EN UNEPOLITIQUESOCIÉTÉ

Premye repiblik Nwa, dènye repiblik kisa?

0

Pandan map koute reunion OEA kap fèt nan washington apre midi 27 janvye 2016 lan  san’m vire, mwen fè kolè. Wi mwen fè on gwo tchuipe lè reprezantan peyi Nicaragua a di « se pèp ayisyen ki ouvri la vwa pou libete nan karayib la! » M pa konn pou nou men m bouke tande pawòl sa a chak fwa nou nan pwoblèm.

A chak fwa nou nan kouri, nou menm ayisyen nou gonfle lestomak nou « nous sommes la première republique noire », epi sou lòt bò a etranje a li menm tou ankouraje nou nan pawòl sa yo. Evenman sa a ki te ka yon slogan k’ap pouse nou devan, tounen on eskiz k’ap rale nou fè bak.  Li tèlman drive nan bouch nou, nou tèlman itilize l san valè kounyean li pa gen valè ankò. Di mwen nan zye pa’m nou fè li pèdi valè li e mwen bouke tande moun ka’p plede repete’l. Paske chak fwa nou di « premye repiblik nwa » mwen wont lè’m realize ke se sèl sa nou ka idantifye ak li apre 212 zan endepandan.

 Patrimwan sa zansèt nou te mouri kite pou nou a se yon gwo eleman nan idantite nou se vre, men nou pa fè anyen apre sa poun bay patrimwan sa plis valè. Si etranje a se sa lap Kontinye itilize pou l idantifye nou sa vle di nou pa fè anyen ki bon apre sa ke li ta ka itilize. Patrimwan sila, nou kitel peri. Non sèlman nou pa bal valè li men tou,nou fèl pèdi valè li. Kit se politisyen, reprezantan legliz, profèsè lekol, profesyonel, etidyan, nou tout koupab nan fèl pèdi valè sa a. Nou tout sitwayen koupab!

Lè reprezantan an raple ke se Ayiti ki louvri pòt libète pou karayib la, mwen si se konsa ni Toussaint ni Dessalines  ak tou ewo nasyonal yo vire nan tomm kote yo antere a paske yo pa t fè gwosè eksplwa sa pou nap mache itilize’ pou kemande. N’ap viv nan mitan on pakèt peyi kote lasante, edikasyon, teknoloji, zèv atistik ansanm ak politik demokratize se bgay sa yo ki fè aktyalite alòske lakay se lòbèy ki toujou ap pete. Kidonk, Apre 212 zan m panse fòk idantite nou ta evolye, fòk li ta chanje pou pi miyò.

Jan pwovèb la di:  » Il faut être de son temps ». Nou menm nou pa nan tan nou menm lè nou plede met pawòl sa devan san nou pa gen anyen konkrè ki pou kore’l. E se pa nan rete kache deyè idantite « premye repiblik nwa » nou an ke n ap rejwenn tan noua k tout devlopman ki sipoze vi’n avè’l. Pito nou fè yon jan pou idantite sa pa fin sal anba pye nou.

Aurélie M. Fièvre

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *