Opinions

Jean Casimir | Konesans nou ak Enstriksyon Leta

0

Objektif atik sa a, se montre, premyèman, kouman konesans nou koule nan eksperyans nou fè e ki defini nou. Enstriksyon ak règleman soti nan bouch otorite, kit se otorite Leta, kit se otorite lakou a, nan sa nou ta dwe fè pou satisfè bezwen ki nan gou otorite a

Sa fè pase 50 an m ap travay sou « La Culture Opprimée ». Lè m al reli sa m ekri a, mwen jwenn 2 pè opozisyon ki nan tout liv la. Se diferans ant « culture et idéologie », ke m pral rele an Kreyòl « Konesans lakou-a, ak enstriksyon osnon règleman Leta », epi diferans ant « lakou-nou ak Leta ». M pral rezime nan de atik kout, chak pè opozisyon sa yo.

Nan liv mwen yo, m eseye montre kouman abitan, pazapa, mete sou pye sistèm pa yo, san anyen arevwa ak enstriksyon Leta (Enstriksyon Leta, se sa k nan tèt Leta. Gen konesans tou dèyè enstriksyon sa yo ; men se pa konesans reyalite pa nou. Se yon konesans moun ki, paske li pi gwo nèg pase nou, konprann : jan yo òganize lakay yo, pi bon pase jan nou mare tèt nou ansanm. Ki donk, yo vle pou n fè sa yo fè, jan yo fè l. Men, an menm tan, y ap pran tout dispozisyon yo ka pran pou anpeche nou konprann ki sa ki dèyè lòd yo soti pou mete lakay-nou.)

Kout kat sa a chita sou diferans fondamantal mwen fè ant, yon bò, konesans nou, (ki vle di jan nou wè reyalite n ap viv la ki kole ak jan n ap viv li,  epi langaj nou sèvi pou nou deplase ladan ni, donk fondasyon granmoun nou granmoun tèt nou), epi, yon lòt bò, enstriksyon: zòt deside nou gen pou nou suiv, vle pa vle; e ke li prezante nan yon diskou ki neye nan siwo myèl prensip ki bati pou kraze kakòn nou epi  pou valide règleman: nou ta fèt pou nou suiv.

Objektif atik sa a, se montre, premyèman, kouman konesans nou koule nan eksperyans nou fè e ki defini nou. Enstriksyon ak règleman soti nan bouch otorite, kit se otorite Leta, kit se otorite lakou a, nan sa nou ta dwe fè pou satisfè bezwen ki nan gou otorite a. Dezyèman, atik la vle montre kouman liv la devlope opozisyon ant konesans nou ak règleman Leta. Finalman, l ap di nou ki kote nan tèks la nou ka jwenn tansyon ant konesans pa nou an ak enstriksyon otorite Leta.

I. Konesans-nou apante kote nou ye

Lè m ap pale de konesans (sa zòt rele « kilti », yon mo ki pa egziste nan Kreyòl rèk), m konsidere sa k nan tèt nou, enfòmasyon nou genyen pou eksplike kouman nou fè la a, nan moman sa a : yon enfòmasyon nou rale : nan aktivite n ap fè toulejou, nan sipò nou jwenn nan men fanmi nou, vwazen nou, oubyen nan rezilta sipò nou ba yo, nan sa nou chonje nan sa k te fèt deja, nan lang nou pale a, nan jan nou fè tèt nou mache pou nou rezoud pwoblèm n ap konfwonte nan lavi a.

Konesans pa yon pwogram aktivite nou gen pou nou fè ou ke nou ta dwe fè (an franse: « idéologie » ke m rele an Kreyòl : enstriksyon osnon règleman).

Konesans nou, se jan nou kenbe kò nou toulejou, jan nou separe sa nou ye ak vwazen k ap viv ak nou, jès, rit, senbòl, sipozisyon, tradisyon, mès… Lakou nou, konbit nou, mache riral nou, lang kreyòl nou, tout òganizasyon sa yo, se boujon konesans ansyen yo ranmase depi syèk, e k ap kontinye boujonnen toujou ; se endikasyon matris granmoun nou granmoun tèt nou depi nou parèt sou latè a. Règlèman ak enstriksyon baze sou kote otorite (menm nou menm ki mèt tèt nou) vle nou ale, pou satisfè bezwen-ni.

Konesans sa a, yon bò, se pa yon konesans nou ranmase konsa konsa nan lekòl pawasyal osnon nan lise ; se yon sajès k ap fèmante depi digdantan nan rapò ansyen yo, youn ak lòt, nan rapò manman n, papa n, epi vwazen n ; ke nou resevwa nan men yo, epi ke n ap kite bay ti katkat k ap pouse anba je n ; ke nou pase ba yo, gen de lè san n pa menm bezwen louvri bouch nou. Se konesans sa a ki ba n posibilite fè sa k nan lide n, ki ba n kapasite tchuipe sistèm ki soti pou kraze biskèt nou, ki soti pou n fè wout ki pa nan san nou. Se nan konesans sa a, nou degaje règleman ak enstriksyon sou ki sa nou gen pou n fè pou pwoteje enterè nou.

II. Enstriksyon piblik endike kote Leta vle nou kwè l ap mennen nou

You lòt bò, enstriksyon Leta, se yon lo preskripsyon, se yon lo resèt oubyen yon lo pinga Leta envante pou dirije aksyon nou, fòse nou antre nan yon moul kote n ap asepte konesans ki nan tèt pa li. Kit li modèn, kolonyal, repibliken, kapitalis, sosyalis, oubyen pwogresis osnon tradisyonèl, enstriksyon Leta, se yon langaj otorite : Kòd Nwa, dispozisyon admistratif, pale franse sou pwogrè ak devlopman, pale franse sou zak Ewo lendepandans ou byen pawòl anpil sou yon lòd piblik, ki pi sanble you dezòd piblik.

Regleman sa yo pran rasin nan gramè enterè gwo peyi, kote Leta soti, san rapò ak tribilasyon malere ap pase, nan chache kontwòle epi nan veye koken ki soti pou souse san yo.

M ka rezime diferans lan konsa : konesans nou soti anba, nan eksperyans ansyen nou yo ak sa nou menm ap viv toulejou ; enstriksyon Leta soti an wo ak tout benediksyon gran nèg. Kote konesans pa nou bay lavi n ap viv la yon sans, enstriksyon ak règleman kit leta kit nèg anwo yo, ba nou yon definisyon de kisa lavi nou ta dwe ye dapre otorite nan Leta ki konprann yo konnen pi byen pase nou ki sa nou ta dwe fè.

III. Tansyon ant lavi nou epi kote zòt soti pou mennen nou

Istorikman, Leta monte chita sou lavi abitan deja òganize, pou Konpayi Kòmèsyal ke l ap pwomouvwa ka devlope plantasyon danre. Liv la pran rasin nan lavi abitan yo, epi l ap montre kouman machin Leta sele yo, gras ak pouvwa li gen nan ponyèt li.

Pozisyónman sa a pèmèt liv la met an avan kouman konesans abitan yo se fondasyon orijinal sosyete nou an. Li fè moun wè kouman règleman Leta ak enstriksyon-ni, anvan kou apre 1804, chita sou fondasyon abitan mete an plas, san asistans ni pè ni pap.

Lè analiz sa a konsidere sosyete a konsa, sou de pye li, òganizasyon abitan yo jwenn pou yo viv la pa parèt kou yon fòmil yo ta ka chwazi oubyen yo ta ka refize chwazi. Se kabann kote abitan dòmi a menm ke li ye epi enstitisyon ekonomik Leta (lewa, larèn, lanoblès ak sèvis piblik yo) soti pou wete nan men yo. Plantasyon-an, se lanvè sa k t ap fèt dej a, e non pa modèl sa k ta dwe fèt. Pase, anvan Leta rive, abitan t ap chache pwoteje ti lavi yo, ti lavi moun pa yo, san yo pa nui sante pèsonn ; alòske lewa, larèn ak anfandkè yo, ki swadizan t ap pwoteje abitan yo, te gen yon sèl bagay nan tèt yo: ranmase lajan yo ka fè nan fòse malere kiltive danre.

Kidonk, plantasyon an, ak tout esklavaj anba bra li, se rezilta règleman ak enstriksyon Leta ap mete atè, anvan osnon apre 1804. Se pa konesans moun nan peyi a ki imajine machin enfènal sa a. Li prezante kò li kou pwogrè, sivilizasyon, krisyanizasyon, elatriye. Men : siwo myèl ki nan lòk yo bezwen nou vale a. Li make travay fòse, lapèl dèzantiy, grandè ak richès nasyonal, modènizasyon, dèt 1825 la, devlopman, …, tout yon dispozitif radòt Leta mete an batri pou l ka sele abitan. Pou tèt sa, li klase moun an milat ak nèg nwè, esklav ak afranchi, ansyen lib, nouvo lib, mawon, kiltivatè, peyizan, vagabon, bandi, resous imèn, sitwayen pasif,… san li pa okipe konnen jan yo demele kò yo pou yo sot nan mera.

Alèkile, Leta mechan, men li pa sòt. Enstriksyon li ba nou pou nou obeyi chita sou konesans pa li, ki sous fòs li. Li bezwen n aprann enstriksyon sa yo, san nou pa rive metrize konesans ki fonde yo. Se la etidye pakè a soti. Pase, jou nou rive konnnen sa Leta konnen, Leta pèdi tout otorite li. Nou menm tou, si nou konprann nou pral kontwole konesans Leta : gen mil ak mil ane l ap rasanble, nou rive kote nou prale a, pase n ap kite moun pa nou dèyè, epi dyab ap tou vale nou-menm ak yo ansanm ansanm. Se moun nan kominote nou ki fè nou. Nou pa fouti avanse epi kite kominote a dèyè. Lagran Dyab ap toupizi nou an detay, si nou pi cho devan tèt bann nan.

Konsa, La Culture Opprimée dekri yon goumen an silans malere, kou you grenn mas moun, pa janm sispann fè, san li pa mete okenn enstriksyon ak règleman espesyal nan lari. Se ak konesans malere reziste fas a Leta k ap eseye sele li anba enstriksyon pou y aprann pa kè.

IV. Ki bò liv la montre diferans ant jan n ap viv ak jan Leta vle nou viv

Diferans sa a vizib anpil kote:

Nan lang nou sèvi-a:

Kreyòl: Lang ki makonnen nou ansanm lè malere ki sot an Frans tabli Zile Latòti, vin melanje ak angaje 36 mwa, epi apre ak kaptif ki sot nan Ginen → Yon bò se gras a Kreyòl nou fè mas. You lòt bò,

Franse: Lang Leta, lalwa, lekòl → ki pa bouke di nou sa pou n fè e kouman pou n fè li, menm si nou pa konn pou ki sa. Dezyèmman,

Nan kadans lasosyete:

Kadans lavi-nou: (ki lè pou n plante ak rekòlte, pou fè seremoni ak sèvis vodou, dans, rara, fèt chanpèt) → se konesans jestyon òganizasyon lavi nou.

Kadans administrasyon piblik: (orè travay nan faktori, kadans biwo Leta, pwodiksyon danre, fèt nasyonal) → ki baze sou disiplin ak kalandrye Leta. W ap jwenn diferans sa a

Nan travay ak ekonomi nou

You bò, plas-a-viv, konbit, kalandriye mache → ki santre sou konesans lakay,

Lòt bò-a, kòd riral, chèf seksyon, espekilatè → ki avanse sou prensip ki ede gran plantè ak komèsan ranmase kòb pil sou pil.

Nan responsablite granmoun tèt nou

You bò, pèp souvren monte yon kominote ki pran responsabilite l nan men l → ki mèt konesans-li.

Yon lòt bò, Leta nasyonal, k ap imite gouvènman etranje → ap bay aparans granmoun tèt li. Finalman,

Nan memwa-nou

You bò, konesans moun sèvi toulejou pou yo viv, ki transmèt nan kont, nan chante, pwovèb, nan kote nou rasanble, nan seremoni vodou → ki gen you transmisyon òganik, san w pa fè efò.

Yon lòt kote, konesans istwa nasyonal nou, ki santre sou ewo, kou you kalite Mesi ki ka rezoud tout pwoblèm nou ka genyen → ki baze sou règleman ak prensip nou ka pa menm konprann, e non pa sou sa ki pase an reyalite lakay.

Nan tout senk ka sa yo, liv la montre kouman règleman ak enstriksyon Leta eseye konprime, efase, tradui sou yon fòm obligasyon, konesans ki fè nou mache nan direksyon etranje ta vle. Liv la montre kòman konesans pa nou pèsiste tennfas, san li pa briding, nan direksyon responsabilite granmoun tèt nou.

V. Konklizyon

Lè La Culture opprimée distenge, alapòt, ant konesans moun lakay, ak enstriksyon epi règleman Leta ap fòse yo suiv, li rekonèt kapasite abitan kòm pèp souvren pou yo mache nan diresyon yo vle, e non pa pou y avanse kòm restavèk yon wa e seyè ki chita a Pari. Li rekonèt yo kòm moun ki t ap envante yon jan orijinal pou yo viv, e non  pa kòm krebete k ap aplike you resèt otorite elabore pou yo.

Liv-la wete chapo li devan konesans abitan yo degaje nan eksperyans y ap fè jou apre jou, pou koule enèji ki pèmèt yo mete sou pye reyalite pa yo, ki rele yo chè mèt, chè metrès. Nan reyalite sa-a, enstrikyon ak règleman otorite opouvwa rete nan limit yo kou zouti administrasyon piblik sèvi pou soutni Leta kolonyal oubyen Leta pos kolonyal.

Distenksyon liv la fè-a, pa sèlman yon afè de analiz pwoblèm sosyal. Se yon pozisyon politik, ki bati sou konpreyansyon istwa Dayiti kòm rezilta rezistans konesans abitan devan manigans enstitisyon etranje yo mete sou pye pou souse san nou. La Culure Opprimée di w, an patan, ke se pa abitan ki akouche Leta n ap gade ak de je nou jodi an. Liv la baze sou prensip ke nèg k ap etidye sitiyasyonnsa a, pa an dwa pran pòz Sakrekè yo.

Otè :

► AyiboPost s’engage à diffuser des informations précises. Si vous repérez une faute ou une erreur quelconque, merci de nous en informer à l’adresse suivante : hey@ayibopost.com


Gardez contact avec AyiboPost via :

► Notre canal Telegram : cliquez ici

►Notre Channel WhatsApp : cliquez ici

►Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici

Jean Casimir, doktè nan sosyoloji, ap anseye nan Fakilte Syans Imen, Inivèsite Leta Ayiti.

    Comments