SOCIÉTÉ

Èske fonksyònman Radyo Zenith se yon pwoblèm ?

0

 Zenith se youn nan radyo Ayisyen plis koute, sitou nan peryòd kriz la. Poutan, yo akize medya sa a pou fo enfòmasyon li konn difize.

Rick Frechette se yon prèt Katolik epi manm fondatè 2 gwo òganizasyon an Ayiti depi plis pase 30 lane. Fondasyon sa yo se: Fondasyon St-Luke ak Fondasyon “Nos Petits Frères et Sœurs Haïti”. 30 septanm 2019, Rick Frechette pibliye yon temwayaj byen long sou sit “Psychology Todaypou li esplike kòman sitiyasyon politik peyi a lakòz li vin difisil pou li fè travay imanitè li gen pou li fè a.

Sitwayen ameriken an esplike, wout ki mennen nan simityè li abitye itilize a bloke akoz gwo manifestasyon ki te genyen nan mitan mwa septanm 2019 la. Se nan Titanyen simityè sa ye. Poutèt sa, Rick Frechette ak manm nan pèsonèl fondasyon li an pran kèk mezi pou yo antere 55 timoun ak 6 manman ki pa rive viv pandan y ap akouche nan lopital Sen Damyen. Yo te chwazi pou yo antere moun mouri sa yo nan simityè Douya, ki tou pre ayopò Pòtoprens lan.

Jou ki te madi 24 septanm 2019, prèt Katolik la ki te akonpaye ak 11 anplwaye li yo rive nan simityè Douya, blòk 11zè. « Te gen yon foul moun nan rantre simityè a, men pa t gen okenn ensidan ki te rive. Logo, travay ak repitasyon 2 fondasyon yo byen rekonèt. Epi yo respekte 2 fondasyon yo. »

Pandan yo nan simityè a, animatè yon estasyon radyo nan kapital la ki gen anpil moun k ap koute li bay yon enfòmasyon ki pa laverite. « Nou gen enfòmasyon kote lopital St-Luke ap antere moun ki mouri nan manifestasyon », se sa yon animatè Radyo Zenith fè konnen.

Rapidman, Rick Frechette ak manm pèsonèl ki te akonpaye li yo te pase pou kèk ajan gouvènman an. Anpil moun ki gen zam atake yo. Nan moman moun ap atake yo nan simityè a, prèt legliz katolik la di : « Radyo sa a mansyone lopital Sen Damyen abitye antere moun ki mouri ki pa gen mwayen yo nan Douya depi 20 lane. Nou gen otorizasyon pou nou fè sa maten an. Rapidman, yo retire entèpretasyon politik yo te bay la. Sa te parèt twò ta. »

Èske li posib pou yon medya pataje fake news ?

Federson Charles etidye listwa nan lekol nòmal siperyè. Li se pwofesè syans sosyal nan kèk lekol prive nan kapital la. Li di «Gen de fwa, m wè klèman gen enfòmasyon [Radyo Zenith] ki pa fin vrè. Yo konn di yon zòn cho, epi tout bagay poze. »

Poutan, yon enfòmasyon ki pa laverite ka fè gwo dega nan sosyete a. « Paske se enfòmasyon ki fòme vizyon nou sou mond lan: nou pran desizyon enpòtan ki baze sou enfòmasyon. Nou jwenn yon lide sou moun oswa yon sitiyasyon parapò ak enfòmasyon ki ap sikile. Se konsa, si enfòmasyon medya a banm nan envante, sa vle di li pa laverite, ekzajere oswa defòme, mwen pa pral pran bon desizyon. »

Nan peyi Etazini, selon Charles, gen moun ki chita pou fè enfòmasyon ki pa laverite depi peyi Larisi pou jete Hillary Clinton e fè moun vote Donald Trump. “Sputnik” ak “Russia Today” se 2 pami tout medya ki te travay pou kreye enfòmasyon ki pa laverite nan moman eleksyon amerikèn nan. Federson Charles ajoute: « Kounya gad enpak sa fè nan peyi Etazini. Yon fo enfòmasyon p ap janm pote bon rezilta.»

Radyo Zenith pi aktif nan moman kriz politik la

Radyo se yon eleman enpòtan nan batay yon pèp. Li senbolize yon mwayen pou popilasyon an idantifye tèt li kiltirèlman. Nenpòt sans yon enfòmasyon genyen, radyo jwe yon gran wòl. Sa vle di, radyo se rèn nan tout mwayen pou pataje enfòmasyon nan tout peyi.

Nan peyi Dayiti kote kantite moun ki pa konn li ak ekri a anpil, ni tou nivo lavi moun yo fèb anpil, radyo vin pi enpòtan. Pou moman kriz la, si yon moun bezwen gen plis enfòmasyon sou tansyon lari a, Radyo Zenith se premye medya l ap kouri branche. Se majistra Kwadèboukè a ki mèt radyo sa a ki fonde nan lane 2004. Li rele Rony Colin e li se an menm tan yon sitwyayen ameriken. Se Jean Oreste Morin ki ap dirije radyo sa.

Radyo Zenith parèt radyo ki plis koute nan moman an. Li parèt pi pre popilasyon an. Tout lajounen, tout lannwit, radyo sa fonksyone pou, selon Jean Oreste Morin, eklere pèp la nan lit lap mennen. Yo parèt youn nan medya ki chwazi lite ak pèp la. Pou sa, yo chache jwenn enfòmasyon ki gen lyen ak gouvènman sa a.

Federson Charles di : « Pa gen lòt medya ki rive jwenn nou atè a tankou Zenith. Lòt yo ap regle zafè pa yo ak pouvwa a. Zenith se nimewo 1 nan moman an. »

Yvens Rumbold gen yon metriz nan kominikasyon nan inivèsite Leta nan Michigan, peyi Etazini. Li eksplike yon medya gen devwa ak responsablite pou koute sitwayen yo konsa pou li ka konn sa y ap chache. Li pa sèlman sou rapò enfòmasyon yo, oswa entèvyou aktè politik yo ki patisipe nan kriz la, li gen pou li montre kòman kriz la afekte sosyete a. Nan sikonstans sa yo, yon radyo dwe pi pre popilasyon an, toutotan sa posib.

Nan yon sitiyasyon kriz ki grav tankou sa nap viv la, selon Yvens Rumbold, yon medya pa ka fonksyone tankou tout bagay te byen. « Se tout medya a, ki dwe transfòme pou reflete sitiyasyon peyi a, epi adrese li nan diferan aspè: istorik, politik, sosyal, kiltirèl ak ekonomik. »

Zenith parèt yon espas pou fè militans

Animatè yo klèman enplike nan sa yap di, yo ap milite pou jete gouvènman Jovenel Moïse. Yo itilize tout sa yo genyen pou yo montre pèp la jan Zenith akonpaye yo nan batay y ap mennen an. Yon moun ki ap koute yo, kapab mande si se yon radyo k ap bay nouvèl oubyen yon espas piblik pou militan vin pale.

Vario Serant se jounalis epi pwofesè nan inivèsite. Li ekri plizyè liv sou jounalis. Li fè konprann : « Se vre nou nan sitiyasyon kriz, men yon jounalis dwe fonksyone selon règ metye a. Tout medya gen liy editoryal li, men chak kouran gen yon fason yo fonksyone. Menm si gen kriz, fòk jounalis nan medya yo konnen wòl yo se fè pase enfòmasyon. »

Selon jounalis la, li ap mye pou yon medya, lè li chache espesyalis pou analize pwoblèm nan, olye animatè yo pou kont pa yo ap reyaji sou li. « Lè yo fè sa ak yon pwofesyonèl ki nan domèn pwoblèm nan, radyo a oubyen medya a ap louvri je popilasyon an sou obstak ak difikilte y ap travèse.»

Pwoblèm ensitasyon a vyolans

« Kote ti mesye ki gen gita yo? Poukisa nou pa al ede militan yo sou Channmas? Twòp moun ap mouri nan peyi a. » Sa a se deklarasyon youn nan animatè ki t ap pale jou ki te 17 oktòb la nan maten nan mikwo Radyo Zenith.

Nicolas se yon jèn gason 27 lane ki konn tande radyo Zenith. Li fè konnen, se paske lòt medya yo pa bay tout enfòmasyon sou kriz la ki fè li koute radyo sa a. « Men, tout moun wè sa klè, Zenith twò vyolan pou moun koute li. Nèg yo plis anvi fè vyolans, pase yo ta pasifik. »

Nan aprèmidi 5 novanm, nan kafou Marasa, plizyè ajan nan plizyè inite nan Lapolis Nasyonal Dayiti a t al ede anplwaye Ministè Travo Piblik yo retire barikad nan lari a. Plizyè nèg ak zam ki ret sou do kay fè fas kare ak polisye yo. Selon yon nòt gouvènman an fè sòti jou ki te 7 novanm 2019 la, li kondane radyo Zenith paske li itilize emisyon li yo a pou voye moun al fè dega.

Poutan, daprè ‘Pacte international relatif aux droits civils et politiques (PIDCP)’’ pa gen medya ki dwe voye moun fè vyolans. Nasyonzini adopte akò sa an 1966. Li vin an vigè nan lane 1976. « Kouman yon moun fè ap denonse vyolans pouvwa a pandan li ap voye moun fè vyolans? » se sa Yvens Rumbold mande.

Lè youn oubyen plizyè medya rive ap voye moun fè vyolans pou montre pozisyon li, daprè Yvens Rumbold, li parèt kapab detwi tout bagay nan sosyete a.

Vario Serant bò kote pa li ajoute : « Se tankou Rwanda, avèk Radyo televizyon « des Mille Collines » ki t ap fè moun ki t ap swiv yo rayi Tutsis yo, epi masakre yo. Yon medya pa dwe voye moun ale fè vyolans menm si tout moun lib pou di sa li vle. »

Menmsi, Yvens Rumbold aksepte yon medya ka pran yon pozisyon ideyolojik. Li kapab pou pouvwa a oubyen pou opozisyon an, li ajoute, « men, nan defann ak nan revandikasyon ideyoloji sa li genyen an, medya sa dwe eklere moun k ap swiv li. Li pa dwe mete moun yo nan fènwa. »

Anpil jouman di nan Radyo Zenith

Li difisil pou yon moun fè 30 minit ap koute Zenith pou li pa jwenn swa yon moun ki rele ki ap joure oubyen di betiz, oubyen animatè yo menm ki ap fè sa. 

Yvens Rumbold ak Vario Serant reyaji menm jan. Pou yo, li pa nòmal pou sa ap fèt nan yon radyo. Yvens Rumbold eksplike : « Se poutèt sa dwe gen yon kontwòl nan fonksyonman medya yo [an Ayiti]. Kontwòl sa, se pa pou fèmen bouch yo, men se pou prensip yo respekte. »

Selon li menm, pou kontwòl sa fèt, Ayiti bezwen yon peyi ki ap fonksyone tout bon vre, avèk yon palman ki ranpli misyon li genyen. Yon peyi ki gen yon sèvis ki ap veye enfòmasyon k ap sikile nan medya yo.

Kòman yon moun ka jere enfòmasyon li jwenn pou evite fake news?

Avèk medya sosyal yo, gen anpil fake news ki ap sikile. Pou sa, menm nan radyo, swiv yon enfòmasyon mande anpil entelijans. Konnen yon enfòmasyon si li vrè oubyen fo pa janm fasil, sitou lè moun yo pou kont yo ap defòme enfòmasyon yo san yo pa konnen.

Fòk jounalis yo respekte règ 5 W pou estriktire enfòmasyon y ap bay la. Konsa yon moun ki ap koute kapab jwenn tout detay ki ba li posibilite verifye enfòmasyon an.

Moun ki jwenn enfòmasyon an tou, dwe chache konnen sous yo. Fòk moun yo wè si se sous ofisyèl la ki pataje enfòmasyon an. Epi, ale nan lòt radyo pou koute si y ap bay menm enfòmasyon an. 

Selon Yvens Rumbold, radyo yo gen devwa pou rektifye lè yo bay yon enfòmasyon ki pa laverite. Epi yo dwe presi pou yo pa brouye moun k ap swiv yo a.

Se menm jan pou sit enfòmasyon yo, Yvens Rumbold esplike « fòk moun yo vijilan, Ayoboposst pa Ayibopost, Lenouveliste pa Le Nouvelliste. Sa senp, men se konsa anpil sit ki ap bay nouvèl ki pa bon yo fonksyone. »

Pran yon ti tan avan yon moun pataje yon enfòmasyon li jwenn, evite reyaji emosyonèlman se pami konsèy espesyalis yo bay. Se sitou sou emosyon machin dezenfòmasyon an jwe, paske yon klik ak yon pataj se byen rapid pou moun k ap swiv fo enfòmasyon an.

Lòt metòd se itilize sit fact-checking yo pou verifye yon enfòmasyon anpil moun doute oubyen ale gade si enfòmasyon an sòti nan lòt medya ki rekonèt.

La rédaction de Ayibopost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *