EN UNESOCIÉTÉSPORT

Ayiti toup pou yo ankò !

0

Jou ki te 28 janvye 2018 la nan lakou Trinidad, ekip nasyonal foutbòl fanm pi piti pase 20 lane Ayiti a jwenn kalifikasyon li pou koupdimond 2018, ki pral fèt Lafrans, nan mwa dawout kap vini la, aprè li fin bat Kanada 1-0. Se twazyèm fwa nan listwa nou pral pral patsipe nan yon koupdimond foutbòl aprè gwo ekpip gason an an 1974, ak ekip gason pi piti pase 17 lane a an 2007. Men sa k pi bèl la, se premye fwa yon ekip fanm ki soti nan Karayib la pra l patisipe nan yon koupdimond nan kategori laj sa a. Yon lòt fwa ankò, nou toup pou yo!

Dènye jou sa yo Ayiti te plis fè pale de li pou lòt vye koze. Si gen kèk nan nou ki te divize sou koze « Shithole » la, men kalifikasyon sa ap frape nan je lemond antye, pou montre gen bon bagay tou nan peyi a. Ann pa bay tèt nou manti, sak pa bon yo anpil nan peyi a, gen plis move bagay pou pale ke bon bagay. Kalifikasyon sa se yon okazyon spesyal pou nou leve tèt nou, pou nou pa fin dekouraje nèt, pou nou kontinye travay, pou nou bay peyi a yon lòt imaj. Si nan lòt domèn (sitou politik) yo toujou ap pale Ayiti mal, espò a se youn nan sektè ki kontribiye anpil nan fè etranje wè Ayiti yon lòt jan : Atletis la ki souvan nan “Je Olenmpik” , Foutbòl la ki toujou prezan, basket la kap sekwe kòl jodi a, pou nou site sa yo sèlman.

Men fòk nou evite pran nan pyèj aprè 1804 la. Se nòmal pou dat endepandans yon pèp rete nan memwa li, men li pa ka sèl gwo reyalizasyon li tou. Paske aprè sa, gen lòt travay ki pou fèt pou nou ka rete granmoun tèt nou. Malerezman nou pat rive fè sa, se sak fè jouk jounen jodi, gen moun ki menm di nou sou yon okipasyon degize. Se menm jan an, an 1974 nou annik patisipe nan koupdimond gwo ekip gason yo, nou elimine nan premye tou, epi nou tounen lakay nou, nou pa janm patisipe nan okenn lòt koupdimond ankò. Manno Sanon, Philippe Vorbe, Tom-Pouce, ak rès ekip la pa ta ka fè plis, men ale nan koupdimond te ka tou vin yon abitid pou nou si leta ayisyen te angaje l plis nan domèn espò a.

Nan moman an la, fòk nou fete, fòk nou bat lestomak nou. Paske, patisipe nan yon koupdimond pa yon kado, fòk ou batay pou w rive ladann. Men rive ladann nan pa sifi si w vle make listwa plis toujou ! Fèt la pa dwe dire pi lontan pase sa, paske pral gen gwo moso kap ret tann nou nan koupdimond lan. Si nou vle ale pi lwen, fòk nou rekonsantre nou, fòk leta pa tann lè medam yo fin fè yon gwo bagay tou pou l ankouraje yo, se depi kounye a pou l akonpaye yo, fòk federasyon an li menm pa panse ekip la se pwopriyete prive l selman li ye, ekip la se ekip peyi a. Bay moun ki goumen yo chans pou yo jwi rezilta travay yo, pa mete okenn dasomann oswa “dasowoman” kap vin pran pòz patriyòt nan mitan medam yo. Se chwa k ap bon pou peyi a pou nou fè !

Nou pa pral reve chanpyon nan koupdimond lan, men si nou pa vle sanble yon ekip “pito nou lèd nou la” , yon ekip “swe m vin swe”, fòk depi kounyea nou kòmanse travay pou nou ka fè yon fè bèl patisipasyon. Epi, pou nou sèvi ak kalifikasyon sa tou kòm modèl nan tout lòt kategori yo, nan tout lòt disiplin espò yo, ak nan tout lòt dòmèn nan peyi a. Konsa nou ka ale pi lwen ke sa nou te fè nan koupdimond 1974 ak 2007 yo. Nou te toup pou yo an 1803 sou teritwa nou, ann al toup pou yo lakay yo an 2018 !

Paul Junior Prudent

Je suis diplômé en Droit et étudiant en Communication Sociale. Je suis un amoureux fou du sport, passionné de la lecture et de l’écriture. Journaliste et commentateur sportif, j’anime l’émission Sportmania sur Radio Ibo.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *