SOCIÉTÉ

Si moun «Le Lambi» te konnen, yo pat ap bwè dlo nan pi ki nan zòn lan

0

Nan wout pou ale Gresye, gen yon zòn ki rele «Le Lambi». Ladann, gen yon ti lokalite ki rele Lambi 7, kote moun zòn lan ale pran dlo nan yon pi. Yo itilize dlo sa a pou fè manje, lave vèso, lave rad elatriye. Ayibopost bay laboratwa analize dlo a. Yo jwenn li sanble melanje ak matyè fekal

Louise Joseph se yon madanm ki pa ret lwen pi a. Li fè konnen, « se dlo sa mwen itilize pou m fè tout bagay. Depi lè mwen parèt nan zòn nan an 2017, m pako wè tiyo Dinepa. Se swa nou itilize dlo sa, oubyen dlo lapli, oubyen nou depanse pou nou achte dlo kamyon yo. »

Li atik sa a tou : En Haïti, l’eau « potable » contient de la matière fécale

Pi a pa twò lwen ak lanmè a. Pou yon moun pran dlo ladan, li pa peye yon goud. Li vini ak vèso li, san li pa bliye yon ti bokit l ap itilize pou li pran dlo a nan pi a. Lourdena, yon jenn fi ki abite nan lakou kote dlo a ye a di, depi lè li gen lespri, li jwenn dlo sa la. « M aprann se popilasyon an ki te mande yon moun fouye li nan lakou a, lè sa yo te annik grate tè a epi w jwenn dlo a. »

Gen moun ki bwè dlo sa

Pandan yon ti vizit nan espas la, gen yon tigason ki pa sanble gen 10 lanne ki t ap bwè dlo a. Li eksplike, «mwen gen lontan m ap bwè dlo sa a. Dayè paran m pa gen ase mwayen pou yo achte dlo yo di ki trete yo. Lè nou ka achte nou achte, men depi nou pa kapab nou reziyen nou nou bwè dlo pi a, kit nou rive trete li ou pa ».

Vandredi 26 jiyè ki sot pase a, sou 20 moun ki vin pran dlo, gen 6 ladan yo ki deklare yo konn bwè dlo a san yo pa mete klowòks ladann oubyen lòt pwodui ki la pou trete dlo. Youn lan yo di: « Se pa konnenm pa konnen fòk mwen trete dlo avanm bwè li, men ki mwayen nou gen pase sa. Dèfwa nou gen timonnen an, tout sa ki nan tèt nou se achte yon ti pen poun kore grangou an. »

Dapre rapò EMMUS VI (2016-2017), plis pase mwatye (56%) menaj ayisyen yo pa itilize okenn mwayen pou trete dlo. Selon rapò Ministè Sante Piblik ak Popilasyon la, gen 3,4% moun nan peyi a ki pran dlo nan yon pi louvri ki pa pwoteje.

Ki kalite dlo sa ?

Paske gen plizyè latrin ki antoure pi a, Ayibopost pran echantiyon dlo a e bay laboratwa Tamarinier (Laboratoire Vétérinaire et de Contrôle de Qualité des Aliments de Tamarinier, LVCQAT) analize l. Espesyalis yo dekouvri yon gwoup bakteri ki rele kolifòm nan dlo a.

Dapre Oganizasyon Mondyal Sante (OMS), dlo moun ap konsome pa dwe gen Escherichia coli  ki se kolifòm ki soti nan entesten (orijin fekal). Rezilta analiz yo montre genyen Escherichia coli nan dlo a. Anplis, gen yon konsantrasyon 16,4 « kolifòm total » sou chak 100 ml dlo. Kolifòm total se yon gwoup bakteri ki gen pafwa orijin fekal. Laboratwa a di : dlo sa a pa ranpli kondisyon sanitè ki an vigè yo.

Kisa bakteri kolifòm lan ye ?

Kolifòm dezinye bakteri yo jwenn nan matyè fekal moun oubyen bèt ki gen san cho, men yo kapab devlope tou nan kèk anviwònman natirèl (tè, vejetasyon). Evens Emmanuel ki se Prezidan Komisyon Rejyonal ekspè nan Ajans Inivèsite Lafrankofoni nan Karayib la, konfime : «wi [analiz] yo fè konnen vrèman gen kolifòm nan dlo sa. Sa vle di dlo sa gen twalèt, fòk yo trete li sa vle di vide pwodui ki la pou touye bakteri sa yo avan yon konsome dlo a. »

Selon Aubry Miracia ki se yon enfimyè espesyalize nan zafè swen enfeksyoloji, sous ki pi kouran nan bakteri se tè ki antoure pi an. Bakteri fekal nan dlo pou bwè anjeneral se rezilta kontaminasyon tou rego, yon twou twalèt ki tou pre, yon pak bèt elatriye. Pi a tou kapab te kontamine pandan y ap konstwi l oubyen y ap repare l.

Moun nan zòn yo fouye twou pou twalèt lakay yo

Yon moun ki gen kay dwe gen kote pou yo twalèt. Pou rezon sa, sou 10 kay ki antoure pi a, 7 ladan yo gen latrin epi rès twa a sèvi ak twalèt ijyenik. Tout dis moun sa yo fouye twou pou devèse matyè yo.

Gen 2 fòs latrin nan menm lakou ki gen pi dlo a. Akoz youn ladan plen, moun yo fouye yon lòt. Enfimyè a ajoute, «Menm jan dlo a pase nan tè a, se konsa tou twalèt la tou ap enfiltre nan tè a. Sitou moun yo itilize menm fòs sa pou lage dlo yo benyen. Se san dout dlo sa patap janm pa gen twalèt. »

Ki konsekans dlo sa sou sante moun kap bwè li san trete ?

Prezans Escherichia coli (E. coli), kolifòm fekal oswa enterokos nan yon dlo endike dlo a kontamine epi li gen ladan mikwòb (bakteri, viris oswa parazit) ki lakòz pwoblèm sante. Dlo pou bwè pa dwe genyen okenn nan mikwòb sa yo.

Selon enfimyè a, dlo ki kontamine ak bakteri sa yo kapab lakòz gastroanterit ki rele tou gastro, ki se yon enflamasyon nan vant ak nan trip yon moun. «Maladi sa manifeste nan sentòm sa yo: dyare, kranp nan vant, kè plen ak vomisman. »

«Timoun piti, moun ki aje yo, ansanm ak moun ki gen sistèm iminitè ki fèb, ka gen plis sentòm ki grav» dapre Aubry Miracia. Selon pwofesyonèl la, nan ka ekstrèm yo, kèk ajan patojèn ka enfekte poumon yo, po, je, sistèm nève, ren yo, oswa fwa. Efè yo ka tèlman grav, moun lan rive mouri.

Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *