AYIBOFANMCULTURE

Apre lanfè prizon, mesyedam sa yo itilize teyat ak fim pou rakonte istwa yo

0

Fè prizon se yon eksperyans ki twomatizan isit, e souvan, moun sa yo gen temwayaj enpòtan ki pa ta dwe disparèt. Se travay sa a ki rive reyalize ak pyès teyat « Gouyad Senpyè » epi fim « 407 jou »

Yon jou swa nan lane 2009, Fabiola Rémy ansanm ak yon zanmi l t ap soti nan ri Sen Maten pou yo al lakay yo, Pòtay Sen Jozèf. Nan wout, yo kontre ak mari zanmi an, Junior Saint Hilaire. Misye joure medam yo, ba yo kou epi l te menm rive pike Fabiola Rémy nan ponyèt ak yon kouto. Apre ensidan sa a, Fabiola Rémy deside pote plent pou agresè li nan yon ti pòs polis ki nan Avyasyon an. 

Polisye yo te deklare l yo pa gen gaz, epi yo pa fè okenn dosye. Yo te konseye l tounen demen pou l vin fè manda. Men lè l rive bò lakay li apre sa, li jwenn Junior Saint Hilaire ak tout patizan l k ap ret tann li. Yo te anviwon sis. Yo plonje sou li, ba li kou, akize l se li ki toujou ap vin rele chèf sou katye a depi gen yon bagay ki rive.

Nan goumen, Fabiola Rémy rive blese Junior Saint Hilaire ak yon moso boutèy epi chape poul li. Kounyea la, menm chèf lè l t al fè depozisyon yo, se yo menm ankò ki tounen al kenbe l. Nan demen maten, li aprann Saint Hilaire mouri lopital jeneral. Apre ensidan sa a, patizan misye yo chache touye Fabiola Rémy lè polisye yo t ap soti ak li pakè pou al mete l nan prizon Petyonvil la.

Komedyèn ki jwe nan gouyad Sen Pyè. Foto : Hervia Dorsinville / Ayibopost

Finalman Rémy pase sèt lane nan prizon, ap benyen ak dlo ki ap fè po l grate l, ap dòmi ak sachè twalèt prizonye bò tèt li, elatriye. Epi bandi ki se patizan Junior Saint Hilaire t ap teworize fanmi l, yo te mete dife nan kay li, chache touye papa l epi mesye li te ak li a nan epòk la. Yo te menm arive agrese yon sè li fizikman. Tout strès sa yo fè tansyon jete papa Rémy. Moun lakay li pa menm di l sa, se lè l sot nan prizon li aprann nouvèl la.

Se pa sèl Fabiola Rémy ki gen istwa sa a

Sou inisyativ Biwo Dwa Moun an Ayiti (BDHH), Fabiola Rémy rive soti nan prizon. Istwa li ansanm ak anpil lòt medam enspire yon pyès teyat, Gouyad Senpyè. Se Darlines Gilles ki ekri l epi Anyès Noël fè mizansèn nan. Depi nan lane 2017 li egziste epi l gen plizyè reprezantasyon deja. Epi pami dis komedyèn ki jwe pyès sa a, gen senk ladan yo se ansyen prizonye yo ye, Fabiola Rémy ladan l.

Johane Louis epi Sarah Jina Penina Midi se de lòt komedyèn ki jwe yon wòl nan Gouyad Senpyè. Johane Louis jwe wòl Blan (non prizonye yo bay yon moun ki fèk rantre nan prizon) : Blan se yon fi ki ale gade yon moun, yon zanmi l di l konsa ki mouri sou katye lakay li a. Epi pandan l la, lapolis debake. Polisye yo tonbe arete moun, yo tou pran l tou. Pou yo lage l, yo mande l pou l bay non moun ki te fè zak la. Li pa t fouti ka bay li, paske se gade l te vin gade, men kijan l fè prizon.

Mariz, se non pèsonaj Sarah Jina Penina Midi ap jwe. Istwa Mariz menm, se lapolis ki debake lakay li vin arete mari l ki nan vann dwòg. Yo pa jwenn mari a, yo arete l nan plas li. Mari a rete an libète pandan tout kat lane li menm li te nan prizon, pou yon krim apre sa y ap wè li pa t janm koupab pou li a. Pèsonaj sa a menm jan ak tout lòt yo, reyèl, yo pa envante.

Apa Gouyad Senpyè gen lòt inisyativ BDHH antreprann pou rakonte istwa moun yo te rive libere yo, tankou fim 407 jou a. Fim sa a enspire de istwa Paul Junior Casimir aka Lintho, yon maryonetis ki se disip St-Rome.

Maryonèt Lintho yo rakonte 407 jou lanfè li yo

Paul Junior Casimir aka Lintho, te pase 407 jou nan prizon, pou yon krim li pa t komèt tou. Listwa pa Lintho rakonte nan yon fim, ki dire sèt minit, Éléonore Coyette reyalize ak asistans Sephora Monteau. Se Léo Jean-Baptiste epi Farid Sauvignon ki fè vwa yo. Jou samdi 1 fevriye 2020 an, nan Jaden Samba te gen yon pwojeksyon fim sila a.

Anvan pwojeksyon an kòmanse Éléonore Coyette te eksplike se Pauline Lecarpentier, sekretè jeneral BDHH, ki te kontakte li pou yon ti prezantasyon aktivite òganizasyon an. Men l pa renmen fè travay ki enstitisyonèl konsa. Reyalizatèz sa a ki sòti Bèljik, gen 10 lane depi l ap fè fim nan fòma kout, li te toujou enterese ak kote atistik travay la dabò. Nan diskisyon pou reyalize fim nan, Éléonore Coyette vin tande pale de listwa Lintho, epi travay li ak maryonèt yo. 

Apre vizit  Éléonore Coyette nan atelye atis la, Komedi lakay, li fè konnen : « mwen rann mwen kont se istwa sa a pou m rakonte, epi mwen kapab fè l ak maryonèt yo. » Epi l ajoute : « M te pran anpil plezi fè travay sa a paske maryonèt yo bay plis libète, m rive rakonte istwa a yon fason ki diferan. E se paske te gen posibilite pou m fè l ak maryonèt yo ki fè m te fè li. »

Lintho ki te prezan nan asistans lan pa t ka pale anpil tèlman emosyon t ap toufe li. Li te eksplike nou kijan sa te difisil pou li pou l ret chita gade fim nan ansanm ak nou. Fim nan te trennen l dèyè, fè l retounen lè l te Penitansye nasyonal, nan 407 jou lanfè li yo.

Entegrasyon ansyen prizonye fanm yo nan twoup teyat la

Pyès teyat Darlines Gilles la prezante tankou yon tablo ak plizyè sekans lavi moun. Pa gen yon kote istwa a kòmanse ak yon kote l fini. Pou rive fè lyezon ant diferan eleman yo, pou piblik la santi l antrene nan ritm istwa a, Anyès Noël rakonte li sèvi ak kò, chante, epi aktyalite kesyon prizon yo poze yo. Konsa metèz an sèn nan te rive kite nan lespri piblik la plizyè emosyon.

Men pi gwo difikilte l te rankontre se te rive konvenk senk medam sa yo ki se te ansyen prizonye, yo ka rive reyalize sa. Rive fè yo kreye ansanm epi bay vwa yo plas yo merite a. « Nou pa t konnen youn lòt, medam yo te dwe bliye konsepsyon yo gen de yon bagay ki bèl, sou kisa teyat ye epi de kisa sosyete a ap atann de yo, Anyès Noël rapòte. Travay ak medam yo tou te enplike, konvenk yo travay n ap fè a mande anpil serye epi detèminasyon. »

Pou rive fè medam yo gen konfyans nan tèt yo, Anyès Noël te chache aprann konnen yo, epi fè yo konnen li tou. Enstale yon relasyon konfyans nan mitan yo, pale, ri, elatriye. Sepandan, atis la konsyan apa tout sa li menm li te kapab bay, medam yo tou, te gen volonte a pou yo pale epi denonse.

Pou Johane Louis ak Sarah Jina Penina Midi ki te rejwenn gwoup la an 2018, yo dakò pou yo di konsa ansyen prizonye yo te byen entegre nan twoup la. « Te gen kèk ti retisans, men pat la te gentan bat deja. Ansanm ak yo, nou fè yon sèl, pa gen anyen ki pou di avan sa yo pa t komedyèn oswa yo te fè prizon», Sarah Jina Penina Midi fè konnen.

Atizay kòm zouti chanjman sosyal

Nan kad pwogram Teyat Toupatou, Festival 4 Chemen genyen, Gouyad Senpyè ap gen yon toune ki sòti 4 fevriye pou rive 30 avril 2020, nan plizyè depatman nan peyi a. Toune sa a ap pase Jakmèl, apre sa yo prale Jeremi, Pòtoprens epi Okay, antou gen sèt reprezantasyon ki prevwa.

Teyat Toupatou, menm jan ak BDHH ap eseye itilize atizay la kòm zouti chanjman sosyal nan fè fokis sou plizyè pwoblèm sosyal. Objektif la, Michaël Formilus, kowòdonatè pwogram Teyat Toupatou a eksplike, se touche moun ki konsène direkteman pa problèm nan. Sa vle di moun ki la ki ta sipoze fè dwa moun yo respekte, avoka, jij, majistra, elatriye. Epi rive touche tou gran piblik la, fè yo viv istwa viktim yo atravè pyès la, oswa tou atravè fim nan ak travay Eléonore Coyette la.

An Ayiti, nou vin abitye ak pil rapò sou vyolans, enjistis, oswa lanmò. Chif sa yo, done sa yo, nou bliye si yo chak la se istwa yon moun. E souvan piblik la, menm jan ak responsab yo vin ensansib ak pwoblèm sa yo, Pauline Lecarpentier fè konnen. Epi li ajoute : « Tip inisyativ tankou Gouyad Senpyè oswa 407 jou, pèmèt nou sispann banalize pwoblematik sa yo. Kreyasyon atistik sa yo, se pa sèlman viktim nan ki vin ekspoze doulè l, men yo se fòs chanjman, nan sans yo ensite moun yo aji sou pwoblèm yo. »

Gouyad Senpyè se yon bon egzanp, paske gras ak li BDHH rive vin gen pi bon rapò ak majistra yo epi li ede yo libere anviwon 30 fanm, depi lè a. Ansyen prizonye yo rive rekonstwi tèt yo, lavi yo, epi si yo vle yo ka tou kòmanse yon karyè komedyen. Se sa Fabiola Rémy fè li menm, aktyèlman li ansent prèske sis mwa, epi l fèk sot jwe yon wòl sou plato nouvo fim Gessica Généus la, Freda.

Pauline Lecarpentier panse se yon koze ki vrèman enteresan, lè moun yo rive depase malè ki te rive yo a epi sèvi ak li pou yo ka kreye. Pou li, Lintho ki sòti nan prizon, rive bay tèt li mwayen pou l ka kontinye travay atizay li ap fè ak maryonèt yo, pandan l ap denonse enjistis li sot viv la gras ak kolaborasyon li sou fim 407 jou a, se yon bagay ki revolisyonè. 

Hervia Dorsinville

Commentaires

Hervia Dorsinville
Journaliste résolument féministe, Hervia Dorsinville est étudiante en communication sociale à la Faculté des Sciences humaines. À Ayibopost, elle écrit sur les sujets de société, la culture et la technologie. Passionnée de mangas, de comics, de films et des séries science-fiction, elle travaille sur son premier livre.

    Bien que populaire, le « Ti Pwason » reste une pratique dangereuse

    Previous article

    Les matériaux de construction sont plus chers pour ceux qui habitent les zones défavorisées

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost