Oktòb 2014, Plis pase 100 kay kraze nan Okap pou fè plas pou yon boulva. 5 lane pase, anyen pa fèt. Out 2018, prezidan Jovenel Moïse pwomèt gouvènman li an pa lage pwojè konstriksyon Boulva a. Fevriye 2019, nan plas yon boulva, gen yon gwo depotwa ki enstale bò lanmè a.
Nan mwa oktob 2014, otorite yo nan Leta nan vil Okapayisyen kraze plizyè santèn kay ki te konstrui bò lanmè a, soti nan ri Laviktwa pou rive Chada, sou wout pou mennen nan aryopò a. Demolisman sa te fèt nan kad yon pwojè amenajman yon nouvo boulva, daprè sa ansyen depite vil Okap la Kenston Jean-Baptiste te fè konnen nan laprès.
5 lane aprè pwomès sa, nou vizite bò lanmè a, se yon depotwa nou jwenn ak kèk sitwayen k ap boske lavi swa nan lave machin oubyen ranmase boutèy plastik pou revann antrepriz k ap fè resiklaj yo. Se konsa, nou kwaze Elide Joseph ki te pèdi kay li nan moman Leta te mande sitwayen yo rache manyòk yo bò lanmè a.
« Lè Leta fè yon bagay, lòm pa ka defèt li »
Elide Joseph gen 60 lane, li pa gen madanm, ni pitit. Li se moun komin Grandrivyè. Se nan lane 80 yo pandan rejim boutdi Jean-Claude Duvalier a, Elide te konstrui yon tikay pou l abite. Nan men yon zanmi li te achte anplasman kote l bati a. Men li rekonèt tè a se te pou Leta. Sa pat anpeche moun nan te ba li papye. Jounen jodi a papye sa pèdi.
Nan mwa oktòb 2014 bri t ap kouri Leta pral kraze kay yo ki bò lanmè a. Se konsa Elide te nan lari, lè li rantre li pa jwenn ni sak, ni krab. Li pèdi ni kay, ni tè, ni sa li te gen anndan lakay li : « Moun ki te la yo fè piyay nan ti sa m te genyen yo. Se konsa sa te pase, depi w pa la lè y ap kraze kay ou, w ap pèdi sa ki te ladan l yo ».
Daprè sa Elide fè nou konnen, otorite yo pat avèti li lè yo t ap vin kraze kay li alewè pou yo ta ba li delè pou l retire zafè l. N ap raple Lwa 22 septanm 1964∗ la defini mannyè pou Leta jere kesyon byen li posede. Dwe gen yon desizyon lajistis ki pran anvan pou yo bat chalbare dèyè do yon moun lè li okipe yon espas, bati ladan l, ki pou Leta . Sa ki pat rive respekte nan sitiyasyon Elide Joseph la, daprè sa viktim nan fè nou konnen. « Lè Leta fè yon bagay, lòm pa ka defèt li ». Se sa Elide reponn lè nou te mande l si otorite yo pat dedomaje li.
Jounen jodi a nan plasman kote kay yo te ye a, se plizyè pil fatra nou kapab konstate ki enstale.
Retire kay pou fatra layite
« Fatra se yon ti pwoblèm apati jodi a » se deklarasyon sa prezidan peyi a te fè lè l te vizite vil Okap nan kad 8e virewonn li rele « Pawòl Chanjman » nan kòmansman mwa janvye 2018. Yon lane pase, fatra toujou ap taye banda nan vil Okap. Sitou nan plasman kote otorite yo te anonse ta pral genyen boulva. Olye boulva, se plizyè pil fatra nou te rive konstate k ap layite akote lanmè a, tou pre aryopò entènasyonal vil la.
Vil Okap ki mezire 53,5 kilomèt kare, te gen plis pase 249 541 moun k ap viv ladan l nan lane 2009, ki dispatche nan 48 384 menaj daprè « Institut haïtien de statistique et d’informatique (IHSI) ». Kantite menaj sa yo ki ogmante jounen jodi a, pwodui plis fatra chak jou men se 2 kamyon konpresif sèlman dezyèm vil peyi a te benefisye nan kad aktivite « Pawòl chanjman ». Sa ki pa fasilite travay netwayaj vil la.
Se konsa nou konsate, fatra anvayi plizyè katye nan Okap. Soti nan rantre vil la, zòn « Fondasyon Vensan » pase « Baryè », mache ri « 10 », vide « Lòtbò pon » kote otorite yo te kraze kay yo, akote lanmè a, fatra fè 2 pou 5.
An 2020 vil Okap ta dwe fete 350 lane egzistans li, anpil pwomès te fèt deja depi an 2014 lè otorite yo te deklare yo pral konstrui yon boulva sou wout Madlin nan. Pa twò lontan nan mwa out 2018 la, prezidan peyi a, Jovenel Moïse, refè menm pwomès la nan kozri li te gen ak kèk otorite lokal nan Meri Okap. Li menm ajoute ap gen elektrisite 24/24, 400 kilomèt wout nan tout depatman an, elatriye.
6 mwa gentan pase, timari pa monte li pa desann. Yon depotwa enstale kò l nan plas boulva ki ta dwe konstrui a. Kèk sitwayen menm itilize espas sa pou yo lave machin. N ap poze tèt nou kesyon jouskilè otorite yo nan Leta ap sispann fè pwomès jis pou fè moun bat bravo.
Comments