SOCIÉTÉ

Sikonsizyon : Men tout sa w dwe konnen sou maladi sa | Videyo

0

Yon gason ka sikonsi a nenpòt ki laj. Toutotan moun nan sikonsi pi bonè, li diminye plis toujou risk pou l devlope maladi oswa enfeksyon nan peni

Gen 3 kategori gason :

(1) Sa yo ki sikonsi depi yo timoun

(2) Sa yo ki sikonsi pandan yo gran epi

(3) Sa yo ki poko sikonsi, sa vle di, ti pijon yo gen bèk jiskaprezan.

Pou sila yo ki poko sikonsi, se petèt paske yo pa konnen kisa sikonsizyon an ye ojis, swa yo gen gwo laperèz pou fè l, oubyen yo kategorikman di yo pa nan bagay konsa ditou.

► Toudabò, kisa sikonsizyon an ye ?

Daprè doktè Junior Samuel Orismé, ki se medsen rezidan finisan nan sèvis Iwoloji Lopital Jeneral, «sikonsizyon se yon operasyon yon chirijyen fè kote li retire po ki kouvri «glan» an, sa nou abitye rele tèt peni an. Po sa yo retire an li menm rele «prépuce» oubyen bèk an kreyòl.

Ki kote pratik sa soti ?

Iwològ Jean Ronald Exumé fè AyiboPost konnen : «Sikonsizyon se petèt pratik chirijikal ki pi ansyen, ki egziste depi nan peryòd juif yo.» Labib rakonte, nan Jenèz 17, te gen yon alyans Bondye te fè ak Abraham pou li sikonsi tout ti gason ki fèt nan ras li kòm senbòl fidelite fanmi sa avèk li. E se te konsa Abraham ta pral sikonsi pitit gason li Ismaël e li te tou pwofite sikonsi tou li menm.»  Se sa ki fè, pandan lontan, sikonsizyon te plis yon pratik relijye, aprè sa li vin gen dimansyon kiltirèl e jiskaprezan Juif yo kenbe pratik sa an jeneral. Depi yon ti gason juif fèt, yo sikonsi l sou uityèm jou a, prensip sa ekri nwa sou blan nan Levitik 12:3.

Gen lòt relijyon oswa  sèk relijye ki pratike l tou, tankou Islam, Disip, « heritage de Jacob », elatriye… 

► Bon ! Se vre nou ka konprann enpòtans relijye ak kiltirèl sikonsizyon genyen pou anpil sosyete, men kounye a, èske se yon pratik Lamedsin rekòmande ? Ki avantaj ak enkonvenyan ki gen nan sa ?

Wi, espesyalis medikal rekòmande pou gason sikonsi, pou plizyè rezon:

  • Premye rezon : sikonsizyon an fè peni an pi ijyenik e parèt pi bèl:

Gen yon sibstans blanch oubyen krèm prepis lan pwodui ki konn chita nan kouwòn peni an, sa vle di anba po tèt koulout gason an. Nan langaj medikal la yo rele sibstans sa « smegma ». Nan langaj kouran an Ayiti, moun yo rele li : mayi moulen oubyen kalanbè. Ebyen, lè yon gason sikonsi, li pa gen pwoblèm sa ankò paske po a pa la pou pwodui sibstans sa. Kidonk, li pi ijyenik.

Sepandan, li enpòtan pou nou note, « Smegma » a an swa pa yon move sibstans paske li la pou pèmèt tèt peni an librifye byen fasil, sa vle di, li pèmèt po a glise sou tèt peni an nòmalman. Men mezanmi, tande byen, sa pa vle di gason ki sikonsi an pa ka librifye. Pwoblèm nan se nan move ijyèn kòporèl paske lè smegma a rete twòp anba po a, li pa lave, li kapab vin bay enfeksyon tankou: “Posthite” ki se lè moun nan gen yon enfeksyon nan po a. Li ka bay tou “Balanoposthite” ki se lè moun nan gen enfeksyon ni nan po a ni nan tèt peni an. E ansanm enfeksyon sa yo, si yo pa trete, pi devan yo ka debouche sou maladi ki grav tankou kansè nan peni. Sitou pou yon moun peni l pa ka kale, ano-prepisyal li twò piti, pa gen posibilite pou sibstans lan evakye, l ap melanje ak rès pipi ki rete yo pou ba li maladi.

Kay timoun, mas smegma sa konn pwovoke sa yo rele yon kis-smegmatik, akimilasyon sibstans lan vin fèt tankou yon ti boul ki ba l doulè lè l ap pipi. Chak fwa pou li fè bezwen sa, tèt peni l vin gonfle akoz mas sa e sa kapab vin ba l enfeksyon anplis de difikilte ak doulè li genyen deja. 

  • Sa tou pèmèt mwen tonbe nan dezyèm rezon an avèk ou : Lè yon gason sikonsi, espesyalis yo di li diminye risk pou gen kansè nan peni, puiske risk enfeksyon yo ap diminye otomatikman. Se sa ki ta fè yo prèske pa jwenn ka kansè peni kay juif yo, paske  jan n te di l pi wo a, an jeneral, tigason juif yo sikonsi depi sou 8 jou yo fin fèt. 
  • Twazyèm rezon, toujou daprè espesyalis yo : sikonsizyon diminye risk pou w pran enfeksyon, ata menm VIH/Sida. Men atansyon, se pa yon envitasyon pou ale nan rapò seksyèl ak plizyè patnè epi san pwoteje, paske diminye pa vle di risk la efase nèt.
  • Katriyèm rezon : sikonsizyon an se yon posiblite pou ogmante nan andirans gason an, paske, daprè iwològ Exumé, lè gason fin sikonsi, tèt peni an vin mwens sansib, li vin keratinize si n ap itilize jagon medikal la.

Pou ilistre sa, se tankou yon moun ki renmen mache pye atè fas ak yon lòt ki toujou gen soulye nan pye l. Li evidan, pla pye sila ki pa met sandal la vin mwens sansib. Ebyen se menm jan an pou sikonsizyon an, puiske glan an vin keratinize, l ap mwens sansib e sa ta sipoze ogmante andirans gason. 

Toutfwa, li enpòtan pou n presize: daprè medsen Orismé, ogmantasyon andirans lan pa yon garanti, paske sa depann de lòt aspè tankou sikoloji.

Se sa k fè, pou yon moun ki gen ejakilasyon prekòs, medsen an pa ka garanti depi l sikonsi pwoblèm nan ap rezoud. L ap bezwen fè suivi sikolojik tou ak yon sekso-terapet anplis de tretman medikal iwològ yo konn founi pasyan sa yo.

Avan n pase nan senkyèm rezon an, nou vle pote yon presizyon pou moun ki konn panse, lè peni an sikonsi, epi l ap fwote ak slip oubyen boksè, sa ta ogmante risk enfeksyon yo. Daprè medsen Junior Samuel Orismé: lè peni an ap fwote nan boksè a, sa pa vle di l ap ogmante risk enfeksyon. Kounya se moun nan ki pou jere ijyèn li. Tankou : mete boksè ki pwòp epi jere ijyèn entim li. Men, ekspozisyon glan an pa fè li ogmante risk enfeksyon erezman.

  • Senkyèm rezon : sikonsizyon se yon pwoteksyon pou patnè seksyèl gason an. Pa egzanp, yon fi k ap fè bagay ak yon gason konsa, mwens riske pou l ta pran enfeksyon nan vajen ak kansè kòl matris.
  • Sizyèm rezon pou yon gason sikonsi. Lè w sikonsi, ou pa gen pwoblèm fimozis ak parafimozis. Fimozis la se lè peni gason an pa ka kale menm. Sa vle di po a rete kole sou tèt peni an. E parafimozis lan se kontrè a, peni an rete tou kale san po a pa ka repliye. Sou pwen sa a, Iwològ Orsimé fè AyiboPost konnen sitiyasyon sa rive souvan aprè moun nan fin fè bagay. Kidonk, nan parafimozis la, peni an rete tou kale. Po a pa ka reprann plas li. Lè konsa tou po a anfle li bay moun nan doulè.

Lè yon moun sikonsi, li pa gen pwoblèm ijans sa yo ki konn alabaz anpil konplikasyon sante, tankou kansè nan peni..

► A ki laj yon gason ta dwe sikonsi?

Espesyalis yo reponn ak kesyon sa. Yon gason ka sikonsi a nenpòt ki laj. Toutotan moun nan sikonsi pi bonè, li diminye plis toujou risk pou l devlope maladi oswa enfeksyon nan peni.

M panse w gentan gen ase enfòmasyon la pou konnen si w ap sikonsi oubyen non.

Sa m p ap bliye di  w : medsen yo toujou preskri pasyan yo medikaman aprè entèvansyon an. Paske, menm jan ak tout operasyon, pasyan an toujou gen medikaman pou doulè aprè.

► Kounye a, ann fè yon ti egzèsis byen senp. Ann imajine yon gason ki deside ale sikonsi, kijan sa ap dewoule lè l rive wè iwològ la ? Kisa diferan etap yo ye ?

Premye faz la se konsiltasyon. Lè pasyan an rive nan konsiltasyon an, medsen an f on evalyasyon pou li, kote li poze l kesyon sou pase medikal li. Nan faz sa a tou, medsen an egzamine peni l ak testikil li e li tou fè yon evalyasyon iwolojik pou li. Se yon evalyasyon de aparèy pipi a kay gason oubyen fi ak aparèy jenital kay gason. 

Dezyèm faz la se egzamen laboratwa medsen an mande pasyan an fè.

Twazyèm faz la se pral operasyon an.

Se yon operasyon ki dire ant 30 a 45 minit. Li ka dire mwens tan pou yon tigason, ant 15 a 20 minit.

Se yon operasyon ki fèt an “ambulatoire”, sa vle di, aprè l fin fèt, pasyan an ka tou rantre lakay li nòmalman. E depandaman de ki travay li fè, li ka tou ale nan travay li. Sof si travay la mande anpil efò fizik, bouje anpil oubyen fè spò de kontak. Moun sa yo ap bezwen 3-5 jou konje. Men yon moun k ap travay nan biwo p ap vrèman bezwen sa sof si l ta santi yon enkonfò.

Dènye etap la, se randevou yo. Lè operasyon an fin fèt, moun nan ap gen pou l vin panse chak 3-4 jou. Suivan jan plè a ye, aprè 2 ou 3 pansman, yo kapab preskri l krèm pou pase sou pati li jiskaske l sikatrize. Pandan tan sa a, moun nan p ap ka fè twalèt li toutotan l pa sikatrize. Anplis, se aprè yon mwa l ap ka fè bagay. Menm si l ta wè l fin sikatrize avan mwa a, li oblije tann mwa a fini avan l al nan fè bagay, sinon, doulè yo ka rekòmanse. Se sa ki fè, medsen yo konseye yon mwa abstinans.

An gwo mezanmi, se konsa pwosesis sikonsizyon an ye.

Men, an palan de operasyon, gen yon bòn nouvèl pou mesye yo. Gras ak gwo avanse syantifik ki fèt nan pratik sikonsizyon an,  jounen jodi a, se yon pratik ki fèt ak fil absòbab, sa vle di, fil sa ap tonbe pou kont li. Moun nan p ap bezwen vin dekoud. Se yon bòn nouvèl paske : 

  1. a) Lontan yo te konn fè l ak pyè taye oubyen kouto, kounya yo itilize materyèl ki pi sofistike tankou klòch, pens, bistouri ki diminye risk sèyman ak enfeksyon.
  2. b) Yo te konn fè l san anestezi kounya yo pratike l sou anestezi (lokal) oubyen sedasyon. Se la bòn nouvèl sò w wè ? 

► Kounya a, ann gade kèk mit ki kache dèyè pratik sikonsizyon an, sa ki souvan reprezante enkonvenyan pou gason ki poko fè l yo.

1- Genyen ki konn di yo fèt tou sikonsi tandiske moun pa fèt tou sikonsi. Ou kapab efektivman gen yon prepis ki kout, ki fè koulout ou tou kale, men se pa sikonsi ou sikonsi tou natirèlman. Sikonsizyon se yon operasyon li ye !

Nan ka yon prepis ki kout, se pa yon obligasyon pou gason an sikonsi, men se yon avantaj si w fè l paske menm si prepis la kout, li gen menm risk medikal yo.

Lòt mit ankò : nou souvan tande moun k ap di, lè yon gason fin sikonsi, se jip pou l mete. Mezanmi, medsen yo di nou se pa vre ditou paske sikonsizyon an pratike san doulè, li p ap anpeche w mete ni boksè ni pantalon. Sofke, lè koulout la ap flote oubyen nan boksè an, li ap vin pi sansib paske glann (tèt koulout) lan vin trè sansib lè w fenk fin sikonsi. E sa nòmal paske ou pa t kon sa anvan. W ap bezwen yon ti tan adaptasyon. Sansiblite sa a ap disparèt pazapa, jeneralman aprè 2 a 3 mwa.

An menm tan, sonje tout moun pa sipòte yon entèvansyon chirijikal menm jan. Se sa ki fè, gen aktivite moun nan ap regle, sa ap mande pou l pran konje tankou si l s on polisye ki dwe nan operasyon, oubyen yon atlèt, k ap jwe foutbòl oubyen spò kontak yo. Metye ki mande twòp bouje yo ap bezwen yon poz. Men jeneralman, yon moun fin sikonsi jodi, li kapab al travay nan demen nòmalman. Pa gen kesyon rete nan kay san chòt sou ou vre.

3- Gen moun ki panse, sikonsizyon ap fè w gen pwoblèm bann. Se pavre ! Si w te gen pwoblèm bann avan, se yon lòt istwa. Men sikonsizyon p ap fè w pa ka bande. Sa se yon mit, daprè espesyalis yo.

4- Genyen ki panse lè yo fin sikonsi, koulout yo ap vin pi kout. Sikonsizyon pa fè koulout ou ni vin pi kout, ni vin pi long. Se jis tankou yon fig ou kale, lè w retire po fig la li pa ni vin pi kout, ni vin pi long.

5- Genyen tou ki konn di lè yon moun sikonsi y ap koupe vèn koulout la, lè l granmoun li p ap ka bande ankò. Doktè Exumé kontinye demanti moun ki panse e konn di sa yo. Pa gen okenn rapò ant venn peni e sikonsizyon. Lè w sikonsi, yo pa koupe venn peni w.

6- Epi, gen kategori ki panse lè yon moun sikonsi ou p ap ka fè pitit ankò. Non! Pa gen okenn rapò ant sikonsi ak fè timoun. Sikonsizyon pa chatreee, w ap ka fè valè timoun ou vle. (Chatre se espesyalis medikal yo rele « emasculation » oubyen « orchidectomie » ki se lè yo retire de boul grenn gason an.)

► Kounya, ki prensipal enkonvenyan sikonsizyon genyen ? Wi, depi gen avantaj, gen enkonvenyan tou. Ann gade yo.

Sikonsizyon pa yon operasyon banal. Se sa iwològ Junior Samuel ORISMÉ di nou. Kontrèman ak sa kèk moun ta panse. Se pa sèlman yon kesyon retire po epi sa fini. Li kapab gen konplikasyon tou e youn ladan yo se sa yo rele « hématome » paske lè w koupe po a gen veso k ap senyen. Kidonk, si w pa byen mare veso sa yo pou fè sa yo rele yon « hémostase » epi w al koud kon sa, san sa yo pral akimile anba po a, sa ki ka bay konplikasyon.

Nan ka sa a, èske l t ap pi bon pou fè l oubyen pou w pa fè l ?

Medsen yo konseye tout paran fè l pou timoun yo e tout granmoun ki poko fè l, li t ap enpòtan pou n fè sa. Sofsi w gen yon kont-endikasyon pou operasyon an ta ka fèt. Tankou yon granmoun ki fè maladi sik, ki pa kontwole, sa vle di si moun nan p ap pran medikaman pou sik li nòmal, li kapab difisil pou li ta sikonsi paske plè a ka enfekte e l ap vin difisil pou l ta sikatrize. Men aprè sa, depi pa gen kont endikasyon , iwològ yo konseye fè l. Paske depi sikonsizyon an fèt nan kondisyon ideyal, ak yon spesyalis ak materyèl ki steril se avantaj li pote.

Kijan medsen an ap fè konnen si pasyan an gen yon kont-endikasyon ?

Ebyen, depi nan konsiltasyon an, doktè ORISMÉ fè konnen, gen kesyon medsen an poze pou konnen si moun nan fè maladi sik oubyen yon lòt maladi ki ka bay pwoblèm ak sikonsizyon an. Aprè sa, yo egzamine malad la pou wè si peni l pa enfekte paske si peni an enfekte yo p ap ka opere l.

Enfekte nan ki sans ?

Gen pasyan ki konn blese aprè yo fin fè bagay, sa fè po peni an enfekte. Lè sa li gen yon “posthite”. Ou sonje m te pale w de sa pi wo a ? Enben nan ka sa, yo pa ka opere l touswit. Fòk yo fè tretman enfeksyon an avan.

An gwo, li pi bon pou yon moun lè w sikonsi daprè iwològ Jean Ronald Exumé, paske sa ba w anpil avantaj medikal epi seksyèl. Gason an jeneralman vin pi pèfoman, koulout lan parèt pi bèl kidonk pi apetisan pou patnè w la, ou pa bezwen nan kale pou mete, ou jis rale afè w epi… ou imajine rès la. Sèl sa ki ta sanble yon dezavantaj se ti doulè w ap santi lè plè an poko sikatrize an. Jeneralman, sa ap dire anviwon 15 jou.

► Pou n fini, m gen yon bèl kesyon : èske gen statistik sou kantite gason ki sikonsi an Ayiti ?

Dènye jou sa yo, avèk anpil kanpay sikonsizyon k ap fèt sou rezo sosyal yo osnon nan Laprès, iwològ yo remake anpil moun vin sikonsi, men yo pa okouran de statistik ki fèt sou sa an Ayiti. Toutfwa, an 2019 sèvis iwoloji Lopital Jeneral lan te reyalize 419 ka sikonsizyon daprè sa medsen Exumé fè AyiboPost konnen.

Kounya, mesye yo, nou gen ase enfòmasyon pou n deside si n ap sikonsi ou pa. Nou fè pas la ba ou. Balon nan pye w, jwe boul ou !

▶ Jounalis : Fabiola Laurent

▶ Kamera : Wilson Saintellus

Montaj ak animasyon : Riquemi Perez

▶ Sipèvizyon : Chérubin Jérôme


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Jounalis, komedyèn epi imoris, Fabiola Laurent se yon pasyone kominikasyon.

    Comments