Nan epòk Ayiti pran lendependans li, peyi enperyalis yo pa t janm wè tèt yo san yo pa t gen koloni pou y ap peze souse ak esklav pou y ap fè travay pi di pase bèt pou grandi richès yo
Endepandans Ayiti a diferan ak tout lòt paske li te konplè. Sa vle di li te kont lesklavaj, kolonizasyon ak prejije koulè.
Nan anpil peyi nan mond lan, premye janvye rete yon dat enpòtan paske se premye jou nan ane a.
Se jou moun ap fete, se jou kote moun ap swete tout sa ki bon ak zanmi, fanmi.
Men an Ayiti, dat sa gen yon dezyèm siyifikasyon. Li se fèt lendepandans tou.
Poutan, nou toujou tande anpil moun ap di bòn ane pandan yo souvan bliye di «Bòn fèt lendepandans».
Nan sans sa a, nou vle fè yon rapèl istorik, yon mannyè pou n tante montre enpòtans dat sa nan listwa nou kòm pèp epi montre nesesite sa genyen pou n di «Bòn fèt lendepandans».
Nan ane 1492, anvayisè panyòl yo ki te gen sou tèt yo Kristòf Kolon debake an Amerik.
Yo te kache dèyè Labib, anba dra evanjelizasyon pou yo te kache vrè entansyon yo ki se piye richès zile a, vòlè tè.
Nan demach sa a, gwo jenosid te fèt sou otoktòn zile a ak anpil lòt peyi sou kontinan Amerik la.
Aprè yo fin disparèt Arawak yo, a pati 16zyèm syèk prensipalman ane 1503, kolonizatè panyòl sa yo pral kòmanse travèse an Afrik pou y al pran moun vin mete nan move kondisyon pou fòse yo tounen lesklav yon mannyè pou grese kapitalis kolonyal esklavajis la.
Men se pa t kolon panyòl sèlman ki te gen je brake sou zile sa a, te gen lòt kriminèl tankou Anglè ak Fransè.
Nan sans sa a, t a pral gen anpil batay ant diferan kolonizatè sa yo pou pran kontwòl tè an Amerik, zile Sendomeng nan pa t epànye.
Se nan kontèks sa a Espànyòl yo t a pral kòmanse jwenn atak kolon fransè yo ki yo menm te bezwen moso pa yo tou nan gato a jiskaske yo te vin rive tabli baz yo sou zile latòti nan ane 1625.
Se pa t kolon panyòl sèlman ki te gen je brake sou zile sa a, te gen lòt kriminèl tankou Anglè ak Fransè.
Men pliske pa t ko gen okenn lòt trete ki siyen pou legalize dappiyanp yo an Amerik menmjan « traité de Tordesillas » la te fè l nan ane 1494 pou Lespay ak Pòtigal, batay pa t janm sispann ant Lafrans ak Lespay.
Aprè anpil konfli, Fransè yo t a pral arive jwenn ofisyèlman pati lwès peyi a apati « traité de Ryswick» ki te siyen nan lane 1697.
Fransè yo te tabli yon sistèm kolonyal esklavajis ki te demounize moun nwa yo te anbake an Afrik yo. Yo enpoze yo pwòp fòm òganizasyon sosyal ak politik yo, sa ki fè lè yo rive Sendomeng, yo te tou detache de vi pase yo.
Yo te oblije aprann nòm ak prensip k ap taye banda nan sistèm kolonyal esklavajis la. Yon mwayen pou yo te ka satisfè mèt yo. Se sa sosyològ Jean Casimir rele «Créolisation par aculturation».
Kidonk, lè yon kaptif nwa rive Sendomeng, li te oblije refoule tout sa l te sòti an Afrik yo pou l te ka pliye l anba lojik sistèm nan.
Pou yo te arive fè kaptif yo soumèt, kolon sa yo te itilize de estrateji prensipal.
Yo te batize yo selon atik 1 ak 8 Kòd nwa a, ki di avan 8 jou, mèt la te dwe batize tout kaptif nan relijyon katolik. Yo te devalorize tout reprezantasyon sosyal lakay moun nwa yo tankou koulè, lang, aparans fizik ak relijyon. Devalorizasyon sila te enskri l nan kad demounizasyon moun nwa yo nan lide pou pran kontwòl lespri yo.
Apresa, yo te itilize kontrent ak chatiman kòporèl. Sa vle di, yo te konn bat moun nwa yo, maltrete yo, chozifye yo ( atik 44 nan Kòd nwa) yon mannyè pou fòse yo travay epi aksepte kondisyon lavi koloni an.
Men sa pa t rete konsa pliske kaptif sa yo t a pral kreye pwòp inivè senbolik yo. Yo t a pral kreye pwòp kilti yo, pwòp fason pou yo viv malgre tout kontrent yo te jwenn.
Fransè yo te tabli yon sistèm kolonyal esklavajis ki te demounize moun nwa yo te anbake an Afrik yo. Yo enpoze yo pwòp fòm òganizasyon sosyal ak politik yo, sa ki fè lè yo rive Sendomeng, yo te tou detache de vi pase yo.
Mòd vi sa yo te depaman ak chema kriminèl Fransè yo te enpoze a. Sa t a pral debouche sou yon seri pratik ki te pwòp ak kaptif yo.
Yo t ap konstwi pwòp inivè yo ak pwòp lojik yo, pwòp prensip yo. Se sa pwofesè Jean Casimir rele «créolisation intraculturelle».
Kaptif sa yo t a pral kòmanse afranchi nan lespri yo epi yo t a pral konprann lesklavaj se lènmi byennèt. Anplis, yo t a pral kòmanse batay kont sistèm kolonyal eslavajis la atravè yon ansanm pratik tankou mawonaj, avòtman, anpwazònman, konplo elatriye.
Batay sa yo t a pral akouche yon kokennchenn kongrè politik nan dat 14 out 1791 la kote kaptif yo t a pral fonde pwòp filozofi yo sou « Moun » ak pwòp vizyon monn yo.
Se kote yo t a pral mete anplas yon konsepsyon ki kont konsepsyon kolon yo ki te bobo ak lesklavaj , demounizasyon epi kolonizasyon.
Aprè anviwon douz ane batay, nèg ak negrès Sendomeng yo t a pral mete deyò pi gwo lame ki te egziste an Ewòp nan epòk la epi atravè yon Revolisyon ki te akouche lendepandans premye janvye 1804.
Revolisyon ayisyèn nan te mete fen ak lesklavaj, kolonizasyon epi rasis.
Nan epòk Ayiti pran lendependans li, peyi enperyalis yo pa t janm wè tèt yo san yo pa t gen koloni pou y ap peze souse ak esklav pou y ap fè travay pi di pase bèt pou grandi richès yo.
Poutan, pwojè enperyalis yo te kase dan yo sou tè Dayiti, «Libète ou Lanmò», se sa Desalin, Kristòf, Petyon ak lòt zansèt yo te gen pou pratik.
Se yon pratik ki te kwape dwa lavi ak lanmò mèt yo te gen sou esklav yo pou te mete byen doubout pratik lavi ki chita sou fòmil tout moun se moun nan.
Lè Desalin di «Moun», li pa t wè moun Ayisyen sèlman, li te wè moun kòm «espès».
Revolisyon ayisyèn nan te mete fen ak lesklavaj, kolonizasyon epi rasis.
Endepandans Ayiti a diferan ak tout lòt paske li te konplè. Sa vle di li te kont lesklavaj , kolonizasyon ak prejije koulè.
Kidonk li te kwape tout sa blan te tabli kòm pratik nan koloni an. Se sa k fè pa gen tankou revolisyon ayisyèn nan. Pa gen pyès lòt revolisyon ki te fèt avan l oubyen aprè l ki sanble avè l.
Men kèk egzanp poun kore sa n sot di a.
Aprè lendepandans ameriken yo nan ane 1776, lesklavaj te kontinye pou al bout an 1865.
Aprè peyi Brezil fin endepandan nan ane 1822, lesklavaj te aboli jis nan ane 1888.
Anpil peyi nan Amerik latin, se blan ki te kwape blan parèy yo. Nan sans sa a, pèp nwa yo pa t rive jwenn dwa grandèt majè yo aprè endepandans peyi sa yo.
Men an Ayiti, endepandans nou an te tou koupe fache ak lesklavaj epi Desalin te di kèlkeswa moun ki pile bout tè sa a, li tou lib.
Aprè 1804, se kanpay libète zansèt yo t ap mennen, se sa k fè yon gran entèlektyèl tankou François Manigat rele revolisyon ayisyèn nan «Prosélytisme révolutionnaire». Kidonk levanjil revolisyon an te kòmanse preche an Amerik.
Revolisyon an te jwenn tout sans li nan bay tèt li yon gwo obligasyon entènasyonal nan ede lidè revolisyonè nan zòn nan. Nan ane 1804, sou tè Lamerik prensipalman, Ayiti te sèl espas kote moun nwa te ka vin viv lib, se te sèl espas kote rèv libète te tounen reyalite, sèl espas kote kòd nwa, Pak kolonyal, chèn nan men ak nan pye te disparèt.
Sistèm kapitalis la marande ak lesklavaj, kolonizasyon, rasis, Jenosid.
Sa vle di ranmase lajan te bobo ak dominasyon, ak san , epi kriminalite. Men revolisyon 1804 la te kwape lojik sa a. Li te akouche yon sosyete tou nèf kote jistis sosyal, egalite ak byennèt te dwe taye banda.
Desalin te di: « Pa gen libète san byennèt ».
Li te vle bati yon sosyete kote moun k ap travay yo dwe jwi fòs travay yo. Li te vle pou revolisyon an kontinye pedale jiskaske ideyal « Tout moun se moun » nan rive taye banda nan tout kwen nan peyi a.
Men, zak asasinay 1806 la voye nan Simityè pwogresyon revolisyon 1804 la.
Rapèl istorik sa fèt yon mannyè pou raple tout moun siyifikasyon sa genyen lè n di «Bòn fèt lendepandans» lè premye janvye met pye. Anpil fwa, anpil moun pase tout tan yo nan di «Bòn ane» Poutan, chak tan nou pa di «Bòn fèt lendepandans».
Se kòmsi n pote kole ak pwojè anpil pisans enperyalis ki vle detwi n kòm pèp pandan yo pa janm renonse ak pwojè pou koube n anba dominasyon yo, pandan y ap fè dapiyanp sou resous nou yo epi kontinye oryante politik peyi a nan sans enterè yo. Pa bliye, anpil peyi enperyalis pa rive dijere senbolism 1804 la. Yo toujou wè n kòm gwo danje pou pwojè dominasyon yo.
Se kòmsi n desolidarize tèt nou ak tout pratik ki gen pou wè ak libète, dwa moun epi dwa pou n granmoun tèt nou paske 1804 se pwomosyon souverènte, otodetèminasyon. 1804 se lènmi demounizasyon .
Men chak fwa nou di « Bòn fèt lendepandans» , nou remobilize tout pratik ki danse kole ak respè moun, diyite epi ak souverènte. Nou raple sila yo k ap rich nan mizè pèp la, sa te pi mal avan 1804. Kidonk, avan lontan, sitiyasyon malsite a gen pou l ranvèse.
Nou remete kanpe pawòl ak pratik libète pou tout moun nan nan yon dimansyon pliryèl kote se chak nasyon, chak pèp k ap detèmine pou pwòp tèt yo jan yo dwe viv, prensip ak lwa y ap tabli pou regle pwoblèm yo epi amonize yo.
Nou voye jete nan poubèl pouvwa ak dominasyon yon nasyon sou yon lòt nasyon.
Nou kenbe byen vivan memwa papa Desalin pandan n ap di l mèsi pou chimen diyite, libète ak grandèt li te trase pou nou. Chak fwa nou vire tèt nou dèyè pou n gade 1804, nou jwenn tout sa pou n fè pou lavni nou kòm pèp chita sou byennèt, nou jwenn tout sa pou n fè pou n rezoud pwoblèm chire pit k ap wonje sosyete a.
Chak fwa nou di « Bòn fèt lendepandans» , nou remobilize tout pratik ki danse kole ak respè moun, diyite epi ak souverènte. Nou raple sila yo k ap rich nan mizè pèp la, sa te pi mal avan 1804.
Pa gen okenn pèp ki pèdi chimen revolisyon l epi pou l toujou rete doubout. Pa bliye, 1804 se yon gwo kri, yon gwo rèl, yon gwo lespwa, yon gwo pwojè byennèt, yon gwo pwojè mounite ki pa dwe janm antere. Egzanp 1804 la, se pi gwo mòdèl ak pi gwo altènativ nou genyen pou n reprann mounite nou ak dwa grandèt nou.
Par Donald Veillard
Image de couverture: Source | ©lescientifique
► AyiboPost se consacre à fournir des informations précises. Si vous constatez une erreur ou une erreur, merci de nous en informer à l’adresse suivante : hey@ayibopost.com
Restez en contact avec AyiboPost via :
► Notre chaîne Télégramme : Cliquez ici
► Notre chaîne WhatsApp : Cliquez ici
► Notre communauté WhatsApp : Cliquez ici
Comments