CULTURESOCIÉTÉ

Eske atis ayisyen yo pa Ayisyen?

0

Se mwen ki gen yon pwoblèm oubyen atis ayisyen yo ap viv nan yon lòt peyi, osinon nan yon lòt Ayiti? 

Eske sa nòmal, pou yon sosyete ap travèse yon kriz nan dimansyon sa a. Kriz sila pa sèlman elektoral, li se kriz konfyans, yon kriz moun , yon kriz ekonomik, kidonk yon kriz estriktirèl. A tout sa, atis yo pa tande yo pa wè, yo fin wè mò, se fè mereng kanaval pou yo al patisipe nan 3 jou banbòch.

Banm pote yon ti nyans, se pa fè mereng lan ki pwoblèm lan nan limenm, paske fè mizik ta ka yon mannyè pou yo pran pozisyon pa rapò ak sitiyasyon peyi an. Men li se yon pretèks pou al fè moun danse sou mizè yo pandan 3 jou. Sèl agiman yo se pawòl vid ki vle fè kwè  » Pèp la bezwen defoule l ».

M ta renmen konkrètman yon moun eksplike m nan ki nivo 3 jou danse ponpe kontribiye nan sosyete a, pandan l’ap travèse kriz sa.

Sa fè m santi, se wont je, anpil nan yo pat fè kanaval aprè 12 janvye pou al fè moun danse sou menm baz « Pèp la bezwen defoule l ».
M vrèman pap ka konprann nan nivo pouriti sosyete a tonbe la, pou gran tenò nan mizik ayisyèn yo pa santi yo konsène. Eske se enterè ekonomik yo sèlman ki enpòtan pou nou? Eske se al jwenn yon bon kout maketin pou djazz la byen demare ane a ki pi enpòtan? Kisa n fè ak otorite senbolik nou egzèse sou popilasyon an ak mizik nou konpoze yo? Nou itilize l sèlman pou fè l leve mouchwa anlè ak repete slogan ki pa kanpe sou anyen.

Nap konstate, okenn moun pa vle pran pozisyon nan sosyete an, pou yo pa konpwomèt enterè pèsonèl yo. Swa y ap laloz, swa y ap lonje dwèt sou aktè politik prensipal yo. Yo toujou repete ke se « politisyen ki pou bay peyi a yon chans », san yo pa rann yo kont ke se pasivite yo, ak pozisyon egoyis yo kap bay kriz la jarèt.

M pa gen anyen kont kanaval; Se yon moman rejwisans nasyonal ki mete kèk eleman nan kilti nou kòm pèp an valè. Sepandan, nan yon moman nan listwa n, kote menm yon eleksyon nou paka fè, kote se jwèt Bouki ak Malis kap jwe, kote kondisyon lavi ap degrade, kote nou lèd devan je mond lan, kote kesyon lawonte preske pa egziste ankò, kote moun ki kòwonpi a se li ki « entèlijan », priyorite a se ta fè yon frennen pou n sekwe sosyete nou an. Se ta moman pou nou di ke sa paka kontinye konsa. Pou n ta montre rès mond lan ret moun toujou nan « premye repiblik nwa a ». Nou menm atis, ke nap sipòte pouvwa anplas la, ke nou pap sipòte l, nou gen responsabilite nan lòbèy sosyetal sa a.

Paske tank kondisyon lavi pa amelyore, se plis moun pap kapab konsome mizik nou, se plis yo pap kapab al nan pwogram nou.
Travay yon atis pa sèlman pou antre nan estidyo fè mizik. Daprè mwen, li gen responsabilite pou li angaje l lè sitiyasyon an mande sa. E la, distenksyon ant atis ak «Atis angaje» vin pa enpòtan  paske lè bato sosyete a fin plonje nan lanmè mizè, koripsyon ak lawonte, nou menm tou nap bwè dlo.

Joel Fanfan

La rédaction de Ayibopost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *