0

Malgre prezans lapolis, lame Dayiti, task force epi misyon miltinasyonal la, fòs sekirite yo pako rive jwenn bout kriminèl yo nan Kenscoff. Kisa ki esplike sa a ? AyiboPost t al chèche konprann.

Nan fen mwa janvye 2025 lan, bandi atake komin Kenscoff, yon zòn ki sitiye l nan yon distans 24 kilomèt ak kapital Pòtoprens lan. 

Depi lè sa a, bandi yo pa sispann touye, piye, boule kay epi chèche okipe plis tèritwa nan komin lan malgre lapolis nasyonal la (Pnh) te anonse nan dat 30 janvye 2025 lan, y ap kontinye ak operasyon yo te tanmen nan Kenscoff. 

Men, sandout w ap mande tèt ou, kisa ki esplike malgre lapolis mete ak fòs lame Dayiti plis fòs miltinasyonal la reyini, yo pako rive jwenn bout kriminèl yo nan Kenscoff ? Ebyen AyiboPost pral eksplike w. N ap ede w konprann tou kijan tanperati, nyaj ak bwouya rantre byen fon nan konsiderasyon sou kesyon ensekirite a nan Kenscoff.                                 

Dènye evolisyon sitiyasyon yo nan Kenscoff 

Depi lè bandi te fin atake yon konvwa lameri, nan dat 3 me pase a, selon sa otorite kominal yo te anonse, kriminèl yo pa t sispann pran plis tèritwa.

Yon sitiyasyon  ki mete « tout moun sou tansyon dènye jou sa yo », selon sa administratè meri Kenscoff la, Emmanuel Pierre te fè AyiboPost konnen.

Selon responsab la, bandi yo te toujou okipe lokalite tankou, Vya, malgre lapolis mennen kèk operasyon epi enstale baz yo pou kwape zak bandi yo nan komin lan.

Bandi sa yo ki sanse okipe prèske tout zòn Fisi, pa sispann atake, epi vòlè betay peyizan yo.

Nan dat 25 jiyè 2025 lan, kriminèl yo pa t ezite fè yon reprezay apre fòs lòd yo te mennen yon operasyon nan lokalite Belo, nan jounen 24 jiyè a, kote lapolis itilize plizyè dwón esplozif epi elikoptè transpò twoup, pandan operasyon sa a, selon sa resposab meri a Pierre, te fè AyiboPost konnen. 

E, atak 25 jiyè sa a t a pral lakòz lanmò yon polisye plis de (2) lòt ki te blese, san konte de (2) machin ki te boule.  

Depi lè gwoup gang « Krisla » a k ap opere nan zòn « Ti Bwa » te tante kontwole wout Segen ki mennen nan rejyon Sid la, nan fen mwa janvye 2025 lan, atak yo pa t janm sispann nan komin Kenscoff an reyalite. Bandi yo te toujou ap mennen atak sou popilasyon sivil la nan zòn Platon Fisi. Yo pa t ezite tou atake sou-komisarya Fisi a ak tout fòs lòd ki te sou teren an. 

Kounyeya, annou retounen ak kesyon nou te poze avan an, ki se : Poukisa malgre prezans lapolis, fòs miltinasyonal la ak Task Force la nan Kenscoff, yo pako rive jwenn bout gang yo nan zòn lan ? 

Pou n rive konprann, AyiboPost pran avi kad nan lameri zòn lan, adòbe sije a ak polisye epi kèk abitan zòn lan. 

Konfigirasyon zòn lan. 

Dabò, youn nan sa yo evoke ki t a reprezante yon limit pou lapolis opere, sitou nan yon rejyon tankou Kenscoff, se konfigirasyon zòn sila a, ki se mòn

E pou w ka konprann pi byen toujou, n ap raple w komin sila a sitiye l nan tèt mòn « La Selle » ki nan yon wotè 2 680 mèt altitid epi li mezire 208.23 kilomèt kare.  

Nonsèlman se yon rejyon tanperati a ba anpil, sa konn rive tou gen bwouya gwo lajounen ki ka anpeche nenpòt ki moun wè byen pou sikile. 

Pou responsab sendika polisye SPNH-17 la, Garry Jean Baptiste, « avan lapolis ale nan zòn sa a, yo te sipoze ekipe ak materyèl ki pou pèmèt yo wè byen lè sa rive ».

Youn nan sa otorite yo esplike, sèke fòs lòd, prensipalman polisye kenyan yo, manke mennen batay la sou tèren an, dapre sa Emmanuel Pierre, ki se administratè meri Kenscoff la te fè AyiboPost konnen. 

Fòs miltinasyonal la plis ede nan fè patwouy, men yo pa fè pye-sòl pou yo atake bandi yo, menm jan lapolis fè l.

Si pa gen okenn rezon ki esplike poukisa yo pa desann batay sou tèren an, responsab la kontinye kwè sa t ap ede rezoud pwoblèm ensekirite a nan komin lan. 

Kondisyon wout yo. 

Yon lòt aspè, se t a kondisyon wout yo ki pa nan bon eta pou modèl veyikil lapolis nasyonal la ap itilize yo sikile nòmalman. Sa ki t a anpeche yo rive konbat gang yo nan plizyè rejyon rekile nan Kenscoff, depi lè atak yo kòmanse a. Yon lòt bò, kèk obsèvatè panse tou tip veyikil lapolis ap sèvi yo manke adapte pou espas jewografik sa a ki plis nan montay. 

Yon aspè ki pouse responsab SPNH-17 la, Garry Jean Baptiste, evoke nesesite pou chak zòn gen tip materyèl espesifik ki ka itilize pou li. 

Si veyikil yo t a manke adapte, gen anpil lòt obsevatè ki kwè mank materyèl lapolis ka kontribye nan sa a tou. Pa egzanp, fòs lòd yo pa dispoze materyèl ki ka pèmèt yo gen kontwòl ayeryen sou zòn lan ki difisil pou sikile sou teren an. Nou vle pale de elikoptè, dwón espesyalize ki ka ede yo fè siveyans, asiste operasyon yo, elt.

Mank konesans tèren an. 

Mete sou sa, anpil nan polisye ki pral nan zòn sa yo pa toujou konnen espas yo prale a. Sa ki anpeche yo byen kowòdone deplwaman yo sou tèren an.

E, nan pifò ka sa yo, lapolis la ki te deja pa t pare ase pou fè fas ak nouvo defi sa yo, selon polisye SPNH-17 la Garry Jean Baptiste, vin oblije ap adapte yo sou tèren an epi chèche konprann nouvo reyalite sa yo. 

Mete sou sa, zòn lan pa piti. 

Pandan li deja difisil pou sikile ladan l, distans pou lapolis entèvni nan yon zòn bandi fin atake, sa pran tan pou yo rive nan yon lòt bandi yo atake tousuit apre. 

E, n ap di w tou, atak sa yo rive sanzatann. Manm popilasyon an ki nan milye rekile yo pa toujou prevwa si yo pral fèt. Yon reyalite ki konplike travay fòs lòd yo. 

Mòd atak bandi yo ki fèt pa sipriz 

Yon lòt ka nou kapab obsevè ankò, sèke bandi yo atake zòn osnon kominote k ap viv ladan yo sanzatann. Sa ki t a fè kèk moun panse, atak sa yo anvi sanble ak  « mouvman geriya », ki fè referans ak yon seri teknik lagè kote yo atake ennmi an pa sipriz yon fason pou afebli l. 

Sepandan, nou dwe presize, aksyon kriminèl sa yo pa gen rapò ditou ak fondman mouvman geriya nan 20e syèk la, antanke lit revolisyonè. 

Malgre anpil moun konstate obstak sa yo t a anpeche lapolis derassinen bandi yo nan Kenscoff, plizyè moun kwè tou si bandi yo rive deplase epi mennen atak yo byen alèz kon sa, lapolis t a dwe anmezi kontrekare yo menm fason an tou. 

N ap pwofite raple, vyolans gang yo nan Kenscoff te deja lakòz « plis pase 15 000 moun kouri kite lakay yo. Yon chif ki gen tandans ogmante », selon sa kòdonatè pwoteksyon sivil Kenscoff la, Patrick Saint-Hilaire te deja fè AyiboPost konnen nan mwa avril pase a.  

San konte bandi yo te deja touye plis pase yon santèn sitwayen nan diferan lokalite nan komin lan. 

Menm bandi sa yo fè agrikiltè ki t ap viv nan lokalite ki gen gwo potansyalite agrikòl tankou : Vya, Sousay, Bonga, Nouvèl Tourèn, Belo, Godè, Segen, elt. ki te gen  jaden yo te kòmanse kiltive, kouri kite yo. Yon sitiyasyon ki deranje apwovizyònman danre tankou legim epi lakòz pri yo ogmante sou mache a. 

Pou n fini, si pou anpil moun lapolis la pa t byen pare pou l konbat fòm banditis ki gen la a, gen lòt ki kwè Pnh la dwe prepare li davantaj pou li fè fas ak nouvo reyalite tèren an. Sa ki gen ladan l byen antrene polisye yo parapò ak mòd operatwa bandi yo, ekipe yo ak materyèl adapte osnon ba yo fòmasyon espesifik, elt.  

Sou menm dosye Kenscoff la, pa bliye li dènye repòtaj AyiboPost fè sou zòn lan ki titre : « À Kenscoff, les gangs étendent leur emprise sur les terres agricoles »


Foto kouvèti : Jean Feguens Regala

Kamera : Sherlande Pierre

Montaj : Max Kendlay Kevjhevaal Toussaint

Prezantasyon : Daphena Rémédor

Jounalis : Jérôme Wendy Norestyl, Pascal Nancy André, Lucnise Duquereste, Jean Feguens Regala

Edisyon / Sipèvizyon : 

Widlore Mérancourt

Philicien Casimir


Gardez contact avec AyiboPost via :

► Notre canal Telegram : cliquez ici

►Notre Channel WhatsApp : cliquez ici

►Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici

Vidéaste à AyiboPost depuis août 2022.

    Comments