EN UNESOCIÉTÉ

DeGraff denonse dezòd ak koripsyon k ap fèt nan Akademi Kreyòl Ayisyen an

0

Pwofesè akademisyen Michel DeGraff te pibliye yon gwo lèt tou louvri nan kòmansman mwa fevriye a. Ladann, li t ap denonse kèk deriv ki genyen anndan Akademi Kreyòl Ayisyen an. Tankou manm akademi an ki ap bay travay anndan sou tit zanmitay. Prezidan Akademi an, Pauris Jean-Baptiste, ansanm ak Konsèy Akademisyen reyaji nan yon Asanble Jeneral Estwòdinè nan dat 16 mas 2017.   Yo pran yon desizyon tou. AyiboPost tounen sou dosye sa a nan yon entèvyou ak Michel DeGraff.

_____________________________________________________________________

 

  • Nan kòmansman mwa fevriye a, ou te ekri yon lèt tou louvri bay prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), Pastè Pauris Jean-Baptiste, pou denonse kèk vye pratik anndan enstitisyon sa a. Nan ki pwen dosye a ye jodi a?

Mwen te ekri premye lèt tou louvri sa a, an fevriye 2018, pou m kreye yon echanj piblik sou deriv sa yo paske mwen pa te rive jwenn repons onèt anndan AKA.  Epi mwen vin fè yon entèvyou sou sa avèk Pwofesè Lengwis Hugues Saint-Fort nan Le National.  Apre sa, mwen te vin ekri yon repons nan Le Nouvelliste sou yon pawòl Prezidan AKA, Pauris Jean-Baptiste, te di Le Nouvelliste kòm ki dirè se mwen k ap chache enpoze « position théorique » ak « pensée minoritaire » mwen sou AKA.

Mwa pase (mas 2018), Konsèy Akademisyen an vin vote yon « Lèt blam » ansanm ak sanksyon « Sispansyon » kont mwen — swadizan paske m vyole « devwa rezèv » selon Règleman Entèn AKA. Alòs ke lè n aplike Règleman Entèn yo, nan yon fason ki objektif, selon prensip lojik, sou yon seri done ki byen dokimante nan achiv AKA e nan achiv pa m, nou ka demontre aklè se dirijan AKA yo ansanm ak Sekretarya Egzekitif la k ap plede vyole Règleman Entèn AKA. Dirijan AKA yo vyole Règleman Entèn AKA ata nan pwosesis sa a ki vin abouti nan « Lèt blam » ak sanksyon « Sispansyon » kont mwen. Dirijan AKA yo vyole Règleman Entèn AKA ata nan pwosesis sa a ki vin abouti nan « Lèt blam » ak sanksyon « Sispansyon » kont mwen: Vin gen deriv ata nan rezolisyon ki pibliye a ki pa menm ak rezolisyon sa a ki te vote a. Ki vle di: Dirijan AKA yo ap pran Rezolisyon ki pa te vote nan Konsèy Akademisyen an. Nan yon dezyèm lèt tou louvri ke m fèk pibliye (nan dat 11 avril), mwen dokimante ki jan « Lèt blam » ak sanksyon « Sispansyon » sa a baze sou menm kalte deriv ke m te denonse nan premye lèt tou louvri mwen an. Sa ki pi rèd se menm Akademisyen sa yo ki komèt vyolasyon sa yo ki te vote pou yo ban m « Lèt blam » ak sanksyon « Sispansyon ».

An tou ka, desizyon sa yo demontre ke dirijan AKA yo toujou pa ka fè limyè sou yon seri pwoblèm m ap denonse anndan AKA sa fè plis pase yon lane. Se depi an 2016, m ap chache repons ki klè sou divès deriv k ap kwape fonksyonnman AKA kòm yon enstitisyon leta ki dwe sèvi nasyon an ak entegrite e transparans. Mwen te ekri Prezidan AKA epi Konsèy Administrasyon AKA sou sa. Repons yo pa te jamè manyen kesyon fondamantal ki konsène pwoblèm konfli enterè nan AKA epi pwoblèm piblikasyon nan non AKA k ap vyole prensip etik ki elemantè — tankou entèdiksyon kont kopye oswa pirate rezilta rechèch ki deja pibliye.

Ki fè m toujou ap tann limyè ke m te mande a. Ann atandan, dirijan AKA yo ban m yon « Lèt blam » ansanm ak sanksyon « Sispansyon » kòm ki dirè se mwen k ap vyole Règleman Entèn AKA yo. Alòs ke se yo menm k ap vyole Règleman Entèn nan 4 kalte deriv pou pi piti. Twa premye kategori deriv yo, se yo ke m te denonse nan premye lèt tou louvri mwen an, an fevriye 2018. Katriyèm kategori deriv la konsène « devwa rezèv » ki swadizan lakòz « Lèt blam » ak sanksyon « Sispansyon » ke m resevwa. Nou pral wè se pa mwen ki vyole « devwa rezèv » sa a ; men, gen dirijan nan AKA ki vyole « devwa rezèv » sa a, selon Règleman Entèn ki ta dwe ann aplikasyon nan AKA.

  1. Gen yon Akademisyen k ap travay pou konpayi ki te antre nan konpetisyon pou jwenn kontra nan men AKA. Sa se konfli enterè selon Règleman Entèn AKA (Atik 79).
  2. Gen yon Akademisyen ki mete ak Sekretè Egzekitif AKA pou fanmi l jwenn djòb nan AKA. Sa se yon lòt konfli enterè selon Règleman Entèn AKA (Atik 79).
  3. Sekretarya Egzekitif la ak Prezidan AKA pibliye dokiman san rigè entelektyèl, nan non AKA, nan Bilten AKA, nan jounal Le Nouvelliste, epi sou Facebook. Sa se vyolasyon prensip etik e syantifik ki elemantè. Epi atik nan Le Nouvelliste la se vyolasyon Atik 83 nan Règleman Entèn AKA ki entèdi AKA kopye oswa pirate travay lòt moun.
  4. Gen yon Akademisyen pami dirijan AKA yo ki t ap gaye dokiman konfidansyèl AKA pami zanmi yo—sa se dokiman travay Komisyon Syantifik ke m t ap kowòdone a. Epi se mwen ki te ekri Konsèy Administrasyon AKA pou sa pa kontinye. Se Akademisyen sa a, ki nan Konsèy Administrasyon AKA, ki te vyole obligasyon rezèv la selon Règleman Entèn AKA (Atik 78).

Kanta sanksyon « Sispansyon » sa a ki nan « Lèt blam » lan, pa gen okenn Atik nan Règleman Entèn AKA ki pale de sa. O kontrè, Lwa Kreyasyon AKA ansanm ak Manman Lwa peyi a klè sou sa. « Akademisyen » se yon tit « onorifik ».  Kòm Akademisyen, mwen pa anplwaye leta.  Ki vle di : Mwen pa konprann kote pawòl « Sispansyon » sa a soti.

Lwa Kreyasyon AKA ansanm ak Règleman Entèn epi Manman Lwa peyi a mande aklè pou Akademisyen pa touche—kòm « Akademisyen » se yon tit onorifik.  E poutan, menm Akademisyen sa yo k ap vote « Lèt blam » ak sanksyon « Sispansyon » kont mwen, se yo ki mete ak Sekretè Egzekitif AKA pou y ap chache djòb, kontra oswa lòt avantaj finansye (tankou « prim mansyèl ») nan AKA !  Se demach sa yo k ap vyole Règleman Entèn AKA yo.  Gen yon lòt Akademisyen (Pwofesè Frenand Léger) ki te ekri yon lèt fòmèl kont sa depi ann out 2017 e ki te konn denonse lòt kalte magouy  pami dirijan AKA yo ansanm ak Sekretè Egzekitif la. Konsèy Akademisyen an te vote pou Kolèg Léger prezante eskiz epi Léger te vin demisyone an desanm 2017.

  • Ki enpak a lon tèm deriv sa yo ka genyen sou imaj akademi an epi ki menas sa reprezante pou travay sou lang kreyòl la ?

Bon, kesyon sa a fè m tris anpil paske mwen reyalize denonsyasyon m yo ka gen yon efè negatif sou imaj Akademi an. Akademi an gen yon misyon ki nòb:  Ede nan devlòpman itilizasyon lang kreyòl la ki se yon zouti ki endispansab pou bon jan edikasyon ak devlòpman ann Ayiti.  Men, se pa denonsyasyon m yo ki se yon menas kont AKA oswa ki pral kraze AKA. Vrè menas la se tout kalte vyolasyon Règleman Entèn sa yo ke pifò Akademisyen ap tolere — se vyolasyon sa yo ki deja ap febli fonksyonnman AKA. Se Akademisyen sa yo ki pa di anyen kont vyolasyon sa yo e ki menm ap vote kont ti kantite Akademisyen sa yo k ap denonse vyolasyon sa yo, se yo menm k ap « kraze » AKA. Objektif lèt tou louvri mwen yo se pou n korije deriv sa yo. Mwen te eseye fè sa anndan Akademi an san mwen pa met moun deyò o kouran ; men, sa pa te janm bay okenn rezilta.

Se James Baldwin ki te di : « Se pa tout pwoblèm nou ka chanje. Men, pa gen pwoblèm nou ka rezoud si nou pa rekonèt yo se pwoblèm. » Ki vle di, m espere echanj piblik sa yo ava ede n rekonèt pwoblèm AKA yo jan yo ye : deriv syantifik, konfli enterè, mank entegrite administratif e etik, elatriye.

Premye bagay ki dwe fèt se pou dirijan AKA yo ansanm ak tout lòt Akademisyen yo aprann ki jan pou yo aplike pwòp Règleman Entèn sa yo ke n te vote nan Asanble Jeneral AKA.  Nou pa ka vote yon seri Règleman Entèn epi se pifò Akademisyen yo ki dakò pou yo pase menm Règleman sa yo anba pye yo lè yo vle regle zafe pèsonèl yo. Fòk AKA ta chache bon jan avoka, jij ak pwofesè ki gen entegrite e ki ka fè seminè pou AKA sou aplikasyon Règleman Entèn yo ak lòt prensip etik, administratif e syantifik.

Kounye a, gen nouvo Akademisyen ansanm ak yon Konsèy Konsiltatif tou nèf ki vin entegre Akademi an, an fevriye 2018. Malerezman, deja gen gwo deriv k ap fèt pami nouvo manm sa yo. Pa egzanp, nan mwa d mas ki sot pase a (mas 2018), deja gen yon manm nan Konsèy Konsiltatif tou nèf sa a ki vin akize m, san okenn prèv (e pa ta fouti gen prèv !), kòm si mwen ta yon « dòmestik » k ap travay pou « blan » nan MIT, kòm ki dirè m ap « siveye sa k ap pase nan AKA » epi sa se ta yon « djòb èspyon » m ap fè pou MIT. Epi manm Konsèy Konsiltatif sa a vin demisyone nan AKA pou l ka « koresponn » dirèk avè m e se kon sa li vin ekri administrasyon MIT pou l mande pou MIT ta fè m demisyone nan AKA. Demach manm Konsèy Konsiltatif AKA sa a (ki te vin demisyone yon mwa apre Konsèy Akademisyen an te vote pou li !), se yon demach ki rizib nèt e k ap fè AKA pèdi prestij li kòm enstitisyon akademik.  Se devwa inivèsite oz Etazini pou yo respekte yon prensip fondamantal : libète entelektyèl pwofesè yo.

An tou ka, gen lòt enèji ki tou nèf nan Akademi an. M espere nouvo manm sa yo nan AKA pral pote entegrite ak enèji pozitif. Kidonk, an n tann pou n wè si ava gen chanjman pozitif. M espere sa wi paske Ayiti bezwen yon AKA ki djanm sou plan etik, syantifik e administratif. Kolèg Akademisyen m yo, sitou sila yo ki tou nèf nan AKA, tanpri, pinga n kite AKA tounen yon enstitisyon tèt an ba nan yon peyi tèt an ba…

Michel DeGraff | 16 avril 2018

AyiboPost kite espas li disponib pou reyaksyon tout moun ki vle reponn atik sa a.

Entèvyou: Péguy Flore Piere 

 

*“Atik 78: Yon akademisyen fèt pou li genyen obligasyon rezèv SOU SÈTEN DOSYE K AP TRETE ANNDAN AKADEMI AN KI POKO KA PRAN LARI PASKE AKADEMI AN POKO GEN YON POZISYON OFISYÈL SOU YO. Obligasyon rezèv la rive sou kèlkeswa patikilye a k ap travay ak yon Akademisyen sou dosye konfidansyèl Akademi an.”

*“Atik 79: Yon Akademisyen fèt pou li veyatif nan sa yo rele KONFLI ENTERÈ, pou enterè pèsonèl li, enterè gwoup li, enterè komès li, enterè aktivite pèsonèl li pa kontrè ak enterè Akademi an.”

*“Atik 83: Yon Akademisyen gen obligasyon POU LI PA NI KOPYE NI PIRATE TRAVAY LÒT MOUN”.

"Une revue est vivante que si elle mécontente chaque fois un bon cinquième de ses abonnés. La justice consiste seulement à ce que ce ne soient pas toujours les mêmes qui soient dans la cinquième." Charles Péguy

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *