AYIBOSPORTSOCIÉTÉ

Estad « Sylvio Cator » tounen garaj machin

0

Pi gwo estad peyi a ap degrade chak jou pi plis. Jodiya, lakou l tounen pakin ak garaj pou moun k ap ranje machin

Li fè 7è nan aswè, jou ki te 26 dawout 2019 la. Plizyè machin ap rantre nan lakou estad « Sylvio Cator ». Machin sa yo pase nan baryè ki nan do estad la, tou pre simityè a.

Pandan yon ti vizit nan espas la, nou jwenn gen tout kalite machin : machin prive, bout kanntè, bis ak gwo kamyon. Tout epapiye nan lakou estad la.

Gen kèk ajan sekirite k ap fè alevini, epi lòt ki chita. Dèyè pi gwo estad peyi a ki ta dwe sèvi ak plizyè fonksyon nan zafè espò pèdi vizaj li ta dwe genyen. Li sanble yon espas ki la pou mete epi ranje machin ki gen pwoblèm, sa vle di yon pakin ki tou gen garaj ladann.

Machin nan lakou estad Sylvio Cator. Foto: Frantz Cinéus / Ayibopost

Dèyè do estad la tounen pakin

Peter Jean Felix se chofè yon machin ki ekspoze rad ak soulye nan zòn sant vil Pòtoprens. Chak swa, li met machin sa tou nan lakou estad la. « Mwen gen 7 mwa depi mwen ap met machin mwen la. Se te yon zanmi mwen ki te konn mete pa li a la tou, ki fèm konn gen yon pakin anndan estad la. »

Yon ajan sekirite ki chita devan estad la konfime reyèlman « gen yon pakin nan lakou estad la. Li pa nwi okenn aktivite kap fèt nan estad la. M prèske gen yon lanne map travay isit la, m vin jwenn sèvis sa dèyè a. »

Yves Jean-Bart, ki gen non jwèt li « Dadou », se prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an. Li fè konnen gen yon pakin nan do estad la ki sou responsabilite yon konpayi ki gen kontra ak responsab estad la.

« Moun kap jere konpayi sa lwe do estad la nan men nou, epi yo menm yo jere yon pakin. Konsa ak pakin lan, gen kòb kap ka rantre. Epi gen gwo pwoblèm pakin nan pòtoprens akoz ensekirite, gen moun ki chwazi peye chak jou oubyen chak mwa pou mete machin nan. »

Machin nan lakou estad Sylvio Cator. Foto: Frantz Cinéus / Ayibopost

Se pa sèlman pakin, li tounen garaj tou ak depo

Gen machin ki gen plizyè jou nan espas la. Devan kawoutchou kèk machin, gen fatra ki koke. Gen lòt menm devan machin yo kraze, oubyen ki pa gen kawoutchou. Yo mete yo sou blòk. Yo epapiye yo nan tout espas, nan do estad la.

Junior se yon non nou prete poun idantifye yon ajan sekirite, ki mande poun pa site non li.

Li chita nan antre baryè ki bay sou kote gran simityè a. Li fè nou konnen, gen anpil machin ki nan espas la ki pa fonsyone ankò. Se sa ki fè yon moun ap wè la tounen garaj. « Si machin nan anpàn epi mèt li goumen vin lage li la nan pakin lan, l ap difisil pou li sòti ankò pou ale nan garaj. Lè konsa mèt machin lan vin ak mekanisyen ki nan zòn nan oubyen pran yon mekanisyen ki abitye vin travay la pou rezoud pwoblèm nan. »

Machin nan lakou estad Sylvio Cator. Foto: Frantz Cinéus / Ayibopost

Pa gen kòb ki rantre nan estad la, se sa ki fè gen pakin nan

Nan plizyè estad nan lemond, gen aktivite ki konn fèt pou antre lajan. Se premye agiman prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an. « Nan gran estad yo, w ap wè yo konn bay posibilite pou konsè fèt ak anpil lòt aktivite. »

Estad Sylvio Cator inogire sa fè 60 lanne. Li gen kapasite pou li resevwa  20 000 moun. Li akeyi prensipalman match foutbòl ekip nasyonal peyi a ak kèk match klèb foutbòl. « Administrasyon an pa rive jwenn kòb li ta bezwen pou li fè sèvis nan estad la, paske pa gen anpil match epi tou se pa anpil ayisyen ki ap vin gad match klèb yo. »

Nan sousi pou yo rantre kòb pou jere tout sèvis ki gen pou wè ak estad la, Yves Jean-Bart eksplike « pakin nan se youn nan mwayen pou administrasyon an rantre kòb pou yo fè sa yo dwe fè nan estad la. Si pa gen kòb, pap gen mwayen pou estad la netwaye. »

Konbyen kòb pou moun pake machin nan estad a ?

Junior eksplike gen plizyè pri. Sa depan de gwosè machin lan. Pou machin prive yo, moun nan ap peye pou pipiti 100 goud pou pake li nan lakou estad la. Pou gwo kamyon yo, li 150 goud. Gen moun ki peye pa mwa. Gen moun ki peye chak lè li vin depoze machin lan.

Machin nan lakou estad Sylvio Cator. Foto: Frantz Cinéus / Ayibopost

Emanuel Charles, ki gen non jwèt li « Manno », se chofè yon kanntè ki kanpe nan espas la. Li pwal gen yon lanne depi li ap mete machin li nan estad la. Li deklare « Mwen peye 150 goud chak jou pou mwen pake li nan estad la. Pa gen lòt kote m ka mete li nan pri sa a. »

Estad la paka resevwa gwo evenman kiltirel tankou aletranje

Dèfwa administrasyon an konn bay moun reljye yo fè aktivite anndan an. Selon prezidan an, estad la ki andomaje nan tranbleman tè ki te pase 12 janvye 2010, paka eksplwate ak tout potansyèl li.

« Gen de prekosyon nou oblije pran, tankou pelouz lan, moun paka moute sou li. Lè sa nou dwe itlize lòt materyèl pou pwoteje li. Materyèl sa yo nou pa genyen li. Si nou kite moun ap mache sou pelouz la sitou ak talon kikit, lap detwi li nèt », se sa Yves Jean-Bart kontinye eksplike.

Kote pou moun pipi a pa gen bon sant

Espas ki la pou moun ki gen bezwen pipi ak lòt bezwen yo pa nan bon swen. Depi yon distans gen yon sant ki fwape moun kap vini an. Pèsonn pap oze vin ladann, se sa yon jenn gason ki te vin antrene nan espas la di.

Estad la jere pa federasyon an, se li ki dwe jere zafè netwayaj yo. Yves Jean-Bart fè konnen pou jere pwoblèm sa yo byen fòk estad la gen bon rantre ekonomikman. « Si pa gen bon rantre, lap difisil pou kenbe estad la byen, avè anpil anplwaye ki dwe touche. Sa koz li rive nan eta sa ».

Machin nan lakou estad Sylvio Cator. Foto: Frantz Cinéus / Ayibopost

Fatra ak move sant ap dodomeya nan do estad la

Nan chak kwen nan do estad (toujou nan lakou a) se fatra ak move sant kap taye banda. San konte zèb ki fin pran espas la. Ou jwenn tout move sant. Moun ki pipi nan kwen machin yo. Moun ki lage rès lwil oubyen lòt bagay ki sot nan machin yo. San konte tout fatra ki rive ap dekonpoze.

Pèsonn pa konn depi kilè yo fè netwayaj nan espas sa. Ni tou ki prensip ki genyen pou chofè ak mekanisyen k ap fonksyone la. « Siw gen fanmi oubyen zanmi ou ki p ap fè anyen, mennen li vin netwaye espas la pou nou non, kòm sa deranjew», se sa yon mesye di pou reponn ak kesyon nou sou pwoblèm sa.

Estad la ap repare pou resevwa match

Nan jou k ap vini yo, Ayiti ap resevwa kèk match ki gen rapò ak « Ligue des Nations de la Concacaf ». Se nan moman an la, otorite kap jere estad la ap chache repare kèk kote ki gen pwoblèm nan estad la.

Depi nan rantre a, gen kèk bòs kap kraze pati ki gen pwoblèm nan rantre batiman estad la, pou yo aranjel. Selon prezidan federasyon an, aktyèlman se yon pati nan sektè prive a ki met ansanm pou repare estad la.

Yon bòs ki ap travay nan reparasyon estad la di : « Se toujou konsa li ye nan peyi a. Yo pa janm prepare bonè lè yo ap fè yon aktivite. Pa gen anyen ki di nap gentan fini fè tout bagay avan match la rive. Sèlman nou konnen nap gentan fè anpil bagay pou kache kèk kote ki lèd. »

Pou pati tribin ak twalèt yo, se « La Primature » ki responsab pou fè reparasyon ladan yo.

Pelouz la pap gentan disponib

Teren estad « Sylvio Cator » a pral ekipe ak yon nouvo pelouz sentetik dènye modèl. Responsab yo jwenn posibilite sa aprè apwobasyon FIFA, ki ap sipòte finansyèman pwojè sa a pou 283,000 dola ameriken, nan yon pwogram li yo ki rele « Forward ». Pelouz sa ap pèmèt Federasyon ayisyen foutbòl la resevwa match entènasyonal « Ligue des Nations de la Concacaf » la nan bon kondisyon.

Malerezman, selon prezidan federasyon an, responsab yo te fè kòmand lan anreta, sa koz teren an pap gentan enstale pou resevwa match anfas Kostarica a ki dwe fèt 10 oktòb 2019. « Teren an ap kite Lawoland 30 dawout 2019. Lap pran pou pipiti 3 semenn pou li rive nan peyi a. Grenn semenn ki rete a nou p ap gentan enstale li » selon sa Yves Jean-Bart konkli.

Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *