0

AyiboPost drese bilan ane 2024 la, pandan l ap souliye gran evènman ki te make istwa peyi a nan domèn tankou politik, edikasyon, ekonomi, lasante…

Janvye 2024, Ayiti pati pou twazyèm ane san prezidan depi aprè asasina Jovenel Moïse 7 jiyè 2021.

Ariel Henry ki pran tèt primati a 13 jou apre lanmò Jovenel Moïse, pral sou 30e mwa li sou pouvwa a.

Kòk potko menm chante, ensekirite a te gentan mare min li sou ane 2024 la an Ayiti.

Fèt lendepandans peyi a rive, anyen pako klè.

Lè premye minis Ariel Henry wè li pa ka ale Gonayiv 1e janvye pou selebre 220 lane Endepandans lan, li kouri fè yon chap nan Musée du Panthéon National Haïtien (MUPANAH) ki tou pre Palè Nasyonal la, pou l sove jou a ak yon jèb flè. Sa ki pral fè 2024 se senkyèm ane youn dèyè lòt kote dirijan ki nan tèt Leta a ─ pa santi yo an sekirite ─ pou y al selebre gwo evènman istorik sa a nan site endepandans lan.

Jou premye janvye sa a, kòm premye minis Henry te prese epi lari a pa t twò bon, li pa t fè gwo diskou nan MUPANAH. Nan 2 – 3 mo li te pwononse yo, li te deklare 2024 la kòm « ane pou refè eskanp figi Leta a, e fè tout moun respekte l ».

2024 se senkyèm ane youn dèyè lòt kote dirijan ki nan tèt Leta a ─ pa santi yo an sekirite ─ pou y al selebre gwo evènman istorik sa a nan site endepandans lan.

Pandan tout mwa janvye a, tansyon ak laperèz pa t sispann grandi nan mitan popilasyon an akòz dat 7 fevriye a ki t ap pwoche. Yon dat ki te sipoze mete bout nan manda premye minis Ariel Henry, selon akò politik 21 desanm 2022 a. Akò sa a pati politik ki pwòch li yo t ap soutni pou jwenn yon solisyon ak kriz politik la, te menm prevwa pou PM nan òganize eleksyon depi nan lane 2023. Men, san sipriz, Ariel Henry ak ekip li pa t òganize okenn eleksyon !

Aksyon sa yo t ap pral soulve kòlè popilasyon an ki te òganize plizyè manifestasyon nan vil Pòtoprens, Okap ak lòt zòn nan peyi a pou mande chèf primati an demisyone. Sepandan, Ariel Henry te rete tennfas.

7 fevriye rive ! Mobilizasyon yo t ap rapousuiv nan peyi a.

Lavèy dat sa a, plizyè moun remake nan komin Petyonvil prezans Guy Philippe, yon ansyen chèf rebèl ki te apèn sot pase 6 lane nan prizon Ozetazini pou blanchiman lajan ki lye ak trafik dwòg.

Prezans li ta pral fè kèk patizan li lanse yon mouvman bridsoukou nan lari Petyonvil.

Men, sa pa t rete la !

Nan demen, jou 7 fevriye a menm, kèk polisye ki nan Unité départementale de maintien de l’ordre (UDMO) touye anba bal 5 ajan Brigade de Sécurité des Aires Protégées (BSAP) nan zòn Laboul. Kondisyon aksyon sa pase a pa klè jiskaprezan.

Nan menm moman sa a, lapolis arete twa lòt ajan BSAP. N ap souliye, plizyè manm brigad sa a te deja anonse piblikman y ap soutni Guy Philippe, ki li menm t ap mande leve kanpe pou fòse Ariel Henry kite pouvwa a.

Mwa fevriye a pral fini, Ariel Henry pa fè yon pa kita yon pa nago. Okontrè, soti 25 pou rive 28 fevriye, pandan l al patisipe nan 46e reyinyon òdinè konferans chèf Leta yo nan Communauté caribéenne lan (CARICOM), premye minis lan pran angajman pou òganize eleksyon an Ayiti pou pi ta 31 dawout 2025. Anons sa a pa t pran tan pou leve plim sou do divès aktè politik an Ayiti, ki sanble pa t tolere lide pou Ariel pase plis tan sou pouvwa a.

Pandan tan sa a, gouvènman li an kontinye ap tann deplwaman misyon miltinasyonal peyi Kenya te pwopoze dirije pou ede tabli sekirite nan peyi a.

Se sa k fè, 29 fevriye, apre li fin patisipe nan rankont CARICOM lan, Ariel Henry vwayaje pou ale Kenya. Objektif vwayaj la se siyen yon akò ak gouvènman Wiliam Ruto a, pou otorize deplwaman fòs miltinasyonal la.

Menm jounen 29 sa a, yon lòt gwo paj enstabilite louvri nan listwa peyi a.

Divès gwoup gang nan kapital la ki regwoupe tèt yo sou non «Viv Ansanm» pase yon vitès siperyè nan zak vyolans y ap fè : yo atake, piye epi fòse plizyè enstitisyon Leta nan kapital la fèmen pòt yo. Yon sitiyasyon ki vin alonje lis moun k ap deplase kite lakay yo nan kapital la.

Dapre chif Òganizasyon entènasyonal migrasyon (Oim) kolekte soti premye out rive 4 septanm, se anviwon 700 mil moun ki kouri kite zòn ki gen vyolans yo ale nan lòt vil pwovens nan peyi a.

Mete sou sa, plizyè enstitisyon inivèsitè ak enfrastrikti eskolè te oblije fèmen pòt yo nan Pòtoprens.

Sa ki t ap pral fè, chif sou kantite lekòl ki fèmen nan Ba Latibonit ak nan Lwès yo rive 3000, daprè sa ministè edikasyon nasyonal te fè AyiboPost konnen nan mwa oktòb 2024 la.

Sitiyasyon sa a, kote tout lekòl sa yo fèmen an, enpakte òf edikatif la nan peyi a, daprè sa espesyalis nan ledikasyon, Audyl Corgelas, fè nou konnen.

Vyolans yo pa t rete la. Nan lannuit 2 mas la, regwoupman gang «Viv Ansanm» lan atake 2 pi gwo prizon peyi a : Penitansye nasyonal ak Prizon sivil Kwadèboukè, sa ki lakòz plis pase 4000 prizonye sove. 

Anplis, yo boule komisarya, atake ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture, sa ki ta pral lakòz divès konpayi ayeryen kanpe vòl yo sou Ayiti. Yon sitiyasyon ki te anpeche premye minis de fakto Ariel Henry rantre nan peyi a, jouk li oblije anonse demisyon l nan lannuit 11 mas la. 

E se nan menm lannuit 11 mas la, CARICOM anonse desizyon ki soti nan antant ant diferan patnè entènasyonal ak aktè politik ayisyen yo pou kreye yon konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) 9 manb. 

Pandan tan sa a, vyolans gang yo pa bese nan kapital la.

1e avril, li te difisil pou te kwè se pa t pwason davril lè tout moun aprann bandi Viv Ansanm pran kontwòl lopital Jeneral, pi gwo lopital piblik peyi a ki te sispann fonksyone depi 29 fevriye a. Epoutan, se te vre !

Yon kote, negosyasyon politik yo pa t sispann. 

Nan dat 3 avril, anba lidèchip CARICOM, aktè politik yo te resi soti ak yon akò pou mete konsèy tranzisyon 9 manb lan sou pye. Nan yon dekrè ki parèt nan jounal Le Moniteur, 12 avril 2024, konsèy la kreye ofisyèlman. 

Fòmasyon KPT a pati konsa : Sèt (7) manb ki gen dwa pou vote : Edgard Leblanc Fils ki reprezante Kolektif 30 janvye; Smith Augustin reprezantan EDE/RED/Konpwomi istorik, Louis Gérald Gilles ki soti nan akò 21 desanm, Fritz Jean Akò Montana, Laurent St-Cyr manm reprezantan sektè prive a, Emmanuel Vertilaire pati politik Pitit Desalin te deziyen epi Leslie Voltaire ki soti nan Fanmi Lavalas.

Mete sou sa, genyen 2 lòt manm ki se obsèvatè : n ap pale de Régine Abraham ki reprezante sektè entèrelijye a ak Frinel Joseph reprezantan sosyete sivil la.

Konsèy sa a ki gen prensipal misyon pou mete sou pye yon konsèy elektoral epi òganize eleksyon pral prete sèman nan dat 25 avril 2024 la, nan Palè nasyonal an chatpent, ak tout yon mache prese. 

Konsèy prezidansyèl sa a ki fòme ak diferan gwoup ki gen pwòp enterè politik pa yo, pa t pran tan pou divize.

30 avril, senk jou aprè enstalasyon KPT a, 4 manm ki gen dwa vote nan konsèy la mete tèt yo ansanm pou fòme yon gwoup majorite, epi deziyen san yo pa pase pa mwayen eleksyon, Edgard Leblanc Fils, prezidan konsèy tranzisysyon an.

Sou menm lanse sa a tou, yo te menm prevwa nome Fritz Bélizaire antanke premye minis. Dayè, nan menm jou a, AyiboPost te gentan remake non li sou Wikipédia kòm premye minis dezinye, «k ap tann enstalasyon»

Apre anpil diskisyon politik, 7 me 2024, konseye prezidansyèl yo jwenn yon akò pou mete anplas yon prezidans tounant, kote 4 manm sa yo : Edgard Leblanc Fils, Smith Augustin, Leslie Voltaire ak Louis Gérald Gilles t ap gen pou fè yon ti kout prezidan konsèy la, jouk rive 7 fevriye 2026.

Selon kèk sinyatè akò 3 avril 2024 ant diferan aktè politik yo, desizyon sa yo trayi sa ki te fikse nan kad antant sila a, e ajisman sa yo plis sanble ak pataj gato.

Pandan tan sa a, ensekirite a kontinye blayi zèl li sou Pòtoprens, sa ki anpeche avyon toujou pa ka ateri nan ayewopò Toussaint Louverture. Nan sousi pou favorize sekirite ayewopò a, e pèmèt vòl yo reprann, depi nan dat 8 avril, otorite yo nan komin Taba lanse yon operasyon demolisyon kay ki tou kole ak ayewopò a. Sa ki ta pral pwovoke anpil pwotestasyon bò kote moun kay yo kraze yo. E se pandan pwosesis demolisyon an t ap kontinye, ayewopò Toussaint Louverture relouvri pòt li pou vòl komèsyal yo, de mwa edmi apre li te fèmen akoz vyolans gang yo.

28 me, kèk jou apre ayewopò a fin louvri, konsèy prezidansyèl la anonse yo nome ansyen fonksyonè Garry Conille premye minis pou yon dezyèm fwa apre l te okipe pòs sa nan lane 2011, sou prezidans Michel Martelly.

Anviwon yon mwa apre enstalasyon Garry Conille, e sitou apre anpil tolalito, finalman, nan jou ki te 25 jwen 2024 la, yon premye twoup polisye kenyan deplwaye nan peyi a, nan kad misyon militinasyonal sekirite pou retabli lapè a.

Pakont, yo pa t ko janm efektif sou teren an. Sou pwen sa a, gen obsèvatè ki kwè nou pa ka espere anyen de yo si pa gen estrateji klè sou sa yo dwe fè sou teren an.

Pandan tan sa a, kontèks politik la pa chanje. Okontrè, se eskandal sou eskandal bò kote gouvènman tranzisyon an.

Nan mwa jiyè 2024 la, yon eskandal koripsyon ki enplike 3 manm nan konsèy prezidansyèl tranzisyon an eklate. N ap pale de Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire ak Smith Augustin.

Selon sa yon rapò Inite lit kont koripsyon (ULCC) sou dosye an revele, Raoul Pascal Pierre-Louis ki te prezidan Bank nasyonal kredi (BNC) fè anketè yo konnen li resevwa plizyè demann nan kad yon ansanm demach li t ap antreprann pou retounen nan fonksyon li kòm direktè bank lan.

Menm ankèt sa a revele, nan dat 25 me 2024 la, konseye prezidan Louis Gérald Gilles mande ansyen prezidan BNC a 100 milyon goud pou te ka kenbe li nan pòs li.

Men, Pierre-Louis te fè konseye yo konnen li pa gen lajan, pakont l ap garanti yo kapab prete nan bank lan, jwenn kat kredi ki genyen soti 13 500 rive 20 000 dola ameriken, elt. 

Konseye Emmanuel Vertilaire te menm mande epi resevwa nan men Raoul Pascal Pierre-Louis plizyè nominasyon, transfè ak pwomosyon pou antouraj li nan depatman Nò peyi a. 

Pandan eskandal sa yo ap pase isit, kalvè Ayisyen k ap viv Ozetazini yo, presizeman nan Springfield, te kòmanse. 

Nan mwa dawou 2024, yon rezidan ameriken nan vil la fè lameri konnen migran ayisyen yo touye plizyè kana ki te nan zòn lan pou yo manje.

Akizasyon sa yo, ki pa t chita sou laverite, te kontinye pandan peryòd kanpay elektoral ameriken yo.

Konsa, nan mwa septanm lan kandida pou pòs prezidansyèl, Donald Trump, nan yon deba ki mete l fas pou fas ak rival li Kamala Harris, deklare li wè plizyè moun nan televizyon k ap di yo volè chen ak chat yo pou al manje.

Si Ozetazini Ayisyen yo t ap sibi tout kalte menas ak diskriminasyon, gouvènman dominiken an sou bò pa l anonse, nan dat 2 oktòb lan, entansyon yo genyen pou depòte anviwon 10 000 migran ayisyen ki ilegal chak semèn.

Yon deklarasyon ki pa t pran tan pou ateri, e ki te vin ogmante kantite migran ayisyen peyi etranje depòte pou ane a.

Soti janvye rive desanm 2024, se anviwon 198 683 migran ayisyen peyi etranje depòte, e 97.15 % ladan yo soti Repiblik dominikèn, daprè òganizasyon entènasyonal migrasyon (OIM).

Tout depòtasyon sa yo ap fèt nan yon kontèks kote ensekirite an kontinye ap layite kò l an Ayiti, 

Yon ensekirite global ki afekte sante mantal popilasyon an anpil pou ane 2024 la, e ki pouse plis moun ap rele Asosyasyon ayisyèn sikoloji pou mande èd nan sans sa a.

Nan douvanjou 3 oktòb la, bandi baz Gran Grif ki soti nan lokalite Savyen komin Tirivyè Latibonit atake Pon-Sonde, yon lokalite nan seksyon kominal Bokozèl ki nan komin Sen-Mak, e touye plis pase yon santèn sitwayen nan kabann lakay yo.

Si kontèks sosyal ak politik la pa chanje nan peyi a, konsèy tranzisyon an, li menm, chanje prezidan san pwoblèm.

Nan dat 7 oktòb 2024 la, konseye prezidan Leslie Voltaire ranplase ansyen konseye Edgard Leblanc Fils nan tèt konsèy tranzisyon an, kèk jou apre l te pwononse yon diskou anpil moun te kalifye istorik nan 79e Asanble jeneral Nasyonzini an sektanm.

Gouvènman an bò kote pa l sanble t ap chèche yon fòmil pou rezoud pwoblèm ensekirite a, li pa t janm ka  jwenn.

Soti 11 rive 12 oktòb 2024 la, premye minis Garry Conille, pwofite vizite peyi Kenya nan sousi pou ranfòse lyen ant 2 peyi yo.

Yon rankont ki fè suit ak angajman militè peyi Kenya nan misyon miltinasyonal pou apiye sekirite nan peyi Dayiti a.

Tout moman sa yo, tansyon an pa sispann monte ant konsèy prezidansyèl tranzisyon an ak gouvènman Garry Conille ap dirije a. 

Pou n pi byen konprann, konfli yo t a sanse kòmanse depi apre vizit Garry Conille Ozetazini nan dat 28 jwen 2024 la, pou l t al rankontre ak kèk responsab enstitisyon finansye entènasyonal, selon sa biwo primati a te fè konnen nan yon kominike.

Selon sa kèk konseye prezidansyèl esplike, deplasman sa ta fèt san yo pa t okouran. E, yo te deja anonse y ap konvoke premye minis la lè l retounen.

Epoutan, kontrèman ak sa ki t ap di nan Laprès, AyiboPost te rive jwenn akize resepsyon yon lèt PM Conille te adrese laprezidans nan dat 27 jwen an konsènan deplasman li an.

Tansyon yo pa t rete la.

Garry Conille te mande pou 3 manm ki enplike nan kòripsyon BNC a demisyone nan konsèy la, yon pozisyon ki pa t jwe an favè l. 

E, tansyon sa a te rive pi lwen toujou.

Nan mitan tout ti jwèt politik sa yo, gang yo pa sispann miltipliye atak yo.

Malgre prezans misyon miltinasyonal sekirite a, gang yo kontinye ap fè krim, mete popilasyon an deyò lakay yo pou okipe plis tèritwa. Se konsa, nan dat 10 oktòb la, yo atake komin Akayè. 26 oktòb, yo rapousuiv pi rèd atak yo te kòmanse fè sou katye Solino yo. 

Pa bliye m t ap di nou, te gen ti dife ki t ap boule ant Garry Conille ak rès manm konsèy tranzisyon an deja.

Ebyen, nan yon arete ki pibliye nan jounal Le Moniteur, dis (10) novanm 2024 la,  uit (8) manm konsèy prezidansyèl la sou nèf (9) siyen pou nome biznisman Alix Didier Fils-Aimé antanke nouvo premye minis peyi a.

Kidonk, konsèy tranzisyon an revoke Garry Conille apre sèlman 6 mwa anviwon li pase nan pòs premye minis la.

Si pou anpil obsèvatè an Ayiti revokasyon PM Conille lan te yon bon desizyon, se pa menm bagay la pou prezidan fransè a Emmanuel Macron ki te montre l fache : « le premier ministre était super, moi je l’ai défendu, ils l’ont viré. C’est terrible. C’est terrible. Et moi, je ne peux pas le remplacer. Ils sont complètement cons, ils n’auraient jamais dû le sortir, le Premier ministre était formidable ». Deklarasyon sa a prezidan franse a te fè 19 novanm pandan l t ap kite somè G20 an nan peyi Brezil, ta sanble te leve plim sou do otorite ayisyen yo. 2 jou apre, yo te konvoke anbasadè fransè an Ayiti a, Antoine Michon, ki ta montre li regrèt deklarasyon prezidan an te fè a

Pami sa ki ta alabaz revokasyon Garry Conille lan, yo repwoche ansyen premye minis la mank respè epi l pa t kolabore ase ak konsèy tranzisyon an.

Se tankou marengwen t ap tann van pou l al Lasalin. 11 novanm, apre revokasyon PM nan, Pòtoprens leve anba gwo tansyon gang yo kreye.

Depi lavèy, gang yo anonse gwo deblozay nan kapital la. Efektivman, nan jou 11 lan,  gen kèk avyon ki touche ak bal nan ayewopò Toussaint Louverture a. Sa ki t ap pral pouse divès konpayi ayeryen anonse, pou yon dezyèm fwa nan ane 2024 la, yo kanpe vòl yo sou Pòtoprens jiska kòmansman lane 2025 lan.

Gang Viv Ansanm yo, ki toupuisan nan kapital la, fè tantativ pou atake komin Petyonvil nan granmaten 19 novanm lan. Yon atak lapolis ta pral devye, e ki ta pral debouche sou yon lòt epizòd Bwa kale nan kapital la.

Nan demen, 20 novanm, yon lòt nouvèl ta pral kreye gwo chòk nan sektè medikal la, lè Medsen san fwontyè (Msf) anonse li kanpe aktivite li yo nan Pòtoprens akoz menas dirèk pèsonèl ak pasyan li yo ap resevwa. Menmsi MSF te anonse li reprann kèk nan aktivite li yo apre 22 jou, alatèt yo toujou montre enkyetid yo parapò ak vyolans yo nan peyi a.

***

Si toupatou se kriz sou kriz, ladwàn li menm anonse krab la gra ane sa a !

Depi nan finisman mwa novanm lan, ladwàn anonse yo rantre plis pase 10 milya 30 milyon goud resèt. Yon chif ki reprezante 95 % nan objektif ministè ekonomi ak finans te fikse pou peryòd la, malgre kontèks ensekirite a. 

Men èske sa se t on eleman pozitif pou peyi a ? 

E enflasyon an li menm, ki fason li afekte moun yo ? 

Soti 6 pou rive 11 novanm 2024, chèf gang Monel Felix ki popilè sou non «Micanor», fè yon masak nan zòn Waf Jeremi kote li touye plis pase 200 moun, daprè sa plizyè òganizasyon dwa moun ak entènasyonal yo rapòte. Pami moun ki mouri yo, pifò se granmoun, kòmkwa se ta yon granmoun ki nan lougawou ki responsab lanmò yon pitit chèf gang nan.

N ap presize pandan tout dewoulman zak kriminèl sa a, pa gen okenn entèvansyon lapolis ki fèt nan zòn lan pou te anpeche egzekisyon yo kontinye.

Zak sa a vin ogmante chif sou kantite moun ki mouri pandan ane 2024 la a plis pase 5 000, selon Nasyonzini

*** 

Menm jan atak gang yo te vize enfrastrikti medikal yo depi nan komansman ane a, nan dat 16 ak 17 desanm 2024 la yo atake epi boule yon pati nan lopital Bernard Mevs ki gen 30 lane ap sèvi kominote a.

Sa pa t rete la,  jou k te 24 desanm lan, nan yon tantativ minis sante piblik la, Duckenson Lorthe Blema, pou louvri lopital Jeneral, bandi Viv Ansanm atake espas la.

2 jounalis plis yon polisye mouri, san konte 7 lòt jounalis ki te blese jou sa a.

Se divès evènman sa yo ki make istwa peyi dAyiti pou lane 2024 la.


Montaj ak Reyalizasyon :

Kamera : Max Kendlay Kevjhevaal Toussaint & Makenson Pinquière

Prezantasyon : Daphena Rémédor , Rebecca Bruny & Pascal Nancy Andre

Rechèch ak Dokimantasyon : Jérôme Wendy Norestyl , , Pascal Nancy Andre & Wethzer Piercin

Redaksyon ak Sipèvizyon : Jérôme Wendy Norestyl &


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Journaliste-rédacteur à AyiboPost, Jérôme Wendy Norestyl fait des études en linguistique. Il est fasciné par l’univers multimédia, la photographie et le journalisme.

    Comments