piblik la. Fim sa a pale sou lavi, doulè epi lajwa ki gen nan metye Madan Sara a.

Plizyè Madan Sara ak ekspè pale nan dokimantè an kreyòl sa a. Pa egzanp, ekonomis Camille Chalmers fè yon entèvansyon sou enpòtans ekonomik Madan Sara yo, ki remonte nan listwa depi sou tan lesklavaj. Lespri konbit Madan Sara yo epi modèl ekonomi enfòmel yo genyen an ki san parèy pami lòt kesyon ki abòde tou.

Nan fim sa a, reyalizatè a manyen kesyon maleng yo : boule mache, pwoblèm kredi, vyolans fizik epi seksyèl Madan Sara yo konn viktim sou wout fènwa pou al achte danre nan men peyizan yo oswa lè y ap dòmi nan depo yo.

Ayibopost te rankontre ak Etant Dupain pou yon ti chita pale sou reyalizasyon Madan Sara.

Etant Dupain, poukisa ou te panse gen nesesite pou fè yon dokimantè sou Madan Sara yo ?

Li plis pase yon nesesite pou m te fè Madan Sara, paske m panse li enpòtan pou nou elaji deba sou devlopman an jeneral an Ayiti. Jan ou te wè sa nan premye pwojeksyon fim nan, se te tou yon opòtinite pou bay yon omaj ak santèn milye fanm k ap fè travay Madan Sara a.

M panse tou, li te vrèman enpòtan pou m eksplike istwa sa a, pale ak Madan Sara yo, rakonte lavi yo. Paske se yo menm ki baz plizyè milyon fanmi an Ayiti. E anpil nan nou, se lajan yo ki grandi nou, voye nou lekòl, ban nou manje. Nou te ka menm di, se Madan Sara yo ki pote sosyete a sou do l.

Dokimantè a pale anpil sou enpòtans ekonomik Madan Sara yo, vyolans y ap viv nan depo yo, vyolans ensikirite sou wout yo, vyolans lè yo boule mache yo. Kisa w te resanti fas ak reyalite difisil sa yo ou te deside mete pwojektè sou yo ?

Madan Sara se yon pratik biznis ki toujou ap sibi yon pakèt bann atak. E premye bagay la, se lè moun yo pa gen aksè ak kredi, yo pa ba yo valè. Yo pa gen tou sipò sosyal yo merite a, malgre y ap fè biznis epi yo gen anpil lajan y ap brase chak jou.

Men tou gen atak fizik yo ap fè fas, kote lavi moun yo menm yo an danje. Anplis de sa, nou trete fanm yo tankou sitwayen dezyèm klas, nou pa bay travay fanm valè an jeneral. E lè w al nan mache yo, 98 a 99 % ladan yo se fanm.

M te vle fè sekans sa a, ki se « Boule mache » a. Paske li eksplike anpil jan Madan Sara yo ap sibi yon seri zak chak jou Bondye mete, epi yo toujou ap reziste.

Se pandan w t ap filme pou dokimantè Madan Sara a, Mache anfè nan Pòtoprens te boule nan lane 2018. Imaj machann yo k ap kriye epi mande jistis te boulvèsan. Kijan w te viv moman sa yo ?

Li te vrèman tris. Mache a boule pandan m t ap filme pou yon fim nou t ap fè pou BBC [yon chèn televizyon peyi Angletè] an Ayiti. Lè m aprann mache a boule, sa te vrèman fè m mal paske m gen anpil zanmi, anpil atis k ap vann nan mache a. Moun yo pèdi tout pwodui yo, peyi a pèdi an jeneral.

Mache sa a non sèlman sete pi bèl mache ki te genyen nan peyi a, li te plizoumwen gen yon travay ki te fèt. Pou kenbe l pwòp, pano solèy epi anpil reparasyon ki te fèt apre tranblemann tè a. Lè w tape nan Google, premye bagay ou wè sou Ayiti se mache an fè.

Li enpòtan pou n ta repare mache a epi mete plis sekirite pou bagay sa yo pa repwodui ankò.

Leta se pi gwo absan ki genyen nan dokimantè Madan Sara a. Eske se yon chwa oswa se konsa li ye nan reyalite a ?

Sa a se reyalite teren an. M pase 1 lane edmi ap eseye fè yon entèvyou ak majistra Pòtoprens lan oubyen majistra Delma a. Se te de komin sa yo ki te plis enterese m, men yo pa t vle fè entèvyou. Kanmenm, m fè sa m kapab pou m te ka rakonte istwa a san yo.

Epi se yon reyalite tou. Leta pa prezan nan lavi Madan Sara yo. Ou ka wè gen yon kote nan fim nan, gen youn k ap pale, l ap di konsa : « Yo sèlman vini pou touche nan men nou nan mache a. Apre sa, nou pa wè okenn otorite ki vini pou fè yon bagay. »

M panse li grav anpil epi m espere dokimantè a ap louvri deba sou problèm ki egziste nan mache yo, problèm Madan Sara yo ap viv, problèm moun k ap fè bizinis an jeneral an Ayiti ap rankontre.

Manman w te yon Madan Sara. Nou te remake nan fim nan, pa genyen okenn referans ak pwòp istwa pa w. Poukisa chwa sa a ?

Wi. Manman m te Madan Sara pandan plizyè lane, e m panse tou se youn nan bagay ki motive m pou m te fè fim nan. Men m te plis vle fokis pou m eksplike istwa Madan Sara yo nan tout jeneralite li. Manman m pa ladan l se yon chwa pèsonèl.

Mwen itilize tout lòt eleman ki te disponib pou mwen yo, ekonomik, istorik, pou m eksplike istwa sa a. Men w pa janm konnen, petèt ap gen lòt epi moun ap gen chans wè manman m epi tande l.

Rakonte nou kijan w te ak rankontre Clotidle Archille, youn nan moun ki pale nan fim lan. Kijan w te fè mete l an konfyans pou w vin filme l lakay li, filme pitit gason li ?

Mwen te rete tou pre Mache Tèt Dlo [Petyonvil], kote Clotidle ap vann an 2015. M te rete la pou yon ti tan. Epi nan ale nan mache al achte legim, m te konn achte nan men l. Se konsa nou vin zanmi, nou kòmanse pale tou. M te pran anpil tan pou m obsève mache a pou gade kijan moun yo fonksyone.

Men sa pa t pran m anpil tan pou m te konvenk Clotidle sou lide a. Lè m te kòmanse eskplike l m se yon jounalis, m se pwodiktè televizyon, men sa m fè, men ki lide m genyen, li te konprann otomatikman. Se pwosesis pou m te mete l an konfyans, pou l te ka pale plis, epi eksprime l pi byen ki te pran yon ti tan.

Nou te pran anpil tan pou reyalize entèvyou yo. Dokimantè a te pran prèske 5 lane pou fèt. Sa pa t twò difisil nan fen an, men nan kòmansman an wi, paske m te dwe mete l [Clotidle] alèz, rankontre ak fanmi l, ak pitit li. E se konsa m ta pra l rankontre ak Dory, epi gen okazyon entèvyouve l, kote l ap di kijan l gen fyète pou manman l.

Kijan travay an ekip la te ye ? Eske rezilta final la se sa nou te swete ?

Wi se yon pwojè ki pran anpil tan, e m te ka di gen anpil moun ki sipòte pwojè a. Nan kòmansman an se te preske sèlman mwen menm avèk kèk zanmi kameramann nan milye jounalistik ak televizyon an. Li te pran m anpil tan pou m te deside kijan mwen ap mete tout materyèl m genyen yo ansanm.

Pwodiksyon an te vrèman difisil. Nan kòmansman an, m te vle fè yon « Short film » ki te ka dire 25 minit. Men apre sa, lè m te vin pale ak Tina, ak Prodiktè egzekitif ki travay ak nou, Wesley Laine, Nathalie Miller, nou te di tèt nou ann pran pasyans pou fè yon travay ki pi gwo. E se konsa m pran tan m, epi rive genyen travay sa a jounen jodi a. M vrèman kontan ak pwodui final la.

Kijan w pral fè pou w kenbe fim sa a vivan epi pèmèt plis moun gade li ?

Kounyeya, nou bezwen mete fim nan disponib pou tout lekòl oswa òganizasyon fanm pou kapab difize li. Nou gen yon vèsyon ak soutit ki ap sòti 21 novanm nan la a, n ap fè yon difizyon an liy pou tout moun ki gen aksè ak kouran epi entènèt.

N ap fè pwojeksyon sa a ansanm ak òganizasyon ki rele Fanm on film. Objektif Madan Sara se kreye pwojè Madan Sara ki vle di itilize fim nan tankou yon zouti pou plis moun aprann sou travay yo, men tou pou moun patisipe. Ekip Madan Sara ap fè tout sa l kapab pou rann fim nan pi aksesib nan mwa k ap vini yo, pou tout moun nan peyi a kapab wè l.

Mandan Sara se premye reyalizasyon pèsonèl ou, kisa l aprann ou ? Ki lòt pwojè w gen nan djakout ou ?

Madan Sara se premye dokimantè pèsonèl mwen, men m travay deja sou plizyè lòt pwojè. Pwosesis pou abouti ak Madan Sara aprann mwen pran pasyans epi kwè nan sa m ap fè a. Pafwa m te kanpe nan wout, m te oblije fè chanjman, adapte mwen. Pa egzanp gen nan sèn fim nan se ak yon kamera telefòn mwen filme yo.

Yon lòt kote, definitivman mwen ap fè dokimantè. Mwen p ap mete anyen deyò kounyeya, men m ap travay sou yon bagay ki entèresan anpil. Anvan lontan m ap fè nou konnen, men pou kounyeya tout bagay se pou Madan Sara.

Hervia Dorsinville

Journaliste résolument féministe, Hervia Dorsinville est étudiante en communication sociale à la Faculté des Sciences humaines. Passionnée de mangas, de comics, de films et des séries science-fiction, elle travaille sur son premier livre.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *