ÉCONOMIE

Edikasyon se kle siksè… Bèl pakou Jules Walter

0

Intèvyou sa se Jonathan Fils-Aime de bizhaiti.com ki te fè’l. Lè’w fin li tèks lan ak koute intèvyou an pa bliye al inskri’w sou podcast « bizhaiti » an

Nan epizòd sila Jonathan intèvyouve Jules Walter ki se yon jèn antreprenè Ayisyen ki gen yon pakou ekstraòdinè. Li fè etid li MIT nan lakou Massachusset nan etazini kote li pran yon diplòm nan syans enfòmatik. Pandan msye te nan inivèsite sila li te kòmanse yon pwojè anba zèl inivèsite li an pou fè chabon ak bagas kann. Eksperyans sa pat fonksyone sou mache an pou divès rezon. Men sa pat kanpe walter, kou’l te fini ak etid nan MIT li tou al fè metriz jesyon biznis (MBA) nan Harvard University pou’l te sa amelyore konesans li nan zafè biznis. Lè msye fini ak Harvard msye t’al travay an Afrik nan yon konpayi ki espesyalize’l nan fe instriman medikal. La’ msye tap jere ekspansyon konpayi sila sou kontinan afrik lan. Jules te pwofite montre kouman jesyon moun ak kontra diferan nan peyi tyè mond yo. Msye pale tou de yon latriye koze sou koman pwosesis jwenn fon pou monte yon biznis nan peyi etazini fonksyone. Gras ak eksperyans Jules et pakou inivèsitè li msye deside monmanse ak yon pwogram ki rele « Education Haïti » pou kore ak ankadre elèv ayisyen ki vle al nan inivèsite aletranje. Nap envite’w koute kokennchenn entèvyou sila ke bizhaiti.com pote pou nou.

 

La rédaction de Ayibopost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *