Gen yon bon kantite sitwayen silansye ki chita nan yon klozèt san vwa, ni reprezantasyon nan deba sosyal ak politik yo an Ayiti.
Jodi a mwen vin di tout ate ak agnostik yo sòti nan klozèt la, jan yo di sa kay tonton sam. Yon ate se yon moun ki pa kwè nan egzistans ankenn pwisans majik oswa diven ki kontwole tout bagay oswa enfliyanse ekzistans nou sou latè. E yon agnostik se yon moun ki panse ke si ta gen yon fòs siprèm nou paka prouve ekszistans li e pa gen bezwen pou chache konnen s al vle oswa konprann li. An jeneral sitwayen sa yo plis chita refleksyon yo sou lasyans ak bagay ki ka eksplike e demontre ak prèv.
Jounen jodi a nou gen yon gwo pwoblèm nan sistèm edikasyon nou an ki an depachiman. Youn nan gwo rezon ki eksplike feblès edikasyon peyi a an rapò dirèk ak ki gwoup moun ki kontwole sa timoun ann Ayiti ap etidye. Gwoup sa a se legliz yo.
Legliz pa sèlman kontwole yon bon pati nan lekòl yo ann Ayiti, legliz Katolik pa ekzanp pwodwi e kontwole pi fò kontni nan liv timoun nou yo ap etidye, espesyalman nan klas primè ak fondamantal. Frè Lenstriksyon kretyen (FIC) ki tabli ann Ayiti depi 1864 te gen kontwòl pwodiksyon preske tout liv nan edikasyon ayisyen an pandan lontan. Jiska jodi a yo se prensipal pwodiktè kontni ki nan liv edikatif nan peyi a.
Premye travay yon enstitisyon relijye se fè doktrin li pase a travè travay li, e pa gen pi bon fason pou fè sa a si ou kontwole kisa timoun pral aprann lekòl. Si w arive gen kontwòl premye zouti aprantisaj yon timoun ou ka fasilman enfliyanse l ak ideyoloji w ap vann lan. E se sa legliz katolik fè nan liv edikatif li yo.
Majorite lekòl Ayiti enpoze liv yo vle. Men se vre pa gen anpil òf sou mache liv edikatif la nan peyi a tou. Ase souvan lekòl yo konn paka evite liv FIC yo. Men kòm anpil lekòl nan sistèm lan relijye oswa gen rapò ak yon legliz kèlkonk, yo enpoze timoun yo matyè tankou katechis oswa etid biblik alòske matyè sa yo pa enskri nan kourikilòm Edikasyon Nasyonal la. Nan yon Leta ki sipoze Layik tankou Ayiti okenn enstitisyon pa dwe fòse yon lòt aprann de relijyon oubyen enpoze kwayans yo sou lòt. Malerezman règ jwèt la pa respekte isiba. Dezòd sa a rive fèt paske enstitisyon leta yo fèb. Leta santral ki ta dwe garanti dwa moun respekte pap fè yon bon travay.
Pou mwen li klè, objektif la se pou lanse yon apèl bay ate ak agnostik ayisyen yo pou sòti nan klozèt yo ye an. Nou an minorite men gen anpil travay nou ka fè pou batay kont andoktrinasyon abitrè sa a pitit peyi an ap sibi depi lontan. Se li ki ba nou sosyete sa a kote lasyans, lojik ak panse lib prèske pa egziste. Sa pa fè sans pou an 2010 pifò Ayisyen pa konprann kisa yon tranbleman de tè ye paske yo bay li plis eksplikasyon mistik oswa relye l ak istwa nan labib. Majorite Ayisyen fè ougan plis konfyans pase medsin modèn. Ou ka agimante an favè medsin tradisyonèl la ki gen konesans syantifik pa l, sepandan li pa posib pou n ap inyore medsin modèn lan an 2018.
Li klè nou gen anpil bagay pou Nou fè avan nou bati yon nouvo sistèm edikasyon, youn ladan yo se kalite kontni timoun nou yo ap aprann. Nou pa ka kite gwosè travay sa a nan men relijyon oubyen yon leta iresponsab ki pa òganize. Moun ki kwè nan lasyans bezwen jwe yon wòl pi aktif pou kreye sitwayen ki panse libelibè, e ki aprann kritike e tolere lide diferan de pa yo. Si gen yon gwoup moun ki ka pilye mouvman sa a li pa lòt ke Ate ak agnostik yo.
Tout moun gen dwa pou kwè nan sa yo vle e pratike relijyon yo vle, li enpòtan pou respekte opinyon yon moun menmsi ou pa dakò ak li. Gen moun ki kwè nan bondye gen moun ki pa kwè nan ekzistans yon antite siprèm, men li enpòtan pou sak sanble rasanble pou chak gwoup jwe wòl pa li pou yon Ayiti ki kwè nan lasyans, panse kritik, tolerans, ak divèsite lide.
Edikasyon nan epòk kolonyal te yon zouti pou kolon kenbe sistèm kolonyalis lan anplas, e bondye ak relijyon te jwe yon wòl santral nan travay sa a. Mwen pa kwè se Frè Lenstriksyon Kretyen (FIC) ke fransè fòse n aksepte nan lane 1864 ki pral ede chanje fizi nou zepòl pou yon edikasyon pwogresis, modèn ak plis syans e mwens relijyon.
Etant Dupain
Comments