SOCIÉTÉ

Dinepa lage distribisyon dlo Fontamara bay bandi

0

Kafou Bawo, yon lokalite nan Fontamara 27, gen yon sèl basen pou bay dlo. Gras ak yon ponp, dlo ki kapte nan vàn Dinepa nan Ri Capois La Mort monte al plen basen an. Menmjan ak kouran, se bandi ki jere kesyon distribisyon dlo nan zòn nan. 

18 me 2019. Li fè 6 zè nan maten. Plizyè moun ak galon epi bokit nan men yo vin pran dlo nan Kafou Bawo. Fontèn yo louvri chak jou, nan maten depi li fè 4è 30 rive 10 zè, ak nan aprèmidi depi li fè 3zè 30 rive 8è. Tout moun youn dèyè lòt. Konsa, moun ki te la anvan an plen anvan sa ki vin aprè li a. 2 ti galon dlo se pou yon goud. Yon bokit oubyen yon gwo galon ki pran 5 ti galon pou 3 goud.

Se yon pwojè Bank Mondyal te finanse nan fen lane 2017 pou popilasyon nan Bawo ka rive jwenn bon jan dlo pou yo sèvi. Pwojè a te dwe reyalize nan yon mwa. Se te yon asosyasyon ki pat legal epi ki pa t gen biwo tou, ki te fè demann lan nan lide pou ede moun nan zòn nan. Daprè Stanley Vincent kap viv nan zòn nan (ki mande chanje non li pou evite li gen pwoblèm), pwojè a rive reyalize nan mitan ane 2018. Li eksplike: « Dlo sa rive nan zòn nan gras ak sipò nèg ak zam k ap jere zòn nan. Ou mèt kwè m si se pa t yo, nou menm moun k ap viv nan Bawo se kay Odiyès nou ta pral pran dlo. Kay Odiyès gen gwo distans parapò ak kote nou ye a ».

Ti koudèy sou kay Odiyès

Soti Kafou Bawo pou rive Kay Odiyès,  yon moun ap mache prèske yon kilomèt si li fè wout nòmal la. Odiyès se sou non sa moun konnen mesye ki mèt biznis dlo ki nan ri Capois La Mort. Li rive branche nan vàn DINEPA a (depi nan epòk enstitisyon an te rele CAMEP) pou li vann dlo. Li fè konnen depi lontan li te konn vann dlo nan zòn nan, men li pa t konn peye otorite nan DINEPA. « M sonje m te peye lè m te bezwen branche lontan sa. Depi anvan 2004».

Li te rebay yon ti kòb nan DINEPA aprè pwojè dlo nan Kafou Bawo a te reyalize. Annapre, li vin peye lòt kòb pou sèvis la « paske Leta te vin wè m pa janm peye, yo te mande m pou m kotize jan m kapab. M ka di w se pa anpil kòb pase sa pou kantite tan m fè ap vann dlo, se sa ki fè m te asepte bay li ».

Kijan dlo a fè rive nan Kafou Bawo ?

Pou dlo a rive nan Kafou Bawo, yo itilize yon ponp chak lè gen kouran. Yon jenn gason ki konn ap touche dlo nan men moun yo eksplike san li pa bay non li pou evite moun ba li pwoblèm, « Ponp sa, se Bank mondyal ki t ap finanse pwojè a ki te bay li. Yo te bay ponp lan ak yon jeneratris ki pou fè li mache si pa gen kouran. Se domaj depi pa gen kouran, responsab ki la pou sa a konn pa vle achte gaz pou fè jeneratris la fonksyone ».

Dlo ponp lan voye monte a, ale nan yon basen nan Bawo. Gras ak basen sa a, responsab nan DINEPA mèt koupe dlo pou 3 jou, popilasyon nan zòn nan ka jwenn dlo pou li sèvi. Pa gen moun nan zòn nan ki rive konfime konbyen lit dlo li kenbe. Djimy Paul, yon bòs mason nan trantèn ki te travay nan konstriksyon basen an di « Li vrèman enposib pou yon moun ba w konbyen lit oubyen konbyen galon dlo basen sa ka kenbe. Pa bliye akoz se nèg ak zam ki t ap jere konstriksyon an, tout moun te vin ap travay sou presyon. Sèl sa m ka di, li kenbe anpil dlo ».

Tiyo kote  yo vann dlo a nan kafou Bawo, yon ti kras pi ba kote basen an ye a. Stanley Vincent ajoute « kòm kote basen an ye a se sou yon ti mòn, li fasil pou dlo a desann vini nan kafou a. Li desann ak tout fòs san pwoblèm ».

Ki kalite dlo moun yo ap pran an?

Se vre, dlo a kapte dirèkteman nan vàn DINEPA, men yo konsève li nan yon basen. Selon jenn gason k ap touche kòb dlo a, lè pwojè dlo a te fenk rive nan zòn nan, yo te konn netwaye basen an chak 15 jou. « Sa chanje. Yo vin netwaye l chak mwa akoz moun yo te bay responsab sa te bay vag ». Jenn gason an konfime nan moman atik la ap ekri a basen an preske gen 2 mwa li pa lave. « Se pa premye fwa sa rive. Konn gen plis tan ki pase toujou. Depi pa gen moun ki plenyen, yo bliye si basen an pa netwaye ».

Anpil moun nan zòn nan fè konnen dlo a konn gen gou pouri, epi si dlo a ret fè 3 jou nan yon veso, li konn kale ti bèt. Poutan, pandan jounen 18 me ki sot pase a, nou te konstate plizyè moun panche bouch yo bò tiyo a pou yo pase swaf yo.

Jenn nan fè konnen se plis lè lapli tonbe pwoblèm sa a rive. « Lè lapli tonbe, moun nan zòn nan ranmase dlo lapli a. Anpil moun nan Bawo gen basen oubyen chaje doum pou ranmase dlo lapli. Lè sa, paske pa gen moun ki vin pran dlo ki nan basen an, li rete fè plis jou epi li vin gen gou pouri oubyen si li fè yon titan nan veso moun lan, li kale bèt ».

Kisa ki fèt ak kòb moun yo achte dlo a ?

Jenn nan fè konnen li konn ranmase 10 000 goud nan yon jounen, soti maten rive aprèmidi. Zafè dlo a se yon gran mwayen pou kòb rantre. « Gen anpil moun k ap mande dlo, sa fè plis lajan ranmase. Prèske chak jou, nèg ak zam k ap dirije zòn nan pase pran kòb la. Lè yo pase fòk yo jwenn kòb serye. Se sa ki fè lè lapli tonbe nou pa louvri, konsa si yo pase y ap konnen nou pa t fonksyone paske pa gen moun ki pou vin pran dlo ».

Pa gen moun ki konnen si DINEPA jwenn pati pa li nan kòb lavant dlo a osinon si lajan sa a sèvi pou kouvri depans pou monte dlo a nan basen an epi vann li. Men nou konfime se nèg ak zam yo k ap jere lajan ki rantre a. Petèt se pou jere dosye ki pa nan avantaj popilasyon an.

La rédaction de Ayibopost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *