SOCIÉTÉ

Kisa dosye fo « Corn Flakes Hyde Park » la ye tout bon ? | Videyo

0

Èske se tout bon ou remake gou konnflèks Hyde Park w ap konsome kounya yo chanje vre ? Ebyen, pandan plizyè konsomatè pa sispann pataje konsta sa a, li te fasil pou obsève plizyè bwat konnflèks Hyde Park k ap vann nan makèt, ki fabrike nan Pòtoprens, pa t gen non izin ki pwodui yo a ekri sou yo

Anmenmtan tou, gen yon gwo chire pit k ap fèt pou itilizasyon mak sa a nan peyi Dayiti. Daprè yon reprezantan Hyde Park Ozetazini, AyiboPost te kontakte, gen yon fo pwodiksyon mak Hyde Park la k ap fèt an Ayiti e yo pa t bay pèmisyon pou sa. Tandiske, antrepriz k ap pwodui Hyde Park Ayiti a di yo gen tout dwa pou yo fè sa. Kidonk, pou w konnprann pi byen dosye sa a ki devan lajistis ayisyen, AyiboPost te mennen yon ankèt. Nou pral esplike w li nan bon ti mamit. Rete la !

Si anpil ayisyen toujou esprime apresyasyon yo pou konnflèks Hyde Park pwodui yo, genyen plizyè konsomatè k ap siyale depi kèk tan, yo konstate gou sereyal la te chanje.

Men, kisa k ap pase reyèlman ? AyiboPost te ankete sou sa. Rete la, paske aktyèl minis komès lan pran pozisyon klè nan dosye sa a tou.

Gen yon premye aspè ki parèt sispèk. 

Nan makèt osnon etalaj an Ayiti, kote yo vann konnflèks Hyde Park yo, li fasil pou w obsève pwodui a kenbe prèske menm karakteristik ou ka wè nan magazen Walmart osnon sou platfòm komès anliy Amazon, nan peyi Etazini yo.

Sepandan, si w byen gade w ap wè gen yon detay ki diferansye l ak konnflèks ki sòti dirèkteman Ozetazini an, paske sou bwat k ap vann Ayiti a, li make podui a fèt Pòtoprens, san yo pa site non izin ki fè li an jan rekòmadasyon pou pwoteksyon konsomatè yo mande sa. 

Alaverite, gen de (2) kan nan batay sa a.

Nan kad yon ankèt sou dosye a, AyiboPost te pibliye nan mwa avril pase a, li te rive jwenn kèk esplikasyon nan men yon reprezantan mak Hyde Park la Ozetazini. 

Nan imèl ak lòt echanj responsab la te genyen ak AyiboPost yo, li te fè konnen gen yon fo pwodiksyon mak la k ap fèt an Ayiti. 

Avan n al pi lwen, n ap fè w konnen konpayi ayisyen Caribbean Food Manufacturing, antreprenè John Batroni ap dirije, fabrike konnflèks Hyde Park an Ayiti, san l pa jwenn kontrent, depi plis pase dis (10) lane daprè avoka li AyiboPost te kontakte. 

Antrepriz sa a, ki pami sa ki pi enpòtan nan peyi a, gen jiska 70 anplwaye lokal, dapre enfòmasyon ki disponib sou sit ofisyèl li. Konpayi sa a ki chita kò l Kwadèboukè, se tou dezyèm konpayi ki pwodui sereyal pou dejene nan Karayib la, toujou dapre sa k ekri sou sit entènèt la, e yo gen plis pase dis (10) lane ap fabrike pwodui pou vann an Ayiti ak nan prèske dis (10) lòt peyi.

Caribbean Food Manufacturing te deja ap pwodui konnflèks yon mak tankou Bongu, ki pou Gwoup Deka. Nasyonzini prezante biznisman Reynold Deeb kòm youn nan direktè Deka e li te revele biznisman sa a enplike nan finanse gang an Ayiti, nan yon rapò yo te pibliye nan lane 2023. 

Menm Reynold Deeb sa a, ki gen anpil koneksyon politik, te deja sou sanksyon peyi Kanada. Men nou dwe mansyone : jiskaprezan, pa gen okenn tribinal ayisyen ki kondane l pou akizasyon sa yo.

Avoka Caribbean Food Manufacturing lan, mèt Yvan Richard Maurasse, pa t janm reponn pou di si wi oubyen non antrepriz la te gen yon akò pou yo pwodui mak Hyde Park la. 

Si dosye a ap tann yon jijman isit an Ayiti, reprezantan Hyde Park ki Ozetazini an fè AyiboPost konnen, yo pa janm bay Caribbean Food Manufacturing okenn dwa pou pwodui ni distribye mak la. Kidonk, selon sa li kontinye pou l di, si konpayi sa a ap fabrike sereyal yo, se yon aksyon « ilegal », ki ka menm antrene kèk « aksyon legal », san l pa bay plis detay.

***

Men, ki kote konfli sa a sòti ? 

Litij sa a kòmanse apati lanmò Jerry Martino nan lane 2020, ki se premye biznisman ki te anrejistre mak Hyde Park la an Ayiti, omwen depi nan lane 2004 yo.

Men, anvan li te rann dènye souf li, dokiman AyiboPost jwenn montre li te remèt dwa sou mak konnflèks Hyde Park li te anrejistre nan peyi a bay yon biznisman ki rele Gamal Mildor. 

Mildor t ap pral transfere menm dwa sa yo bay antreprenè ayisyen Guy-Michel Clérié, ki se pwopriyetè yon konpayi ki rele, Safi Trading S.A.

Reprezantan Hyde Park ki Ozetazini an, fè AyiboPost konnen atravè imèl, se li ki te bay Jerry Martino dwa pou anrejistre mak la. Menm reprezantan mak lan kontinye pou l di, depi anvan Martino mouri, li te sispann achte pwodui Hyde Park yo akoz ogmantasyon pri yo.

Reprezantan Hyde Park ki Ozetazini an prezante antreprenè Guy-Michel Clérié kòm sèl moun ki gen dwa distribye pwodui Hyde Park an Ayiti, paske se Clérié ki te pran kontwòl mak la apre lanmò Martino.

***

Men se kisa leta Ayisyen di nan koze sa a ? 

Se ministè komès ak endistri ki jwe wòl regilatè nan zafè anrejistreman mak fabrik nan peyi a. 

Ministè sa a, atravè depatman jiridik li, mete sou kèk dokiman AyiboPost jwenn, efektivman rekonèt dwa konpayi Guy-Michel Clérié a, Safi Trading S.A., sou mak Hyde Park la jiska lane 2034 nan peyi a.

Direktè afè jiridik ministè a, Me Danovald Charles, te menm presize, « anrejistreman mak Hyde Park la enskri nan rejis ministè komès sou non Safi Trading », epitou sou baz demann sesyon ki dokimante. 

Men, Caribbean Food Manufacturing, John Batroni  ap dirije, sou bò pa l, pa dakò.

Nan yon plent nan tribinal koreksyonèl pou difamasyon, Caribbean te voye bay Clérié AyiboPost rive jwenn, konpayi an denonse yon « move tantativ  » bò kote biznisman lan pou fè kwè se li ki pwopriyetè mak Hyde Park la. Menm dokiman an pale tou sou yon desizyon direksyon afè jiridik Ministè Komès ak Endistri sou dosye sa a.

AyiboPost te voye yon pati nan plent nan tribinal koreksyonèl la bay direktè afè jiridik Ministè Komès la, Me Danovald Charles, ki li menm te di l wè dokiman an menm jan ak tout moun, e li p ap kòmante l.

AyiboPost, bò kote pa l pa rive verifye egzistans desizyon sa a avan ankèt la te fini. Caribbean Food Manufacturing pa t pataje dokimantasyon pou sipòte pozisyon li an.  

Responsab Safi Trading lan menm, Guy-Michel Clérié, fè konnen li pa t okouran sou egzistans dokiman ki mansyone nan sitasyon an. Legalman, si yon dokiman konsa t a egziste, Leta t ap gen obligasyon voye l ba li kòm youn nan pati nan konfli an.

Caribbean Food Manufacturing, mete konfyans li nan lajistis ayisyen pou jwenn yon solisyon ak konfli a.

Men, Guy-Michel Clérié sou bò pa l kwè dosye a pa sèlman yon zafè lajan.

Selon li, l ap « defann yon prensip, paske demen sa ka rive nenpòt moun, ». 

Daprè biznisman Clerié, gen rezo mafya ak gang andedan sektè prive a.

Nou p ap fini san n pa di w, mak komèsyal yo jwenn yon pwoteksyon pou asire se sèl konpayi ki posede yo ki ka sèvi ak non oswa logo sa yo, evite yo kopye pwodui mak la, epi defann repitasyon yo devan lajistis.

Nan ka mak Hyde Park la, li anrejistre pou pwodiksyon sereyal konnflèks nan peyi Etazini, sou non Grace C LLC, AyiboPost te rive verifye moun ki responsab li a pa mwayen telefòn ak imèl ofisyèl.

Nan yon premye tan, li te anrejistre nan Leta Florid, epi apre nan nivo federal, sa ki bay mak la yon pwoteksyon sou tout tèritwa ameriken an. E jan nou sot di la a, sèvis jiridik ministè komès di se konpayi Cleriè a, Safi trading, ki nan relasyon biznis ak Grace C LLC ki gen dwa sou mak la an Ayiti annatandan lajistis deside sou dosye sa a. 

Apre w fin tande tout istwa sa yo, ou sandout ap mande tèt ou, kote dwa m genyen antanke konsomatè yo pase ? 

Ebyen, dosye Hyde Park lan, ki toujou devan tribinal an Ayiti, soulve kesyon legal sou dwa mak yo, men tou sou fason Leta garanti dwa konsomatè yo nan peyi a.

Èske w sonje nou t ap di w, bwat konnflèks Hyde Park yo ap vann nan plizyè makèt nan Pòtoprens san yo pa mete okenn enfòmasyon sou ki izin ki pwodui yo ? 

Modèl konpòtman sa yo vyole yon dekrè ki pibliye nan lane 2020 sou etikèt pwodui alimantè yo, kote Leta ayisyen egzije pou yo mete enfòmasyon sa a vizib nan youn nan de (2) lang ofisyèl yo tou.

Nan lane 2024 la, ministè Komès ak endistri a te menase retire sou mache a tout pwodui ki pa respekte règlemantasyon sou etikèt yo. 

Aktyèl Minis komès la, James Monazard, fè konnen se AyiboPost ki enfòme l sou ka konnflèks Hyde Park yo. Li te deklare « konsomatè a gen dwa pou l jwenn enfòmasyon, espesyalman sou orijin pwodwi a ».

Li esplike tout sa li kapab fè « se voye enspektè pou al sezi pwodui sa yo, pou moun osnon biznis ki genyen yo an kapab di ki konpayi ki te vann yo li ».

E, minis la te pwofite raple mak enpòtan yo benefisye yon pwoteksyon an Ayiti. Li ajoute nan ka konnflèks nap pale a, se « konpayi prensipal la ki toujou rete pwopriyetè mak Hyde Park la ».

Sou konfli ki egziste antre de (2) pati yo, minis la fè konnen lalwa pini tout tantativ pou kopye yon pwodui, men se sèlman yon tribinal ki ka deside sou sa.

Minis James Monazard esplike, sèvis jiridik ministè a te redije yon rapò, malgre yo pa t gen tout dokiman yo nan men yo, tankou dokiman legal sesyon Jerry Martino a. Men, li fè konnen, dokiman sa yo t ap pral rive jwenn ministè a annaprè.

Menm si pwopriyetè konpayi Safi Trading lan, Guy-Michel Clérié, te soumèt pyès li yo, minis la te fè konnen « pa gen anyen ankò mwen kapab fè ». Li rapousuiv pou l di « ministè a pa yon tribinal. Men, li presize, jij k ap mennen dosye a ka ekri ministè a pou jwenn dokiman pètinan sou li yo  ».

Kounyeya, apre w fin konprann dosye a, vin esplike nou esperyans ou ak konnflèks Hyde Park sa a, epi di nou kisa w panse Leta dwe fè pou garanti dwa konsomatè yo nan peyi a ? 


Kamera : Sherlande Pierre

Montaj : Marc Elie Rosena 

Prezantasyon : Daphena Rémédor

Ankèt: Widlore Mérancourt

Eskrip : Lucnise Duquereste

Edisyon / Sipèvizyon : 

Jérôme Wendy Norestyl

Philicien Casimir


Gardez contact avec AyiboPost via :

► Notre canal Telegram : cliquez ici

►Notre Channel WhatsApp : cliquez ici

►Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici

Vidéographe à AyiboPost, Sherlande Pierre est féministe dans l’âme et passionnée de caméra. Elle s’intéresse à l’entrepreneuriat et la photographie. Défenseur de tout ce qu’elle trouve juste, Pierre adore la musique et sa terre natale.

    Comments