CULTURESOCIÉTÉ

Bwakayiman, yon espas kote kretyen ak vodouyizan ap goumen

0

 Bwakayiman se yon sit  istorik Leta abandone malgre tout sa li reprezante nan istwa peyi a

Bwakayiman rete nan listwa kòm espas kote gwo rasanbleman politik ki ta pral ponn revolisyon ayisyen an, te fèt. Se te nan lannwit 14 Out 1791. Plizyè esklav te reyini sou abitasyon Nòman Demezi pou diskite, defini estrateji ki ta pral mennen nan soulèvman jeneral 22 out 1791 la. Depi lè sa a, koloni Sendomeng pa te janm gen lapè jiskaske nou rive nan 1804. Se poutèt sa, yo konsidere Bwakayiman nan listwa kòm premye pòt ki louvri sou chimen libète a.

3 tant, 3 estati

Bwakayiman nan rantre vil Okap, zòn Mònwouj nan premye seksyon komin Plèndinò. Sou wout Nasyonal nimewo 1 an, nan antre Okap, sou bò goch, gen yon afich ki ekri «Bienvenue à Bois-Caiman».  Distans ant wout nasyonal la ak sit la se anviwon 5 minit nan machin.

Li te 5è nan aprèdimi konsa lè nou te rive nan espas la : se jis yon gwo teren vid  ak 3 ti tant ki fèt an banbou. Yon drapo ble e wouj ize raple vizitè yo yo sou teritwa peyi Dayiti.  Anba ma drapo a, gen yon mab kote yo ekri priyè Boukmann te pwononse nan seremoni an.

Youn nan tant yo gen yon ranje blòk ki kòmanse monte ladan l pou ranplase banbou yo. Se li yo konsidere kòm «peristil». Anndan l nou jwenn 21 koulè drapo ki senbolize 21 «Nanchon». Nou kapab di tou 21 pèp oubyen 21 lespri ginen, daprè sa Frantz Jean Raymond alyas Zaza, ki se Ougan ki responsab lakou Bwakayiman an, te rakonte nou. Li fè nou konnen tou, se nan espas peristil la, anba yon ansyen gwo pye Mabi (lòt kote yo rele pyebwa sa Sabliye), manbo Sesil Fatima te fè seremoni lè l te touye gwo kochon nwa a. Se la tou chèf rebèl Boukmann te fè priyè ki te mande esklav yo «jete pòtre Bondje blan an».

Anndan peristil la gen 2 pòtre. Youn ki reprezante Makandal, epi yon lòt ki se Fatima ak yon kouto nan men l, epi yon kochon devan pye li. Gen yon lòt pòtre ki reprezante Boukmann, men li pi lwen sou yon ti plas piblik ki pi wo lakou a.

Se pòtre sa yo ak yon penti ki fèt sou yon bout mi ki kapab pèmèt yon moun idantifye Bwakayiman lè w rive sou sit la. Apre sa, gen kèk ti machann kleren ak lòt bwason ki enstale bò kote peristil la.

Fritz Jean Raymond fè nou konnen, DINEPA gen pwojè konstwi yon twalèt sou sit la, men, Meri Plèndinò te kanpe travay sa akoz li pa t okouran. Apresa, gen EPPLS ki pwomèt l ap rekonstwui tant yo.

Bwakayiman : yon espas afwontman ideyolojik

Malgre Leta neglije  Bwakayiman,  sit la gen gwo valè pou moun nan zòn nan. Se sa ki fè konn gen lesefrape ant kretyen ak vodouyizan nan espas la. Gen de (2) legliz ki enstale sou sit Bwakayiman an. Youn se yon legliz batis, lòt la se yon legliz advantis. Premye legliz la se «Centre du Réveil de Bois-Caiman» pastè Joel Jeune ap dirije.

Nan lane 1998, manm legliz sa te nan afwontman ak vodouyizan ki pat aksepte prezans legliz la sou sit la. Se konsa pandan lesefrape sa, vodouyizan yo ta pral akize manm legliz yo kòm responsab lanmò yon gwo pye Mabi ki se espas kote Fatima te fè sakrifis kochon an.  «Se plizyè galon asid batri kretyen yo te vide nan dèyè pye Mabi a nan aswè, ki lakoz li mouri. Pastè Joel te di l ap batize Boukmann», Zaza fè konnen.

Jounen jodi a, gen yon jenn ti pye Mabi vodouyizan yo te replante ki leve nan plas ansyen an. Nou te eseye kontakte pastè Joel Jeune pou n te jwenn dizon li sou akizasyon vodouyizan yo mete sou do legliz li a, men li pa t prezan.

Kretyen batis yo fè sèvis chak dimanch epi kwazad nan kèk peryòd. Vodouyizan yo, bò kote pa yo, òganize yon seremoni vodou chak vandredi. Yo rasanble anndan yon estrikti yo rele «Wayòm vodou Dayiti epi Zantray». Se yon fason pou kenbe Bwakayiman vivan nan lespri popilasyon an. «Men, se kout penso n ap voye nan van paske lakou a pa gen enfrastrikti. Pa gen yon mize», se konsa Frantz Jean Raymond te montre nou enkyetid li sou sitiyasyon malouk lakou a.

«Peye nesans» nan Bwakayiman

Bwakayiman pa sèlman yon sit istorik, se anmenmtan kote moun nan popilasyon an regle zafè espirityalite yo. Se la kèk vodouyizan al «peye nesans». «Lè yon ayisyen pa fèt nan yon abitasyon pèsonèl, li oblije vin Bwakayiman pou l rekonekte ak lespri ki reklame li a depi lè li te fenk fèt», se konsa ougan Zaza eksplike nou zafè «peye nesans» nan Bwakayiman an. Dapre li, tout lespri ki sou latè peyi Dayiti konekte nan espas sa. Se nan moman seremoni 14 out 1791 la koneksyon sa te fèt. Se sa ki fè Bwakayiman se sekrè peyi Dayiti. Se la tout fòs mistik li makonnen. Nenpòt espri ou bezwen, depi w vin Bwakayiman, ou dwe jwenn li.

Sit Bwakayiman gen yon valè istorik paske se la batay liberasyon peyi a te demare men tou li se yon eleman kle nan pratik kiltirèl peyi a. Se pa san rezon gen lesefrape ideyolojik ant plizyè gwoup relijyon nan espas sa.

Pa gen anyen ki montre volonte pou ta remanbre patrimwàn sa a nan mete enfrastrikti ki nesesè. Leta pa enterese nonplis nan fè medyasyon sou posibilite nouvo afwontman ki kapab genyen nan espas sa. Malgre jounen jodi a chak gwoup yo ap fonksyone kòmsadwa, sa pa retire posiblite pou ta gen lesefrape ankò jan sa te fèt nan lane ki pase yo.

Feguenson Hermogène


Gardez contact avec AyiboPost via :

▶ Notre canal Telegram : cliquez ici

▶ Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici

Feguenson Hermogène est journaliste et cinéaste. Il a intégré l’équipe d’Ayibopost en décembre 2018. Avant il était journaliste à la radio communautaire 4VPL (Radyo Vwa pèp la, 98.9 FM) de Plaisance du Nord.

    Comments