SOCIÉTÉ

Anpil Ayisyen kòmanse pèdi lajan nan sistèm Mandala a

0

Jwèt Mandala pwomèt moun ki patisipe anpil lajan. Se yon sistèm piramidal yo entèdi nan plizyè peyi. Anpil Ayisyen kòmanse nan difikilte pou jwenn lajan yo pwomèt yo a

Vanessa Joseph, 23 lane, ap etidye syans ledikasyon nan yon inivèsite prive. Li se premye pitit, nan yon fanmi ki gen 5 timoun Fontamara 27. Mitan mwa oktòb 2019 la, yon zanmi envite l nan koze « Mandala » a. Jèn fi sa rakonte : « Zanmi an fè m konprann pa gen okenn mwayen pou mwen pèdi kòb mwen an paske se detanzantan yon moun touche. Se tankou yon sòl. »

Rapidman, Vanessa Joseph aksepte rantre ladann. Li bay zanmi an 180 dola ameriken yo mande a. Se te yon kòb pou li peye inivèsite. Li di : « M se yon jèn ki bezwen lajan tankou tout moun. Nou nan yon peyi ki difisil, pa gen moun ki ap tande gen yon mwayen pou fè yon kòb, pou li pa rantre. [Sèl pwoblèm lan], moun k ap envite lòt la p ap montre difikilte bagay sa genyen ladann. »

Se yon jou aprè li fin peye, zanmi an presize Joseph li dwe bay 2 moun.

Se yon jou aprè li fin peye, zanmi an presize Joseph li dwe bay 2 moun. Epi 2 moun li bay yo, yo chak dwe bay 2 moun tou. Sa vle di, chak moun ki rantre dwe bay 2 lòt pou rann jwèt la fonksyonèl. « Imajine  w se pa tout jèn ki ap gen tout kòb sa ki depase 15 000 goud. Se lè sa m konprann ki risk mwen pran ak kòb etid mwen an. »

Menm moman an, Joseph deside fè rechèch sou mandala epi mande enfòmasyon nan antouraj li. « M gen yon zanmi ki te di mwen priye Bondye avan sa gen pwoblèm. Jan li pale a te tou moutre bagay sa gen pwoblèm an kachèt. Men li te gentan twò ta paske mwen te gentan bay kòb la. »

Vanessa Joseph te rive jwenn 2 moun yo te mande li a. Poutan, depi kòmansman mwa novanm nan, anyen pa janm bouje nan gwoup li ye a. 2 moun li bay yo, ki rantre ak lespwa yap jwenn lòt moun, pa rive jwenn jiskaprezan. Ak yon vizaj ki parèt trè tris, demwazèl la di : « Pa gen anyen ki di kòb sa pa pral pèdi paske pa gen moun ki konn kiyès pou yo rele pou jwenn kòb yo te bay la. M pa wè kijanm pral di paranm se konsa kòb sa pèdi. »

Yon sistèm piramidal lalwa nan lòt peyi pini

Sistèm Mandala ap fè pale de li pandan dènye mwa sa yo an Ayiti. Se moun ki pa okouran kijan l fonksyone ki plis sible, sitou jèn yo. Mandala parèt tankou yon pwogram ki la pou fè moun fè lajan byen vit.

Li se yon fwod piramidal sa vle di yon mwayen, nan tronpe vijilans moun, eskwo itilize pou fè pwofi. Li fè pati sa ki rele sistèm de Ponzi an. Se Charles Ponzi, yon eskwo (escroc) italyen ki vin ak koze sila a.

Mandala fonksyone apati de yon ekonomi kolaborativ, sa vle di se lajan moun ki ap rantre yo yo met ansanm, pou peye yon moun ki nan sistèm nan deja. Li pa gen okenn reprezantasyon fòmèl, li pa gen biwo. Se ant zanmi oubyen sou Whatsapp li fonksyone.

Sistèm sa tou pa janm dire lontan. Jeneralman, li pa depase 3 mwa. Sa vle di aprè, li disparèt alòske anpil moun pèdi lajan.

Teknik eskwokri sa a pini depi byen lontan. Nan anpil peyi tankou Lafrans, li ilegal pou fè pwomosyon pou inisyativ ki sanble ak Mandala.

Kòman Mandala fonksyone ?

Nan kòmansman mwa novanm 2019 lan, 2 pwofesyonèl Ayisyen, Alphonse Bien-Aime ak Jean Emmanuel Fouche, pibliye sou Youtube yon videyo kote y ap eksplike kijan Mandala fonksyone.

Jean Emmanuel Fouche se yon achitèk ak designer. Li presize, nan nivo estrikti jwèt la, gen 4 etap. « Premye etap la fèt avèk yon moun. Dezyèm nan li menm, se premye moun nan ki ap envite 2 lòt moun. Pou twazyèm nan, 2 moun yo te envite a ap vin ak 2 lòt yo chak. Jiskaske li rive 15 moun nan yon sèk. »

Moun ki nan mitan sèk la, sa vle di moun nan premye etap la, se li menm ki ap touche. Li kontinye : « Se li ki ap resevwa kòb 8 premye moun yo. Aprè li fin touche, sèk la ap separe an 2. Sa vle di, lè sa ap gen 2 lòt sèk. »

Jean Emmanuel Fouche konfime, fòk moun kontinye ap rantre pou jwèt la ka kontinye. « Chak fwa yon moun fin touche. Li soti nan jwèt la. Fòk gen 8 lòt moun ki rantre pou yon lòt grenn moun touche ankò. Kòm sèk la separe an 2, fòk gen 16 moun lè sa. »

Evens Jean Francois etidye syans ekonomi nan yon inivèsite prive nan peyi a. Li menm tou se yon moun k ap pratike mandala. Papa yon pitit fi a presize li menm tou, pou sistèm mandala ret ap fonksyone fòk gen moun tout tan ki ap rantre, paske chak grenn moun dwe bay 2 lòt moun. Sa fè pati règ Mandala a.

Dapre li, yon moun ki fèl ak 5000 goud pa egzanp, lè li ap touche, se 40 000 goud l ap jwenn. « Lè yo te envite mwen rantre ladann mwen te etone. Paske menm labank pa bay tout posibilte sa yo. Pou yon moun envesti yon kòb epi li jwenn 8 sa li te bay la. »

Menmsi an reyalite se 7 moun sèlman ki ap rive touche sou chak 100 moun ki patisipe nan Mandala, selon kalkil matematik Alphonse Bien-Aime.

Pa gen okenn garanti

Tout bagay fèt sou baz konfyans nan Mandala. Pa gen okenn kontra ki siyen pou si ta gen yon pwoblèm. Nan yon sèk ki gen 15 moun, gen yon moun ki touche. Sa vle di gen 14 moun ki ap tann lòt moun rantre pou yo touche.

Feguenson Nelson se zanmi sa ki te envite Vanessa Joseph rantre nan Mandala a. Li rete li menm nan Ri Maglwa Anbwaz. Jèn gason sa ki gen 29 lane, ap anseye nan kèk lekòl nan kapital la. Li te etidye Travay Sosyal nan Fakilte Syans Imèn.

Feguenson Nelson ki ap priye Bondye pou li gentan touche, aksepte gen posibilite pou gen moun ki pèdi kòb yo reyèlman. Li ajoute : « Lè moun nan fin touche li ale. Pa gen moun ki gen kontwòl li paske depiw fini ou lib. Nan ka sa, tout moun ki patko touche yo pral gen pwoblèm paske p ap gen moun ki pou ba yo kòb yo te bay la pou yo rantre a. »

Paske se yon sistem enfòmèl, pa gen chif ofisyèl sou konbyen moun ki deja pèdi lajan nan Mandala. Sepandan, plizyè moun nan gwo difikilte pou yo jwenn mas kòb yo te pwomèt yo an.

Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *