Lè yon fanm al wè jinekològ, gen konpòtman espesyalis la p ap janm afiche pandan konsiltasyon an si toutbon li se yon pwofesyonèl. Pa egzanp, gen jinekològ ki konn plede ap felisite fi a, e konn menm rive mande l « kenbe l » pwòp pou li
AyiboPost pral ede w byen konprann ki konpòtman nòmal yon medsen sipoze genyen nan kad yon konsiltasyon jinekolojik, ki diferan etap konsiltasyon an genyen, ki jès ki ka anbarasan pou fanm nan, men ki s on bagay nòmal, èske paran, mari osnon mennaj fi a gen dwa pou asiste a konsiltasyon an… Brèf ! Nou pral eksplike w tout sa ou dwe konnen sou swen jinekolojik, ki se yon sèvis medikal vrèman enpòtan. Vin koute !
► Pou nou kòmanse, ann gade ansanm kisa yon konsiltasyon jinekolojik ye.
Yon konsiltasyon jinekolojik se lè yon fanm al pran swen nan men yon jinekològ, sa vle di, yon medsen ki espesyalize nan pran swen ògàn ki pèmèt fanm fè bagay ak fè pitit. Se sa k fè, an jeneral, se jinekològ medam yo al wè lè yo gen doulè règ, lè yo bezwen pran kontrasepsyon, epi lè yo gen lòt konplikasyon ki konsène kò yo antanke fanm oubyen lè yo bezwen konnen nan ki eta sante yo ye.
Men, èske gen yon laj pou sa ? Espesyalis yo fè konnen, pa gen yon laj ojis pou yon fi kòmanse swiv jiinekològ, li ka kòmanse a tout laj si l estime li bezwen sa.
Sepandan, yo rekòmande pou yon fi ki gen anviwon 20 lane kòmanse al wè jinekològ, e menm avan laj sa a, si li kòmanse nan fè bagay.
Chak kilè yon fi ta sipoze al wè jinekològ ? Òganizasyon mondyal lasante, OMS, konseye pou tout fanm ta fè omwen yon bilan jinekolojik pa ane. Bilan sa ap ede fi a konsève sante seksyèl ak repwodiktif li.
Apre jinekològ la, kilès ki abilite pou reyalize konsiltasyon jinekolojik ?
Nan anpil sant medikal an Ayiti kote ki pa gen ase jinekològ, tankou nan vil pwovens yo pa egzanp, sa konn rive se yon medsen jeneralis oubyen yon fanm-saj sètifye ki reyalize konsiltasyon jinekolojik la. Men, sa n dwe toujou konnen, se medsen ki espesyalize nan jinekoloji ki plis rekòmande pou reyalize konsiltasyon sa.
► Kounye a, ann gade ansanm, etap pa etap, kijan yon konsiltasyon jinekolojik dewoule.
Yon konsiltasyon se avantou yon dyalòg. Se sa k fè, lè pasyan an rive nan klinik la, medsen an ap fè konesans avè l, mete l an konfyans, pandan l ap mande l laj li, non l ak lòt detay nesesè, pou li kapab prepare dosye l. Met sou sa, l ap pran siy vital pasyan an, tansyon ateryèl li, tanperati kò l, pwa l, elatriye.
Pi souvan, se yon enfimyè oubyen yon pèsonèl sante ki fè premye etap sa. Men, konn gen klinik prive kote se medsen an ki tou reyalize l.
Aprè etap sa, pasyan an ap pase nan dezyèm nan ki se entèwogatwa a, kote jinekològ la ap poze fi a kesyon k ap pèmèt li konnen pou ki rezon ojis li vin konsilte a, pou l konnen tou antesedan medikal li ak lòt detay tankou si l te opere deja, si li fè pitit deja, si l konn fimen, bwè alkòl, èske l gen medikaman l ap pran nan moman an, e medsen an ap menm poze kesyon sou antesedan medikal paran pasyan an.
Se yon latriye kesyon ki konn parèt dwòl e fatigan pou pasyan yo. Men daprè Dr. Beaugé Grégory, ki se jinekològ obstetrisyen, tout kesyon sa yo nòmal, ─ repons yo ap pèmèt jinekològ la poze diagnostik li pi byen.
Aprè dezyèm etap sa a ki se entèwogatwa, medsen an ap pase nan twazyèm nan ki se egzamen fizik la.
Pou egzamen fizik lan fèt, medsen an ap mande pasyan an retire rad ki sou li a pou l mete yon blouz sou li pito. Oubyen, nan ka ki pi senp lan, li ka mande pasyan retire sèlman rad ki kouvri pati li pral konsilte a. Daprè sa doktè Fred Wilner Gaspard fè AyiboPost konnen, li pa yon obligasyon ditou pou fi a dezabiye l totalman nan yon konsiltasyon jinekolojik. Li gen pou li dekouvri pati medsen an ap egzamine a sèlman.
Nan faz sa a, li nesesè pou medsen an deplase kite sal la pou li respekte entimite pasyan an, sitou lè sal lan pa gen yon espas ki garanti entimite. Oubyen li ka dirije pasyan an nan yon espas ki garanti entimite l. paske daprè sa Dr Beaugé eksplike n nan AyiboPost, etik medikal yo entèdi medsen an asiste pasyan an ni lè l ap abiye, ni lè l ap dezabiye.
Medsen an ajoute pa gen anyen k ap fèt nan kad konsiltasyon jinekolojik la ki sipoze gen entansyon seksyèl dèyè l. Tout jès medsen an ap poze, se pou li diagnostike pasyan an, pou li verifye si tout bagay nòmal.
Met sou sa, medsen an pa gen pou li fè okenn kòmantè sou kò fi an, pou sa pa kreye malèz nan konsiltasyon an.
E nan sans sa a, kit fi a pa raze, kit li gen règ li, oubyen li poko fè twalèt li, sa pa sipoze yon jèn pou li. Dayè, gen egzamen ki konn mande pou medam yo wè jinekològ pandan yo poko fè twalèt yo.
Kounye a, ann gade kòman konsiltasyon fizik la fèt menm :
- Toudabò, medsen an ap kòmanse ak palpasyon tete fi an. Etap palpasyon tete an ap pèmèt li idantifye si pasyan an gen mas osnon boul ki fòme, si gen kansè k ap devlope, elatriye.
- Apresa, medsen an ap palpe vant pasyan an pou li wè si li reveye kèk doulè, tout sa ap pèmèt li idantifye si gen anomali nan abdonmèn nan.
- Touswit aprè, medsen an ap fè sa ki rele « auscultation » pou pasyan an. Sa vle di, l ap itilize yon tetoskòp pou l koute son kè ak poumon pasyan an. Tout sa yo se jès nòmal, pasyan an pa bezwen enkyete.
- Aprè oskiltasyon an, se enpòtan pou medsen an mande pasyan an pou li kouvri pwatrin ni, epi dekouvri espas anba vant li avèk pati jenital li.
Dènye pati an se egzamen anba vant lan, nan langaj medikal la yo rele l rejyon pèlvyèn. Medsen an ap palpe l, sa ka pèmèt li detekte si fi a gen fibwòm k ap devlope osnon lòt pwoblèm nan ovè.
Medsen an ap enspekte vajen fi an, pati yo rele « vulve » lan, pou li verifye si pa gen sikatris, iritasyon, oubyen yon malfòmasyon.
Aprèsa, medsen an ap fè yon egzamen avèk yon materyèl ki rele « speculum ». Materyèl sa pèmèt li fè yon ti louvri vajen an, pou li egzamine si genyen mas ki ap fòme, enflamasyon, oubyen sekresyon anòmal. N ap presize, daprè sa espesyalis eksplike n, egzamen avèk speculum nan pa pou moun ki poko nan aktivite seksyèl.
Si fi a ap fè yon pap tès, ki se yon egzamen depistaj kansè kòl matris, medsen an ap tou reyalize l pandan enspeksyon sa.
Fò n di tou, gen konsiltasyon ki konn mande pou medsen an fè yon touche vajinal. Sa medam yo souvan rele bay gan an nan langaj pa yo. Gen moun ki konn panse se sèlman fanm ansent yo bay gan, men non !
Selon sa Dr. Beaugé eksplike nou, touche vajinal lan fèt avèk youn oubyen 2 dwèt, li pèmèt medsen an idantifye volim matris lan, si gen yon mas nan ovè fi an, epi si gen sekresyon anòmal nan vajen an.
Aprè tout egzamen sa yo, medsen an ap evalye si pasyan an nesesite yon sonografi pèlvyèn. La a ankò, gen moun ki konn panse se sèlman pou fanm ansent yo reyalize sonografi pèlvyèn, men non. Depi fanm nan pa gen konplikasyon sante, li ka fè sonografi pèlvyèn nan alèz. Gen 2 fason medsen an ka fè sa:
Swa li fè Abdomino-Pelvyen oubyen li fè Sonografi Transvajinal.
Abdomino-Pelvyen se lè medsen an mete sond iltrasonik lan sou vant pasyan an. Pou amelyore kalite imaj yo, medsen an konn mande fi a bwè anpil dlo avèk ji anvan konsiltasyon an pou li genyen yon blad pipi plen pandan egzamen an, paske sa ap ede li pi byen wè ògàn entèn l ap chèche wè yo. Sonografi sa a pi souvan itilize pou fanm ansent avèk fi ki poko nan fè bagay.
pou Sonografi Transvajinal lan li menm se metòd kote medsen an ap mete yon prezèvatif nan sond iltrasonik lan, li ajoute librifyan, epi rantre l andedan vajen fanm nan pou wè ògàn repwodiksyon yo pi pre, tankou matris ak ovè. Teknik sa a bay imaj yo pi presi, daprè sa doktè Beaugé eskplike n.
Met sou sa, gen konsiltasyon ki konn mande pou medsen an fè yon egzamen rektovajinal. Nan egzamen sa a, medsen an mete yon dwèt nan vajen pasyan an epi yon dwèt nan rektòm nan. Sa ki ap pèmèt li an verifye ovè yo, epi ligaman ki kenbe iteris la.
Espesyalis yo garanti, fi a pa bezwen gen okenn enkyetid nan ka sa yo ! Paske, tout egzamen sa yo nòmal.
► Kounya, annou wè jès ki pa nòmal nan konsiltasyon jinekolojik yo.
Toudabò, pasyan an dwe konnen : se yon dwa li genyen pou l poze kesyon a chak aksyon medsen an poze sou kò l oubyen a chak sa li mande l fè.
Kidonk, se nesesè pou medsen an eksplike fi an kisa l ap fè a, ak rezon ki fè lap fè yo a. Paske konsantman fi a vrèman enpòtan nan tout demach yo, selon sa doktè Beaugé di nou.
Nòmalman, pasyan an ta sipoze konprann eksplikasyon medsen an, epi konprann poukisa li nesesè pou li fè tèl egzamen, ak poukisa se konsa egzamen an reyalize. Men si enfòmasyon yo pa t klè, fòk medam yo pa wont mande plis eksplikasyon.
Si sa rive fi an te gentan kite konsiltasyon an, li ka toujou note kesyon l genyen yo pou l ka poze medsen an nan pwochen randevou a.
Toujou daprè Dr. Baugé, prensipal preyokipasyon medsen an sipoze sante pasyan an, konpreyansyon l ak pwoteksyon entimite l. Paske, lè pou yon fi pale sou entimite l sa kapab jennen l si li pa abitye ak sa. Se pou sa, medsen ki ap resevwa l la dwe chèche bonjan mwayen pou mete l alèz.
Si medsen an pa rive mete pasyan an an konfyans, li pa gen okenn obligasyon pou l kontinye konsiltasyon an .
Èske medsen jinekològ ka ede yon fi nan sa ki gen pou wè ak seksyalite ?
Selon doktè Beaugé, pasyan an ka diskite ak medsen l sou tout kesyon ki gen pou wè ak seksyalite, si li santi doulè nan aktivite seksyèl li, si li pa librifye, si li gen pwoblèm fètilite. Medsen an kapab oryante pasyan an parapò ak demann li. Gen doulè pasyan an konn genyen, se konn pwoblèm sante ki koz li.
Men medsen an pa gen pou li egzèse okenn pratik seksyèl avèk pasyan an sou ankenn baz. Si li fè sa, li kite kad pwofesyonèl la.
Medsen jinekològ lan pa la nonplis pou li fè pasyan an lamoral; li ka sèlman konseye l, rasire l, epi gide l nan chwa l ap fè yo.
Pasyan an tou pa sipoze rete atache avèk medsen jinekològ la, si li santi jijman, si l santi li malalèz, oubyen medsen an pa pran tan li pou li koute l. Pa egzanp, pasyan pa ka ap pale avèk medsen an, epi li nan telefòn li.
► Pou n fini, ann abòde yon pwen ki vrèman enpòtan. Se konsènan paran, mennaj osnon mari fi a ki konn vle akonpànye l jouk anndan klinik la pou swiv kòman tout bagay ap dewoule. Èske se yon bagay ki otorize ?
An jeneral, nan ka yon pasyan ki minè, se yon obligasyon pou l gen yon pwòch li ki prezan pandan konsiltasyon an.
Men nan ka yon pasyan ki majè, se pa yon obligasyon; sa pral depann sitou de pasyan an li menm.
Pa egzanp, si medsen an santi pasyan an anbarase akoz de prezans yon pwòch li nan sal la, sa ki fè l gen difikilte pou li pale, li ka mande moun nan soti. Paske sa ki pi enpòtan pou medsen an se konfò pasyan an, se respè entimite l.
An gwo mezanmi, sa nou dwe konnen, yon prizanchaj jinekolojik pa sipoze antrave ni dwa fanm nan, ni otonomi l, ni entimite l.
Kamera : Sherlande Pierre
Montaj ak Animasyon : Marc Elie Rosena
Rechèch ak Redaksyon : Nancy Pascal André
Edisyon ak Sipèvizyon : Philicien Casimir, Max Kendlay Kevjhevaal Toussaint Ak Chérubin Jérôme
Gardez contact avec AyiboPost via :
► Notre canal Telegram : cliquez ici
► Notre Channel WhatsApp : cliquez ici
► Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici
Comments