SOCIÉTÉ

Yon pledwaye pou modènizasyon Lapolis Nasyonal Dayiti ak bon jan teknoloji

0

Sekirite piblik kwafe tout diferan aspè lòd ak sekirite. Premye  wòl li se pwoteje popilasyon yon peyi kont tout menas entèn. Nòmalman, responsablite sila tonbe dabò sou do lapolis nasyonal answit nan yon sitiyasyon ekstrèm lame ka mete pye. Men nan ka pa Ayiti an, pa gen lame nan moman an menm jan ak anpil peyi nan zòn karayib/Amerik Santral lan tankou Lagrenad, Ladominik oswa Kostarika. Sekirite piblik Ayiti asire pa Lapolis Nasyonal Dayiti ke nou souvan rele PNH pou pi kout.

Peyi Dayiti genyen 140 komin ak pou pi piti 1 komisaraya pou chak komin ak kèk sou komisarya. Lapolis gen anviwon 13,000 ajan sou teritwa nasyonal la e 50% nan efektif sa ap evolye nan Depatman Lwès la. Pou premye depatman peyi a nou gen yon mwayèn de  1 polisye pou chak 1000 abitan e pou rès peyi a se 1 polisye pou 6000 abitan. Gen yon plan gradyèl sou 5 lane pou ogmante efektif lapolis la a 25,000 ajan. Pandan nap swete sa rive fèt, an nou wè ansanm kijan PNH la kapab fè izaj efikas nouvèl teknoloji yo pou ranfòse sekirite piblik e fè yon travay pi efikas pou pwoteje ak sèvi popilasyon Ayisyen an nan 5 pwen kle.

1. Rezo enfòmatik Lapolis Nasyonal Dayiti
Li esansyèl pou chak komisarya ak tout sèvis santral lapolis yo konekte sou yon sèl twèl, sa nou rele rezo enfòmatik nan langaj teknik lan. Yon rezo enfòmatik se yon ansanm òdinatè ak tèminal ki konekte ansanm pou echanje enfòmasyon nimerik. Ak yon rezo entèn solid PNH pral rive rezoud yon gwo pwoblèm senkronizasyon enfòmasyon ak pataj entèlijans anndan enstitisyon an.

An nou pran kòm egzanp bandi ak prezime bandi k ap flannen lib e libè. Yon komisarya komin Petyonvil ka arete yon endividi pou vyòl anndan komin sila e mennen li devan lajistis. Yon lòt bò, komin Kafou ap chèche menm endividi sila pou kidnapin. E chak zak sa yo gen yon pèn diferan. Yon arestasyon ka fèt yon bò san lòtbò ki ap chache menm endividi sa a pa okouran otomatikman. Sa se yon andikap serye ki fè fòs lòd yo pèdi tan ak gaspiye resous. Bon jan zouti teknolojik byen chita nan yon sistèm enfòmatik solid ap ede ni Lapolis ni sistèm jidisyè a fonksyone nan pi bon kondisyon.

Nan yon PNH modèn, chak komisarya dwe dispoze pou pi piti yon machin anpwent, yon bon kamera pwofesyonèl ak yon òdinatè ki konekte ak rezo enfòmatik entèn lapolis la. Konsa pou chak bandi oswa prezime bandi ki rantre nan yon komisarya, yon ajan kapab anrejistre yon dosye nimerik pou li ki genyen kòm kontni anpwent, foto e tout enfòmasyon pèsonèl endividi sa ki ap antre otomatikman nan yon sistèm rezo santral ke tout komisarya ak sèvis santral lapolis la ka aksede. Konsa tout komisarya ap gen aksè ak menm resous e fonksyone sou menm liy nan ranfòsman sekirite piblik la.

2 Pataj entè-enstitisyonèl enfòmasyon pèsonèl ak biyometrik tout sitwayen:

Pou nou ranfòse rezo enfòmatik lapolis la, nou dwe kreye yon chimen, sa nou rele « path » nan langaj teknik la ki kapab ale dirèk nan baz done prensipal enstitisyon ki pwodui ak konsève enfòmasyon sou sitwayen yo, tankou Direksyon Jeneral Enpo (DGI), Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI) ak Sèvis Imigrasyon. Enstitisyon nou sot site la yo gen sa nou rele enfòmasyon pèsonèl ak biyometrik (tankou anpwent, koulè zye elatriye) pifò sitwayen sou teritwa nasyonal la.

Pataj entè-enstitisyonèl done sa yo enpòtan nan etablisman pwofil konplè tout sitwayen e sitou sa ki an kontravansyon ak lajistis yo ke lapolis ap chache. Lè yon ajan kanpe yon endividi li kapab idantifye li pi rapid poul fè swit nesesè ak li. Kidonk, li enpòtan pou chak patwouy gen yon tèminal mobil ki ka pèmèt ajan an rapidman idantifye oswa otantifye yon endividi.

3. Izaj dwonn ak lòt teknoloji pou siveyans piblik:

Dwonn: Nou ka konn wè dwonn yo kap vole pandan peryòd kanaval oswa nan gwo festival pou pran bèl foto ak videyo depi anlè. Enben, ti aparèy sa ki tankou yon ti elikoptè telegide ka sèvi tou kòm yon gwo zouti nan sekirite piblik. Yon dwonn ka itil nan plizyè sikonstans. Nan vil Medellin nan peyi Kolonbi, dwonn yo sèvi kòm zouti prensipal nan siveyans patwouy lapolis sou plas piblik ak trafik machin sou otowout yo. Dwonn yo ka sivole syèl la nan kad yon operasyon sovtaj, nan asistans patwouy sou fwontyè yo, pou ede jwenn timoun ki pèdi elatriye. Aparèy sa gen kapasite penetre espas ki pa aksesib apye, li koute lontan mwens e pi fleksib nan anpil sikonstans ke yon elikoptè.

Kamera siveyans piblik: Kamera siveyans piblik se yon demach ki koute anpil men ki trè efikas. Lapolis kapab kòmanse enstale kamera nan plizyè zòn nan rejyon metwopolitèn nan. Divès statistik revele ke prezans kamera siveyans pèmèt diminye krim, ede kwape kriminèl, fasilite retrase evidans, amelyore lavi popilasyon an e amelyore sekirite piblik. Pa twò lontan, komin Dèlma kòmanse enstalasyon kamera e komisè komin nan temwaye amelyorasyon klima sekiritè nan zòn sa yo.

Anpwent dijital sèvo: Anpwent dijital sèvo a pèmèt ou dekouvri inosans ak kilpabilite yon prezime rapid vit. Teknoloji sa ki soti nan Syans Ond Serebral itilize skanè sèvo pou kapte kijan sèvo yon prezime reyaji lè yap kesyonel. Konsa, lapolis kapab idantifye potansyèl moun ki sispèk e elimine sa ki pa sispèk yo an fonksyon de rezilta skanè yo.

Skanè pòtatif pou anprent: Polisye kounya kapab itilize yon skanè pòtatif pou anrejistre anpwent e idantifye endividi ki gen dosye kriminèl. Ak aksè san pèdi tan sa a, ti aparèy sa yo pèmèt polisye yo pèdi mwens tan e diminye to arestasyon ki pa jistifye.

4. Platfòm anliy tou louvri pou fè rapò anonim

Nan syèk sa nou ap antre nan yon ajennda gouvènans patisipatif ak gouvènans louvèti. Kidonk popilasyon an kapab patisipe ak leta nan jan bagay yo ap fèt anndan peyi a. Gen yon tandans pataje enfòmasyon an mas sou Whatsapp ak rezo sosyo yo ki ap evolye. Yon sitwayen ka fè yon obsèvasyon ki ka ede lapolis epi li patajel ak fanmi zanmi nan yon mannyè anachik.

Nan kad modènizasyon lapolis la nou kapab etabli yon sitwèb ak yon lyen aksesib sitou sou telefòn entelijan yo ki pral pèmèt nenpòt sitwayen ede lapolis rezoud yon krim oswa mete men sou yon move zak kap fèt nan yon kote byen spesifik. Platfòm sa dwe pèmèt itilizatè an  ekri epi soumèt foto ak video. Sitwayen sila kapab bay enfòmasyon yo nan tout anonima e lapolis pral fè analiz done sa yo. Pou akonpaye ekspansyon platfòm sila, PNH la kapab tabli yon estrateji kominikasyon dijital pi entèaktif sou rezo sosyo yo tankou Twitter ak Facebook pou pale, alète e koute popilasyon an sou tout kalite pwoblèm ensekirite ki ap devlope sou teritwa a.

5. Enstitisyonalizasyon inite sibèkrim anndan lapolis la
Sibèkriminalite ap vin pi popilè nan peyi nou. Vyòl kolektif malonèt sa sou jèn fi nan komin Petyonvil la rantre dirèk nan seksyon sibèkrim. Pataj videyo sa pa endividi ki komèt zak la e tout lòt endividi ki ap pibliye e repatajel pou bon plezi (sa nou rele « child pornography » an anglè) se yon gwo krim nan peyi lèzetazini pa egzanp. Enpòtans kad legal pou sibèkriminalite a klè. Palmantè nou yo paka dòmi sou dosye sa ankò paske chak jou nap fè fas ak pi plis zak sibènetik. Absans kad legal yo louvri tout pòt pou sibèkriminèl lòtbò dlo vin fonksyone nan peyi a san grate tèt. PNH la ka ede nou prevni deriv sa yo. Pou sa fèt fò l tabli yon inite solid anndan PNH la ki pou jere kesyon sibèkriminalite. Inite sa ta dwe genyen kòm fonksyon pou li soutni ògan leta ki konsène yo nan sekirizasyon ak tretman prèv nimerik yo. Inite Sibèkrim PNH la kapab chita sou 3 pilye prensipal: Ankèt sou teren pou
penetrasyon tout lokal kote kriminèl sibènetik yo tabli pou yo opere; laboratwa kriminalistik enfòmatik pou mennen, trete e analize tout evidans ki kolekte nan operasyon ki fèt sou teren yo;
Yon gwoupman kont krim sou timoun sou entènèt ki dwe vize tout predatè kap eksplwate ak viktimize timoun gras ak itilizasyon òdinatè ak entènèt.

Inite Sibèkrim sa ap gen poul bay fòmasyon a ògan jidisyè yo sou kijan lalwa dwe aplike sou zouti ak pwosesis ki itilize pou ede pouswiv krim ki lye ak teknoloji. Inite sa dwe angaje li nan sansibilizasyon gwoup kominotè ak gwoup sivik yo e fè prezantasyon sou enpòtans sekirite sou entènèt, vòl idantite ak sekirite òdinatè. Inite sa dwe founi fòmasyon sou izaj sekiritè rezo sosyo yo. An jeneral, inite sa dwe toujou kontinye bay enfòmasyon ak fòmasyon ki alè e ki valab sou tout kesyon ki lye ak teknoloji.

Senk (5) pwen enpòtan sa yo demontre nou kijan teknoloji pran plas li nan mete gwo chanjman anndan sistèm jidisyè a atravè lapolis. Prezans teknoloji nan lapolis ap kontinye evolye chak jou. prezans sa a ap vin kreye lòt ouvèti ak opòtinite pou jèn ki enterese fè karyè anndan profesyon lapolis la. Tout zouti teknolojik sa yo ka pèmèt lapolis nasyonal fonksyone pi byen jan sa ye Lèzetazini, Kolonbi elatriye. Nan menm lide sa, mwen ankouraje PNH lanse yon Hackathon ak jèn kap evolye nan domèn nan pou devlope solisyon lojisyèl ak aplikasyon ki kapab ede administrasyon lapolis la. Evolisyon teknolojik sa pral ogmante nesesite bon jan pwofesyonèl, analis ak moun kap kiltive panse kreyatif pou yo kapab byen itilize teknoloji pou pwoteje ak sèvi popilasyon an. Annou kontinye pledwaye pou yon PNH modèn!

Stéphane Vincent

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *