Op_Eds

Dyaspora ap plenyen lajan yo pa chanje Ayiti. Men sa yo ka fè.

0

Retounen viv an Ayiti lè w deja aletranje pa evidan pou anpil Ayisyen. Sa ki anndan ap chèche kite peyi a. E sila ki deja pati wè se pi bèl bagay ki te ka janm rive nan lavi yo. Men si w reflechi byen, ap gen plis chans pou Ayiti avanse lè Ayisyen ki anndan ki vle chanjman tout bon mete ak manm nan dyaspora a, kit yo tounen, kit yo rete evolye laba. Poukisa nou di sa ?

Gen twa fason nou ka gade enpòtans enplikasyon dyaspora ayisyen an kapab genyen pou Ayiti. Premye a, se sa k ap fèt depi lontan e ki toujou rete valid : ak plis pase 2 milyon Ayisyen aletranje, dyaspora a voye lajan pou ede fanmi, pou fè pwòjè familyal ak pèsonèl an Ayiti.

3,3 milya dola transfè lajan an 2018

Dènye chif yo montre si pa t gen dyaspora, sitiyasyon peyi a t ap pi mal pase jan administrasyon Martelly ak Moïse lan mete l nan 7 dènye ane yo. Gras ak transfè lajan (3,3 milya dola an 2018) anpil timoun ale lekòl, kay bati, biznis louvri elatriye. Kidonk, pèsonn pa ka di dyaspora pa bay, ni li pa enpòtan.

Li tou : Diaspora: prier c’est bien, s’organiser c’est encore mieux

Men, gen estrateji ki kapab pèmèt lajan dyaspora sa rive plis kontribye nan devlopman ekonomik ak sosyal peyi a. Pwoblèm lan rete nan fonksyònman leta a menm. Kifè, anpil manm dyaspora toujou plenyen malgre pil lajan yo voye nan peyi a, yo pa wè kondisyon lavi moun yo amelyore, li jis kenbe moun yo nan yon relasyon depandans ak dyaspora a. Konbyen fwa yon dyaspora pa reponn yon apèl ki soti Ayiti paske yo konnen se lajan y ap mande yo?

Kreye kondisyon pou dyaspora a tounen vin bay koutmen

Dezyèm fason nou ka gade sa, se sa nou ta swete a : fòk Leta a kreye kondisyon pou dyaspora a tounen vin bay koutmen pandan l ap rekonsidere nivo salè yo, ranfòse sekirite a epi fòk sektè prive a peye pwofesyonèl yo kòmsadwa. Paske nou konnen kisa dyaspora a vle. E se sa tout Ayisyen ki poko janm nan pouvwa a vle tou : sekirite, kouran, aksè ak swen si l malad oubyen fè yon aksidan, asirans, chans pou l kreye antrepriz osnon chans pou l jwenn djòb k ap pèmèt li peye sa n sot site la yo.

Li tou : 15 ans après leur adoption, les frères Stephan pensent à revenir en Haïti

Men nou retounen nan menm pwoblèm lan. Ki moun ki gen nan Leta sa pou kreye kondisyon sa yo ? Dat Ministè Ayisyen k ap viv nan dyaspora a egziste (depi 8 novanm 1994)  ki avanse l fè nan batay pou dyaspora tounen, pou enplike yo nan pwosesis devlopman peyi a jan sa ye nan misyon ministè a, ak sèvis li di li ofri yo? Malgre tout bagay, fòk Leta a mete an plas estrateji pou akonpanye entegrasyon dyaspora yo. Sa pa vle di Ayisyen ki sou teritwa a dwe gen mwens chans pase sa ki soti laba yo non, men pou rive adopte lòt mòd fonksyònman, fòk gen moun ki abitye ladan yo pou vin patisipe. Nan tout fason, fòk gen yon bon Leta paske se li ki anpeche anpil dosye avanse pa bò isit.

Manm nan dyaspora kapab tounen nan peyi a pou kèk lane

Gen yon twazyèm posiblite tou. Se li ki pi difisil : pou manm nan dyaspora a aksepte tounen kèk lane (ann di 5 an), rantre nan tout sektè nan vi nasyonal la pou pèmèt o mwen Leta a pran wout fonksyònman modèn, epi ranfòse pati sektè prive a ki deja ap goumen pou chanje Leta sa, epi chanje pratik fonksyònman pa yo. Paske kouran 24 sou 24 la pa pou demen, bon lopital la pa pou demen, manje gratis pou tout timoun ak lekòl pa pou demen, itilize teknoloji nan gouvènans, finans, komès ak lòt sèvis, fini ak koripsyon nan administrasyon piblik la pa pou demen. Yo kapab fè sakrifis sa menm jan ak Ayisyen ki anndan ki pa deside kite peyi a.

Li tou: L’incroyable histoire du premier Haïtien à être conseiller municipal à Brockton

Gen moun k ap di « O o, mesye sa pa byen nan tèt li ? Kifè pou m kite kouran 24 sou 24, entènèt wo debi, manje a gogo, epi vi n pase mizè an Ayiti ? ». Nou konprann li p ap fasil. Se pa tout moun ki te ka goumen nan lame endijèn yo. Men si Ayisyen ki anndan ak Ayisyen ki deyò pa fè sakrifis pou n vin bay chanjman sistèm lan bourad, n ap pran anpil tan (e si na va rive yon jou) pou jwenn solisyon yo. N ap toujou resevwa apèl de fanmi pasi pala pou voye lajan lekòl, inivèsite, rad, gradyasyon, fèt, antèman elatriye.

Kijan sa fèt deja nan lòt peyi ?

Nou gen dwa pa ka reyenvante lawou, men nou ka adapte l ak lòt itilizasyon. Pratikman, lè yon pwofesyonèl vini ak nouvo mwayen pou fonksyone nan yon òganizasyon, pou manm òganizasyon sa, lide, pratik, osnon objè sa se yon inovasyon paske yo pa t konnen l anvan. Nan pratik ak modèl rechèch difizyon inovasyon, pou inovasyon sa byen pase, gen de etap ki ka chwazi : reyenvansyon ak adaptasyon. Sa vle di, kijan karakteristik yon inovasyon (nan ka atik sa, yon seri pratik) kapab itilize suivan kontèks pa moun (oswa òganizasyon, sosyete) ki vle adopte l la.

An nou pran fonksyònman Leta a pou kòmanse. Anpil nan pwofesyonèl ak ekspè ayisyen ki pati epi tounen vin bay sèvis yo nan peyi a toujou wont jan Leta a ap fonksyone. Malgre tout lanmou ak tout jefò yo met deyò, yo pa ka rive bay rezilta yo bezwen an. Anpil fwa, se paske yo pou kont yo nan sistèm lan, y ap eseye aplike sa ki fèt nan lòt peyi alòske kolèg yo ki deja fin moulen nan ansyen sistèm lan pa sipòte chanjman yo vle fè yo. Ayibopost te soti yon atik sou ka Romel ki se youn nan egzanp jan jèn pwofesyonèl pèdi espwa nan Leta a.

Li tou: Après quatre ans, Romel quitte la fonction publique haïtienne avec regrets
 

Egzanp peyi Mawòk an Afrik

Dyaspora peyi Mawòk reprezante 4 a 5 milyon moun (90% ladan yo an Ewòp). Ansanm yo voye plis pase 7,5 milya dola nan peyi yo nan lane 2017. E se sèlman 7,7 % nan lajan sa ki envesti nan pwodiksyon byen ak sèvis. Lè Wayòm Mawòk la konprann enpòtans dyaspora a, depi lane 1990, yo mete an plas politik ki vize dyaspora sa : yo kreye yon ministè, yon fondasyon, yon Konsèy Kominote Mawoken ki ap viv aletranje ak lòt inisyativ pou ankouraje dyaspora a rete soude ak peyi a, men tou envesti nan pwojè k ap kreye plis byen ak sèvis (Diafrik Invest).

Ayiti rive kreye yon Ministè Ayisyen k ap viv aletranje. Poutan, li pa bay rezilta y ap tann nan men l lan. Se swa fòm Leta ki gen la pa pèmèt ministè sa rive fè travay li, swa moun ki okipe ministè sa pa konpetan ase. Nan ka sa, gwoup k ap reflechi sou bon politik leta a ta dwe kapab pwopoze Ministè sa lòt estrateji, osnon fè lobi menm bò kote ministè a, pou chanje mòd fonksyònman li. La ankò, nou bezwen yon bon Leta pou sa rive bay rezilta.

Li senp : si w pa gen moun ki te viv nan menm milye a, konn menm lide w bezwen aplike yo, si moun ki sou tèt ou yo pa avè w, w ap fini pa echwe. Plis gen Ayisyen ki viv lòt eksperyans ki entegre sistèm lan, plis ap gen sansibilite kote l ap travay la pou pote chanjman yo. Paske, pran tout ministè yo ak kondisyon moun nome ladan yo, chanje abitid fonksyònman p ap fasil si pa gen moun ki pou aprann aksepte, adopte chanjman fonksyònman sa yo.

Teknoloji kapab ede konekte pwofesyonèl Ayisyèn ak kolèg yo nan dyaspora a

Gen yon lòt wout tou ki posib nan enplikasyon dyaspora a nan transfòme kèk bagay an Ayiti : se lye gwoup pwofesyonèl ayisyen ki nan dyaspora ak divès òganizasyon sosyete sivil la, ranfòse koneksyon antreprenè ak envestisè nan dyaspora a (jan Menvesti.com, Banmzèl.com, Profin swete fè l la).

Pa egzanp ann pran Gonayiv. Nan kesyon laswenyay, yon gwoup enfimyè ayisyen nan Miyami pa egzanp gen dwa tabli yon plan fòmasyon ak enfimyè nan lopital Lapwovidans sou kèk aspè nan swen, nan relasyon moun ak moun enfimyè yo pa suiv nan fòmasyon pa yo. Teknoloji kapab ede nan sans lan.

Ou kapab li tou: Comment être Haïtien, quand on ne comprend pas le créole

Yon pwojè tankou Echo ki konekte mond medikal nan vil ak andeyò gras ak teknoloji, epi deja tabli nan 35 peyi ka sèvi modèl. Se tankou, yon gwo pwogram mantora pou akonpanye divès gwoup pwofesyonèl gras ak teknoloji yo. Men pou yon bagay konsa gen plis estrikti, oubyen tounen yon mwayen ranfòsman nivo pwofesyonèl yo, fòk gen yon estrikti ki resanse gwoup pwofesyonèl ayisyen sa yo epi fè yon jwenn vizavi nan nivo lokal, fòk enfrastrikti teknolojik yo pèmèt sa tou. Anpil moun nan dyaspora a, menm si yo pè vin Ayiti, ap kapab san pwoblèm rantre nan yon lojik konsa. Se yon pwojè volontè yo ka menm mete nan deklarasyon fiskal yo Ozetazini !

Refleksyon yo tanmen lontan deja sou sijè sa. Gen anpil posiblite rezilta, men fòk aksyon yo pa febli e fòk gen yon bon Leta pou sa. Se sak fè chanjman sistèm lan dwe yon priyorite pou tout moun ki swete Ayiti rantre sou wout devlopman !

Commentaires

Yvens Rumbold
Contributeur Ayibopost

    Poukisa fòk ou legalize yon diplòm Ministè Edikasyon Ayiti bay ?

    Article précédent

    L’art de la jonglerie n’est pas ce que vous croyez !

    Article suivant

    Commentaires

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost