Nan ti koze sila mwen chwazi rele Dyaspora gwoup Ayisyen Ozetazini ki konsidere tèt yo kòm patriyòt, ki renmen peyi a malgre tray ak tribilasyon l ap pase, ki vle yon chanjman radikal pou nasyon an ka pran yon lòt chimen, pou l gen sekirite, pou l devlope, pou l gen diyite
Ane 2024 nan listwa peyi a pa t yon bon rekòt kafe pou Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ak gouvènman ansyen Premye minis Doktè Garry Conille e aktyèl Premye minis Alix Didier Fils-Aimé.
Te gen rannman negatif nan sa ki gen rapò ak sekirite, lapè sosyal, estabilite politik, kwasans ekonomik, ranfòsman enstitisyon piblik ak konfyans popilasyon an nan dirijan yo pou òganize eleksyon an 2025.
Sou pwen sekirite a -ki se yon pwen santral-, Nasyonzini estime gang yo kontwole 85 % Pòtoprens nan pran teritwa -menm bò palè a-, simen plongaye zam fannfwa alawonnbadè, asasinen inosan, granmoun, timoun ak fanm ansent.
Avyon komèsyal Ameriken pran bal, ayewopò entènasyonal, fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn fèmen. Peyi a vin lòk pi rèd. Lagè deklare byen klè nan peyi a malgre pòt lekòl louvri epi fèt atizana Pòtoprens te reyalize.
Wi, reyalite peyi a se lagè !
Se yon reyalite konseye prezidansyèl Leslie Voltaire rekonèt nan yon diskou jou fèt endepandans peyi a, premye janvye 2025. Li pwomèt pral gen yon gè pwennfèpa kont bandi sanginè yo k ap touye sitwayèn ak sitwayen peyi a pou dan griyen.
Nou swete se pa pwomès bèl pawòl. Nasyon an vrèman nan yon lagè bosal kote lènmi an deklare tèt li ak anbisyon l pou detwi Repiblik la, menm si se pou ta antere nou tou vivan. Lènmi an pa chita lòt bò dlo. Li pa sou lòt bò fwontyè. Li pa youn nan peyi ki te swa kolonize n, swa okipe n. Lènmi an soti nan zantray nou.
Li se yon ènmi enteryè ki sanble fizikman menm moun avè n, men ki tounen djab lanfè ki swaf san. Anbisyon l se swa pou l pran pouvwa a pou fè sa l vle, swa nan rizib, lè l rele tèt li «Viv Ansanm » pou l redwi peyi a ansann.
Lapolis ak lame ap toke kòn ak li jan yo kapab. Fòs miltinasyonal Kenyan yo kontinye ap fè pwomès sekirite. Pèp la toujou an dezawa, pa konn kote l gad ni kote pou l kouri. Sou bò pa l, Dyaspora Etazini ap obsève, swiv, deplore, priye epi swete pou sa chanje. Men sa pa sifi, Dyaspora a dwe aji !
Li pwomèt pral gen yon gè pwennfèpa kont bandi sanginè yo k ap touye sitwayèn ak sitwayen peyi a pou dan griyen.
Dyaspora ki tabli Etazini se yon melimelo Ayisyen ki soti nan tout klas sosyal, ki gen tout nivo edikasyon, e kote chak resòtisan gen vizyon pèsonèl pa l pou peyi a. Genyen ki la depi plis pase senkant an, gen lòt ki vini avanyè. Gen sa k ap reve tounen yon jou lè sa miyò, gen sa ki p ap janm vle tounen kèlkeswa kondisyon an. Gen sa k te konsidere peyi a kon paradi, e gen lòt ki te viv li kon lanfè. Gen sa k ap kriye pou viktim gang you touye, gen sa k ap voye zam ak katouch pou fè plis viktim toujou.
Dyaspora sa pa gen yon sèl koulè, li se yon lakansyèl koulè.
Nan ti koze sila mwen chwazi rele Dyaspora gwoup Ayisyen Ozetazini ki konsidere tèt yo kòm patriyòt, ki renmen peyi a malgre tray ak tribilasyon l ap pase, ki vle yon chanjman radikal pou nasyon an ka pran yon lòt chimen, pou l gen sekirite, pou l devlope, pou l gen diyite.
Manm Dyaspora sa a gen devwa pou l pwoteste pou peyi a sispann mouri sou de pye l. Pwoteste pou fè lajenès sispann jete kò l tout kote l ka jwenn lavi. Pwoteste pou kouri sispann blayi nan katye popilè yo pou fòse popilasyon an deplase pou vòlò kay, biznis ak teren layite kò yo. Pwoteste pou laterè ak laperèz sispann gaye kay tout sitwayèn ak sitwayen.
Men, ki kalite pwotestasyon Dyaspora a dwe fè ?
Pwotestasyon ta dwe kòmanse fèt dabò douvan òganizasyon Nasyonzini nan New York pou l ka voye yon fòs lapè prese-prese asiste pèp nou ki an danje lanmò chak jou ki jou. Se vre Minustha Nasyonzini ki te tabli nan peyi a ant 2004 ak 2007 pa t ban n rezilta nou te espere. Nou pa t rive jwenn estabilite sekirite ak lapè sosyal nou te swete. Li te pote ban nou yon epidemi kolera. Li te kòche popilasyon an ak anpil egzaksyon seksyèl.
Sepandan, menm jan ak anpil analis politik, mwen panse yon fòs lapè Nasyonzini ap gen bon mwayen ekonomik peyi kontribitè yo pou vin bay fòs nasyonal peyi a jèvrin pou konbat gang kriminèl yo kòmsadwa. Nou remèsye Kenyan yo ki vin bann jarèt, men nan kalfou jennen nou ye la, nou pa ka kite okenn fòs miltinasyonal vin vann nou chat nan makout. Nou pa ka nan pwomès ret tann lajan tonbe, sòlda debake, estrateji batay kanpe.
Chak minit k ap pase, se moun y ap touye kou mouch. Nou bezwen aksyon kounya, san pèdi tan, san pale anpil. Nou bezwen fòs nasyonal nou douvan alaso, ap brave danje, ap netralize, elimine, touye san pitye yo. Men yo bezwen bon bakòp ak bon repondonm fòs Nasyonzini. Nou dwe aprann sou ansyen misyon yo pou nou egzije bon jan sipò epi evite tout erè ki te fèt nan tan pase yo.
An menm tan Dyaspora a dwe pwoteste tou douvan anbasad Larisi ak Lachin nan Washington D.C. pou mande yo kanpe sou objeksyon yo kont yon misyon lapè Nasyonzini nan peyi a. Jan de pwisans sa yo mande l, nouvo misyon sa pa dwe kreye enjerans nan politik peyi a men li dwe ede l tabli yon sekirite solid epi pèmanan lè twoup misyon yo pati. De pwisans sa yo dwe konprann peyi a ap toufe e li bezwen yon souf. Fòk Dyaspora a konvenk Larisi ak Lachin di «Wi» pou misyon Nasyonzini an.
Toujou nan Washington D.C., Dyaspora a dwe pwoteste tou douvan Oganizasyon Eta Ameriken (OEA) pou l bay presyon diplomatik pou yon fòs lapè deplwaye nan peyi a. L ap pèmèt ranfòse misyon òganizasyon sa ki se: « mete lòd, lapè ak jistis pou kenbe solidarite, ranfòse kolaborasyon ak defann souverènte, entegrite teritoryal ak endepandans» pou tout manm li.
Yon ti kout je sou liswa peyi nou nan karant dènye ane ki sot pase yo fè n sonje se sa k te rive deja an 1991 kote OEA te adopte yon rezolisyon ki te mande Nasyonzini pou l konsidere yon misyon mentyen lapè an Ayiti. Rezolisyon an te yon repons a demann Ayiti pou yon misyon ede l ak vyolans gang, enstabilite politik, ak kriz imanitè menm jan ak jounen jodiya, men ki sanble vin pi mal. Lè sa a, OEA te rekòmande tou izòlman diplomatik, ekonomik ak finansye otorite defakto lame a ki te bay Prezidan Jean-Bertrand Aristide yon panzou benyen nan san.
Finalman, toujou nan Washington D.C, Dyaspora a dwe pwoteste tou ak anpil enèji douvan anbasad Repiblik Dominikèn kote zam ap pase sou fwontyè a tankou nan yon paswa chire rantre nan peyi a libelibè. Pandan otorite Dominiken ap plenyen tout tan sou tout estrad entènasyonal peyi nou enstab epi reprezante yon danje pou yo, paralèlman yo kontribye tou nan ranfòse ensikirite a.
Sepandan, fòk nou souliyen nan mwa novanm 2024, otorite dominiken yo te arete yon kolonèl ak nèf ofisye paske yo te vòlè zam ak katouch nan depo zam lapolis peyi yo epi yo te vann yo an Ayiti deyè do lalwa.
Mete abse sou klou, depi oktòb 2024, peyi Sendomeng pwovoke yon lòt sous enstabilite sosyal ann Ayiti, nan akonpli pwomès Prezidan Abinader, kote l ap depòte ilegalman, britalman e menm sovajman pa pil e pa pakèt prèske 11,000 resòtisan Ayisyen pa semèn anba pretèks yo pa gen dokiman imigran legal.
Paralèlman, otorite Dominiken depi septanm 2023 fèmen fwontyè ak Ayiti e anpeche resòtisan Ayisyen renouvle viza imigran yo. Kidonk, nan yon pèlen imigrasyon yo fòse sa k vle vin legal oblije ret ilegal ak yon malèpandye depòtasyon sou tèt yo.
Politik maltrete Ayisyen an Repiblik dominikèn, imilye, britalize, depòte yo san respekte dwa yo dwe fini !
Nan fè tout pwotestasyon sa yo regilyèman ak santiman patriyotik, detèminasyon, konsyans e konviksyon, Dyaspora a ap kreye yon presyon politik pèmanan ki gen dwa pote rezilta nan fè Nasyonzini mache prese-prese pou yon misyon lapè rive byen vit.
Pwotestasyon sa yo dwe byen òganize pasifikman, nan lòd ak disiplin, ak demann ki klè kou dlo kòk, ak pòtpawòl ofisyèl ki ka jere entèvyou pwofesyonèl nan medya yo epi defann kòz peyi a sou tout kalte tribin.
Jan li te fè l deja nan pwotestasyon kont otorite sante ki te vle asosye Ayisyen a maladi Sida nan ane 80 yo, pwotestasyon pou defann dwa tout imigran Ayisyen, pwotestasyon kont panzouwis militè ki te vle frennen demokrasi nan peyi a, Dyaspora a dwe kontinye montre Etazini ak lemonn peyi Dayiti pa pitimi san gadò. Li gen yon kolonn pitit lejitim k ap veye sou desten l.
Se nan lespri sa, nou swete pou 2025 pote nan djakout li kouraj, pèseverans epi benediksyon pou pèp Ayisyen an !
Par Patrick André
Image de couverture: Dyaspora Ayisyen an te òganize manifestasyon ak rasanbleman atravè mond lan nan mwa Jiyè 2023 pou atire atansyon sou kriz kap dewoule an Ayiti; foto ki anlè a, sòti nan yon rasanbleman Ayisyen Ameriken nan New Jersey. | ©Gamax Photography
► AyiboPost se consacre à fournir des informations précises. Si vous constatez une erreur ou une erreur, merci de nous en informer à l’adresse suivante : hey@ayibopost.com
Restez en contact avec AyiboPost via :
► Notre chaîne Télégramme : Cliquez ici
► Notre chaîne WhatsApp : Cliquez ici
► Notre communauté WhatsApp : Cliquez ici
Comments