SOCIÉTÉ

An Ayiti, fanm mwens itilize kapòt pase gason

0

Twa dènye rapò EMMUS yo rapòte done sou itilizasyon kapòt lakay fanm ak gason an Ayiti. Ayibopost poze kèk jèn kesyon sou sa epi konpare chif yo

An Ayiti, kapòt vin vrèman popilè nan fen lane 90 yo, sou jenerasyon moun ki te jèn lè te gen Kapòt Pantè. Mak kapòt sa a te demokratize itilizayon pwodui a isit, gras ak sibvansyon gouvènman an, ki fè l te koute mwen chè. Epitou, te gen yon gwo kanpay medyatik nan tout peyi a ak PSI Haiti, epi kèk slogan tankou « Kapòt : pa pran gòl ».

Sou twa dènye rapò EMMUS (Enquête Mortatlité Morbidité et Utilisation des Services) yo, depi sou EMMUS IV (2005-2006) rive sou EMMUS VI (2016-2017), yo toujou gade ki pousantaj fanm ak gason an Ayiti ki itilize kapòt. An 2006, rapò EMMUS lan di, sou chak 4 fanm se youn sèlman, antou 26%, ki te deklare yo itilize kapòt nan dènye rapò seksyèl yo. Poutan, lakay gason se te 42% ladan yo.

Li tou: Sexe Anal: est-ce une pratique courante chez les jeunes couples haïtiens ?

Sis lane apre sa, an 2012, EMMUS V la di konsa se 47% gason ki gen plizyè patnè seksyèl nan douz dènye mwa yo, nan laj ant 15 à 49 an Ayiti, ki te deklare itilize yon kapòt dènye fwa yo te fè bagay. Lakay fanm yo, nan menm gwoup laj epi kategori sa a, se 43% ladan yo ki te deklare yo te itilize kapòt. Toujou menm rapò sa a, nan ka kote moun nan laj 15 pou rive 49 lane dwe peye pou fè bagay se 78,3% gason yo ki te deklare yo itilize kapòt. Yo pat poze fanm yo kesyon sa a.

Dènye done nou genyen yo, se nan EMMUS VI la, ki te fèt nan lane 2017. Nan moun nan gwoup laj 15 pou rive 49 lane, ki gen plis pase 2 patnè seksyèl nan douz dènye mwa lè ankèt la, se 49% gason epi 40% fanm ki te deklare itilize kapòt. Pou gason ki nan peye pou fè bagay, rapò sa a di konsa depi 2006 pousantaj la ogmante, li te 4% an 2006, 5% an 2012 epi 7% an 2017. Pousantaj nan yo ki tilize kapòt nan kad tip rapò seksyèl sa yo ogmante tou, li sòti de 62% an 2006, 78% an 2012 pou rive 90% an 2017.

Fanm itilize kapòt mwen souvan pase gason

Nan chif yo, pousantaj fanm ki itilize kapòt toujou pi ba pa rapò ak pa gason yo. Eksplikasyon ka sòti nan lefètke se gason yo ki konn pran pifò desizyon yo nan kad yon relasyon seksyèl, akoz se yo ki pi souvan pran devan. Kidonk, desizyon si y ap mete kapòt ou pa konn nan men gason an. Pa egzanp, jèn gason Jameson Teranfort di konsa : «  Se sitou mwen menm ki chwazi si n ap mete kapòt la ou pa. »

Luc Dufresne, yon lòt jèn k ap viv Pòtoprens, ale tou nan menm sans lan. « Se toujou mwen ki konn deside si n ap itilize l, li fè konnen. Epi, sa konn bann pwoblèm, paske m toujou ap tann kesyon sa a – Ou gen kapòt ? – nan men fanm lan. »

Li tou: Les hommes aussi ont le choix de la contraception

Men fòk nou pa bliye tou gen anpil fanm ki pa itilize kapòt ditou, tankou Syntya Eutaly, li di konsa : « Byen souvan, se mwen ki chwazi pa mete, paske m pa renmen itilize li. » Pafwa tou se paske fi a deside fè planin epi li ap viv an koup ak yon sèl patnè, tankou Jeanne-Elsa Chery. Poutan si y ap gen pou itilize, Chery di konsa se li ki konn gen pou chwazi.

Fanm yo, anpil fwa tou, pito rete ak yon sèl patnè, fè tès depistaj pou yo pa nan itilize kapòt. Tankou Marie Nelza Méus, ki li menm prefere pa mete kapòt paske li pa santi l alèz ak li.

Pousantaj fanm ki gen plizyè patnè nan douz dènye mwa anvan lè ankèt EMMUS yo pa vrèman ogmante tou. An 2006 se te 2% lakay fanm yo kont 26% lakay gason yo, an 2012 se te 3% lakay fi yo epi 29 % lakay gason yo. Finalman an 2017 li te toujou 10 fwa pi plis, chif yo pa chanje, se te 29% gason kont 3% pou fi yo. Konsa tou, desizyon pou fanm nan itilize kapòt la, depann de anpil faktè, sosyal, relijye epi ekonomik tou.

Pozisyon w ka chanje sou kapòt

Difikilte pou itilize kapòt lakay fanm ak gason kòmanse depi nan lè w ap achte l la. Pa egzanp gen Jack Sylvestre li menm, li avwe : « Lè m al achte kapòt, mwen toujou santi m enkonfòtab, epi menm dèfwa m konn gen kè kase, sitou si se sèks opoze a k ap vann mwen li. » Luc Dufresne tou, konn santi l malalèz si se fi li jwenn sou kès la. Syntya Eutaly, di l « toujou wont » achte kapòt.

Men ak laj, santiman anpil gason kou fi evolye sou koze achte kapòt la. Holmanne Jr. Detes deklare : « Nan yon premye tan m te konn jennen paske m te jèn anpil lè m kòmanse itilize kapòt men apre m pa t gen okenn pwoblèm. »

Men Ledna Adras li menm di l pa enkyete l de sa moun te ka panse de li, paske l konnen deja se vle l vle asire pwoteksyon tèt li ak patnè l. « Yon fwa m al achte yon kapòt nan yon famasi te gen plizyè granmoun la, Adra kòmanse rakonte. Rega yo sou mwen se kòm si m te fè yon mal. Pandan m ap ale, m tande y ap pale sou mwen, epi m jis vire m ri, men sa pa t di m anyen. »

Kapòt koute chè

Apre achte kapòt la, gen aksesibilite li. Se vre gen anpil enstitisyon an Ayiti ki bay kapòt nan kad plizyè kanpay ki gen rapò ak sante oswa planifikasyon familyal y ap mennen. Done EMMUS VI yo pale de 47% nan moun ki te deklare yo itilize youn nan metòd kontraseptif yo, se nan sektè piblik la yo te jwenn li, 19% nan prive, 15% nan milye enstitisyonèl, 14% milye ki pa medikal epi 5% nan yon milye medikal miks (piblik – prive).

Li tou: Les pères haïtiens impliqués dans le contrôle des naissances

Si n ap pale de kapòt koute chè pou kèk gason, sa ta gen rapò a yon sitiyasyon anpil moun konn dekri. Se lè yon fi pa aksepte sèvi ak kapòt sa yo, paske se  bay y ap bay yo, swa yo vle sèvi ak bèl kapòt. Dapre sa mesye yo temwaye, kapòt y ap bay yo, souvan se vann y ap vann yo nan lari, twa pou 25 pou rive 50 goud. Se kapòt sa yo ki vann mwen chè nan peyi a. Nan kapòt yo deklare ki bèl oswa gen mak yo, pou 2 oswa 3 ki nan ti bwat la, li konn depase 200 pou rive 400 goud selon mak la. E nou p ap bliye salè minimòm nan fèk sot fikse a 500 goud.

Edikasyon paran w vle ba w

Apre mwayen ekonomik yo sou aksesibilite kapòt yo, gen tou paran yo ki konn fè ti bouch long. « Kapòt yo konn ap trennen lakay mwen san pwoblèm, men yon fwa manman m te wè youn sou kabann mwen l mande m èske se pèsonèl sante m ye m ap mache ak kapòt la, Ledna Laura Adras eksplike. M te reponn se pa sèl moun sa yo ki itilize kapòt. Li te joure tankou l wè m kò m yon vye moun. »

Cassendy Lafond rakonte li menm : « Lè m te pi piti m te konn biza lè manman m wè kapòt mwen, paske sa te otomatikman di m li konprann mwen nan fè bagay. » Nan rapò EMMUS V lan, pousantaj paran ki te dakò pou anseye timoun yo itilize kapòt se yon prevansyon kont maladi SIDA, se te 58% lakay fanm epi 75% lakay gason yo. Malerezman done sa yo pa disponib nan EMMUS VI la.

Kèk pèsepsyon Ayisyen gen sou kapòt ki merite chanje

Gen anpil moun ki panse ak kapòt la, ou jwenn mwens plezi, oswa dat ekspirasyon an pa gen enpòtans. Men anvlop kapòt la paka anpeche w jwenn plezi ou vle a, epitou kapòt la ka ekspire menm si l konsève.

Daprè yon etid, Sant pou pwomosyon sante seksyèl Inivèsite Indiana reyalize nan lane 2013, plezi nan fè bagay pa chanje kit ou itilize kapòt ou pa. Etid la demontre tou, gason yo pa ka fè okenn diferans konsènan ogmantasyon bann yo lè yo mete kapòt la, epi fanm yo pa kapab di si kapòt la te librifye ou non.

Youn nan itilizasyon ki danjere Ayisyen fè ak kapòt se, zapatann. Se lè yon gason mete plizyè kapòt ansanm lè l pral fè bagay. Gen gason ki di konsa sa ba yo yon sansasyon andirans, lè yo fè sa. « Se yon dwòg depi m pitit, li te popilè nan mitan ti jènn yo, Jack Sylvestre devwale. Erezman,  mwen pa t janm gen chans entwodui nan li. »

Jameson Teranfort li menm, li di konsa : « Mwen pa t konn wè itilite l, epi m pa t vle l banm pwoblèm oswa pou li bay patnè m pwoblèm. » Cassendy Lafond li menm eksplike : « 2010, lè m te fèk gen 18 lane m t ap eksperimante kapòt. Yon jou m ap fè bagay ak yon tifi, kapòt la rete anndan l. M te panse l te pèdi. Men tifi a te nèk ale lakay li, epi l retire afè l poukont li.»

Kèk lòt posibilite kapòt ofri jounen jodi a

Mache kapòt la nan monn lan vo anpil milya, se sa k fè endistri sa a pa janm sispann ap eseye inove tèt li pou satisfè plis kliyan. Pou tout moun ki alèjik ak latex la, konnya gen kapòt ki fèt ak sensoprène oswa polyisoprène, selon mak yo. Kapòt sa yo pi rezistan, yo pi fen epi yo respekte tout nòm pwoteksyon yo.

Apa pou satisfè moun ki alèji ak latex yo, gen twa jèn nan yon kolèj nan peyi Langletè, Daanyaal Ali, Muaz Nawaz epi Chirag Shahqui, yo te kreye nan lane 2015, yon kapòt ki kapab detekte maladi seksyèlman transmisib. Latex kapòt sa yo gen molekil ki ka kole sou bakteri ki bay enfeksyon sa yo. Si gen yon maladi seksyèl transmisib li detekte, li klere nan nwit epi chanje koulè. Vèt pou klamidya, jòn pou èpès, mov pou papiyomaviris epi ble pou sifilis.

Lasyans kontinye reflechi konsènan kapòt, pou yo fè inovasyon, tankou kapòt ekolojik, san plastik pou pwoteje anviwonman an, ki deja sou mache a epi komèsyalize. Chèchè nan Inivèsite Boston, nan lane 2018, travay sou youn ki pou librifye poukont li. Syantifik yo tou ap eseye kreye yon kapòt ki san latex epi ki ka administre vyagra poukont li.

Yon zouti ansyen

Egzistans kapòt remonte lontan nan listwa limanite, depi byen anvan nesans Jezi Kris, akeyològ yo remake li lakay Ejipsyen yo, lakay Women yo, lakay Japonè epi Chinwa yo tou. Men se ak Goodyear et Hancock nan lane 1843-1844 yo, lemonn vin konn pwodiksyon an mas kapòt pou moun itilize. Premye kapòt epòk modèn nan te fèt ak kawocthou, moun te konn lave yo epi itilize yo ankò.

Nan lane 1920 apre dezyèm gè mondyal, minis lasante Jules-Louis Breton nan Lafrans te menm entèdi kapòt, paske yo te vle ankouranje fanm fè plis pitit. Nan kèk pati Ozetazini tou frabrikasyon kapòt te entèdi, men endistri sa a t ap byen mache epi li pa t yon lwa federal. Men sa ki t a pral akouraje plis moun sèvi ak kapòt, se konesans yo sou maladi seksyèlman transmisib yo epi efè dekouvèt maladi SIDA a te genyen nan mond lan.

Journaliste résolument féministe, Hervia Dorsinville est étudiante en communication sociale à la Faculté des Sciences humaines. Passionnée de mangas, de comics, de films et des séries science-fiction, elle travaille sur son premier livre.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *