Opinions

Opinyon | Jean Casimir : «Lide Ayisyen ak Dominiken se frè ak sè vin klè nan tèt mwen»

0

Lè n apiye youn sou lòt, se fòs nou rasanble pou n jwi ti kras lavi nou rive chape nan touman ki sènen nou an

Lide Ayisyen ak Dominiken se frè ak sè vin pi klè nan tèt mwen, etan m ap li 2 liv ki dous kou siwo myèl. Youn rele : «Nou reve menm rèv la, Endepandans Dominikani, Ayiti ak Batay pou Libète Karayib la»; lòt la rele : «Fwontyè Dominikanite: Ras, Nasyon ak Achiv Kontradiksyon». Moun ki ekri yo a pa responsab lide ki pase nan tèt mwen; men yo siyale m  konesans mwen sou sa twò wòwòt e m te dwe jwenn tan pou m reflechi pi plis sou rapò marasa nou yo.

Moun ki ekri yo a pa responsab lide ki pase nan tèt mwen…

Malè se you aksidan regretab ki toujou rive sanzatann. Lè l domaje w, li domaje w nèt. Lamizè se pitit li. Men, w andwa wè chak jou w ap rantre pi fon nan mizè; osnon w ap soti ladann ti kras pa ti kras. Alòske lè malè frape w ou make pou lavi.

Pran ka Ayisyen ak Dominiken. Malè nou kale jou Lagrandyab – Leta panyòl – mete men sou zile a an 1492. Li batize peyi a Ispanyola, ki vle di : Ti Lespay. Kòm li pa t janm tande anyen ap  pale sou Taynòs, li pran pou reyalite sa l t anvi wè a. Taynòs tounen Endyen, sovaj pou l sivilize ak krisyanize ak fòs kout baton. De ou twa  Taynòs sèlman chape devan Gran Konnen ki debake pou fè lalwa.

Ou ka li tou : L’histoire officielle d’Haïti fait trop de cadeaux à Christophe Colomb. Ce sociologue propose une relecture.

You san tan apre Blan disparèt Taynòs yo, you lòt Leta – franse, fwa sa a – sezi you pòsyon nan tè Panyòl yo vòlè a. Li batize pòsyon an: Sen Domeng. Leta mete malere lakay li travay sou tè a pou granmesi. Yo pa t kont : konsa, pandan you lòt san tan, li bwote sot nan Ginen moun li rele Nèg Nwè san distenksyon. Li tanpe yo kou bèf kabwèt, estwopye yo anba travay ak touman. Yo pa menm ka peple, sof sa ki jete kò yo nan mawon, sitou si y al nan panyòl, kote lè sa a, Leta vwazinay an degraba.

Leta mete malere lakay li travay sou tè a pou granmesi.

Lagrandyab – ki vle di 2 Leta sa yo – trase fwontyè nan zile a ak pwent fizi l : Sen Domeng ki pral bay Ayiti; epi Sannto Domingo ki pral bay Repiblik Dominikèn. Li remèt kòmèsan, militè ak anplwaye Leta dyòb prije chak bò zile a. Pandan Blan franse ap sitire nèg lavil pou responsab lòd, nan panyòl, koloni a pa fè ase kòb pou peye militè ak responsab administrasyon piblik. Ki fè, lè Repiblik Dominikèn vin endepandan, gran don pwovens tonbe chache parenn, pou ede yo gouvènen : Lakolombi, Lespay, Peyiba, Lafrans, Etazini. Ayiti endepandan tranble kou fèy bwa, pase si etranje sele vwazen : baton pou li tou. Ki fè, lè Bwaye (Boyer) tonbe, gwo zouzoun chak bò fwontyè a koupe fache. Nan chache kouman pou yo sele abitan, youn ap voye toya sou lòt.

Ou ka li tou : Opinyon | Lagrandyab ak lang pèp souvren

Zotobre pa konn lamizè. Se soufrans malere ki fè yo viv. Kidonk, nan zile a, gen 2 reyalite kòt a kòt: metòd dappiyanp Lagrandyab, ak mès malere sèvi pou pwoteje tèt yo. Malere donnen nan espas ansyen yo bati lontan anvan Leta mete men sou yo, epi yo kontinye pwoteje diferans yo, ata nan bab li. Se sèl ladrès ansyen yo, ki ede yo pran souf epi adousi mizè yo. Sèl pa konprann ka fè yo pran pati nan batay gwo zouzoun, pase mesye dam sa yo sot nan mizè san yo pa briding malè yo. Yo bouche nen yo pou bwè dlo santi. Men, pou de ou twa nan yo rive kapote grangou, fò yo monte  sou do you dipita moun yo kenbe nan malsite.

Zotobre pa konn lamizè. Se soufrans malere ki fè yo viv.

Gwo zouzoun se pichon Lagrandyab simen lavil. Fòs Lagrandyab ba yo twòp pou kouraj 2 marasa yo. Vin jwenn nèg pa ka konprann jan tèt Dyab mache. Pifò ta byen vle rele «Alelouya Satan, jerenons !» Men, pou ale a, Dyab pa prale. Li sèmante fò malere touye tèt yo pou yo sot nan mizè san yo pa manyen malè yo. Nou menm, je n kale : nou pito jwi ti lavi n, jan n kapab, menm si nou pa rive wete sansi a nan kòf lestomak nou. Nèg lakay, Dominiken kou Ayisyen, ak nèg dyaspora, youn soutni lòt. Y ap fè jefò pou bay lamizè you bwa long kenbe.

Malè, se youn; lamizè, se de. Bondye bay chen maleng dèyè tèt li pou l pa ka niche l. Men maleng nan pa ka fòse chen pran wout li pa vle pran. Lè malere tonbe goumen youn ak lòt, se kòm si y ap rele Dyab vin separe yo. Tou 2 marasa yo nan menm tchouboum nan. Si youn chèche you jan pou l konn lòt, pou l antann li avè l, epi renmen l, se lavi n y ap wouze. Lè n apiye youn sou lòt, se fòs nou rasanble pou n jwi ti kras lavi nou rive chape nan touman ki sènen nou an. E lè nou pran ka lòt malere parèy nou, nou fè move san anvayi tèt Lagrandyab. E sa pa dwe detounen n !

Jean Casimir


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram li an : klike la

▶ Entegre gwoup WhatsApp li an : klike la

Jean Casimir, doktè nan sosyoloji, ap anseye nan Fakilte Syans Imen, Inivèsite Leta Ayiti.

    Comments