SOCIÉTÉ

Anpil polisye ayisyen pran lajan nan men patwon pou fè sekirite prive | Videyo

0

Pandan Leta pa gen ase polisye pou batay kont gang k ap pran plis tèritwa chak jou pi plis, lajan sitwayen yo ap peye plizyè santèn polisye e menm ofisye lame k ap travay kòm ajan sekirite prive yon pakèt biznismann, gwo zouzoun ki gen kontak oubyen ansyen responsab Leta plizyè lane apre yo kite pòs ofisyèl yo

AyiboPost atravè yon ankèt li sòti, revele genyen plizyè santèn ajan PNH ak lame Dayiti ki an detachman ak biznisman, ansyen kad Leta, oubyen ki sou pewòl antrepriz prive. Ankèt sa soti nan yon kontèks kote pa gen ase polisye pou pwoteje popilasyon an kont gang k ap pran plis tèritwa chak jou pi plis.

Daprè Garry Jean Baptiste, sendikalis SPNH-17, dezòd sa sanse touche tout inite espesyalize PNH yo tankou SWAT oubyen BOID.

Ou sandout ap mande tèt ou kijan polisye k ap resevwa lajan taks sitwayen yo fè tonbe nan fè ajan sekirite prive pou biznisman, moun ki pa gen anyen pou wè ak leta osnon gwo zouzoun kiDgen enfliyans ? Pa vre ? EbyenXZ ẞpran ti chèz ba w, AyiboPost pral eksplike w.

Men, avan annou f on gade kòman sa fèt nan yon peyi vwazen tankou Etazini.

Nan peyi sa a, Leta garanti sekirite ansyen manm kabinè, ki gen ekivalan minis Ayiti, jiska 6 mwa apre yo kite pòs yo. Sa ka rive yo pwolonje delè sa a si gen yon menas reyèl. Men, ansyen fonksyonè Leta paka espere jwenn yon sekirite sou do lajan taks sitwayen ameriken yo pandan tout lavi yo.

An Ayiti, yon bon pati lapolis la privatize.

Pandan Leta pa gen ase polisye pou batay kont gang k ap pran plis tèritwa chak jou pi plis, lajan sitwayen yo ap peye plizyè santèn polisye e menm ofisye lame k ap travay kòm ajan sekirite prive yon pakèt biznismann, gwo zouzoun ki gen kontak oubyen ansyen responsab Leta plizyè lane apre yo kite pòs ofisyèl yo.

Yon bon pati nan polisye PNH la konsantre nan Lwès. Men, selon sa Garry Jean Baptiste, sendikalis SPNH-17 la fè AyiboPost konnen : « majorite ajan sa yo afekte ak pwoteksyon pèsonalite oubyen ap fè aktivite prive, sa ki anpeche yo patisipe aktivman nan batay kont ensekirite a ».

Dapre Jean Baptiste, « okenn inite pa epànye ». E apre 21 lane esperyans nan lapolis la, li revele « plis pase 20 ajan inite elit SWAT t a afekte nan detachman, menm jan ak dis (10) jiska kenz (15) manm Brigad operasyon ak entèvansyon depatmantal (BOID) ».

An Ayiti, lalwa bay Lapolis nasyonal la misyon pou sekirize enstitisyon Leta yo, sa ki gen ladan l asire sekirite otorite ki an fonksyon yo.

Sepandan, « pa gen okenn tèks jiridik ki prevwa yon fason klè ki fòm pwoteksyon ansyen gwo fonksyonè Leta dwe genyen nan peyi a, dapre sa Mèt Samuel Madistin ki se prezidan konsèy administrasyon Fondasyon Je Klere, fè AyiboPost konnen.

AyiboPost pa rive jwenn yon tèks legal koyeran ki di kijan kesyon polisye ak sòlda lame an detachman an dwe òganize, pandan konbyen tan yon ansyen gwo kad Leta kapab resevwa pwoteksyon e konbyen ofisye ki ka akonpànye l.

Lapolis ak lame gen respektivman 1 000 sòlda ak 12 000 ajan, anviwon. Privatizasyon yon bon pati nan 2 enstitisyon sa yo rive nan yon kontèks kote manke ajan pou fè fas kare ak gang yo.

Nou dwe soulinye tou, chif sa yo gen tandans bese, lè n konsidere kantite polisye ki te deja kite peyi a oubyen asasen touye.

Akoz tout pwoblèm sa yo, peyi a gen lontan mwens polisye pou asire sekirite popilasyon an, ki anviwon 12 milyon moun, parapò ak sa règleman entènasyonal yo egzije.

Pwoblèm mank efektif sa a menm fè gouvènman an anonse nan kòmansman mwa avril la, entansyon yo genyen pou mobilize Brigad siveyans espas pwoteje yo (BSAP) nan lit kont ensekirite a. Yon desizyon mèt Madistin konsidere tankou yon gwo eskandal, etandone, selon li menm, se pa Leta ki antrene ni mete zam nan men yon bon pati ajan BSAP yo. Mete sou sa, plizyè manm brigad sa a te deja enplike nan anpil ka vyolasyon dwa moun nan peyi a.

Dapre ankèt AyiboPost la, pratik itilizasyon polisye kòm ajan sekirite prive a ap jeneralize.

Polisye ak sòlda lame ki dwe pwoteje ak sèvi piblik la twouve yo ap itilize materyèl tankou : zam ak inifòm yo pou pou al fè makèt ak madanm chèf, pwoteje teren ki nan pwosè osnon deplase ak moun ki nan move zafè.

AyiboPost pale ak yon demi douzèn polisye ki twouve yo nan sitiyasyon detachman. Plizyè ladan yo plenyen pou tikras kòb yo peye yo ki fè yo konn prefere chèche yon djòb detachman, kote VIP a konn ajoute yon ti tchocho sou salè Leta ba yo a tanzantan.

Gen lòt ki admèt y ap itilize inifòm yo ak materyèl leta pou fè travay ajan sekirite prive san otorizasyon pou sa, yon konpòtman grav ki vyole règleman entèn lapolis la.

Pou konprann nan ki pwen pratik sa a rive lwen, ann gade kèk ka AyiboPost rive dokimante nan ankèt li a.

Markinson Dorilas, alyas « Pwofèt Markinson », revele bay AyiboPost nan dat senk (5) avril pase a, li genyen nan kotèj li kat (4) polisye, yon sòlda lame ak yon ajan sekirite.

Diferan videyo reyaksyon Markinson yo

Pwofèt la te bat bouch ak AyiboPost nan lakou lotèl Karibe, nan katye Juvenat nan Petyonvil, kote li te vin anrejistre yon emisyon akonpànye ak ajan sekirite sa yo li rele « disip » li. Mesye sa yo « ap travay ak li an prive », daprè sa lidè relijye a te deklare. Li rapousuiv pou l di, li jwenn sèvis yo san l pa pase pa koulwa ofisyèl pou sa.

Menm jan ak tout sitwayen peyi a, pwofèt Markinson Dorilas gen dwa pou li viv an sekirite. Men legalman, si yon sitwayen bezwen moun ak zam mache dèyè l, li nòmalman dwe peye yonn nan pakèt ajans sekirite komèsyal ki plase pou bay tip sèvis sa yo nan peyi a. Daprè avoka Samuel Madistin, lè yon ajan lapolis tonbe nan fè lòt sèvis prive pou lajan pandan l ap sèvi ak resous Leta yo, « se yon zak kòripsyon ».

Se pa « pwofèt » la sèlman ki chèche privatize ajan polis nasyonal la.

Nan dat 21 avril 2025 la, AyiboPost te rive konstate prezans de (2) ajan ki idantifye yo ak kepi Polis nasyonal la, ki t ap sekirize klinik komèsyal prive Ansyen minis Jack Guy Lafontant nan riyèl Berne nan Pòtoprens, plis pase sis (6) lane apre l fin kite fonksyon li nan Leta a.

Nan kad ankèt la, AyiboPost te voye mande ansyen minis la komantè sou konsta a men, li pat bay yon repons.

Manm Konsèy prezidansyèl tranzisyon an osnon pi wo kòmandman PNH la pa di anyen nonplis sou kesyon plizyè santèn polisye k ap travay kòm ajan sekirite prive pou biznisman sektè prive a, moun enfliyan ak ansyen fonksyonè Leta ki gen plizyè lane depi yo kite fonksyon yo.

Dapre sa avoka Samuel Madistin deklare « dezòd ki genyen nan enstitisyon lapolis la pa pèmèt responsab yo mete yon fen nan pratik sa, ki afebli PNH la epi anpeche li rasanble yon bon kantite polisye pou lite kont gang yo ».

Polisye ki an detachman yo pa sèlman afekte ak ansyen fonksyonè Leta. Yo detache tou ak kèk pèsonalite politik.

Pa egzanp, Mèt Andre Michel, ki pwoklame tèt li « avoka pèp la », te youn nan pi gwo alye ansyen premye minis Ariel Henry. Li te toujou gen omwen yon polisye ki akonpànye l nan deplasman l yo, selon sa yon sous fè AyiboPost konnen.

Nan kad ankèt sila a, AyiboPost te kontakte, pòt pawol lapolis la, Lionel Lazarre, ki pa t fè suivi pou yon demann komantè.

Nan kad aktivite detachman an, polisye yo akonpli divès kalte tach. Selon sa 3 sous ki konn pratik sa yo fè AyiboPost konnen, polisye yo souvan pataje ak siperyè yo lajan yo fè nan kad aktivite sa yo sitou lè y al sekirize biznis prive.

Gen polisye ki afekte ak pèsonalite enfliyan ki aletranje. Pandan moun sa deyò peyi a, anpil nan polisye sa yo gaye nan lanati, toutpandan yo kontinye ap touche lajan Leta.

Pou sendikalis SPNH-17 la, Garry Jean Baptiste, « se depi la politizasyon lapolis la kòmanse ». Li kontinye pou l di bagay sa a nui fonksyònman enstitisyon an ki vin paka konte sou resous kle li genyen yo.

Plizyè sitwayen kwè brigandaj polisye ak ofisye lame ki nan detachman pasi pala a dwe fini. Yo di tou Leta dwe defini klè ki ansyen fonksyonè  ki ka gen polisye ak li, kijan sa dwe fèt e pandan konbyen tan apre l fin kite leta a, yon fason pou pa redui nan efektif polisye ki dwe bay tout popilasyon an sèvis yo.

E ou menm, kisa w panse ? Eske leta dwe peye polisye pou travay kòm gad prive tout ansyen premye minis, ak lòt ansyen fonksyonè Leta jiskaske yo mouri ? Eske chak gwo biznisman dwe gen polisye prive lakay yo oubyen mesyedam sa yo ta dwe peye konpayi ki bay sèvis sa yo nan peyi a, pou sekirite prive yo ?


Kamera: Jean Isaac Judelin

Montaj ak animasyon: Riquemi Pérez

Redaksyon : Jérôme Wendy Norestyl

Prezantasyon : 

Sipèvizyon:


Gardez contact avec AyiboPost via :

► Notre canal Telegram : cliquez ici

► Notre Channel WhatsApp : cliquez ici

► Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici

Originaire de Jacmel, étudiant, passionné de littérature, de musique et des arts visuels, curieux du monde contemporain, Riquemi Pérez est vidéographe à Ayibopost depuis 2020

Comments