SOCIÉTÉ

Yo asasinen l ansanm ak Jean Dominique : Men istwa Jean-Claude Louissaint ! | Videyo

0

Vini m rakonte w istwa Jean-Claude Louissaint, ki te tonbe anba bal asasen menm moman ak Jean Dominique nan lokal Radio Haïti Inter

Jean-Claude Louissant se te gadyen nan Radio Haïti Inter ki te te twouve l Dèlma 66. Lendi 3 avril 2000, pandan l te an sèvis gran maten ozanviwon 6è konsa, yon asasen rantre nan lakou radyo a e wete lavi li. Se nan menm moman an tou, Jean Léopold Dominique, yon jounalis selèb ki t ap milite pou peyizan jwenn plas li nan sosyete a te rive jwenn lanmò li tou.

Asasinay gwo potorik jounalis sa a ta pral deklannche gwo sezisman ak lapèn nan mitan popilasyon an. Nan moman an, tout fokis aktyalite a te rete sou Jean Dominique, e pa t gen twòp moun ki te pale de Jean-Claude Louissaint pou di kiyès li ye te ye li menm.

Li trè fasil jounen jodi a pou w jwenn dokimantasyon solid sou jounalis senyò Radio Haïti Inter la, men pou Louissaint, pa gen ase enfòmasyon disponib.

Pou n te ka dekouvri istwa l la, AyiboPost te kontakte jounalis ki t ap kolabore avèk li nan Radio Haïti Inter, tankou Michèle Montas, vèv jounalis Jean Dominique, ki te direktris sal nouvèl la alepòk; Pierre Emmanuel, ki te travay nan radyo a depi 1986 jouk li te fèmen an 2003, epi Assad Volcy, ki te travay nan peryòd kòm jounalis nan radyo a.

Kilès Jean-Claude Louissaint te ye ?

Temwànyaj yo fè n konnen, Louissaint fèt nan yon lokalite ki rele Gilèm nan vil Okay, depatman sid peyi Dayiti. Li se premye pitit gason nan fanmi l, e youn pami 2 pitit gason manman l te genyen sèlman.

Nan ane 1988, li ta pral kite Okay pou l te vin enstale li nan kapital peyi a, Pòtoprens. Li ta pral viv kay yon matant li ki rele Milana Felix nan katye Site Militè ki twouve l nan komin Dèlma, anviwon 3.7 kilomèt de Aewopò entènasyonal Tousen Louvèti a. An oktòb 1999, li te gen yon ventèn lane, lè li te kòmanse travay nan Radio Haïti Inter antanke gadyen. Men avan li te entegre radyo a, li te travay kòm manèv sou yon chantye nan kapital la.

Yo prezante Louissaint antanke yon jennonm ki timid epi rezève. Pandan li t ap travay nan radyo a, li te toujou vle kontinye aprann. Se pou sa, chak aprèmidi, li te konn al suiv kou nan Kolèj Daniel Jeudi ki te nan Dèlma 31, kote li t ap fè setyèm ane. 

Eksperyans yo ak Louissaint

Nan entèvyou AyiboPost te gen avèk, Michèle Montas, ki te direktris sal nouvèl radyo a nan peryòd sa,  fè konnen li pa t abitye gen konvèsasyon pwofon avèk Louissaint. Li sèlman sonje l se te yon anplwaye  diskrè ki te jis ap fè travay li.

Men Montas te an mezi pou ede n konprann kijan zak asasinay la te rive e kisa k ta esplike lanmò Louissaint.

Krim nan pase lendi 3 avril 2000 nan blòk 6è nan maten. Kòm dabitid, Jean Dominique desann poukont li nan radyo a avan, daprè sa Michèle Montas esplike AyiboPost. Yo toulede a t ap gen pou prezante yon edisyon nouvèl a 7è. Nan entèval sa, jounal sizè ki tap prezante nan radyo a sibitman ta pral kanpe. Lè Montas rele mande sa k pase, yo  te reponn pou di l vini vit. Lè l rive sou plas, li remake gen kò Jean-Claude Louissant atè devan baryè a  epi li jwenn kò mari li atè nan lakou a, ki te pran 4 bal.

Sa k ta esplike asasina a

Louissant te gen sèlman 6 mwa t ap travay nan Radio Haïti Inter. Pou Michèle Montas, jennonm nan ta yon viktim kolateral, paske li kwè se pa t li menm ojis asasen an te sible, men se pito jounalis Jean Dominique ki te gen anpil dosye cho li t ap trete nan moman an. Nan editoryal li yo, Dominique abitye trete gwo dosye kont gouvènman an oubyen sektè prive a. Pa egzanp, te gen zafè Pharval la, yon antrepriz famasetik ki t ap pwodwi yon pakèt medikaman toksik an Ayiti e ki te anpwazen 80 timoun an 1997.

Ansyen kòlèg Louissaint, Pierre Emmanuel ki redaktè an chèf jounal la nan peryòd sa, gen yon avi ki ale nan menm sans lan. Li kwè angajman Jean Dominique alepòk pou bokou nan asasinay sa a, paske pozisyon l yo pa t sispann deranje etablichment politik ak ekonomik nan peyi a. E se te yon angajman ki te akselere nan mwa avan zak kriminèl sa a. 

Daprè Montas, Jean-Claude Louissant te jwenn fineray nasyonal menmjan ak Jean Dominique. Manman Louissaint ak ti frè li a te patisipe nan seremoni omaj sa a ki te fèt nan estad Sylvio Cator devan plis pase 15 000 moun.

Kò Jean Dominique te ensinere, daprè Montas ki di l te remèt sann nan bay yon òganizasyon peyizan nan depatman Latibonit pou te lage li nan Pas Kano, ki branche nan Flèv Latibonit. Selon Michèle Montas, li bay sann nan a peyizan yo, paske se te ve Jean Dominique nan vivan li.

Apre evènman malere sa a, Montas fè konnen l te toujou gen bon rapò ak fanmi Louissaint. Men, aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la ki te kraze lokal Radio Haïti Inter la, li ta pral pèdi kontak avèk fanmi viktim lan.

Avril 2025 : 25 lane apre

3 avril 2025 fè 25 lane depi dram sa rive. Menmjan ak anpil zak asasinay ki fèt nan peyi a, lajistis poko janm di anyen sou idantite koupab lanmò Jean-Claude Louissant ak Jean Dominique. Dosye a fèmen nan tiwa jiskaprezan.

Gen plizyè jij ki pase nan dosye sa. Daprè Montas, premye ankèt jidisyè ki te fèt la te dire twazan. Se te yon peryòd kote te gen sispèk ki te mouri epi kadav yo te disparèt.

Pa egzanp, an òktòb 2000, 6 mwa apre asasinay la, Jean Wilner Lalane ki se youn nan sispèk yo te mouri sou kabann lopital pandan l t ap sibi yon operasyon chirijikal. Kò li ta pral disparèt san yo pa t jwenn tras li.

Epi te gen Panel Renélus, yon lòt sispèk ankò nan kad dosye sa a lapolis te arete e ki ta pral jwenn lanmò li nan komisarya Leyogàn pandan li te nan prizon an.

An 2014, jij Ivickel Dabrésil ki se jij ki te deziye pou fè enstriksyon dosye sa yon dènye fwa, te remèt Koudapèl Pòtoprens yon rapò ki epengle plizyè moun tankou Annette Auguste aliyas Sò Anne, Gabriel Harold Sévère, Frantz Camille alyas Franco Camille ak ansyèn senatris pati politk fanmi Lavalas Mirlande Libérus Pavert, ki konsidere nan rapò a kòm otè entelektyèl asasinay la.

Depi lè rapò sa fin rive jwenn koudapèl, poko gen kenn jij ki deziyen pou ta estatye sou dosye a, ki nan kou kasasyon pou kounye a. Fòk Koudapèl rann arè pou kasasyon ta tande dosye a.

AyiboPost te kontakte Grefye an chèf nan kou kasasyon an, Pierre Richard Allonce, pou te ka konnen nan ki pwen dosye a yo. Li fè konnen kou an ap mete sou pye yon gwoup jij pou tande dosye a. Li te deside pa bay plis detay sou sa san siperyè yerachik li pa ba li lòd pou sa.

Pandan lajistis ap trennen nan dosye sa a, gen anpil tantativ oubyen asasinay dirèk jounalis sibi, e anpil ladan yo jiskaprezan anba gwo menas an Ayiti.

Anviwon 2 lane apre yo te fin asasinen mari l, an desanm 2022, Michèle Montas fè konnen li te sibi yon tantativ asasinay nan rezidans prive li. E nan moman an, youn nan gadkò li yo te mouri.

Gen anpil lòt ka grav ki kontinye rive ki montre nan ki nivo enpinite ak enjistis ap renye an Ayiti. Nan yon klasman mondyal endis enpinite Komite pou pwoteksyon jounalis (CPJ) pibliye nan lane 2024, Ayiti klase nan tèt lis peyi kote gen anpil chans pou asasen jounalis yo rete san pinisyon. 

Nan sans sa a, Montas kwè, dosye jistis Jean-Claude Louissaint ak Jean Dominique lan ki fèmen nan tiwa jiskaprezan an se yon prèv ki montre nan ki pwen enpinite a ap alimante ensekirite, vyolans ak anachi an Ayiti.


Kamera: Jean Judelin Isaac

Montaj: Marc Elie Rosena

Rechèch ak redaksyon: Fenel Pélissier ak  Wethzer Piercin

Edisyon: Chérubin Jérôme

Sipèvizyon: Widlore Mérancourt 

Gardez contact avec AyiboPost via :

► Notre canal Telegram : cliquez ici

► Notre Channel WhatsApp : cliquez ici

► Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici

Fenel Pélissier est avocat au Barreau de Petit-Goâve, professeur de langues vivantes et passionné de littérature.

    Comments