Si li pa trete li ka debouche sou gwo konplikasyon tankou ilsè ak kansè nan lestomak. Yon moun ki pran plezi ap pran medikaman tankou alpalid, diklofenak, aspirin ak ibipwofèn san preskripsyon doktè kapab devlope gastrit la
Nan lane 2012, Esther Dorsainvil, yon etidyant 30 lane te teste pozitif ak H-pylori ki se non abreje yon bakteri ki rele Helicobacter pylori ki touche lestomak.
Avan Dorsainvil te deside al lopital, li te konn santi li anvi vomi lè l fin manje. Men lè l pral sispèk li gen pwoblèm nan lestomak se yon fwa li te fin bwè yon ji grenadya byen pwès. « M te santi lestomak mwen ap fè m mal. Pandan tout semèn nan m te santi gon bagay ki kenbe m nan lestomak la. Pafwa se nan kolòn vètebral mwen m konn santi l», temwanyaj Esther Dorsainvil ki ajoute pafwa ni kouche, ni chita konn pa bon pou li tèlman li konn santi l pa byen.
Lè li wè jan l ap soufri, jèn dam nan deside al lopital. Se lè sa a li aprann li enfekte ak bakteri H-pylori a.
Kisa ki H-pylori a menm?
H-pylori se yon bakteri syantifik yo dekouvri nan lane 1982 men sa pa vle di li pa t egziste anvan sa a. Daprè doktè entènis Phillip-Antoine ki se responsab medikal nan lopital Plurimedic, bakteri sa a se youn nan prensipal koz yon maladi ki rele gastrit, ki manifeste lè anvlòp ki pwoteje lestomak la anfle.
«Se pa sèlman H-pylori ki bay gastrit. Yon moun ki pran plezi ap pran medikaman tankou alpalid, diklofenak, aspirin ak ibipwofèn san preskripsyon doktè kapab devlope gastrit la. Si moun nan malad nan entesten l, li ka vin gen gastrit la tou», doktè Vital k ap pale.
Yon moun ki gen maladi sa a ka santi anba kè l ap fè l mal, dlo si k ap monte sou lestomak li oubyen nan bouch li, balonman, vant fè mal, konsa tou li ka pa santi ankenn siy.
Pa gen done sou gastrit la nan peyi Dayiti men doktè Vital rapòte se youn nan rezon ki mennen anpil moun vin lopital. Maladi sa a repann li nan tout monn nan men se nan peyi ki pi pòv yo plis jwenn li. «Bakteri H-pylori a plis pwopaje kote kote moun ap viv pil sou pil nan move kondisyon ijyenik ak sanitè», pawòl doktè a toujou.
Philip-Antoine fè konnen se yon moun ki gen maladi a ki ka bay yon lòt li. Li pale de yon transmisyon oro-oral. Se lè moun nan enfekte ak bakteri a, li bo oswa touche yon moun ki li menm al met men nan bouch li, konsa li tou trape bakteri a.
Doktè a pale tou de yon transmisyon feco-oral. Lè yon moun sot nan twalèt li pa lave men l, gen posiblite pou gen patikil fekal ki rete nan men l. Si menm moun sa a al touche manje yon moun ap manje oswa bay lamen ak yon lòt, li ka tou transmèt bakteri a.
Tretman gastrit senp
Daprè doktè Vital, tretman gastrit la senp paske medikaman (antibyotik) ki pou trete l yo pa chè. Men anmenmtan doktè a di tretman an kapab konplike tou paske li ka bay pasyan an kèk efè segondè tankou vomisman, vant fè mal, ak dyare. « Anpil fwa moun yo pa fin fè tretman an. Men li enpòtan pou n pa fè neglijans ak maladi gastrit paske si li pa trete li ka debouche sou gwo konplikasyon tankou ilsè ak kansè nan lestomak. »
Doktè Philip-Antoine Vital pa ankouraje pèsonn al eseye geri tèt yo poukont yo. Li pa konseye nonplis pou moun al pran tretman nan men lòt sou pretèks yo te gen menm maladi a epi yo te geri.
Osnon, li: Men poukisa ou riske pran « pyas nan tèt » kay kèk kwafè
Menmsi ou te deja trete ak maladi gastrit oswa ak yon enfeksyon ak H-pylori doktè a deklare li enpòtan pou toujou fè tchèkòp lopital paske ou ka toujou enfekte ankò.
Pandan tretman an doktè Vital soulinye li enpòtan pou pasyan an kenbe yon disiplin nan fason l ap viv. « Pa bwè alkòl ak bwason gazez pou pa irite lestomak la. Pa pran bwason ki twò asid tankou ji zoranj, seriz, tamaren, chadèk ak ji grenadya ki twò konsantre.» Li kontinye pou ankouraje pasyan yo evite manje ki gen twòp epis, chakitri oubyen vyann ki gen twòp grès.
«Pa manje fritay, fwomaj gra. Pran pito manje ki gen omega 3 tankou nwa, pistach, aran, somon, sadin. Manje fwi ki gen vitamin A tankou kawòt, papay, elatriye epi manje manje ki gen anpil “fibre” tankou avwàn, chou, fig, bwokoli.»
Yon lòt bò, doktè Phillip-Antoine ankouraje moun trete dlo y ap bwè epi lave men yo lè yo sot fè bezwen yo, kit se nan twalèt piblik, kit se nan twalèt pesonèl.
Li pa toujou fasil
Men, li pa toujou fasil pou moun kenbe tout disiplin sa yo. Pou anpil fanmi nan peyi Dayiti, lave men pa yon pratik ki senp. Nan yon rapò ki toujou soti chak 4 an, anketè yo te jwenn kèk fanmi ki te asepte yo founi je gade kote yo gen pou lave men yo lakay yo. Nan rapò sa a nou li sou 100 moun ki te gen kote pou lave men yo, gen anviwon 60 ladan yo ki pa t gen ni dlo, ni savon oswa lòt pwodui ki pou ta netwaye men yo. Toujou sou 100 moun yo, kèk 12 ladan yo te gen dlo sèlman. Se sèlman apeprè 25 ladan yo ki te gen dlo ak savon pou lave men yo.
Pou fini, ou ka li: Fistule obstétricale: la maladie de la honte qui ronge silencieusement des femmes en Haïti
Se pa sa a sèlman. Sitiyasyon sosyal ak ekonomik yon moun ka pa pèmèt li kenbe yon rejim alimantè ki stab nan kad tretman enfeksyon ak H-pylori a. Esther Dorsainvil paregzanp ki te enfekte nan lane 2012 di doktè li t ap suiv la te di l pa manje aprè 6zè men se te yon gwo difikilte pou li. «Gen de lè m konn pa gen kòb alòske m konn gen kou nan fakilte a jiska 7è nan aswè. Lè konsa lè m rive lakay mwen m oblije manje manje yo kite pou mwen menmsi l ta. Gen zanmi ki te menm konn di m si m koute doktè yo k ap di m pa manje yon bann bagay m ap mouri.»
Dorsainvil pa t disipline ak tretman an. Chak fwa li te tounen lopital tès H-pylori a te pozitif. Li te vin pa al lopital ankò. Jounen jodia, Esther Dorsainvil ap eseye kenbe ak rekòmandasyon doktè li t ap suiv la te fè l yo.
Laura Louis
Comments